Liv Matye / Mathieu / Matthew

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Matye 25           

Se konsa, nan Peyi Wa ki nan syèl la se va tankou istwa dis jennfi ki pran lanp yo, ki soti al kontre msye marye a.
Senk nan yo te tèt chaje, senk lòt yo te gen bon konprann.
Tèt chaje yo te pran lanp yo ase. Yo pa t’ pote gaz an rezèv.
Men sa ki te gen bon konprann yo te pote yon boutèy plen gaz ansanm ak lanp yo.
Pandan yo t’ap tann msye marye a ki te an reta, yo tout pran kabicha, dòmi vòlò yo.
Nan mitan lannwit lan, yon rèl pati: Men msye marye a. Ann al kontre li.
Dis jennfi yo leve, yo pran pare lanp yo.
Tèt chaje yo mande sak gen bon konprann yo: Tanpri, ban nou ti gout nan gaz nou pote a, paske lanp pa nou yo ap mouri.
Men, senk ki te gen bon konprann yo reponn: Non, nou pa kapab, paske pa gen ase pou nou tout. Pito n’ al achte nan men machann yo.
10 Antan tèt chaje yo al achte gaz la, msye marye a vin rive. Senk jennfi ki te pare yo antre ansanm avè l’ nan kay nòs la. Yo fèmen pòt la dèyè yo.
11 Pita, lòt jennfi yo vin rive, yo di konsa: Mèt, Mèt, louvri pou nou.
12 Men msye marye a reponn yo: Sa m’ap di nou la a, se vre wi: m’ pa konnen nou.
13 Apre sa, Jezi di yo: Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, paske, nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive.
14  Vwala, se va tankou yon nonm ki tapral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo.
15 Li bay yonn senkmil (5.000) goud, li bay yon lòt demil (2.000) goud, li bay yon twazyèm mil (1.000) goud. Konsa li bay yo chak dapre sa l’ konnen yo ka fè. Lèfini, li pati.
16 Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l’ senkmil (5.000) goud benefis.
17 Konsa tou, domestik ki te resevwa demil (2.000) goud la fè demil (2.000) goud benefis.
18 Sa ki te resevwa mil (1.000) goud la menm ale, li fouye yon twou nan tè, li sere lajan mèt la.
19 Lontan apre sa, mèt domestik yo tounen, li pran fè regleman ak yo.
20 Domestik ki te resevwa senkmil goud la pwoche, li pote senkmil goud benefis la ba li, li di: Mèt, ou te ban mwen senkmil goud. Men senkmil goud benefis mwen fè.
21 Mèt la di l’: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m’ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. vin fè fèt avèk mèt ou.
22 Domestik ki te resevwa demil goud la pwoche apre sa, li di: Mèt, ou te ban mwen demil goud, men demil goud benefis mwen fè.
23 Mèt la di l’: Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m’ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. vin fè fèt avèk mèt ou.
24 Apre sa, domestik ki te resevwa sèlman mil goud la pwoche, li di: Mèt, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekolte kote ou pa t’ simen, ou ranmase kote ou pa t’ plante.
25 Mwen te pè, se sak fè mwen te al sere mil goud ou a anba tè. Men, pran lajan ou.
26 Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekolte kote mwen pa t’ simen, mwen ranmase kote mwen pa t’ plante.
27 Enben, se pou ou te mete lajan m’ labank. Lè m’ ta tounen, mwen ta wete manman lajan an ak yon enterè sou li.
28 Wete mil goud la nan men l’, pran l’ bay sa ki gen dimil (10.000) goud la.
29 Paske, moun ki genyen deja a, y’a ba li ankò; konsa la gen depase sa l’ bezwen an. Men, moun ki pa gen anyen an, y’a wete nan men l’ menm ti sa l’ te genyen an.
30 Kanta domestik ki pa vo anyen an, jete l’ deyò nan fènwa a. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan.
31  Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li.
32 Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, la separe yo fè de gwoup, menm jan moun k’ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò.
33 La mete mouton yo sou bò dwat li, kabrit yo sou bò gòch li.
34 Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m’, vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t’ap kreye lemonn lan.
35 Mwen te grangou, nou ban m’ manje; mwen te swaf dlo, nou ban m’ bwè. Mwen te lwen peyi m’, nou te resevwa m’ lakay nou.
36 Mwen te toutouni, nou te ban m’ rad. Mwen te malad, nou pran swen m’; mwen te nan prizon, nou vin wè mwen.
37 Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n’ te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè?
38 Kilè nou te wè ou lwen peyi ou, pou nou te resevwa ou lakay nou? Osinon toutouni, pou n’ te ba ou rad?
39 Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n’ te al wè ou?
40 Wa a va reponn yo: Sa m’ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m’ yo, se pou mwen nou te fè li.
41 Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p’ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo.
42 Mwen te grangou, nou pa t’ ban m’ manje, mwen te swaf dlo, nou pa t’ ban m’ bwè.
43 Mwen te lwen peyi m’, nou pa t’ resevwa m’ lakay nou. Mwen te toutouni, nou pa t’ ban m’ anyen pou mwen te mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa t’ vin wè mwen.
44 Lè sa a, y’a reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou, osinon swaf dlo, kilè nou te wè ou lwen peyi ou, osinon toutouni, kilè nou te wè ou malad osinon nan prizon, jouk pou nou pa t’ ba ou lasistans?
45 Wa a va reponn yo: Sa m’ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pa t’ fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t’ fè li.
46 Apre sa, l’ap voye yo resevwa chatiman ki p’ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y’ap antre nan lavi ki p’ap janm fini an.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Mathieu 25          

1 Alors le royaume des cieux sera semblable à dix vierges qui, ayant pris leurs lampes, allèrent à la rencontre de l’époux.
Cinq d’entre elles étaient folles, et cinq sages.
Les folles, en prenant leurs lampes, ne prirent point d’huile avec elles;
mais les sages prirent, avec leurs lampes, de l’huile dans des vases.
Comme l’époux tardait, toutes s’assoupirent et s’endormirent.
Au milieu de la nuit, on cria: Voici l’époux, allez à sa rencontre!
Alors toutes ces vierges se réveillèrent, et préparèrent leurs lampes.
Les folles dirent aux sages: Donnez-nous de votre huile, car nos lampes s’éteignent.
Les sages répondirent: Non; il n’y en aurait pas assez pour nous et pour vous; allez plutôt chez ceux qui en vendent, et achetez-en pour vous.
10 Pendant qu’elles allaient en acheter, l’époux arriva; celles qui étaient prêtes entrèrent avec lui dans la salle des noces, et la porte fut fermée.
11 Plus tard, les autres vierges vinrent, et dirent: Seigneur, Seigneur, ouvre-nous.
12 Mais il répondit: Je vous le dis en vérité, je ne vous connais pas.
13 Veillez donc, puisque vous ne savez ni le jour, ni l’heure.
14 Il en sera comme d’un homme qui, partant pour un voyage, appela ses serviteurs, et leur remit ses biens.
15 Il donna cinq talents à l’un, deux à l’autre, et un au troisième, à chacun selon sa capacité, et il partit.
16 Aussitôt celui qui avait reçu les cinq talents s’en alla, les fit valoir, et il gagna cinq autres talents.
17 De même, celui qui avait reçu les deux talents en gagna deux autres.
18 Celui qui n’en avait reçu qu’un alla faire un creux dans la terre, et cacha l’argent de son maître.
19 Longtemps après, le maître de ces serviteurs revint, et leur fit rendre compte.
20 Celui qui avait reçu les cinq talents s’approcha, en apportant cinq autres talents, et il dit: Seigneur, tu m’as remis cinq talents; voici, j’en ai gagné cinq autres.
21 Son maître lui dit: C’est bien, bon et fidèle serviteur; tu as été fidèle en peu de chose, je te confierai beaucoup; entre dans la joie de ton maître.
22 Celui qui avait reçu les deux talents s’approcha aussi, et il dit: Seigneur, tu m’as remis deux talents; voici, j’en ai gagné deux autres.
23 Son maître lui dit: C’est bien, bon et fidèle serviteur; tu as été fidèle en peu de chose, je te confierai beaucoup; entre dans la joie de ton maître.
24 Celui qui n’avait reçu qu’un talent s’approcha ensuite, et il dit: Seigneur, je savais que tu es un homme dur, qui moissonnes où tu n’as pas semé, et qui amasses où tu n’as pas vanné;
25 j’ai eu peur, et je suis allé cacher ton talent dans la terre; voici, prends ce qui est à toi.
26 Son maître lui répondit: Serviteur méchant et paresseux, tu savais que je moissonne où je n’ai pas semé, et que j’amasse où je n’ai pas vanné;
27 il te fallait donc remettre mon argent aux banquiers, et, à mon retour, j’aurais retiré ce qui est à moi avec un intérêt.
28 Otez-lui donc le talent, et donnez-le à celui qui a les dix talents.
29 Car on donnera à celui qui a, et il sera dans l’abondance, mais à celui qui n’a pas on ôtera même ce qu’il a.
30 Et le serviteur inutile, jetez-le dans les ténèbres du dehors, où il y aura des pleurs et des grincements de dents.
31 Lorsque le Fils de l’homme viendra dans sa gloire, avec tous les anges, il s’assiéra sur le trône de sa gloire.
32 Toutes les nations seront assemblées devant lui. Il séparera les uns d’avec les autres, comme le berger sépare les brebis d’avec les boucs;
33 et il mettra les brebis à sa droite, et les boucs à sa gauche.
34 Alors le roi dira à ceux qui seront à sa droite: Venez, vous qui êtes bénis de mon Père; prenez possession du royaume qui vous a été préparé dès la fondation du monde.
35 Car j’ai eu faim, et vous m’avez donné à manger; j’ai eu soif, et vous m’avez donné à boire; j’étais étranger, et vous m’avez recueilli;
36 j’étais nu, et vous m’avez vêtu; j’étais malade, et vous m’avez visité; j’étais en prison, et vous êtes venus vers moi.
37 Les justes lui répondront: Seigneur, quand t’avons-nous vu avoir faim, et t’avons-nous donné à manger; ou avoir soif, et t’avons-nous donné à boire?
38 Quand t’avons-nous vu étranger, et t’avons-nous recueilli; ou nu, et t’avons-nous vêtu?
39 Quand t’avons-nous vu malade, ou en prison, et sommes-nous allés vers toi?
40 Et le roi leur répondra: Je vous le dis en vérité, toutes les fois que vous avez fait ces choses à l’un de ces plus petits de mes frères, c’est à moi que vous les avez faites.
41 Ensuite il dira à ceux qui seront à sa gauche: Retirez-vous de moi, maudits; allez dans le feu éternel qui a été préparé pour le diable et pour ses anges.
42 Car j’ai eu faim, et vous ne m’avez pas donné à manger; j’ai eu soif, et vous ne m’avez pas donné à boire;
43 j’étais étranger, et vous ne m’avez pas recueilli; j’étais nu, et vous ne m’avez pas vêtu; j’étais malade et en prison, et vous ne m’avez pas visité.
44 Ils répondront aussi: Seigneur, quand t’avons-nous vu ayant faim, ou ayant soif, ou étranger, ou nu, ou malade, ou en prison, et ne t’avons-nous pas assisté?
45 Et il leur répondra: Je vous le dis en vérité, toutes les fois que vous n’avez pas fait ces choses à l’un de ces plus petits, c’est à moi que vous ne les avez pas faites.
46 Et ceux-ci iront au châtiment éternel, mais les justes à la vie éternelle.

Louis Segond {LSG}

Matthew 25   

1 Then shall the kingdom of heaven be likened unto ten virgins, which took their lamps, and went forth to meet the bridegroom.
And five of them were wise, and five were foolish.
They that were foolish took their lamps, and took no oil with them:
But the wise took oil in their vessels with their lamps.
While the bridegroom tarried, they all slumbered and slept.
And at midnight there was a cry made, Behold, the bridegroom cometh; go ye out to meet him.
Then all those virgins arose, and trimmed their lamps.
And the foolish said unto the wise, Give us of your oil; for our lamps are gone out.
But the wise answered, saying, Not so; lest there be not enough for us and you: but go ye rather to them that sell, and buy for yourselves.
10 And while they went to buy, the bridegroom came; and they that were ready went in with him to the marriage: and the door was shut.
11 Afterward came also the other virgins, saying, Lord, Lord, open to us.
12 But he answered and said, Verily I say unto you, I know you not.
13 Watch therefore, for ye know neither the day nor the hour wherein the Son of man cometh.
14 For the kingdom of heaven is as a man travelling into a far country, who called his own servants, and delivered unto them his goods.
15 And unto one he gave five talents, to another two, and to another one; to every man according to his several ability; and straightway took his journey.
16 Then he that had received the five talents went and traded with the same, and made them other five talents.
17 And likewise he that had received two, he also gained other two.
18 But he that had received one went and digged in the earth, and hid his lord’s money.
19 After a long time the lord of those servants cometh, and reckoneth with them.
20 And so he that had received five talents came and brought other five talents, saying, Lord, thou deliveredst unto me five talents: behold, I have gained beside them five talents more.
21 His lord said unto him, Well done, thou good and faithful servant: thou hast been faithful over a few things, I will make thee ruler over many things: enter thou into the joy of thy lord.
22 He also that had received two talents came and said, Lord, thou deliveredst unto me two talents: behold, I have gained two other talents beside them.
23 His lord said unto him, Well done, good and faithful servant; thou hast been faithful over a few things, I will make thee ruler over many things: enter thou into the joy of thy lord.
24 Then he which had received the one talent came and said, Lord, I knew thee that thou art an hard man, reaping where thou hast not sown, and gathering where thou hast not strawed:
25 And I was afraid, and went and hid thy talent in the earth: lo, there thou hast that is thine.
26 His lord answered and said unto him, Thou wicked and slothful servant, thou knewest that I reap where I sowed not, and gather where I have not strawed:
27 Thou oughtest therefore to have put my money to the exchangers, and then at my coming I should have received mine own with usury.
28 Take therefore the talent from him, and give it unto him which hath ten talents.
29 For unto every one that hath shall be given, and he shall have abundance: but from him that hath not shall be taken away even that which he hath.
30 And cast ye the unprofitable servant into outer darkness: there shall be weeping and gnashing of teeth.
31 When the Son of man shall come in his glory, and all the holy angels with him, then shall he sit upon the throne of his glory:
32 And before him shall be gathered all nations: and he shall separate them one from another, as a shepherd divideth his sheep from the goats:
33 And he shall set the sheep on his right hand, but the goats on the left.
34 Then shall the King say unto them on his right hand, Come, ye blessed of my Father, inherit the kingdom prepared for you from the foundation of the world:
35 For I was an hungred, and ye gave me meat: I was thirsty, and ye gave me drink: I was a stranger, and ye took me in:
36 Naked, and ye clothed me: I was sick, and ye visited me: I was in prison, and ye came unto me.
37 Then shall the righteous answer him, saying, Lord, when saw we thee an hungred, and fed thee? or thirsty, and gave thee drink?
38 When saw we thee a stranger, and took thee in? or naked, and clothed thee?
39 Or when saw we thee sick, or in prison, and came unto thee?
40 And the King shall answer and say unto them, Verily I say unto you, Inasmuch as ye have done it unto one of the least of these my brethren, ye have done it unto me.
41 Then shall he say also unto them on the left hand, Depart from me, ye cursed, into everlasting fire, prepared for the devil and his angels:
42 For I was an hungred, and ye gave me no meat: I was thirsty, and ye gave me no drink:
43 I was a stranger, and ye took me not in: naked, and ye clothed me not: sick, and in prison, and ye visited me not.
44 Then shall they also answer him, saying, Lord, when saw we thee an hungred, or athirst, or a stranger, or naked, or sick, or in prison, and did not minister unto thee?
45 Then shall he answer them, saying, Verily I say unto you, Inasmuch as ye did it not to one of the least of these, ye did it not to me.
46 And these shall go away into everlasting punishment: but the righteous into life eternal.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}