Liv Ebre / Hébreux / Hebrews

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ebre 10 

Lalwa Moyiz la pa t’ menm yon bon pòtre bagay ki la tout bon yo. Se yon senp lonbraj benediksyon ki gen pou vini yo li ye. Moun ki pwoche bò kote Bondye avèk menm kalite ofrann bèt y’ap plede ofri chak lanne san rete a, moun sa yo, lalwa pa ka fè yo vin bon nèt.
Si moun ki fè sèvis sa yo pou Bondye te lave tout bon anba peche yo, yo pa ta santi yo koupab okenn peche ankò. Yo ta sispann fè ofrann bèt pou touye.
Men, okontrè, chak lanne bèt yo touye yo fè moun yo chonje jan yo peche.
Tou sa, paske san bouk ak san jenn towo bèf p’ap janm ka wete peche moun.
Se poutèt sa, lè Kris la tapral vin sou latè, li di Bondye: Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou ban m’ yon kò.
Se pa ofrann vyann bèt yo boule sou lotèl la k’ap fè ou plezi. Ni se pa ofrann bèt yo touye pou wete peche yo k’ap fè ou plezi.
 Lè sa a, mwen di: Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou, jan sa ekri sou mwen nan liv lalwa a.
Premye bagay li di se: Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen, ni ofrann vyann bèt yo boule sou lotèl la, ni ofrann bèt yo touye pou wete peche yo: bagay sa yo pa fè ou plezi. Men, tout ofrann bèt sa yo, se yo lalwa Moyiz la mande.
Apre sa, li di: Men mwen, Bondye. Mwen vin pou fè volonte ou. Konsa, Bondye aboli tout ansyen ofrann bèt yo, li ranplase yo ak ofrann Kris la menm.
10 Kifè nou netwaye anba peche nou yo, se paske Jezikri te fè tou sa Bondye te vle, li ofri kò pa li bay Bondye yon sèl fwa, epi l’ fini.
11 Pou prèt jwif yo, se chak jou pou yo kanpe ap fè sèvis yo. Y’ap plede ofri menm sakrifis yo plizyè fwa. Men, sakrifis sa yo p’ap janm ka wete peche.
12 Men, Kris la pou tèt pa l’ fè yon sèl ofrann san pou tout peche yo, yon ofrann san ki bon pou tout tan. Apre sa, li chita sou bò dwat Bondye.
13 Koulye a, se la l’ap tann Bondye mete tout lènmi l’ yo tankou yon ti ban pou lonje pye li.
14 Konsa, avèk sèl ofrann li fè a, li fè moun li netwaye anba peche yo bon nèt pou tout tan.
15 Se sa Sentespri di nou tou. Paske, lè li fin di:
16 Men kontra mwen pral fè ak yo apre jou sa yo. Se Bondye menm ki di sa. M’a mete lwa m’ yo nan kè yo, m’a make lwa m’ yo nan lespri yo.
17 Apre sa, li di: Mwen p’ap janm chonje ni peche yo, ni sa yo fè ki mal.
18 Konsa, lè Bondye fin padonnen peche yo, pa gen nesesite pou yo fè ofrann ankò pou wete peche.
19  Konsa, frè m’ yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a.
20 Kris la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k’ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l’ menm.
21 Nou gen yon granprèt ki reskonsab tout kay Bondye a.
22 Ann pwoche bò kot Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp.
23 Ann kenbe espwa nou genyen an byen fèm. Paske, nou mèt sèten, Bondye ap kenbe pwomès li.
24 Se pou nou yonn veye sou lòt pou yonn ka ede lòt gen renmen nan kè nou, pou yonn ka ankouraje lòt nan fè sa ki byen.
25 Pa pran egzanp sou moun ki pran abitid pa vin nan reyinyon nou yo. Okontrè, se pou yonn ankouraje lòt fè sa, koulye a pi plis pase anvan, paske nou wè jou Seyè a ap pwoche.
26 Si, apre nou fin konn verite a, nou toujou ap fè sa nou konnen ki mal, pa gen ofrann bèt ki ka wete peche sa yo.
27 Nou mèt pè kont kò nou. Yon sèl bagay ki rete pou nou fè, se rete tann jijman an ansanm ak gwo dife ki gen pou vin detwi tout lènmi Bondye yo.
28 Lè yon moun te dezobeyi lalwa Moyiz la, depi te gen de osinon twa moun ki vin depoze kont li, se touye pou yo te touye l’ san pitye.
29 Nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k’ap meprize Pitit Bondye a, yon moun ki pran san Pitit Bondye a pou anyen, san ki sèvi pou siyen kontra Bondye a, san ki mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, san ki mete nou apa pou Bondye a. Wi, nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k’ap joure Lespri Bondye ki ban nou favè li a. Nou tou konnen li merite yon pi gwo chatiman.
30 Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l’ jije pèp li a.
31 Aaa! Se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!
32 Chonje sa ki te rive nou nan tan lontan. Lè sa a, nou te fèk fin resevwa limyè Bondye a, nou te soufri anpil. Men, nou te kenbe fèm nan batay la.
33 Yon lè, se nou menm yo t’ap joure, yo t’ap maltrete devan tout moun. Yon lòt lè, se nou menm, pou tèt pa nou, ki te al pran pou moun yo t’ap joure yo, pou moun yo t’ap maltrete yo.
34 Nou te soufri ansanm ak tout moun ki te nan prizon. Menm lè yo te sezi tout byen nou yo, nou te kontan asepte pèdi yo, paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi bon, k’ap la pou tout tan.
35 Pa pèdi lasirans nou te genyen an. Paske, gen yon gwo rekonpans ladan li.
36 Men, nou bezwen pasyans pou nou ka fè sa Bondye vle, pou nou ka resevwa sa l’ te pwomèt la.
37 Paske, men sa ki ekri nan Liv la: Nan yon ti tan ankò, pa gen pou lontan menm, Moun ki gen pou vini an ap vini. Li p’ap pran reta ankò.
38 Moun mwen fè gras la ap viv, paske li gen konfyans nan mwen. Men, si l’ vire do l’ tounen fè bak, li p’ap fè kè m’ kontan.
39 Nou menm, nou p’ap fè tankou moun sa yo k’ap twenn dèyè, k’ap pèdi tèt yo. N’ap fè tankou moun ki gen fèm konfyans nan Bondye, moun k’ap delivre nanm yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Hébreux 10                    

1 En effet, la loi, qui possède une ombre des biens à venir, et non l’exacte représentation des choses, ne peut jamais, par les mêmes sacrifices qu’on offre perpétuellement chaque année, amener les assistants à la perfection.
Autrement, n’aurait-on pas cessé de les offrir, parce que ceux qui rendent ce culte, étant une fois purifiés, n’auraient plus eu aucune conscience de leurs péchés?
Mais le souvenir des péchés est renouvelé chaque année par ces sacrifices;
car il est impossible que le sang des taureaux et des boucs ôte les péchés.
C’est pourquoi Christ, entrant dans le monde, dit: Tu n’as voulu ni sacrifice ni offrande, Mais tu m’as formé un corps;
Tu n’as agréé ni holocaustes ni sacrifices pour le péché.
Alors j’ai dit: Voici, je viens (Dans le rouleau du livre il est question de moi) Pour faire, ô Dieu, ta volonté.
Après avoir dit d’abord: Tu n’as voulu et tu n’as agréé ni sacrifices ni offrandes, Ni holocaustes ni sacrifices pour le péché (ce qu’on offre selon la loi),
il dit ensuite: Voici, je viens Pour faire ta volonté. Il abolit ainsi la première chose pour établir la seconde.
10 C’est en vertu de cette volonté que nous sommes sanctifiés, par l’offrande du corps de Jésus Christ, une fois pour toutes.
11 Et tandis que tout sacrificateur fait chaque jour le service et offre souvent les mêmes sacrifices, qui ne peuvent jamais ôter les péchés,
12 lui, après avoir offert un seul sacrifice pour les péchés, s’est assis pour toujours à la droite de Dieu,
13 attendant désormais que ses ennemis soient devenus son marchepied.
14 Car, par une seule offrande, il a amené à la perfection pour toujours ceux qui sont sanctifiés.
15 C’est ce que le Saint Esprit nous atteste aussi; car, après avoir dit:
16 Voici l’alliance que je ferai avec eux, Après ces jours-là, dit le Seigneur: Je mettrai mes lois dans leurs coeurs, Et je les écrirai dans leur esprit, il ajoute:
17 Et je ne me souviendrai plus de leurs péchés ni de leurs iniquités.
18 Or, là où il y a pardon des péchés, il n’y a plus d’offrande pour le péché.
19 Ainsi donc, frères, puisque nous avons, au moyen du sang de Jésus, une libre entrée dans le sanctuaire
20 par la route nouvelle et vivante qu’il a inaugurée pour nous au travers du voile, c’est-à-dire, de sa chair,
21 et puisque nous avons un souverain sacrificateur établi sur la maison de Dieu,
22 approchons-nous avec un coeur sincère, dans la plénitude de la foi, les coeurs purifiés d’une mauvaise conscience, et le corps lavé d’une eau pure.
23 Retenons fermement la profession de notre espérance, car celui qui a fait la promesse est fidèle.
24 Veillons les uns sur les autres, pour nous exciter à la charité et aux bonnes oeuvres.
25 N’abandonnons pas notre assemblée, comme c’est la coutume de quelques-uns; mais exhortons-nous réciproquement, et cela d’autant plus que vous voyez s’approcher le jour.
26 Car, si nous péchons volontairement après avoir reçu la connaissance de la vérité, il ne reste plus de sacrifice pour les péchés,
27 mais une attente terrible du jugement et l’ardeur d’un feu qui dévorera les rebelles.
28 Celui qui a violé la loi de Moïse meurt sans miséricorde, sur la déposition de deux ou de trois témoins;
29 de quel pire châtiment pensez-vous que sera jugé digne celui qui aura foulé aux pieds le Fils de Dieu, qui aura tenu pour profane le sang de l’alliance, par lequel il a été sanctifié, et qui aura outragé l’Esprit de la grâce?
30 Car nous connaissons celui qui a dit: A moi la vengeance, à moi la rétribution! et encore: Le Seigneur jugera son peuple.
31 C’est une chose terrible que de tomber entre les mains du Dieu vivant.
32 Souvenez-vous de ces premiers jours, où, après avoir été éclairés, vous avez soutenu un grand combat au milieu des souffrances,
33 d’une part, exposés comme en spectacle aux opprobres et aux tribulations, et de l’autre, vous associant à ceux dont la position était la même.
34 En effet, vous avez eu de la compassion pour les prisonniers, et vous avez accepté avec joie l’enlèvement de vos biens, sachant que vous avez des biens meilleurs et qui durent toujours.
35 N’abandonnez donc pas votre assurance, à laquelle est attachée une grande rémunération.
36 Car vous avez besoin de persévérance, afin qu’après avoir accompli la volonté de Dieu, vous obteniez ce qui vous est promis.
37 Encore un peu, un peu de temps: celui qui doit venir viendra, et il ne tardera pas.
38 Et mon juste vivra par la foi; mais, s’il se retire, mon âme ne prend pas plaisir en lui.
39 Nous, nous ne sommes pas de ceux qui se retirent pour se perdre, mais de ceux qui ont la foi pour sauver leur âme.

Louis Segond {LSG}

Hebrews 10          

1 For the law having a shadow of good things to come, and not the very image of the things, can never with those sacrifices which they offered year by year continually make the comers thereunto perfect.
For then would they not have ceased to be offered? because that the worshippers once purged should have had no more conscience of sins.
But in those sacrifices there is a remembrance again made of sins every year.
For it is not possible that the blood of bulls and of goats should take away sins.
Wherefore when he cometh into the world, he saith, Sacrifice and offering thou wouldest not, but a body hast thou prepared me:
In burnt offerings and sacrifices for sin thou hast had no pleasure.
Then said I, Lo, I come (in the volume of the book it is written of me,) to do thy will, O God.
Above when he said, Sacrifice and offering and burnt offerings and offering for sin thou wouldest not, neither hadst pleasure therein; which are offered by the law;
Then said he, Lo, I come to do thy will, O God. He taketh away the first, that he may establish the second.
10 By the which will we are sanctified through the offering of the body of Jesus Christ once for all.
11 And every priest standeth daily ministering and offering oftentimes the same sacrifices, which can never take away sins:
12 But this man, after he had offered one sacrifice for sins for ever, sat down on the right hand of God;
13 From henceforth expecting till his enemies be made his footstool.
14 For by one offering he hath perfected for ever them that are sanctified.
15 Whereof the Holy Ghost also is a witness to us: for after that he had said before,
16 This is the covenant that I will make with them after those days, saith the Lord, I will put my laws into their hearts, and in their minds will I write them;
17 And their sins and iniquities will I remember no more.
18 Now where remission of these is, there is no more offering for sin.
19 Having therefore, brethren, boldness to enter into the holiest by the blood of Jesus,
20 By a new and living way, which he hath consecrated for us, through the veil, that is to say, his flesh;
21 And having an high priest over the house of God;
22 Let us draw near with a true heart in full assurance of faith, having our hearts sprinkled from an evil conscience, and our bodies washed with pure water.
23 Let us hold fast the profession of our faith without wavering; (for he is faithful that promised;)
24 And let us consider one another to provoke unto love and to good works:
25 Not forsaking the assembling of ourselves together, as the manner of some is; but exhorting one another: and so much the more, as ye see the day approaching.
26 For if we sin wilfully after that we have received the knowledge of the truth, there remaineth no more sacrifice for sins,
27 But a certain fearful looking for of judgment and fiery indignation, which shall devour the adversaries.
28 He that despised Moses’ law died without mercy under two or three witnesses:
29 Of how much sorer punishment, suppose ye, shall he be thought worthy, who hath trodden under foot the Son of God, and hath counted the blood of the covenant, wherewith he was sanctified, an unholy thing, and hath done despite unto the Spirit of grace?
30 For we know him that hath said, Vengeance belongeth unto me, I will recompense, saith the Lord. And again, The Lord shall judge his people.
31 It is a fearful thing to fall into the hands of the living God.
32 But call to remembrance the former days, in which, after ye were illuminated, ye endured a great fight of afflictions;
33 Partly, whilst ye were made a gazingstock both by reproaches and afflictions; and partly, whilst ye became companions of them that were so used.
34 For ye had compassion of me in my bonds, and took joyfully the spoiling of your goods, knowing in yourselves that ye have in heaven a better and an enduring substance.
35 Cast not away therefore your confidence, which hath great recompence of reward.
36 For ye have need of patience, that, after ye have done the will of God, ye might receive the promise.
37 For yet a little while, and he that shall come will come, and will not tarry.
38 Now the just shall live by faith: but if any man draw back, my soul shall have no pleasure in him.
39 But we are not of them who draw back unto perdition; but of them that believe to the saving of the soul.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}