Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 6    

1 Seyè a pale avè m’, li di m’ konsa:
-Nonm o! Vire tèt ou gade nan direksyon mòn peyi Izrayèl yo. Bay moun yo mesaj mwen ba ou pou yo a.
W’a di moun nan mòn peyi Izrayèl yo: Koute mesaj Seyè a, Bondye Sèl Mèt la. Men sa li di moun nan mòn yo, nan ti mòn yo, nan ravin yo ak nan fon yo. Mwen pral voye lènmi atake nou ak nepe pou detwi tout kote nou konn fè sèvis pou zidòl yo.
Y’ap kraze tout lotèl nou yo, y’ap fè lotèl lansan nou yo tounen miyèt moso. M’ap fè yo touye moun nou yo devan vye zidòl yo a.
M’ap gaye kadav moun pèp Izrayèl yo devan tout vye zidòl yo, m’ap mache gaye zosman yo tout bò lotèl yo.
Y’ap detwi tout lavil ki nan peyi yo a. Y’ap kraze met atè tout kote yo fè sèvis pou zidòl yo ansanm ak tout lotèl yo. Y’ap kraze zidòl nou yo, y’ap disparèt yo. Y’ap kraze lotèl lansan nou yo an miyèt moso. Tou sa nou te fè ak men nou yo pral disparèt.
Anpil moun ap tonbe mouri nan mitan nou. Lè sa a, n’a konnen se mwen menm ki Seyè a.
 Men, m’ap kite de twa nan nou chape nan lagè a. Lèfini m’ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo.
Moun ki va chape yo va chonje m’ nan peyi kote y’ap depòte yo a. Y’a chonje mwen te pini yo paske, nan fon kè yo, yo te vire do ban mwen, mwen te fè yo wont paske yo te kole je yo sou yon vye zidòl. Y’ap gen pwòp tèt yo degoutans akòz bagay mal yo te fè pandan toutan yo te lage kò yo nan sèvi zidòl.
10 Y’a konnen se mwen menm ki Seyè a. Lè m’ te di yo mwen t’ap voye tout malè sa yo sou yo, se pa t’ pale mete la m’ t’ap fè.
11  Men sa Seyè a, Bondye Sèl Mèt la, di ankò: -Mare ren ou, leve de bra ou anlè! Rele gras lamizerikòd! Akòz tout bagay mal, bagay mwen pa vle wè menm, moun pèp Izrayèl yo ap fè a, yo pral mouri nan lagè, nan grangou, anba gwo maladi.
12 Moun ki lwen yo pral tonbe malad, y’ap mouri. Moun pre yo pral mouri nan lagè. Sa ki va rete yo pral mouri grangou. M’ap move sou yo jouk mwen p’ap kapab ankò.
13 Kadav yo pral gaye nan mitan zidòl bò lotèl yo, sou tèt tout ti mòn yo, sou tèt tout gwo mòn yo, anba pyebwa plen fèy vèt yo, anba gwo bwadchenn yo, kote yo te konn boule bèt yo ofri pou fè zidòl yo plezi ak bon sant yo. Lè sa a, y’a konnen se mwen men ki Seyè a.
14 Wi, m’ap lonje men m’ sou yo pou m’ touye yo tout. M’ap fè dènye kote yo te rete nan pèyi a tounen yon savann san moun ladan l’, depi dezè ki sou bò sid la rive lavil Ribla sou bò nò. Lè sa a, y’a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 6

1 La parole de l’Éternel me fut adressée, en ces mots:
Fils de l’homme, tourne ta face vers les montagnes d’Israël, Et prophétise contre elles!
Tu diras: Montagnes d’Israël, Écoutez la parole du Seigneur, de l’Éternel! Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel, Aux montagnes et aux collines, aux ravins et aux vallées: Voici, je fais venir l’épée contre vous, Et je détruirai vos hauts lieux.
Vos autels seront dévastés, Vos statues du soleil seront brisées, Et je ferai tomber vos morts devant vos idoles.
Je mettrai les cadavres des enfants d’Israël devant leurs idoles, Et je disperserai vos ossements autour de vos autels.
Partout où vous habitez, vos villes seront ruinées, Et vos hauts lieux dévastés; Vos autels seront délaissés et abandonnés, Vos idoles seront brisées et disparaîtront, Vos statues du soleil seront abattues, Et vos ouvrages anéantis.
Les morts tomberont au milieu de vous, Et vous saurez que je suis l’Éternel.
Mais je laisserai quelques restes d’entre vous, Qui échapperont à l’épée parmi les nations, Lorsque vous serez dispersés en divers pays.
Vos réchappés se souviendront de moi Parmi les nations où ils seront captifs, Parce que j’aurai brisé leur coeur adultère et infidèle, Et leurs yeux qui se sont prostitués après leurs idoles; Ils se prendront eux-mêmes en dégoût, A cause des infamies qu’ils ont commises, A cause de toutes leurs abominations.
10 Et ils sauront que je suis l’Éternel, Et que ce n’est pas en vain que je les ai menacés De leur envoyer tous ces maux.
11 Ainsi parle le Seigneur, l’Éternel: Frappe de la main, frappe du pied, et dis: Hélas! Sur toutes les méchantes abominations de la maison d’Israël, Qui tombera par l’épée, par la famine et par la peste.
12 Celui qui sera loin mourra de la peste, Celui qui sera près tombera par l’épée, Celui qui restera et sera assiégé périra par la famine. J’assouvirai ainsi ma fureur sur eux.
13 Et vous saurez que je suis l’Éternel, Quand leurs morts seront au milieu de leurs idoles, Autour de leurs autels, Sur toute colline élevée, sur tous les sommets des montagnes, Sous tout arbre vert, sous tout chêne touffu, Là où ils offraient des parfums d’une agréable odeur A toutes leurs idoles.
14 J’étendrai ma main contre eux, Et je rendrai le pays plus solitaire et plus désolé Que le désert de Dibla, Partout où ils habitent. Et ils sauront que je suis l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 6

1 And the word of the Lord came unto me, saying,
Son of man, set thy face toward the mountains of Israel, and prophesy against them,
And say, Ye mountains of Israel, hear the word of the Lord God; Thus saith the Lord God to the mountains, and to the hills, to the rivers, and to the valleys; Behold, I, even I, will bring a sword upon you, and I will destroy your high places.
And your altars shall be desolate, and your images shall be broken: and I will cast down your slain men before your idols.
And I will lay the dead carcases of the children of Israel before their idols; and I will scatter your bones round about your altars.
In all your dwellingplaces the cities shall be laid waste, and the high places shall be desolate; that your altars may be laid waste and made desolate, and your idols may be broken and cease, and your images may be cut down, and your works may be abolished.
And the slain shall fall in the midst of you, and ye shall know that I am the Lord.
Yet will I leave a remnant, that ye may have some that shall escape the sword among the nations, when ye shall be scattered through the countries.
And they that escape of you shall remember me among the nations whither they shall be carried captives, because I am broken with their whorish heart, which hath departed from me, and with their eyes, which go a whoring after their idols: and they shall lothe themselves for the evils which they have committed in all their abominations.
10 And they shall know that I am the Lord, and that I have not said in vain that I would do this evil unto them.
11 Thus saith the Lord God; Smite with thine hand, and stamp with thy foot, and say, Alas for all the evil abominations of the house of Israel! for they shall fall by the sword, by the famine, and by the pestilence.
12 He that is far off shall die of the pestilence; and he that is near shall fall by the sword; and he that remaineth and is besieged shall die by the famine: thus will I accomplish my fury upon them.
13 Then shall ye know that I am the Lord, when their slain men shall be among their idols round about their altars, upon every high hill, in all the tops of the mountains, and under every green tree, and under every thick oak, the place where they did offer sweet savour to all their idols.
14 So will I stretch out my hand upon them, and make the land desolate, yea, more desolate than the wilderness toward Diblath, in all their habitations: and they shall know that I am the Lord.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}