Liv Revelasyon / Apocalypse / Revelation

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Revelasyon 2         

Ekri zanj legliz ki nan lavil Efèz la. Di l’ konsa: Moun ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat li a, moun k’ap mache nan mitan sèt gwo lanp sèt branch lò yo, men sa li voye di ou:
Mwen konnen tou sa w’ap fè, jan ou travay di, jan ou gen pasians. Mwen konnen tou ou pa ka sipòte mechan yo: ou sonde tout moun sa yo k’ap pran pòz apòt yo. Ou dekouvri se mantò yo ye.
Ou gen anpil pasians, ou soufri anpil poutèt mwen. Ou pa dekouraje.
Men, men repwòch mwen gen pou m’ fè ou: Koulye a ou pa renmen m’ jan ou te renmen m’ anvan an.
Chonje kote ou te ye anvan ou tonbe a, tounen vin jwenn Bondye. Reprann lavi ou t’ap mennen anvan an. Si ou pa tounen vin jwenn Bondye, m’ap vini kote ou ye a, m’ap wete chandelie ou la nan plas kote l’ ye a.
Men, malgre sa, ou gen kichòy ki bon: ou pa vle wè sa bann Nikolayit yo ap fè a. Mwen menm tou, mwen pa vle wè yo.
Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m’ap ba yo dwa pou yo manje nan piebwa ki bay lavi a, piebwa ki nan mitan jaden Bondye a.
 Ekri zanj legliz ki nan lavil Esmen lan. Di l’ konsa: Moun ki premie a ak dènye a, li menm ki te mouri, men ki te leve soti vivan nan lanmò a, men sa l’ voye di ou:
Mwen konnen jan w’ap soufri. Mwen konnen jan ou pòv. Men, pou di vre, ou rich anpil! Mwen konnen jan moun ki swadizan jwif yo ap pale ou mal. Men, se pa jwif yo ye. Se yon bann moun Satan.
10 Ou pa bezwen pè pou sa ou pral soufri ankò. Koute, Satan pral chache sonde nou tout, li pral jete anpil nan nou nan prizon. Nou pral soufri pandan dis jou. Men, kenbe fèm menm si nou gen pou n’ mouri. M’a ban nou lavi pou rekonpans.
11 Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la p’ap soufri dezyèm lanmò a.
12  Ekri zanj legliz ki nan lavil Pègam lan. Di l’ konsa: Men sa moun ki gen nepe file de bò a voye di ou:
13 Mwen konnen kote ou rete a se la Satan chita. Ou pa lage m’, ou pa pèdi konfians ou gen nan mwen an, menm lè yo te fè touye Antipas ki mouri poutèt mwen la nan mitan nou, nan lavil kote Satan rete a.
14 Men, men repwòch mwen gen pou m’ fè ou: ou gen kèk moun lakay ou k’ap swiv konsèy Balaram te bay lè li te moutre Balak sa pou l’ te fè pou fè pitit Izrayèl yo tonbe nan peche, pou l’ te fè yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl, pou l’ te fè yo lage kò yo nan imoralite.
15 Konsa tou, ou gen kèk moun lakay ou k’ap swiv konsèy Nikolayit yo.
16 Tounen vin jwenn Bondye non. Si ou pa fè sa, talè konsa m’ap vini, m’ap goumen ak moun sa yo ak nepe k’ap soti nan bouch mwen an.
17 Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m’a ba yo laman ki kache a. M’ap ba yo chak yon ti wòch blan ak yon lòt non ekri sou li, yon non pesonn pa konnen esepte moun ki resevwa l’ la.
18  Ekri zanj legliz ki nan lavil Tiyati a. Di l’ konsa: Men sa pitit Bondye a voye di ou, li menm ki gen je l’ yo tankou de flanm dife, ak pie l’ yo klere tankou kwiv poli.
19 Mwen konnen tou sa w’ap fè. Mwen konnen jan ou gen renmen nan kè ou, jan ou gen konfians, jan ou fè sèvis ou byen, ak jan ou gen anpil pasians. Mwen konnen tou w’ap travay koulye a pi plis pase anvan.
20 Men, men repwòch mwen gen pou m’ fè ou: w’ap tolere fanm yo rele Jezabèl la k’ap pran pòz pwofèt Bondye li. L’ap detounen sèvitè m’ yo, l’ap moutre yo pou yo lage kò yo nan imoralite, pou yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl.
21 Mwen ba l’ kont tan pou l’ vire kite peche l’ yo. Men, li pa vle kite imoralite li a.
22 Se poutèt sa, mwen pral lage l’ jete sou yon kabann kote li pral soufri anpil. Tout moun k’ap fè adiltè avè l’ yo pral soufri anpil tou, si yo pa chanje, si yo pa kite move zak y’ap plede fè ansanm avè l’ yo.
23 Apre sa, m’ap fè tout pitit li yo mouri. Konsa, tout legliz yo va konnen mwen se moun ki konnen tout lide lèzòm ap fè nan tèt yo ak tout santiman yo gen nan kè yo. M’ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
24 Pou nou menm, lòt manm legliz nan lavil Tiyati yo ki pa swiv move konsèy sa yo, ki pa t’ aprann sa bann moun sa yo ap rele gwo sekrè Satan an, men sa m’ap di nou: Mwen p’ap ban nou lòt chay pase sa.
25 Men, kenbe sa nou genyen an byen fèm jouk jou m’a tounen.
26 Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, epi ki va toujou ap fè sa m’ vle yo fè a jouk sa kaba, m’a ba yo pouvwa sou tout nasyon,
27 menm jan Papa m’ te ban m’ pouvwa sa a tou. Y’a gouvènen nasyon yo ak yon baton fè, y’a kraze yo an miyèt moso tankou yon kannari yo kraze.
28 M’a ba yo bèl zetwal ki klere chak maten an tou.
29 Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Apocalypse 2                

1 Écris à l’ange de l’Église d’Éphèse: Voici ce que dit celui qui tient les sept étoiles dans sa main droite, celui qui marche au milieu des sept chandeliers d’or:
Je connais tes oeuvres, ton travail, et ta persévérance. Je sais que tu ne peux supporter les méchants; que tu as éprouvé ceux qui se disent apôtres et qui ne le sont pas, et que tu les as trouvés menteurs;
que tu as de la persévérance, que tu as souffert à cause de mon nom, et que tu ne t’es point lassé.
Mais ce que j’ai contre toi, c’est que tu as abandonné ton premier amour.
Souviens-toi donc d’où tu es tombé, repens-toi, et pratique tes premières oeuvres; sinon, je viendrai à toi, et j’ôterai ton chandelier de sa place, à moins que tu ne te repentes.
Tu as pourtant ceci, c’est que tu hais les oeuvres des Nicolaïtes, oeuvres que je hais aussi.
Que celui qui a des oreilles entende ce que l’Esprit dit aux Églises: A celui qui vaincra je donnerai à manger de l’arbre de vie, qui est dans le paradis de Dieu.
Écris à l’ange de l’Église de Smyrne: Voici ce que dit le premier et le dernier, celui qui était mort, et qui est revenu à la vie:
Je connais ta tribulation et ta pauvreté (bien que tu sois riche), et les calomnies de la part de ceux qui se disent Juifs et ne le sont pas, mais qui sont une synagogue de Satan.
10 Ne crains pas ce que tu vas souffrir. Voici, le diable jettera quelques-uns de vous en prison, afin que vous soyez éprouvés, et vous aurez une tribulation de dix jours. Sois fidèle jusqu’à la mort, et je te donnerai la couronne de vie.
11 Que celui qui a des oreilles entende ce que l’Esprit dit aux Églises: Celui qui vaincra n’aura pas à souffrir la seconde mort.
12 Écris à l’ange de l’Église de Pergame: Voici ce que dit celui qui a l’épée aiguë, à deux tranchants:
13 Je sais où tu demeures, je sais que là est le trône de Satan. Tu retiens mon nom, et tu n’as pas renié ma foi, même aux jours d’Antipas, mon témoin fidèle, qui a été mis à mort chez vous, là où Satan a sa demeure.
14 Mais j’ai quelque chose contre toi, c’est que tu as là des gens attachés à la doctrine de Balaam, qui enseignait à Balak à mettre une pierre d’achoppement devant les fils d’Israël, pour qu’ils mangeassent des viandes sacrifiées aux idoles et qu’ils se livrassent à l’impudicité.
15 De même, toi aussi, tu as des gens attachés pareillement à la doctrine des Nicolaïtes.
16 Repens-toi donc; sinon, je viendrai à toi bientôt, et je les combattrai avec l’épée de ma bouche.
17 Que celui qui a des oreilles entende ce que l’Esprit dit aux Églises: A celui qui vaincra je donnerai de la manne cachée, et je lui donnerai un caillou blanc; et sur ce caillou est écrit un nom nouveau, que personne ne connaît, si ce n’est celui qui le reçoit.
18 Écris à l’ange de l’Église de Thyatire: Voici ce que dit le Fils de Dieu, celui qui a les yeux comme une flamme de feu, et dont les pieds sont semblables à de l’airain ardent:
19 Je connais tes oeuvres, ton amour, ta foi, ton fidèle service, ta constance, et tes dernières oeuvres plus nombreuses que les premières.
20 Mais ce que j’ai contre toi, c’est que tu laisses la femme Jézabel, qui se dit prophétesse, enseigner et séduire mes serviteurs, pour qu’ils se livrent à l’impudicité et qu’ils mangent des viandes sacrifiées aux idoles.
21 Je lui ai donné du temps, afin qu’elle se repentît, et elle ne veut pas se repentir de son impudicité.
22 Voici, je vais la jeter sur un lit, et envoyer une grande tribulation à ceux qui commettent adultère avec elle, à moins qu’ils ne se repentent de leurs oeuvres.
23 Je ferai mourir de mort ses enfants; et toutes les Églises connaîtront que je suis celui qui sonde les reins et les coeurs, et je vous rendrai à chacun selon vos oeuvres.
24 A vous, à tous les autres de Thyatire, qui ne reçoivent pas cette doctrine, et qui n’ont pas connu les profondeurs de Satan, comme ils les appellent, je vous dis: Je ne mets pas sur vous d’autre fardeau;
25 seulement, ce que vous avez, retenez-le jusqu’à ce que je vienne.
26 A celui qui vaincra, et qui gardera jusqu’à la fin mes oeuvres, je donnerai autorité sur les nations.
27 Il les paîtra avec une verge de fer, comme on brise les vases d’argile, ainsi que moi-même j’en ai reçu le pouvoir de mon Père.
28 Et je lui donnerai l’étoile du matin.
29 Que celui qui a des oreilles entende ce que l’Esprit dit aux Églises! 

Louis Segond {LSG}

Revelation 2              

1 Unto the angel of the church of Ephesus write; These things saith he that holdeth the seven stars in his right hand, who walketh in the midst of the seven golden candlesticks;
I know thy works, and thy labour, and thy patience, and how thou canst not bear them which are evil: and thou hast tried them which say they are apostles, and are not, and hast found them liars:
And hast borne, and hast patience, and for my name’s sake hast laboured, and hast not fainted.
Nevertheless I have somewhat against thee, because thou hast left thy first love.
Remember therefore from whence thou art fallen, and repent, and do the first works; or else I will come unto thee quickly, and will remove thy candlestick out of his place, except thou repent.
But this thou hast, that thou hatest the deeds of the Nicolaitanes, which I also hate.
He that hath an ear, let him hear what the Spirit saith unto the churches; To him that overcometh will I give to eat of the tree of life, which is in the midst of the paradise of God.
And unto the angel of the church in Smyrna write; These things saith the first and the last, which was dead, and is alive;
I know thy works, and tribulation, and poverty, (but thou art rich) and I know the blasphemy of them which say they are Jews, and are not, but are the synagogue of Satan.
10 Fear none of those things which thou shalt suffer: behold, the devil shall cast some of you into prison, that ye may be tried; and ye shall have tribulation ten days: be thou faithful unto death, and I will give thee a crown of life.
11 He that hath an ear, let him hear what the Spirit saith unto the churches; He that overcometh shall not be hurt of the second death.
12 And to the angel of the church in Pergamos write; These things saith he which hath the sharp sword with two edges;
13 I know thy works, and where thou dwellest, even where Satan’s seat is: and thou holdest fast my name, and hast not denied my faith, even in those days wherein Antipas was my faithful martyr, who was slain among you, where Satan dwelleth.
14 But I have a few things against thee, because thou hast there them that hold the doctrine of Balaam, who taught Balac to cast a stumblingblock before the children of Israel, to eat things sacrificed unto idols, and to commit fornication.
15 So hast thou also them that hold the doctrine of the Nicolaitanes, which thing I hate.
16 Repent; or else I will come unto thee quickly, and will fight against them with the sword of my mouth.
17 He that hath an ear, let him hear what the Spirit saith unto the churches; To him that overcometh will I give to eat of the hidden manna, and will give him a white stone, and in the stone a new name written, which no man knoweth saving he that receiveth it.
18 And unto the angel of the church in Thyatira write; These things saith the Son of God, who hath his eyes like unto a flame of fire, and his feet are like fine brass;
19 I know thy works, and charity, and service, and faith, and thy patience, and thy works; and the last to be more than the first.
20 Notwithstanding I have a few things against thee, because thou sufferest that woman Jezebel, which calleth herself a prophetess, to teach and to seduce my servants to commit fornication, and to eat things sacrificed unto idols.
21 And I gave her space to repent of her fornication; and she repented not.
22 Behold, I will cast her into a bed, and them that commit adultery with her into great tribulation, except they repent of their deeds.
23 And I will kill her children with death; and all the churches shall know that I am he which searcheth the reins and hearts: and I will give unto every one of you according to your works.
24 But unto you I say, and unto the rest in Thyatira, as many as have not this doctrine, and which have not known the depths of Satan, as they speak; I will put upon you none other burden.
25 But that which ye have already hold fast till I come.
26 And he that overcometh, and keepeth my works unto the end, to him will I give power over the nations:
27 And he shall rule them with a rod of iron; as the vessels of a potter shall they be broken to shivers: even as I received of my Father.
28 And I will give him the morning star.
29 He that hath an ear, let him hear what the Spirit saith unto the churches.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}