Liv Neyemi / Nehémie / Nehemia

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Neyemi 6

1 Sanbala, Tobija, Gechèm, moun peyi Arabi a, ansanm ak tout rès lènmi nou yo vin konnen nou te fin rebati miray la. Pa t’ gen ankenn twou ladan l’ ankò. Men lè sa a, nou pa t’ ankò moute gwo batan pòtay yo.
Sanbala ak Gechèm voye yon mesaje vin di m’ yo ta renmen kontre avè m’ lavil Akkefirim, nan Fon Ono a. Men yo menm, yo t’ap chache yon jan pou yo fè m’ mal.
Se konsa mwen voye mesaje bò kote yo avèk repons sa a: -M’ okipe ak yon travay enpòtan, m’ pa ka desann. Si m’ kite travay la pou m’ ale kote nou, li pral sispann.
An kat fwa, yo voye fè m’ menm envitasyon an. Chak fwa, mwen voye menm repons lan ba yo.
Lè sa a, Sanbala voye yon senkyèm mesaj ban mwen. Men fwa sa a, li renmèt yon lèt nan yon anvlòp tou louvri bay yonn nan moun k’ap sèvi l’ yo pou mwen.
Men sa ki te nan lèt la: Gen yon sèl bri k’ap kouri nan mitan moun lòt nasyon yo: Se Gechèm ki di m’ sa. Li tande l’ ak de zòrèy li. Ou menm ak pèp jwif la, nou fè lide pran lezam. Se poutèt sa n’ap rebati ranpa a. Yo di se ou menm y’a nonmen wa yo.
Ou menm rive ranje ak kèk pwofèt pou yo mache fè konnen nan tout lavil Jerizalèm se ou menm ki wa peyi Jida a. Koulye a, tout bri sa yo pral rive nan zòrèy wa a. Se poutèt sa, mwen mande ou pou ou vin kote m’ pou nou fè yon ti pale ansanm sou koze a.
Mwen voye reponn li: -Tou sa ou di la a se manti. Se ou menm menm ki fè koze a.
Yo t’ap chache kraponnen nou pou rete travay la. Yo t’ap di nan kè yo: Talè konsa y’a dekouraje avèk travay la, li p’ap janm fini. Aa, Bondye! Ban m’ fòs non! Fè m’ pa dekouraje!
10  Yon lòt jou ankò, m’ te al wè Chemaja, pitit gason Delaja, pitit pitit Metabeyèl, lakay li, paske li menm li pa t’ ka soti. Li di m’ konsa: -Ann al nan tanp Bondye a, nan mitan kote yo mete apa pou Bondye a! Ann al kache kote yo mete apa pou Bondye a! N’a fèmen tout pòt yo byen fèmen, paske y’ap vin touye ou. Wi, aswè a menm, y’ap vin touye ou!
11 Mwen reponn li: -Se pa mwen ki pou kouri al kache. Epitou, yon moun tankou mwen pa pral kache nan tanp lan pou m’ sove lavi m’. Non! Mwen pa prale!
12 Lè m’ kalkile, mwen wè se pa t’ Bondye ki te ba l’ mesaj sa a pou mwen. Se Tobija ak Sanbala ki te peye l’ pou l’ te di m’ sa.
13 Konsa, mwen ta pran nan kraponnay, mwen ta fè sa l’ di m’ fè a, epi mwen ta fè bagay mwen pa gen dwa fè. Yo menm, lè sa a, yo ta pran sa pou pale m’ mal, yo ta fè m’ wont.
14 O Bondye mwen, pa bliye sa Tobija ak Sanbala te fè! Pa bliye Nadya, fanm ki pwofèt la, ansanm ak lòt pwofèt yo ki t’ap chache kraponnen m’!
15  Se konsa, apre senkannde jou travay, ranpa a te fin repare. Lè sa a, nou te rive sou vennsenkyèm jou nan mwa Eloul la.
16 Lè lènmi nou yo vin konn sa, lè moun lòt nasyon k’ap viv nan vwazinaj nou yo wè sa, yo te wont. Yo rekonèt si travay la te fini se paske Bondye nou an te vle l’.
17 Pandan tout tan sa a, chèf peyi Jida yo te kenbe kontak ak Tobija. Yonn t’ap voye lèt bay lòt.
18 Te gen anpil moun nan peyi Jida a ki te pou Tobija paske se bofis Chekanya, pitit Arak la, li te ye. Lèfini Jokanan, pitit gason li a, te marye ak pitit fi Mechoulam, pitit Berekya a.
19 Yo te konn ap fè lwanj Tobija devan m’, yo t’ap di tout bèl bagay Tobija te fè. Epi apre sa, y’ al rapòte l’ tou sa m’ te di. Tobija menm t’ap voye lèt ban mwen pou kraponnen m’.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

Nehémie 6
1 Je n’avais pas encore posé les battants des portes, lorsque Sanballat, Tobija, Guéschem, l’Arabe, et nos autres ennemis apprirent que j’avais rebâti la muraille et qu’il n’y restait plus de brèche.
Alors Sanballat et Guéschem m’envoyèrent dire: Viens, et ayons ensemble une entrevue dans les villages de la vallée d’Ono. Ils avaient médité de me faire du mal.
Je leur envoyai des messagers avec cette réponse: J’ai un grand ouvrage à exécuter, et je ne puis descendre; le travail serait interrompu pendant que je quitterais pour aller vers vous.
Ils m’adressèrent quatre fois la même demande, et je leur fis la même réponse.
Sanballat m’envoya ce message une cinquième fois par son serviteur, qui tenait à la main une lettre ouverte.
Il y était écrit: Le bruit se répand parmi les nations et Gaschmu affirme que toi et les Juifs vous pensez à vous révolter, et que c’est dans ce but que tu rebâtis la muraille. Tu vas, dit-on, devenir leur roi,
tu as même établi des prophètes pour te proclamer à Jérusalem roi de Juda. Et maintenant ces choses arriveront à la connaissance du roi. Viens donc, et consultons-nous ensemble.
Je fis répondre à Sanballat: Ce que tu dis là n’est pas; c’est toi qui l’inventes!
Tous ces gens voulaient nous effrayer, et ils se disaient: Ils perdront courage, et l’oeuvre ne se fera pas. Maintenant, ô Dieu, fortifie-moi!
10 Je me rendis chez Schemaeja, fils de Delaja, fils de Mehétabeel. Il s’était enfermé, et il dit: Allons ensemble dans la maison de Dieu, au milieu du temple, et fermons les portes du temple; car ils viennent pour te tuer, et c’est pendant la nuit qu’ils viendront pour te tuer.
11 Je répondis: Un homme comme moi prendre la fuite! Et quel homme tel que moi pourrait entrer dans le temple et vivre? Je n’entrerai point.
12 Et je reconnus que ce n’était pas Dieu qui l’envoyait. Mais il prophétisa ainsi sur moi parce que Sanballat et Tobija lui avaient donné de l’argent.
13 En le gagnant ainsi, ils espéraient que j’aurais peur, et que je suivrais ses avis et commettrais un péché; et ils auraient profité de cette atteinte à ma réputation pour me couvrir d’opprobre.
14 Souviens-toi, ô mon Dieu, de Tobija et de Sanballat, et de leurs oeuvres! Souviens-toi aussi de Noadia, la prophétesse, et des autres prophètes qui cherchaient à m’effrayer!
15 La muraille fut achevée le vingt-cinquième jour du mois d’Élul, en cinquante-deux jours.
16 Lorsque tous nos ennemis l’apprirent, toutes les nations qui étaient autour de nous furent dans la crainte; elles éprouvèrent une grande humiliation, et reconnurent que l’oeuvre s’était accomplie par la volonté de notre Dieu.
17 Dans ce temps-là, il y avait aussi des grands de Juda qui adressaient fréquemment des lettres à Tobija et qui en recevaient de lui.
18 Car plusieurs en Juda étaient liés à lui par serment, parce qu’il était gendre de Schecania, fils d’Arach, et que son fils Jochanan avait pris la fille de Meschullam, fils de Bérékia.
19 Ils disaient même du bien de lui en ma présence, et ils lui rapportaient mes paroles. Tobija envoyait des lettres pour m’effrayer.
Louis Segond {LSG}

Nehemiah 6 

1 Now it came to pass when Sanballat, and Tobiah, and Geshem the Arabian, and the rest of our enemies, heard that I had builded the wall, and that there was no breach left therein; (though at that time I had not set up the doors upon the gates;)
That Sanballat and Geshem sent unto me, saying, Come, let us meet together in some one of the villages in the plain of Ono. But they thought to do me mischief.
And I sent messengers unto them, saying, I am doing a great work, so that I cannot come down: why should the work cease, whilst I leave it, and come down to you?
Yet they sent unto me four times after this sort; and I answered them after the same manner.
Then sent Sanballat his servant unto me in like manner the fifth time with an open letter in his hand;
Wherein was written, It is reported among the heathen, and Gashmu saith it, that thou and the Jews think to rebel: for which cause thou buildest the wall, that thou mayest be their king, according to these words.
And thou hast also appointed prophets to preach of thee at Jerusalem, saying, There is a king in Judah: and now shall it be reported to the king according to these words. Come now therefore, and let us take counsel together.
Then I sent unto him, saying, There are no such things done as thou sayest, but thou feignest them out of thine own heart.
For they all made us afraid, saying, Their hands shall be weakened from the work, that it be not done. Now therefore, O God, strengthen my hands.
10 Afterward I came unto the house of Shemaiah the son of Delaiah the son of Mehetabeel, who was shut up; and he said, Let us meet together in the house of God, within the temple, and let us shut the doors of the temple: for they will come to slay thee; yea, in the night will they come to slay thee.
11 And I said, Should such a man as I flee? and who is there, that, being as I am, would go into the temple to save his life? I will not go in.
12 And, lo, I perceived that God had not sent him; but that he pronounced this prophecy against me: for Tobiah and Sanballat had hired him.
13 Therefore was he hired, that I should be afraid, and do so, and sin, and that they might have matter for an evil report, that they might reproach me.
14 My God, think thou upon Tobiah and Sanballat according to these their works, and on the prophetess Noadiah, and the rest of the prophets, that would have put me in fear.
15 So the wall was finished in the twenty and fifth day of the month Elul, in fifty and two days.
16 And it came to pass, that when all our enemies heard thereof, and all the heathen that were about us saw these things, they were much cast down in their own eyes: for they perceived that this work was wrought of our God.
17 Moreover in those days the nobles of Judah sent many letters unto Tobiah, and the letters of Tobiah came unto them.
18 For there were many in Judah sworn unto him, because he was the son in law of Shechaniah the son of Arah; and his son Johanan had taken the daughter of Meshullam the son of Berechiah.
19 Also they reported his good deeds before me, and uttered my words to him. And Tobiah sent letters to put me in fear.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}