Liv Efezyen / Éphésiens / Ephesians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Filipyen 4                     

1 Se pou sa, frè m’ yo ak zanmi m’ yo, nou menm mwen anvi wè anpil la, nou menm ki fè kè m’ kontan an, nou menm ki yon lwanj pou mwen an, se konsa pou nou kenbe fèm nan lavi n’ap mennen ansanm nan Seyè a.
M’ap ekri de ti mo pou Evodi ak Sentich: Tanpri souple, mete nou dakò tankou de sè k’ap viv ansanm nan Seyè a.
Ou menm tou k’ap travay ansanm avè m’, mwen mande ou pou ou ede yo, paske de medam sa yo te travay di pou fè konnen bon nouvèl la ansanm ak Kleman ak tout lòt moun ki te travay ansanm avè mwen yo. Yo tout gen non yo ekri nan Liv Bondye a ki gen non moun ki gen lavi a.
Se pou nou toujou kontan nan lavi n’ap mennen ansanm nan Seyè a. M’ap repete l’ ankò: Fè kè nou kontan anpil.
Se pou tout moun konnen nou se moun ki gen bon kè. Seyè a ap vini anvan lontan.
Pa bay kò nou traka pou anyen. Men, nan tout sikonstans mande Bondye tou sa nou bezwen nan lapriyè. Toujou chonje di l’ mèsi tou lè n’ap lapriyè.
Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l’, bagay lèzòm pa ka konprann; la kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.
Pou fini, frè m’ yo, mete lide nou sou bagay ki bon, ki merite lwanj: bagay ki vre, ki kòrèk, ki dwat, ki bèl, ki p’ap fè nou wont.
Fè tou sa mwen te moutre nou, ni sa nou te resevwa nan menm m’, ni sa nou te tande m’ di ak tou sa nou te wè m’ fè. Konsa, Bondye k’ap bay kè poze a va toujou la avè nou.
10  Mwen pa t’ manke kontan nan lavi m’ap mennen ansanm ak Seyè a, paske nou vin fè m’ wè ankò jan nou pran ka mwen. Sa pa vle di nou te lage m’ non. Men, nou pa t’ ankò jwenn okazyon fè m’ wè jan nou fèb pou mwen.
11 Si nou wè m’ap pale konsa, se pa paske koulye a mwen nan nesesite. Paske nan lavi, m’ aprann kontante tèt mwen ak sa m’ genyen.
12 Mwen konnen sa ki rele viv nan mizè, mwen konnen sa ki rele viv nan richès. Kit mwen pa gen ase, kit mwen gen plis pase sa m’ bezwen, nan tout sikonstans m’ aprann kontante tèt mwen toupatou ak sa mwen genyen.
13 Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m’ap degaje m’, gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj.
14 Malgre sa, nou byen fèt ede m’ nan traka m’ yo.
15 Nou menm, moun lavil Filip, nou byen konnen sa m’ pral di nou la a. Lè mwen kite peyi Masedwan, lè yo te fenk konmanse ap pibliye bon nouvèl la, se nou menm sèl legliz ki te ede mwen. Se nou menm sèl ki te separe sa nou genyen avè m’ pou sa m’ te fè pou nou.
16 Lè m’ te lavil Tesalonik, an de fwa nou voye sa m’ te bezwen ban mwen.
17 Se pa dèyè kado mwen ye. Men, mwen ta renmen Bondye mete sou sa nou gen deja.
18 Wi, mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m’ te bezwen. Koulye a, avèk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m’ bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bèt Bondye ap asepte paske sa fè l’ plezi.
19 Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.
20  Tout lwanj lan se pou Bondye, Papa nou, pou tout tan. Amèn.
21 Bonjou pou pèp Bondye a k’ap viv ansanm nan Jezikri. Tout frè ki la avè m’ yo voye bonjou pou nou.
22 Tout pèp Bondye a ki isit la, espesyalman sa ki nan palè Seza a, voye bonjou pou nou.
23 Se pou benediksyon Jezikri, Seyè a, toujou avè nou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Philippiens 4               

1 C’est pourquoi, mes bien-aimés, et très chers frères, vous qui êtes ma joie et ma couronne, demeurez ainsi fermes dans le Seigneur, mes bien-aimés!
J’exhorte Évodie et j’exhorte Syntyche à être d’un même sentiment dans le Seigneur.
Et toi aussi, fidèle collègue, oui, je te prie de les aider, elles qui ont combattu pour l’Évangile avec moi, et avec Clément et mes autres compagnons d’oeuvre, dont les noms sont dans le livre de vie.
Réjouissez-vous toujours dans le Seigneur; je le répète, réjouissez-vous.
Que votre douceur soit connue de tous les hommes. Le Seigneur est proche.
Ne vous inquiétez de rien; mais en toute chose faites connaître vos besoins à Dieu par des prières et des supplications, avec des actions de grâces.
Et la paix de Dieu, qui surpasse toute intelligence, gardera vos coeurs et vos pensées en Jésus Christ.
Au reste, frères, que tout ce qui est vrai, tout ce qui est honorable, tout ce qui est juste, tout ce qui est pur, tout ce qui est aimable, tout ce qui mérite l’approbation, ce qui est vertueux et digne de louange, soit l’objet de vos pensées.
Ce que vous avez appris, reçu et entendu de moi, et ce que vous avez vu en moi, pratiquez-le. Et le Dieu de paix sera avec vous.
10 J’ai éprouvé une grande joie dans le Seigneur de ce que vous avez pu enfin renouveler l’expression de vos sentiments pour moi; vous y pensiez bien, mais l’occasion vous manquait.
11 Ce n’est pas en vue de mes besoins que je dis cela, car j’ai appris à être content de l’état où je me trouve.
12 Je sais vivre dans l’humiliation, et je sais vivre dans l’abondance. En tout et partout j’ai appris à être rassasié et à avoir faim, à être dans l’abondance et à être dans la disette.
13 Je puis tout par celui qui me fortifie.
14 Cependant vous avez bien fait de prendre part à ma détresse.
15 Vous le savez vous-mêmes, Philippiens, au commencement de la prédication de l’Évangile, lorsque je partis de la Macédoine, aucune Église n’entra en compte avec moi pour ce qu’elle donnait et recevait;
16 vous fûtes les seuls à le faire, car vous m’envoyâtes déjà à Thessalonique, et à deux reprises, de quoi pourvoir à mes besoins.
17 Ce n’est pas que je recherche les dons; mais je recherche le fruit qui abonde pour votre compte.
18 J’ai tout reçu, et je suis dans l’abondance; j’ai été comblé de biens, en recevant par Épaphrodite ce qui vient de vous comme un parfum de bonne odeur, un sacrifice que Dieu accepte, et qui lui est agréable.
19 Et mon Dieu pourvoira à tous vos besoins selon sa richesse, avec gloire, en Jésus Christ.
20 A notre Dieu et Père soit la gloire aux siècles des siècles! Amen!
21 Saluez tous les saints en Jésus Christ. Les frères qui sont avec moi vous saluent.
22 Tous les saints vous saluent, et principalement ceux de la maison de César.
23 Que la grâce du Seigneur Jésus Christ soit avec votre esprit!

Louis Segond {LSG}

Fillippians 4          

1 Therefore, my brethren dearly beloved and longed for, my joy and crown, so stand fast in the Lord, my dearly beloved.
I beseech Euodias, and beseech Syntyche, that they be of the same mind in the Lord.
And I intreat thee also, true yokefellow, help those women which laboured with me in the gospel, with Clement also, and with other my fellowlabourers, whose names are in the book of life.
Rejoice in the Lord always: and again I say, Rejoice.
Let your moderation be known unto all men. The Lord is at hand.
Be careful for nothing; but in every thing by prayer and supplication with thanksgiving let your requests be made known unto God.
And the peace of God, which passeth all understanding, shall keep your hearts and minds through Christ Jesus.
Finally, brethren, whatsoever things are true, whatsoever things are honest, whatsoever things are just, whatsoever things are pure, whatsoever things are lovely, whatsoever things are of good report; if there be any virtue, and if there be any praise, think on these things.
Those things, which ye have both learned, and received, and heard, and seen in me, do: and the God of peace shall be with you.
10 But I rejoiced in the Lord greatly, that now at the last your care of me hath flourished again; wherein ye were also careful, but ye lacked opportunity.
11 Not that I speak in respect of want: for I have learned, in whatsoever state I am, therewith to be content.
12 I know both how to be abased, and I know how to abound: every where and in all things I am instructed both to be full and to be hungry, both to abound and to suffer need.
13 I can do all things through Christ which strengtheneth me.
14 Notwithstanding ye have well done, that ye did communicate with my affliction.
15 Now ye Philippians know also, that in the beginning of the gospel, when I departed from Macedonia, no church communicated with me as concerning giving and receiving, but ye only.
16 For even in Thessalonica ye sent once and again unto my necessity.
17 Not because I desire a gift: but I desire fruit that may abound to your account.
18 But I have all, and abound: I am full, having received of Epaphroditus the things which were sent from you, an odour of a sweet smell, a sacrifice acceptable, wellpleasing to God.
19 But my God shall supply all your need according to his riches in glory by Christ Jesus.
20 Now unto God and our Father be glory for ever and ever. Amen.
21 Salute every saint in Christ Jesus. The brethren which are with me greet you.
22 All the saints salute you, chiefly they that are of Caesar’s household.
23 The grace of our Lord Jesus Christ be with you all. Amen.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}