Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 115  

1 Non! Lwanj lan pa pou nou, Seyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Seyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou!
Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande: -Kote Bondye nou an?
Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l’ vle.
Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.
Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè.
Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo pa ka pran okenn sant.
Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka soti nan gòj yo.
Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.
9 Nou menm, pèp Izrayèl la, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k’ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.
10 Nou menm, prèt Bondye yo, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k’ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.
11 Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, mete konfyans nou nan li. Se li menm k’ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou.
12 Seyè a p’ap janm bliye nou, l’ap ban nou benediksyon li. L’ap beni pèp Izrayèl la, l’ap beni prèt Bondye yo.
13 L’ap beni tout moun ki gen krentif pou li, piti kou gran.
14 Se pou Seyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l’ beni pitit ou yo tou.
15 Se pou Seyè a ki fè syèl la ak latè a voye benediksyon li sou nou!
16 Syèl la se pou Seyè a li ye. Li bay moun latè pou yo.
17 Se pa moun mouri k’ap fè lwanj Seyè a. Non! Se pa moun ki desann kote mò yo ye a k’ap fè lwanj li.
18 Men, nou menm ki vivan, n’ap di l’ mèsi depi koulye a ak pou tout tan tout tan. Lwanj pou Seyè a!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 115

1 Non pas à nous, Éternel, non pas à nous, Mais à ton nom donne gloire, A cause de ta bonté, à cause de ta fidélité!
Pourquoi les nations diraient-elles: Où donc est leur Dieu?
Notre Dieu est au ciel, Il fait tout ce qu’il veut.
Leurs idoles sont de l’argent et de l’or, Elles sont l’ouvrage de la main des hommes.
Elles ont une bouche et ne parlent point, Elles ont des yeux et ne voient point,
Elles ont des oreilles et n’entendent point, Elles ont un nez et ne sentent point,
Elles ont des mains et ne touchent point, Des pieds et ne marchent point, Elles ne produisent aucun son dans leur gosier.
Ils leur ressemblent, ceux qui les fabriquent, Tous ceux qui se confient en elles.
Israël, confie-toi en l’Éternel! Il est leur secours et leur bouclier.
10 Maison d’Aaron, confie-toi en l’Éternel! Il est leur secours et leur bouclier.
11 Vous qui craignez l’Éternel, confiez-vous en l’Éternel! Il est leur secours et leur bouclier.
12 L’Éternel se souvient de nous: il bénira, Il bénira la maison d’Israël, Il bénira la maison d’Aaron,
13 Il bénira ceux qui craignent l’Éternel, les petits et les grands;
14 L’Éternel vous multipliera ses faveurs, A vous et à vos enfants.
15 Soyez bénis par l’Éternel, Qui a fait les cieux et la terre!
16 Les cieux sont les cieux de l’Éternel, Mais il a donné la terre aux fils de l’homme.
17 Ce ne sont pas les morts qui célèbrent l’Éternel, Ce n’est aucun de ceux qui descendent dans le lieu du silence;
18 Mais nous, nous bénirons l’Éternel, Dès maintenant et à jamais. Louez l’Éternel!
Louis Segond {LSG}

Psalm 115 

1 Not unto us, O Lord, not unto us, but unto thy name give glory, for thy mercy, and for thy truth’s sake.
Wherefore should the heathen say, Where is now their God?
But our God is in the heavens: he hath done whatsoever he hath pleased.
Their idols are silver and gold, the work of men’s hands.
They have mouths, but they speak not: eyes have they, but they see not:
They have ears, but they hear not: noses have they, but they smell not:
They have hands, but they handle not: feet have they, but they walk not: neither speak they through their throat.
They that make them are like unto them; so is every one that trusteth in them.
O Israel, trust thou in the Lord: he is their help and their shield.
10 O house of Aaron, trust in the Lord: he is their help and their shield.
11 Ye that fear the Lord, trust in the Lord: he is their help and their shield.
12 The Lord hath been mindful of us: he will bless us; he will bless the house of Israel; he will bless the house of Aaron.
13 He will bless them that fear the Lord, both small and great.
14 The Lord shall increase you more and more, you and your children.
15 Ye are blessed of the Lord which made heaven and earth.
16 The heaven, even the heavens, are the Lord‘s: but the earth hath he given to the children of men.
17 The dead praise not the Lord, neither any that go down into silence.
18 But we will bless the Lord from this time forth and for evermore. Praise the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}