Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 62  

1 Jan m’ renmen mòn Siyon sa a! Se pou m’ pale. Jan m’ renmen lavil Jerizalèm sa a, mwen p’ap pran kanpo, jouk delivrans li va parèt tankou limyè solèy k’ap leve, tankou flanbo k’ap klere nan fènwa.
Jerizalèm, tout nasyon yo va wè delivrans ou. Tout wa yo pral wè pouvwa ou. Y’a ba ou yon lòt non, non Seyè a menm va chwazi pou ou a.
W’a tankou yon bèl kouwòn nan men Seyè a, tankou yon bèl foula nan men Bondye ou la.
Yo p’ap rele ou ti mepriz ankò. Yo p’ap konsidere peyi ou la tankou yon madanm mari l’ kite l’. Y’a rele ou Kè kontan pou Bondye. Y’a rele peyi ou la Bèl madan marye. Paske ou fè Seyè a plezi, l’ap tankou yon mari pou peyi ou la.
Menm jan yon jenn gason marye ak yon jenn fi, Seyè a pral marye avè ou. Menm jan yon nonm marye kontan madanm li, Bondye ou la pral kontan ou
 Jerizalèm, mwen mete gad ap fè pòs sou miray ou yo. Lajounen kou lannwit, se pou yo pale. Se pou yo fè Seyè a chonje pwomès li te fè ou yo, pou li pa janm bliye ou.
Se pou yo kenbe l’ kout jouk l’a fè lavil Jerizalèm kanpe ankò, pou toupatou sou latè y’a fè lwanj pou li.
Seyè a fè sèman, l’ap kenbe l’ avèk fòs ponyèt li. -Mwen p’ap lage farin ble nou an nan men lènmi nou yo pou yo manje l’. Mwen p’ap kite moun lòt nasyon yo bwè diven nou te fatige kò nou fè ak kouraj nou.
Men, nou menm ki te ranmase rekòt grenn yo, se nou ki va manje yo, lèfini n’a fè lwanj Seyè a. Se nou menm ki va bwè diven nan lakou kay ki apa pou Bondye a.
10  Nou menm moun lavil Jerizalèm, pase nan pòtay la, soti nan lavil la. Al pare wout la pou pèp la tounen. Ranbleye! Wete wòch sou tout wout la! Leve drapo a, fè tout nasyon yo siyon!
11 Seyè a pral fè tout latè a konnen nouvèl la: -Di moun lavil ki sou mòn Siyon an: Men moun ki delivre nou an ap vini. L’ap mennen moun li sove yo avè l’. Y’ap mache devan l’. Se rekonpans li, se rezilta travay li.
12 Y’a rele nou pèp ki apa pou Bondye a, pèp Bondye delivre a. Y’a rele lavil Jerizalèm lavil Bondye renmen an, lavil Bondye p’ap janm lage a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 62

1 Pour l’amour de Sion je ne me tairai point, Pour l’amour de Jérusalem je ne prendrai point de repos, Jusqu’à ce que son salut paraisse, comme l’aurore, Et sa délivrance, comme un flambeau qui s’allume.
Alors les nations verront ton salut, Et tous les rois ta gloire; Et l’on t’appellera d’un nom nouveau, Que la bouche de l’Éternel déterminera.
Tu seras une couronne éclatante dans la main de l’Éternel, Un turban royal dans la main de ton Dieu.
On ne te nommera plus délaissée, On ne nommera plus ta terre désolation; Mais on t’appellera mon plaisir en elle, Et l’on appellera ta terre épouse; Car l’Éternel met son plaisir en toi, Et ta terre aura un époux.
Comme un jeune homme s’unit à une vierge, Ainsi tes fils s’uniront à toi; Et comme la fiancée fait la joie de son fiancé, Ainsi tu feras la joie de ton Dieu.
Sur tes murs, Jérusalem, j’ai placé des gardes; Ils ne se tairont ni jour ni nuit. Vous qui la rappelez au souvenir de l’Éternel, Point de repos pour vous!
Et ne lui laissez aucun relâche, Jusqu’à ce qu’il rétablisse Jérusalem Et la rende glorieuse sur la terre.
L’Éternel l’a juré par sa droite et par son bras puissant: Je ne donnerai plus ton blé pour nourriture à tes ennemis, Et les fils de l’étranger ne boiront plus ton vin, Produit de tes labeurs;
Mais ceux qui auront amassé le blé le mangeront Et loueront l’Éternel, Et ceux qui auront récolté le vin le boiront, Dans les parvis de mon sanctuaire.
10 Franchissez, franchissez les portes! Préparez un chemin pour le peuple! Frayez, frayez la route, ôtez les pierres! Élevez une bannière vers les peuples!
11 Voici ce que l’Éternel proclame aux extrémités de la terre: Dites à la fille de Sion: Voici, ton sauveur arrive; Voici, le salaire est avec lui, Et les rétributions le précèdent.
12 On les appellera peuple saint, rachetés de l’Éternel; Et toi, on t’appellera recherchée, ville non délaissée.

Louis Segond {LSG}

Isaiah 62 

For Zion’s sake will I not hold my peace, and for Jerusalem’s sake I will not rest, until the righteousness thereof go forth as brightness, and the salvation thereof as a lamp that burneth.
And the Gentiles shall see thy righteousness, and all kings thy glory: and thou shalt be called by a new name, which the mouth of the Lord shall name.
Thou shalt also be a crown of glory in the hand of the Lord, and a royal diadem in the hand of thy God.
Thou shalt no more be termed Forsaken; neither shall thy land any more be termed Desolate: but thou shalt be called Hephzibah, and thy land Beulah: for the Lord delighteth in thee, and thy land shall be married.
For as a young man marrieth a virgin, so shall thy sons marry thee: and as the bridegroom rejoiceth over the bride, so shall thy God rejoice over thee.
I have set watchmen upon thy walls, O Jerusalem, which shall never hold their peace day nor night: ye that make mention of the Lord, keep not silence,
And give him no rest, till he establish, and till he make Jerusalem a praise in the earth.
The Lord hath sworn by his right hand, and by the arm of his strength, Surely I will no more give thy corn to be meat for thine enemies; and the sons of the stranger shall not drink thy wine, for the which thou hast laboured:
But they that have gathered it shall eat it, and praise the Lord; and they that have brought it together shall drink it in the courts of my holiness.
10 Go through, go through the gates; prepare ye the way of the people; cast up, cast up the highway; gather out the stones; lift up a standard for the people.
11 Behold, the Lord hath proclaimed unto the end of the world, Say ye to the daughter of Zion, Behold, thy salvation cometh; behold, his reward is with him, and his work before him.
12 And they shall call them, The holy people, The redeemed of the Lord: and thou shalt be called, Sought out, A city not forsaken.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}