Liv 2 Wa / 2 Rois / 2Kings

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Wa 11

1 Lè Atali, manman Okozyas, vin konnen yo te touye pitit li a, li bay lòd pou yo touye tout rès fanmi wa a.
Men lè yo t’ap touye pitit wa yo, Jocheba, pitit fi wa Joram, sè menm papa ak Okozyas la, te pran Joas, yonn nan pitit gason Okozyas yo, li kache l’ ansanm ak moun ki te sèvi l’ nouris la nan yon chanm kote moun dòmi nan tanp lan. Yo pa kite Atali wè Joas. Se konsa Joas pa mouri.
Joas rete kache nan tanp lan ansanm ak moun ki te sèvi l’ nouris la pandan sizan. Atali menm t’ap gouvènen peyi a.
 Sou setyèm lanne a, Jeojada, prèt la, fè chache tout kaptenn gadkò wa a ak tout chèf gad palè yo, li fè yo vin jwenn li nan tanp lan. La, li pran dizon ak yo, li fè yo fè sèman epi li moutre yo Joas, pitit wa a.
Apre sa, li ba yo lòd sa a: –Men sa nou pral fè! N’ap separe moun k’ap vin pran pòs jou repo a an twa gwoup menm fòs, yon gwoup va fè pòs nan palè wa a,
yon lòt gwoup va kanpe bò pòtay Sou a, dènye gwoup la va rete bò pòtay ki dèyè lòt gad yo. Y’a moute lagad nan palè wa a yonn apre lòt.
De gwoup gad k’ap leve pòs jou repo a va moute gad nan tanp Seyè a pou pwoteje wa a.
N’a fè yon gwo wonn ak wa a nan mitan. N’a kenbe zam nou nan men nou. Si yon moun ta vle pase nan mitan nou se pou nou touye l’. Kote wa a va fè, n’a fè avè l’.
Kaptenn yo fè tou sa Jeojada, prèt la, te ba yo lòd fè a. Yo pran tout gad yo, ni sa ki t’ap pran pòs jou repo a, ni sa ki t’ap leve pòs jou sa a tou, y’ al jwenn Jeojada, prèt la.
10 Jeojada pran frenn ak plak pwotèj wa David yo ki te nan Tanp Seyè a, li bay kaptenn gad yo kenbe.
11 Gad yo menm, yo chak ak zam yo nan men yo, li ranje yo tout devan Tanp lan depi sou bò dwat rive sou bò gòch, yo fè wonn lotèl la pou pwoteje wa a.
12 Lè sa a, Jeojada fè pitit wa a soti. Li mete kouwòn lan sou tèt li, li renmèt li kontra Bondye a. Li vide lwil sou tèt li epi li deklare Joas wa. Tout moun bat bravo, yo pran rele: Viv wa a!
13  Lè Atali tande tout bri gad yo ak pèp la t’ap fè, li kouri al nan tanp lan kote moun yo te ye a.
14 Li wè wa a kanpe bò gwo poto a, jan sa te toujou fèt la. Tout chèf yo ak tout mizisyen yo te bò kote wa a, tout pèp la te kontan, yo t’ap kònen twonpèt. Lè Atali wè sa, kè l’ kase. Li chire rad sou li, li rele: –Men yo moute yon konplo sou do m!
15 Lamenm Jeojada, prèt la, bay kaptenn ki t’ap kòmande lame a lòd sa a: –Pase nan mitan de ran sòlda yo avè l’, mennen l’ deyò. Touye nenpòt moun nou wè k’ap swiv li. Prèt la pa t’ vle pou yo touye l’ nan Tanp Seyè a.
16 Yo pran Atali, yo mennen l’ nan palè wa a bò Pòtay Chwal yo. Se la yo touye l’.
17  Apre sa, Jeojada, prèt la, pase yon kontra ant Seyè a ak wa a ansanm ak pèp la. Dapre kontra a, yo rekonèt se pèp Seyè a yo ye. Li pase yon kontra tou ant wa a ak pèp la.
18 Lèfini, tout pèp la al nan tanp Baal la, yo demoli l’. Yo kraze tout lotèl yo ak tout estati yo byen kraze. Yo touye Matan, prèt Baal la, devan lotèl yo. Jeojada mete gad veye Tanp Seyè a.
19 Apre sa, li menm, kaptenn yo, gad wa yo, gad palè yo ak tout pèp la, yo soti nan Tanp lan ansanm ak wa a, y’ ale nan palè wa a. Yo pase antre nan pòt gad yo. Joas al chita sou fotèy wa a.
20 Tout pèp la te kontan anpil. Yo te touye Atali ak kout nepe nan palè wa a. Apre sa, pa t’ gen yon ti bri nan tout lavil la.
21 Joas te gen sètan lè l’ moute wa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Rois 11 

1 Athalie, mère d’Achazia, voyant que son fils était mort, se leva et fit périr toute la race royale.
Mais Joschéba, fille du roi Joram, soeur d’Achazia, prit Joas, fils d’Achazia, et l’enleva du milieu des fils du roi, quand on les fit mourir: elle le mit avec sa nourrice dans la chambre des lits. Il fut ainsi dérobé aux regards d’Athalie, et ne fut point mis à mort.
Il resta six ans caché avec Joschéba dans la maison de l’Éternel. Et c’était Athalie qui régnait dans le pays.
La septième année, Jehojada envoya chercher les chefs de centaines des Kéréthiens et des coureurs, et il les fit venir auprès de lui dans la maison de l’Éternel. Il traita alliance avec eux et les fit jurer dans la maison de l’Éternel, et il leur montra le fils du roi.
Puis il leur donna ses ordres, en disant: Voici ce que vous ferez. Parmi ceux de vous qui entrent en service le jour du sabbat, un tiers doit monter la garde à la maison du roi,
un tiers à la porte de Sur, et un tiers à la porte derrière les coureurs: vous veillerez à la garde de la maison, de manière à en empêcher l’entrée.
Vos deux autres divisions, tous ceux qui sortent de service le jour du sabbat feront la garde de la maison de l’Éternel auprès du roi:
vous entourerez le roi de toutes parts, chacun les armes à la main, et l’on donnera la mort à quiconque s’avancera dans les rangs; vous serez près du roi quand il sortira et quand il entrera.
Les chefs de centaines exécutèrent tous les ordres qu’avait donnés le sacrificateur Jehojada. Ils prirent chacun leurs gens, ceux qui entraient en service et ceux qui sortaient de service le jour du sabbat, et ils se rendirent vers le sacrificateur Jehojada.
10 Le sacrificateur remit aux chefs de centaines les lances et les boucliers qui provenaient du roi David, et qui se trouvaient dans la maison de l’Éternel.
11 Les coureurs, chacun les armes à la main, entourèrent le roi, en se plaçant depuis le côté droit jusqu’au côté gauche de la maison, près de l’autel et près de la maison.
12 Le sacrificateur fit avancer le fils du roi, et il mit sur lui le diadème et le témoignage. Ils l’établirent roi et l’oignirent, et frappant des mains, ils dirent: Vive le roi!
13 Athalie entendit le bruit des coureurs et du peuple, et elle vint vers le peuple à la maison de l’Éternel.
14 Elle regarda. Et voici, le roi se tenait sur l’estrade, selon l’usage; les chefs et les trompettes étaient près du roi: tout le peuple du pays était dans la joie, et l’on sonnait des trompettes. Athalie déchira ses vêtements, et cria: Conspiration! conspiration!
15 Alors le sacrificateur Jehojada donna cet ordre aux chefs de centaines, qui étaient à la tête de l’armée: Faites-la sortir en dehors des rangs, et tuez par l’épée quiconque la suivra. Car le sacrificateur avait dit: Qu’elle ne soit pas mise à mort dans la maison de l’Éternel!
16 On lui fit place, et elle se rendit à la maison du roi par le chemin de l’entrée des chevaux: c’est là qu’elle fut tuée.
17 Jehojada traita entre l’Éternel, le roi et le peuple, l’alliance par laquelle ils devaient être le peuple de l’Éternel; il établit aussi l’alliance entre le roi et le peuple.
18 Tout le peuple du pays entra dans la maison de Baal, et ils la démolirent; ils brisèrent entièrement ses autels et ses images, et ils tuèrent devant les autels Matthan, prêtre de Baal. Le sacrificateur Jehojada mit des surveillants dans la maison de l’Éternel.
19 Il prit les chefs de centaines, les Kéréthiens et les coureurs, et tout le peuple du pays; et ils firent descendre le roi de la maison de l’Éternel, et ils entrèrent dans la maison du roi par le chemin de la porte des coureurs. Et Joas s’assit sur le trône des rois.
20 Tout le peuple du pays se réjouissait, et la ville était tranquille. On avait fait mourir Athalie par l’épée dans la maison du roi.
21 Joas avait sept ans lorsqu’il devint roi.
Louis Segond {LSG}

2 Kings 11

1 And when Athaliah the mother of Ahaziah saw that her son was dead, she arose and destroyed all the seed royal.
But Jehosheba, the daughter of king Joram, sister of Ahaziah, took Joash the son of Ahaziah, and stole him from among the king’s sons which were slain; and they hid him, even him and his nurse, in the bedchamber from Athaliah, so that he was not slain.
And he was with her hid in the house of the Lord six years. And Athaliah did reign over the land.
And the seventh year Jehoiada sent and fetched the rulers over hundreds, with the captains and the guard, and brought them to him into the house of the Lord, and made a covenant with them, and took an oath of them in the house of the Lord, and shewed them the king’s son.
And he commanded them, saying, This is the thing that ye shall do; A third part of you that enter in on the sabbath shall even be keepers of the watch of the king’s house;
And a third part shall be at the gate of Sur; and a third part at the gate behind the guard: so shall ye keep the watch of the house, that it be not broken down.
And two parts of all you that go forth on the sabbath, even they shall keep the watch of the house of the Lord about the king.
And ye shall compass the king round about, every man with his weapons in his hand: and he that cometh within the ranges, let him be slain: and be ye with the king as he goeth out and as he cometh in.
And the captains over the hundreds did according to all things that Jehoiada the priest commanded: and they took every man his men that were to come in on the sabbath, with them that should go out on the sabbath, and came to Jehoiada the priest.
10 And to the captains over hundreds did the priest give king David’s spears and shields, that were in the temple of the Lord.
11 And the guard stood, every man with his weapons in his hand, round about the king, from the right corner of the temple to the left corner of the temple, along by the altar and the temple.
12 And he brought forth the king’s son, and put the crown upon him, and gave him the testimony; and they made him king, and anointed him; and they clapped their hands, and said, God save the king.
13 And when Athaliah heard the noise of the guard and of the people, she came to the people into the temple of the Lord.
14 And when she looked, behold, the king stood by a pillar, as the manner was, and the princes and the trumpeters by the king, and all the people of the land rejoiced, and blew with trumpets: and Athaliah rent her clothes, and cried, Treason, Treason.
15 But Jehoiada the priest commanded the captains of the hundreds, the officers of the host, and said unto them, Have her forth without the ranges: and him that followeth her kill with the sword. For the priest had said, Let her not be slain in the house of the Lord.
16 And they laid hands on her; and she went by the way by the which the horses came into the king’s house: and there was she slain.
17 And Jehoiada made a covenant between the Lord and the king and the people, that they should be the Lord‘s people; between the king also and the people.
18 And all the people of the land went into the house of Baal, and brake it down; his altars and his images brake they in pieces thoroughly, and slew Mattan the priest of Baal before the altars. And the priest appointed officers over the house of the Lord.
19 And he took the rulers over hundreds, and the captains, and the guard, and all the people of the land; and they brought down the king from the house of the Lord, and came by the way of the gate of the guard to the king’s house. And he sat on the throne of the kings.
20 And all the people of the land rejoiced, and the city was in quiet: and they slew Athaliah with the sword beside the king’s house.
21 Seven years old was Jehoash when he began to reign.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}