Liv Pwovèb / Proverbes / Proverbs

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Pwovèb 31   

1 Men Pawòl wa Lemwèl, men konsèy manman l’ te ba li:
Kisa pou m’ di ou, pitit mwen, pitit ki soti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l’ ban mwen ou. Kisa pou m’ di ou?
Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k’ap fè malè chèf yo.
Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg.
Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p’ap pran ka malere yo.
Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson.
Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo.
Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo.
Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo.
10  Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.
11 Mari l’ mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li.
12 Madanm lan p’ap janm aji mal ak mari l’, l’ap pase tout lavi l’ ap fè l’ byen.
13 Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l’.
14 Tankou bato k’ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la.
15 Solèy poko leve, li gen tan sou pye l’, l’ap pare manje pou moun nan kay la. L’ap di sèvant yo sa pou yo fè.
16 Li fè lide sou yon tè, li achte l’ ak lajan li fè ak men l’. Li fè jaden rezen sou li.
17 Li mare ren l’, li twouse manch rad li pou l’ travay.
18 Li santi zafè l’ ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay.
19 Li file koton, li koud rad li.
20 Li lonje men l’ bay pòv. Li pran ka malere.
21 Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo.
22 Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere.
23 Mari l’, se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non l’ an byen.
24 Madanm li fe rad pou l’ vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann.
25 Li gen anpil kouraj, tout moun respekte l’, li pa pè denmen.
26 Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li.
27 Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l’ap fè.
28 Tout pitit li yo ap fè l’ konpliman. Mari l’ menm ap fè lwanj li.
29 L’ap di: Mwen konnen anpil madanm. Men ou menm, nanpwen tankou ou!
30 Bèl fanm pa di bon madanm pou sa. Bèl figi pa la pou lontan. Men, y’a fè lwanj yon fanm ki gen krentif pou Seyè a.
31 Ba li sa ki pou li a. Lè y’a wè sa l’ fè, se pou tout moun fè lwanj li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Proverbes 31

1 Paroles du roi Lemuel. Sentences par lesquelles sa mère l’instruisit.
Que te dirai-je, mon fils? que te dirai-je, fils de mes entrailles? Que te dirai-je, mon fils, objet de mes voeux?
Ne livre pas ta vigueur aux femmes, Et tes voies à celles qui perdent les rois.
Ce n’est point aux rois, Lemuel, Ce n’est point aux rois de boire du vin, Ni aux princes de rechercher des liqueurs fortes,
De peur qu’en buvant ils n’oublient la loi, Et ne méconnaissent les droits de tous les malheureux.
Donnez des liqueurs fortes à celui qui périt, Et du vin à celui qui a l’amertume dans l’âme;
Qu’il boive et oublie sa pauvreté, Et qu’il ne se souvienne plus de ses peines.
Ouvre ta bouche pour le muet, Pour la cause de tous les délaissés.
Ouvre ta bouche, juge avec justice, Et défends le malheureux et l’indigent.
10 Qui peut trouver une femme vertueuse? Elle a bien plus de valeur que les perles.
11 Le coeur de son mari a confiance en elle, Et les produits ne lui feront pas défaut.
12 Elle lui fait du bien, et non du mal, Tous les jours de sa vie.
13 Elle se procure de la laine et du lin, Et travaille d’une main joyeuse.
14 Elle est comme un navire marchand, Elle amène son pain de loin.
15 Elle se lève lorsqu’il est encore nuit, Et elle donne la nourriture à sa maison Et la tâche à ses servantes.
16 Elle pense à un champ, et elle l’acquiert; Du fruit de son travail elle plante une vigne.
17 Elle ceint de force ses reins, Et elle affermit ses bras.
18 Elle sent que ce qu’elle gagne est bon; Sa lampe ne s’éteint point pendant la nuit.
19 Elle met la main à la quenouille, Et ses doigts tiennent le fuseau.
20 Elle tend la main au malheureux, Elle tend la main à l’indigent.
21 Elle ne craint pas la neige pour sa maison, Car toute sa maison est vêtue de cramoisi.
22 Elle se fait des couvertures, Elle a des vêtements de fin lin et de pourpre.
23 Son mari est considéré aux portes, Lorsqu’il siège avec les anciens du pays.
24 Elle fait des chemises, et les vend, Et elle livre des ceintures au marchand.
25 Elle est revêtue de force et de gloire, Et elle se rit de l’avenir.
26 Elle ouvre la bouche avec sagesse, Et des instructions aimables sont sur sa langue.
27 Elle veille sur ce qui se passe dans sa maison, Et elle ne mange pas le pain de paresse.
28 Ses fils se lèvent, et la disent heureuse; Son mari se lève, et lui donne des louanges:
29 Plusieurs filles ont une conduite vertueuse; Mais toi, tu les surpasses toutes.
30 La grâce est trompeuse, et la beauté est vaine; La femme qui craint l’Éternel est celle qui sera louée.
31 Récompensez-la du fruit de son travail, Et qu’aux portes ses oeuvres la louent.
Louis Segond {LSG}

Proverbs 31  

1 The words of king Lemuel, the prophecy that his mother taught him.
What, my son? and what, the son of my womb? and what, the son of my vows?
Give not thy strength unto women, nor thy ways to that which destroyeth kings.
It is not for kings, O Lemuel, it is not for kings to drink wine; nor for princes strong drink:
Lest they drink, and forget the law, and pervert the judgment of any of the afflicted.
Give strong drink unto him that is ready to perish, and wine unto those that be of heavy hearts.
Let him drink, and forget his poverty, and remember his misery no more.
Open thy mouth for the dumb in the cause of all such as are appointed to destruction.
Open thy mouth, judge righteously, and plead the cause of the poor and needy.
10 Who can find a virtuous woman? for her price is far above rubies.
11 The heart of her husband doth safely trust in her, so that he shall have no need of spoil.
12 She will do him good and not evil all the days of her life.
13 She seeketh wool, and flax, and worketh willingly with her hands.
14 She is like the merchants’ ships; she bringeth her food from afar.
15 She riseth also while it is yet night, and giveth meat to her household, and a portion to her maidens.
16 She considereth a field, and buyeth it: with the fruit of her hands she planteth a vineyard.
17 She girdeth her loins with strength, and strengtheneth her arms.
18 She perceiveth that her merchandise is good: her candle goeth not out by night.
19 She layeth her hands to the spindle, and her hands hold the distaff.
20 She stretcheth out her hand to the poor; yea, she reacheth forth her hands to the needy.
21 She is not afraid of the snow for her household: for all her household are clothed with scarlet.
22 She maketh herself coverings of tapestry; her clothing is silk and purple.
23 Her husband is known in the gates, when he sitteth among the elders of the land.
24 She maketh fine linen, and selleth it; and delivereth girdles unto the merchant.
25 Strength and honour are her clothing; and she shall rejoice in time to come.
26 She openeth her mouth with wisdom; and in her tongue is the law of kindness.
27 She looketh well to the ways of her household, and eateth not the bread of idleness.
28 Her children arise up, and call her blessed; her husband also, and he praiseth her.
29 Many daughters have done virtuously, but thou excellest them all.
30 Favour is deceitful, and beauty is vain: but a woman that feareth the Lord, she shall be praised.
31 Give her of the fruit of her hands; and let her own works praise her in the gates.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}