Liv Pwovèb / Proverbes / Proverbs

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Pwovèb 28   

1 Mechan yo pa bezwen moun dèyè yo pou yo kouri. Men, moun ki mache dwat yo brav tankou lyon.
2  Lè nan yon peyi moun ap fè sa ki mal, chak jou gen yon lòt chèf. Men avèk yon moun ki gen konprann, ki konnen sa l’ap fè, gouvènman an ap kanpe pou lontan.
 Yon pòv k’ap peze pi pòv pase l’, se tankou yon gwo lapli ki gate tout jaden nèt.
 Moun ki pa respekte lalwa bay mechan yo pye sou moun. Men, moun ki fè sa lalwa mande, se moun ki pran pozisyon kont mechan yo.
 Mechan yo pa konnen sa ki rele jistis. Men, moun k’ap sèvi Seyè a konprann tout bagay.
 Pito ou pòv men ou serye, pase pou ou rich men ou vòlè.
 Yon jenn gason ki fè tou sa lalwa mande, se pitit ki gen lespri. Men, moun ki fè zanmi ak vakabon se yon wont pou papa l’.
 Moun ki vin rich nan prete moun lajan, nan bay kout ponya, se anpile y’ap anpile lajan pou moun ki konn pran ka malere.
 Lè ou refize fè sa lalwa mande ou fè a, ata lapriyè w’ap fè a p’ap fè Bondye plezi.
10  Lè yon moun chache pran tèt yon nonm serye pou fè l’ fè sa ki mal, se li menm k’ap pran nan pèlen an. Men moun serye a va jwenn bon rekonpans.
11  Yon nonm rich mete nan tèt li li gen bon konprann. Men, yon pòv ki gen lespri ap dekouvri l’.
12  Lè se moun k’ap fè sa ki dwat ki rive chèf, se fèt pou tout moun. Men, lè se mechan an ki rive chèf, tout moun al kache.
13  Moun k’ap kache peche p’ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.
14  Ala bon sa bon pou moun ki toujou gen krentif pou Bondye! Men, moun k’ap fè tèt di ak Bondye ap wè malè tonbe sou yo.
15  Yon chèf malveyan se tankou lyon ki move, tankou lous ki grangou. Pòv malere san sekou devan yo.
16  Lè yon chèf pa gen konprann, l’ap peze moun, l’ap fè mechanste. Men, moun ki pa vle wè moun k’ap vòlò ap gouvènen lontan.
17  Lè yon moun touye yon lòt, konsyans li boulvèse l’, l’ap kouri chache lanmò. Piga pesonn chache kenbe l’.
18  Malè p’ap rive moun k’ap mennen yon lavi san repwòch. Men, moun ki pa serye, k’ap mache pye gaye, y’ap rete konsa, y’ap tonbe.
19  Yon moun ki travay di nan jaden l’ ap jwenn kont manje pou l’ manje. Men, moun k’ap fè bagay ki p’ap sèvi anyen ap toujou pòv.
20  Yon nonm ki serye nan sa l’ap fè ap jwenn anpil benediksyon. Men, yo p’ap manke pini moun k’ap prese pou l’ rich.
21  Sa pa bon pou gade moun sou figi. Men, pou nenpòt ti kraze kòb, yon jij ka fè betiz.
22  Moun ki anvi tout toujou ap prese pou yo rich. Yo pa wè grangou k’ap tann yo pi devan.
23  Lè ou rale zòrèy yon moun, pita l’ap gen plis konsiderasyon pou ou pase pou moun k’ap achte figi l’.
24  Moun k’ap vòlò papa l’ ak manman l’, epi k’ap di nan kè l’: Se pa anyen sa, li menmman parèyman ak moun k’ap mache brize.
25  Moun ki anvi tout pou yo ap toujou nan kont. Men, moun ki mete konfyans yo nan Seyè a p’ap janm manke anyen.
26  Moun ki gen konfyans nan pwòp tèt yo, se moun fou yo ye. Men, moun ki fè sa li konnen li dwe fè a ap sove.
27  Moun ki bay pòv p’ap janm manke anyen. Men, moun ki fè tankou li pa wè pòv yo chaje ak madichon.
28  Lè se mechan ki rive chèf, tout moun al kache. Men, tonbe mechan yo tonbe, moun k’ap mache dwat yo kanpe ankò.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Proverbes 28

1 Le méchant prend la fuite sans qu’on le poursuive, Le juste a de l’assurance comme un jeune lion.
Quand un pays est en révolte, les chefs sont nombreux; Mais avec un homme qui a de l’intelligence et de la science, Le règne se prolonge.
Un homme pauvre qui opprime les misérables Est une pluie violente qui fait manquer le pain.
Ceux qui abandonnent la loi louent le méchant, Mais ceux qui observent la loi s’irritent contre lui.
Les hommes livrés au mal ne comprennent pas ce qui est juste, Mais ceux qui cherchent l’Éternel comprennent tout.
Mieux vaut le pauvre qui marche dans son intégrité, Que celui qui a des voies tortueuses et qui est riche.
Celui qui observe la loi est un fils intelligent, Mais celui qui fréquente les débauchés fait honte à son père.
Celui qui augmente ses biens par l’intérêt et l’usure Les amasse pour celui qui a pitié des pauvres.
Si quelqu’un détourne l’oreille pour ne pas écouter la loi, Sa prière même est une abomination.
10 Celui qui égare les hommes droits dans la mauvaise voie Tombe dans la fosse qu’il a creusée; Mais les hommes intègres héritent le bonheur.
11 L’homme riche se croit sage; Mais le pauvre qui est intelligent le sonde.
12 Quand les justes triomphent, c’est une grande gloire; Quand les méchants s’élèvent, chacun se cache.
13 Celui qui cache ses transgressions ne prospère point, Mais celui qui les avoue et les délaisse obtient miséricorde.
14 Heureux l’homme qui est continuellement dans la crainte! Mais celui qui endurcit son coeur tombe dans le malheur.
15 Comme un lion rugissant et un ours affamé, Ainsi est le méchant qui domine sur un peuple pauvre.
16 Un prince sans intelligence multiplie les actes d’oppression, Mais celui qui est ennemi de la cupidité prolonge ses jours.
17 Un homme chargé du sang d’un autre Fuit jusqu’à la fosse: qu’on ne l’arrête pas!
18 Celui qui marche dans l’intégrité trouve le salut, Mais celui qui suit deux voies tortueuses tombe dans l’une d’elles.
19 Celui qui cultive son champ est rassasié de pain, Mais celui qui poursuit des choses vaines est rassasié de pauvreté.
20 Un homme fidèle est comblé de bénédictions, Mais celui qui a hâte de s’enrichir ne reste pas impuni.
21 Il n’est pas bon d’avoir égard aux personnes, Et pour un morceau de pain un homme se livre au péché.
22 Un homme envieux a hâte de s’enrichir, Et il ne sait pas que la disette viendra sur lui.
23 Celui qui reprend les autres trouve ensuite plus de faveur Que celui dont la langue est flatteuse.
24 Celui qui vole son père et sa mère, Et qui dit: Ce n’est pas un péché! Est le compagnon du destructeur.
25 L’orgueilleux excite les querelles, Mais celui qui se confie en l’Éternel est rassasié.
26 Celui qui a confiance dans son propre coeur est un insensé, Mais celui qui marche dans la sagesse sera sauvé.
27 Celui qui donne au pauvre n’éprouve pas la disette, Mais celui qui ferme les yeux est chargé de malédictions.
28 Quand les méchants s’élèvent, chacun se cache; Et quand ils périssent, les justes se multiplient.
Louis Segond {LSG}

Proverbs 28  

1 The wicked flee when no man pursueth: but the righteous are bold as a lion.
For the transgression of a land many are the princes thereof: but by a man of understanding and knowledge the state thereof shall be prolonged.
A poor man that oppresseth the poor is like a sweeping rain which leaveth no food.
They that forsake the law praise the wicked: but such as keep the law contend with them.
Evil men understand not judgment: but they that seek the Lord understand all things.
Better is the poor that walketh in his uprightness, than he that is perverse in his ways, though he be rich.
Whoso keepeth the law is a wise son: but he that is a companion of riotous men shameth his father.
He that by usury and unjust gain increaseth his substance, he shall gather it for him that will pity the poor.
He that turneth away his ear from hearing the law, even his prayer shall be abomination.
10 Whoso causeth the righteous to go astray in an evil way, he shall fall himself into his own pit: but the upright shall have good things in possession.
11 The rich man is wise in his own conceit; but the poor that hath understanding searcheth him out.
12 When righteous men do rejoice, there is great glory: but when the wicked rise, a man is hidden.
13 He that covereth his sins shall not prosper: but whoso confesseth and forsaketh them shall have mercy.
14 Happy is the man that feareth alway: but he that hardeneth his heart shall fall into mischief.
15 As a roaring lion, and a ranging bear; so is a wicked ruler over the poor people.
16 The prince that wanteth understanding is also a great oppressor: but he that hateth covetousness shall prolong his days.
17 A man that doeth violence to the blood of any person shall flee to the pit; let no man stay him.
18 Whoso walketh uprightly shall be saved: but he that is perverse in his ways shall fall at once.
19 He that tilleth his land shall have plenty of bread: but he that followeth after vain persons shall have poverty enough.
20 A faithful man shall abound with blessings: but he that maketh haste to be rich shall not be innocent.
21 To have respect of persons is not good: for for a piece of bread that man will transgress.
22 He that hasteth to be rich hath an evil eye, and considereth not that poverty shall come upon him.
23 He that rebuketh a man afterwards shall find more favour than he that flattereth with the tongue.
24 Whoso robbeth his father or his mother, and saith, It is no transgression; the same is the companion of a destroyer.
25 He that is of a proud heart stirreth up strife: but he that putteth his trust in the Lord shall be made fat.
26 He that trusteth in his own heart is a fool: but whoso walketh wisely, he shall be delivered.
27 He that giveth unto the poor shall not lack: but he that hideth his eyes shall have many a curse.
28 When the wicked rise, men hide themselves: but when they perish, the righteous increase.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}