Liv Efezyen / Éphésiens / Ephesians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Filipyen 3    

Koulye a, frè m’ yo, fè kè nou kontan nan Seyè a. Pou mwen, sa pa fè m’ anyen pou m’ repete sa m’ te voye di nou deja. Men, se nan avantaj nou.
Veye kò nou ak moun k’ap plede fè sa ki mal yo. Veye kò nou ak bann chen sa yo ki vle fè yo sikonsi nou.
Si gen moun ki sikonsi tout bon, se pa yo, se nou menm. Paske nou menm, n’ap sèvi Bondye ak Lespri Bondye a, nou kontan dèske n’ap viv ansanm ak Jezikri. Nou pa mete konfyans nou nan sa lèzòm ap fè.
 Mwen ta ka mete konfyans mwen nan bagay konsa tou, si m’ te vle. Si gen moun ki kwè yo ka mete konfyans yo nan sa lèzòm ap fè, mwen pi ka fè l’ pase yo.
Mwen te gen wit jou depi m’ te fèt lè yo sikonsi mwen. Mwen se yon moun Izrayèl natif natal, nan branch fanmi Benjamen, pitit pitit Ebè san (100) pou san (100). Sou keksyon lalwa Moyiz la menm, se pa pale: se farizyen mwen te ye.
Mwen te sitèlman yon patizan fanatik lalwa a, mwen te menm rive pèsekite legliz la. Si yon moun te ka bon paske li fè sa lalwa a mande, enben mwen te bon nèt ale.
Men, si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, koulye a yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la.
Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m’ konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m’ konnen Jezikri tankou Seyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m’ sa gen Kris la,
 pou m’ ka viv ansanm avè l’ nèt ale. Konsa, mwen pa gen pretansyon mwen bon paske mwen fè sa lalwa a mande. Men, Bondye fè m’ gras paske mwen mete konfyans mwen nan Kris la. Wi, Bondye fè tout moun ki mete konfyans yo nan li gras.
10 Se yon sèl bagay mwen bezwen: se konnen pou m’ konnen Kris la, pou m’ santi nan mwen pouvwa ki te fè l’ leve soti vivan nan lanmò a, pou m’ soufri ansanm avè l’ nan soufrans li yo, pou m’ rive mouri tankou li tou,
11 avèk espwa, mwen menm tou m’a gen pou m’ leve soti vivan nan lanmò.
12 Mwen pa gen pretansyon mwen rive deja kote m’ prale a, ni mwen poko fin bon nèt. Men, m’ap kouri sou kous mwen pou m’ wè si m’ ka mete men sou kote m’ dwe rive a, paske Jezikri pou tèt pa l’ fin mete men sou mwen deja.
13 Se vre wi, frè m’ yo. Mwen pa kwè mwen deja mete men m’ sou kote m’ dwe rive a. Men, mwen gen yon sèl bagay pou m’ fè, se pou m’ bliye tou sa ki dèyè m’ pou m’ fè jefò pou m’ mete men m’ sou sa ki devan m’ lan.
14 Konsa, m’ap kouri dwat devan m’ sou mak kote m’ prale a, pou m’ ka jwenn rekonpans Bondye rele m’ vin resevwa nan syèl la, gremesi Jezikri.
15  Nou tout ki byen grandi nan lafwa, se menm lide sa a pou n’ gen nan tèt nou tou. Men, si gen moun pami nou ki gen lòt lide sou kèk pwen, Bondye va fè yo wè pi klè sou sa.
16 Nenpòt jan sa ye, ann mache toujou jan n’ te konmanse a.
17  Nou tout frè m’ yo, pran egzanp sou mwen. Kenbe je nou fiske sou moun k’ap swiv egzanp mwen te bay la.
18 Paske, gen anpil moun k’ap viv tankou moun ki pa vle tande pale jan Kris la mouri sou kwa a. Mwen te deja di nou sa, koulye a m’ap di nou sa ankò ak dlo nan je mwen:
19 Moun sa yo ap rive fin detwi tèt yo. Se vant yo ki bondye yo. Yo pran plezi yo nan bagay ki pou ta fè yo wont pito. Se bagay lemonn ase ki nan tèt yo.
20 Men nou menm, nou se sitwayen peyi ki nan syèl la. Se tann n’ap tann Delivrans nou, Jezikri, Seyè a, ki gen pou desann sot nan syèl la.
21 Se li menm k’ap pran pouvwa li genyen pou soumèt tout bagay anba men l’ lan, l’ap chanje vye kò tou fèb nou yo pou l’ fè yo tounen tankou kò pa l’ la ki gen bèl pouvwa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Philippiens 3               

1 Au reste, mes frères, réjouissez-vous dans le Seigneur. Je ne me lasse point de vous écrire les mêmes choses, et pour vous cela est salutaire.
Prenez garde aux chiens, prenez garde aux mauvais ouvriers, prenez garde aux faux circoncis.
Car les circoncis, c’est nous, qui rendons à Dieu notre culte par l’Esprit de Dieu, qui nous glorifions en Jésus Christ, et qui ne mettons point notre confiance en la chair.
Moi aussi, cependant, j’aurais sujet de mettre ma confiance en la chair. Si quelque autre croit pouvoir se confier en la chair, je le puis bien davantage,
moi, circoncis le huitième jour, de la race d’Israël, de la tribu de Benjamin, Hébreu né d’Hébreux; quant à la loi, pharisien;
quant au zèle, persécuteur de l’Église; irréprochable, à l’égard de la justice de la loi.
Mais ces choses qui étaient pour moi des gains, je les ai regardées comme une perte, à cause de Christ.
Et même je regarde toutes choses comme une perte, à cause de l’excellence de la connaissance de Jésus Christ mon Seigneur, pour lequel j’ai renoncé à tout, et je les regarde comme de la boue, afin de gagner Christ,
et d’être trouvé en lui, non avec ma justice, celle qui vient de la loi, mais avec celle qui s’obtient par la foi en Christ, la justice qui vient de Dieu par la foi,
10 Afin de connaître Christ, et la puissance de sa résurrection, et la communion de ses souffrances, en devenant conforme à lui dans sa mort, pour parvenir,
11 si je puis, à la résurrection d’entre les morts.
12 Ce n’est pas que j’aie déjà remporté le prix, ou que j’aie déjà atteint la perfection; mais je cours, pour tâcher de le saisir, puisque moi aussi j’ai été saisi par Jésus Christ.
13 Frères, je ne pense pas l’avoir saisi; mais je fais une chose: oubliant ce qui est en arrière et me portant vers ce qui est en avant,
14 je cours vers le but, pour remporter le prix de la vocation céleste de Dieu en Jésus Christ.
15 Nous tous donc qui sommes parfaits, ayons cette même pensée; et si vous êtes en quelque point d’un autre avis, Dieu vous éclairera aussi là-dessus.
16 Seulement, au point où nous sommes parvenus, marchons d’un même pas.
17 Soyez tous mes imitateurs, frères, et portez les regards sur ceux qui marchent selon le modèle que vous avez en nous.
18 Car il en est plusieurs qui marchent en ennemis de la croix de Christ, je vous en ai souvent parlé, et j’en parle maintenant encore en pleurant.
19 Leur fin sera la perdition; ils ont pour dieu leur ventre, ils mettent leur gloire dans ce qui fait leur honte, ils ne pensent qu’aux choses de la terre.
20 Mais notre cité à nous est dans les cieux, d’où nous attendons aussi comme Sauveur le Seigneur Jésus Christ,
21 qui transformera le corps de notre humiliation, en le rendant semblable au corps de sa gloire, par le pouvoir qu’il a de s’assujettir toutes choses.

Louis Segond {LSG}

Phillipians 3           

1 Finally, my brethren, rejoice in the Lord. To write the same things to you, to me indeed is not grievous, but for you it is safe.
Beware of dogs, beware of evil workers, beware of the concision.
For we are the circumcision, which worship God in the spirit, and rejoice in Christ Jesus, and have no confidence in the flesh.
Though I might also have confidence in the flesh. If any other man thinketh that he hath whereof he might trust in the flesh, I more:
Circumcised the eighth day, of the stock of Israel, of the tribe of Benjamin, an Hebrew of the Hebrews; as touching the law, a Pharisee;
Concerning zeal, persecuting the church; touching the righteousness which is in the law, blameless.
But what things were gain to me, those I counted loss for Christ.
Yea doubtless, and I count all things but loss for the excellency of the knowledge of Christ Jesus my Lord: for whom I have suffered the loss of all things, and do count them but dung, that I may win Christ,
And be found in him, not having mine own righteousness, which is of the law, but that which is through the faith of Christ, the righteousness which is of God by faith:
10 That I may know him, and the power of his resurrection, and the fellowship of his sufferings, being made conformable unto his death;
11 If by any means I might attain unto the resurrection of the dead.
12 Not as though I had already attained, either were already perfect: but I follow after, if that I may apprehend that for which also I am apprehended of Christ Jesus.
13 Brethren, I count not myself to have apprehended: but this one thing I do, forgetting those things which are behind, and reaching forth unto those things which are before,
14 I press toward the mark for the prize of the high calling of God in Christ Jesus.
15 Let us therefore, as many as be perfect, be thus minded: and if in any thing ye be otherwise minded, God shall reveal even this unto you.
16 Nevertheless, whereto we have already attained, let us walk by the same rule, let us mind the same thing.
17 Brethren, be followers together of me, and mark them which walk so as ye have us for an ensample.
18 (For many walk, of whom I have told you often, and now tell you even weeping, that they are the enemies of the cross of Christ:
19 Whose end is destruction, whose God is their belly, and whose glory is in their shame, who mind earthly things.)
20 For our conversation is in heaven; from whence also we look for the Saviour, the Lord Jesus Christ:
21 Who shall change our vile body, that it may be fashioned like unto his glorious body, according to the working whereby he is able even to subdue all things unto himself.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}