Liv Oze / Osée / Hosea

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Oze 4     

1 Seyè a gen yon pwose l’ap mennen ak moun k’ap viv nan peyi a. Nou menm, pitit Izrayèl yo, koute sa Seyè a ap di: -Nan peyi a, bonjou moun pa laverite. Yo pa gen bon kè ankò. Pa gen moun ki konn Bondye ankò nan peyi a.
Se fè sèman pou gremesi, se bay manti. Se touye moun, se vòlò, se fè adiltè. Y’ap kraze gason, se krim sou krim.
Se poutèt sa, peyi a pral nan lapenn. Tout moun nan peyi a pral deperi. Tout zannimo nan savann, tout zwazo k’ap vole nan syèl, tout pwason nan lanmè pral mouri.
Seyè a di: Piga pesonn louvri bouch yo di yon mo! Piga pesonn kritike anyen! Se nou menm prèt yo, m’ap akize koulye a.
Gwo lajounen, n’ap fè sa nou pa t’ dwe fè. Lannwit menm, ata pwofèt yo ap fè tankou nou. Se fini m’ap fini ak pèp la ki tankou yon manman sitirèz pou nou.
 Pèp mwen an ap fini, paske li pa konnen mwen. Prèt yo voye tou sa mwen te moutre yo jete. Se konsa, mwen menm tou, mwen p’ap rekonèt yo pou prèt mwen ankò. Yo voye tou sa mwen menm, Bondye yo a, mwen te moutre yo a jete. Mwen menm tou, m’ap voye pitit yo jete.
Plis nou gen prèt, se plis n’ap fè sa ki mal devan je m’. Se poutèt sa, kote pou yo ta respekte nou an, se la y’ap fè nou wont.
Plis pèp la plonje nan fè peche, se plis n’ap vin pi rich. Se konsa nou ta renmen wè pèp la fè peche plis toujou.
Sa k’ap rive pèp la, se sa k’ap rive nou tou, nou menm prèt yo. M’ap regle nou pou tout move mès nou yo. M’ap fè nou peye tou sa nou fè ki mal.
10 N’a manje sa ki pou nou nan bèt nou ofri yo, men n’a rete grangou toujou. N’ap fè sèvis pou zidòl yo pretann di k’ap bay pitit, men n’a rete san fè pitit. Tou sa, paske nou vire do bay Seyè a pou nou kouri dèyè lòt bondye.
11 Seyè a di: -Nan sèvi lòt bondye, fanm, diven ak bweson fè pèp la pèdi tèt li.
12  Se yon moso bwa y’ al mande sa pou yo fè! Se yon bout bwa ki pou di yo sa yo bezwen konnen! Yo tankou yon fanm marye ki lage kò l’ nan fè jennès, yo pèdi tèt yo. Y’ap kouri dèyè lòt bondye, y’ap twonpe Seyè a!
13 Yo moute sou tèt mòn yo al ofri bèt pou touye. Y’ al boule lansan sou ti mòn yo, anba pye bwadchenn, anba pye sikren ak pye mapou, kote ki gen bon lonbraj! Se poutèt sa, pitit fi yo ap lage kò yo nan jennès, bèlfi yo ap fè adiltè.
14 Non. Mwen p’ap pini ni pitit fi nou yo, ni bèlfi nou yo pou sa y’ap fè a, paske se nou menm gason k’ap fèmen kò nou apa ak medam k’ap fè jennès nan tanp yo. Nou mete tèt ansanm ak yo pou fè sèvis pou lòt bondye. Tankou pawòl la di: Yon pèp ki san konprann, se yon pèp ki fini.
15 Si moun Izrayèl yo vle vire do ban mwen, mwen ta swete moun Jida yo pa fè menm jan an tou! Pa ale lavil Gilgal! Pa moute Betavenn pou fè sèvis! Pa pran non Bondye vivan an pou fè sèman!
16 Paske, moun Izrayèl yo gen tèt di pase milèt pòt. Ki jan pou Seyè a ka mennen yo al manje nan savann tankou ti mouton?
17 Moun Efrayim yo menm lage kò yo bay zidòl yo nèt. Kite yo pou kont yo!
18 Yo mete tèt yo ansanm ak yon bann gwògè. Yo lage kò yo nan fanm. Yo pito sa ki pou fè yo wont la pase sa ki pou ta fè moun respekte yo.
19 Yo pran nan yon move kouran. Y’a wont ofrann bèt y’ap fè pou touye pou zidòl yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Osée 4 

1 Écoutez la parole de l’Éternel, enfants d’Israël! Car l’Éternel a un procès avec les habitants du pays, Parce qu’il n’y a point de vérité, point de miséricorde, Point de connaissance de Dieu dans le pays.
Il n’y a que parjures et mensonges, Assassinats, vols et adultères; On use de violence, on commet meurtre sur meurtre.
C’est pourquoi le pays sera dans le deuil, Tous ceux qui l’habitent seront languissants, Et avec eux les bêtes des champs et les oiseaux du ciel; Même les poissons de la mer disparaîtront.
Mais que nul ne conteste, que nul ne se livre aux reproches; Car ton peuple est comme ceux qui disputent avec les sacrificateurs.
Tu tomberas de jour, Le prophète avec toi tombera de nuit, Et je détruirai ta mère.
Mon peuple est détruit, parce qu’il lui manque la connaissance. Puisque tu as rejeté la connaissance, Je te rejetterai, et tu seras dépouillé de mon sacerdoce; Puisque tu as oublié la loi de ton Dieu, J’oublierai aussi tes enfants.
Plus ils se sont multipliés, plus ils ont péché contre moi: Je changerai leur gloire en ignominie.
Ils se repaissent des péchés de mon peuple, Ils sont avides de ses iniquités.
Il en sera du sacrificateur comme du peuple; Je le châtierai selon ses voies, Je lui rendrai selon ses oeuvres.
10 Ils mangeront sans se rassasier, Ils se prostitueront sans multiplier, Parce qu’ils ont abandonné l’Éternel et ses commandements.
11 La prostitution, le vin et le moût, font perdre le sens.
12 Mon peuple consulte son bois, Et c’est son bâton qui lui parle; Car l’esprit de prostitution égare, Et ils se prostituent loin de leur Dieu.
13 Ils sacrifient sur le sommet des montagnes, Ils brûlent de l’encens sur les collines, Sous les chênes, les peupliers, les térébinthes, Dont l’ombrage est agréable. C’est pourquoi vos filles se prostituent, Et vos belles-filles sont adultères.
14 Je ne punirai pas vos filles parce qu’elles se prostituent, Ni vos belles-filles parce qu’elles sont adultères, Car eux-mêmes vont à l’écart avec des prostituées, Et sacrifient avec des femmes débauchées. Le peuple insensé court à sa perte.
15 Si tu te livres à la prostitution, ô Israël, Que Juda ne se rende pas coupable; N’allez pas à Guilgal, ne montez pas à Beth Aven, Et ne jurez pas: L’Éternel est vivant!
16 Parce qu’Israël se révolte comme une génisse indomptable, Maintenant l’Éternel le fera paître Comme un agneau dans de vastes plaines.
17 Éphraïm est attaché aux idoles: laisse-le!
18 A peine ont-ils cessé de boire Qu’ils se livrent à la prostitution; Leurs chefs sont avides d’ignominie.
19 Le vent les enveloppa de ses ailes, Et ils auront honte de leurs sacrifices.

Louis Segond {LSG}

Hosea 4

1 Hear the word of the Lord, ye children of Israel: for the Lord hath a controversy with the inhabitants of the land, because there is no truth, nor mercy, nor knowledge of God in the land.
By swearing, and lying, and killing, and stealing, and committing adultery, they break out, and blood toucheth blood.
Therefore shall the land mourn, and every one that dwelleth therein shall languish, with the beasts of the field, and with the fowls of heaven; yea, the fishes of the sea also shall be taken away.
Yet let no man strive, nor reprove another: for thy people are as they that strive with the priest.
Therefore shalt thou fall in the day, and the prophet also shall fall with thee in the night, and I will destroy thy mother.
My people are destroyed for lack of knowledge: because thou hast rejected knowledge, I will also reject thee, that thou shalt be no priest to me: seeing thou hast forgotten the law of thy God, I will also forget thy children.
As they were increased, so they sinned against me: therefore will I change their glory into shame.
They eat up the sin of my people, and they set their heart on their iniquity.
And there shall be, like people, like priest: and I will punish them for their ways, and reward them their doings.
10 For they shall eat, and not have enough: they shall commit whoredom, and shall not increase: because they have left off to take heed to the Lord.
11 Whoredom and wine and new wine take away the heart.
12 My people ask counsel at their stocks, and their staff declareth unto them: for the spirit of whoredoms hath caused them to err, and they have gone a whoring from under their God.
13 They sacrifice upon the tops of the mountains, and burn incense upon the hills, under oaks and poplars and elms, because the shadow thereof is good: therefore your daughters shall commit whoredom, and your spouses shall commit adultery.
14 I will not punish your daughters when they commit whoredom, nor your spouses when they commit adultery: for themselves are separated with whores, and they sacrifice with harlots: therefore the people that doth not understand shall fall.
15 Though thou, Israel, play the harlot, yet let not Judah offend; and come not ye unto Gilgal, neither go ye up to Bethaven, nor swear, The Lord liveth.
16 For Israel slideth back as a backsliding heifer: now the Lord will feed them as a lamb in a large place.
17 Ephraim is joined to idols: let him alone.
18 Their drink is sour: they have committed whoredom continually: her rulers with shame do love, Give ye.
19 The wind hath bound her up in her wings, and they shall be ashamed because of their sacrifices.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}