Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 15  

1 Fwa sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl ankò, li di konsa:
-Lè yon moun gen bon konprann, se pa avèk pawòl anlè pou li reponn. Li p’ap chita ap fè jazè.
Li p’ap rete ap defann tèt li ak mo ki pa vle di anyen, ak bèl diskou ki pa sèvi anyen.
Ou menm menm, ou al pi lwen. Dapre sa ou di la a, moun pa bezwen gen krentif pou Bondye ankò. Pa gen nesesite pou moun lapriyè Bondye.
Jan ou pale a, yo wè ou se yon moun ki mechan nan fon kè ou. Ou pale tankou moun k’ap kache yon bagay.
Se bouch ou menm k’ap kondannen ou. Se pa mwen. Se pawòl nan bouch ou menm k’ap fini avè ou.
Manyè di m’ non: Eske se ou menm premye moun Bondye te fè? Eske ou te fèt anvan tout mòn yo?
Eske ou te la lè Bondye t’ap fè plan travay li, kifè ou konnen pase tout moun?
Kisa ou konnen nou menm nou pa konnen? Kisa ou konprann nou menm nou pa ka konprann?
10 Se nan bouch granmoun lontan, granmoun cheve blan ki pi gran pase papa ou nou pran tout konesans pa nou.
11 Poukisa ou pa asepte ankourajman Bondye voye ba ou a? Poukisa ou pa koute nou? N’ap pale byen dousman avè ou la a.
12 Men, gade jan ou move! W’ap louvri je ou sou nou!
13 W’ap pase kòlè ou sou Bondye. W’ap plede joure l’.
14 Ki jan ou ta vle pou moun san repwòch devan Bondye? Pou moun ki soti nan vant fanm gen rezon devan Bondye?
15 Ata zanj li yo, Bondye pa fè yo konfyans. Yo menm tou yo pa fin bon nèt nan je l’.
16 Ale wè atò pou moun, ki pèvèti, ki pa vo anyen, ki fè mechanste tankou yo bwè dlo!
17  Koulye a, Jòb, koute m’. Kite m’ esplike avè ou! Mwen pral di ou sa mwen menm mwen wè.
18 Moun ki gen bon konprann moutre m’ anpil verite. Yo pa t’ kache m’ anyen. Yo menm, se nan bouch granmoun lontan yo te pran l’.
19 Granmoun sa yo t’ap viv nan peyi Bondye te ba yo pou yo menm ase, san ankenn moun lòt nasyon pa t’ mele ak yo.
20 Mechan yo pase tout lavi yo nan tèt chaje. Moun k’ap plede maltrete parèy yo p’ap viv lontan.
21 Rèl moun k’ap soufri yo ap kònen nan zòrèy yo. Lè zafè yo pi bon, se lè sa a vòlè tonbe sou yo.
22 Yo pa gen espwa chape nan fènwa a, paske manchèt pare ap tann yo.
23 Y’ap kouri adwat agoch, y’ap chache manje. Yo konnen wè pa wè y’ap pran yo.
24 Lanmò fè yo pè. Malè ak lafliksyon ap tonbe sou yo tankou yon wa ki tou pare pou batay.
25 Men sa k’ap tann moun k’ap lonje men nan figi Bondye, moun ki pa pè kenbe tèt ak Bondye.
26 Yo kache dèyè pwotèj anfe yo epi yo fonse sou Bondye.
27 Figi yo gra kou chat. Men gwosè vant yo ak grès!
28 Yo rete nan lavil ki fin kraze, nan kay moun kouri kite, kay ki fin tounen mazi.
29 Yo p’ap janm rich toutan. Sa yo genyen an la pou yon tan. Menm lonbray yo ap disparèt.
30 Yo p’ap ka kouri pou fènwa a. Y’ap tankou yon pyebwa dife boule tout branch li yo epi van bwote tout flè l’ yo ale.
31 Yo pa bezwen konte sou pozisyon yo. Nou konnen sa p’ap sèvi yo anyen.
32 Anvan yo donnen, branch yo ap fennen. boujon yo p’ap pouse fèy ankò.
33 Y’ap tankou yon pye rezen ki pèdi tout grap rezen vèt yo, tankou yon pye oliv ki pèdi tout flè l’.
34 Wi, mechan yo p’ap gen pitit. Dife ap boule tout kay yo bati ak lajan yo volè.
35 Lè yon moun ap chache fè moun mal, se sou li malè a tonbe. Se pwòp tèt li l’ap twonpe.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 15

1 Éliphaz de Théman prit la parole et dit:
Le sage répond-il par un vain savoir? Se gonfle-t-il la poitrine du vent d’orient?
Est-ce par d’inutiles propos qu’il se défend? Est-ce par des discours qui ne servent à rien?
Toi, tu détruis même la crainte de Dieu, Tu anéantis tout mouvement de piété devant Dieu.
Ton iniquité dirige ta bouche, Et tu prends le langage des hommes rusés.
Ce n’est pas moi, c’est ta bouche qui te condamne. Ce sont tes lèvres qui déposent contre toi.
Es-tu né le premier des hommes? As-tu été enfanté avant les collines?
As-tu reçu les confidences de Dieu? As-tu dérobé la sagesse à ton profit?
Que sais-tu que nous ne sachions pas? Quelle connaissance as-tu que nous n’ayons pas?
10 Il y a parmi nous des cheveux blancs, des vieillards, Plus riches de jours que ton père.
11 Tiens-tu pour peu de chose les consolations de Dieu, Et les paroles qui doucement se font entendre à toi?…
12 Où ton coeur t’entraîne-t-il, Et que signifie ce roulement de tes yeux?
13 Quoi! c’est contre Dieu que tu tournes ta colère Et que ta bouche exhale de pareils discours!
14 Qu’est-ce que l’homme, pour qu’il soit pur? Celui qui est né de la femme peut-il être juste?
15 Si Dieu n’a pas confiance en ses saints, Si les cieux ne sont pas purs devant lui,
16 Combien moins l’être abominable et pervers, L’homme qui boit l’iniquité comme l’eau!
17 Je vais te parler, écoute-moi! Je raconterai ce que j’ai vu,
18 Ce que les sages ont fait connaître, Ce qu’ils ont révélé, l’ayant appris de leurs pères.
19 A eux seuls appartenait le pays, Et parmi eux nul étranger n’était encore venu.
20 Le méchant passe dans l’angoisse tous les jours de sa vie, Toutes les années qui sont le partage de l’impie.
21 La voix de la terreur retentit à ses oreilles; Au sein de la paix, le dévastateur va fondre sur lui;
22 Il n’espère pas échapper aux ténèbres, Il voit l’épée qui le menace;
23 Il court çà et là pour chercher du pain, Il sait que le jour des ténèbres l’attend.
24 La détresse et l’angoisse l’épouvantent, Elles l’assaillent comme un roi prêt à combattre;
25 Car il a levé la main contre Dieu, Il a bravé le Tout Puissant,
26 Il a eu l’audace de courir à lui Sous le dos épais de ses boucliers.
27 Il avait le visage couvert de graisse, Les flancs chargés d’embonpoint;
28 Et il habite des villes détruites, Des maisons abandonnées, Sur le point de tomber en ruines.
29 Il ne s’enrichira plus, sa fortune ne se relèvera pas, Sa prospérité ne s’étendra plus sur la terre.
30 Il ne pourra se dérober aux ténèbres, La flamme consumera ses rejetons, Et Dieu le fera périr par le souffle de sa bouche.
31 S’il a confiance dans le mal, il se trompe, Car le mal sera sa récompense.
32 Elle arrivera avant le terme de ses jours, Et son rameau ne verdira plus.
33 Il sera comme une vigne dépouillée de ses fruits encore verts, Comme un olivier dont on a fait tomber les fleurs.
34 La maison de l’impie deviendra stérile, Et le feu dévorera la tente de l’homme corrompu.
35 Il conçoit le mal et il enfante le mal, Il mûrit dans son sein des fruits qui le trompent.
Louis Segond {LSG}

Job 15   

1 Then answered Eliphaz the Temanite, and said,
Should a wise man utter vain knowledge, and fill his belly with the east wind?
Should he reason with unprofitable talk? or with speeches wherewith he can do no good?
Yea, thou castest off fear, and restrainest prayer before God.
For thy mouth uttereth thine iniquity, and thou choosest the tongue of the crafty.
Thine own mouth condemneth thee, and not I: yea, thine own lips testify against thee.
Art thou the first man that was born? or wast thou made before the hills?
Hast thou heard the secret of God? and dost thou restrain wisdom to thyself?
What knowest thou, that we know not? what understandest thou, which is not in us?
10 With us are both the grayheaded and very aged men, much elder than thy father.
11 Are the consolations of God small with thee? is there any secret thing with thee?
12 Why doth thine heart carry thee away? and what do thy eyes wink at,
13 That thou turnest thy spirit against God, and lettest such words go out of thy mouth?
14 What is man, that he should be clean? and he which is born of a woman, that he should be righteous?
15 Behold, he putteth no trust in his saints; yea, the heavens are not clean in his sight.
16 How much more abominable and filthy is man, which drinketh iniquity like water?
17 I will shew thee, hear me; and that which I have seen I will declare;
18 Which wise men have told from their fathers, and have not hid it:
19 Unto whom alone the earth was given, and no stranger passed among them.
20 The wicked man travaileth with pain all his days, and the number of years is hidden to the oppressor.
21 A dreadful sound is in his ears: in prosperity the destroyer shall come upon him.
22 He believeth not that he shall return out of darkness, and he is waited for of the sword.
23 He wandereth abroad for bread, saying, Where is it? he knoweth that the day of darkness is ready at his hand.
24 Trouble and anguish shall make him afraid; they shall prevail against him, as a king ready to the battle.
25 For he stretcheth out his hand against God, and strengtheneth himself against the Almighty.
26 He runneth upon him, even on his neck, upon the thick bosses of his bucklers:
27 Because he covereth his face with his fatness, and maketh collops of fat on his flanks.
28 And he dwelleth in desolate cities, and in houses which no man inhabiteth, which are ready to become heaps.
29 He shall not be rich, neither shall his substance continue, neither shall he prolong the perfection thereof upon the earth.
30 He shall not depart out of darkness; the flame shall dry up his branches, and by the breath of his mouth shall he go away.
31 Let not him that is deceived trust in vanity: for vanity shall be his recompence.
32 It shall be accomplished before his time, and his branch shall not be green.
33 He shall shake off his unripe grape as the vine, and shall cast off his flower as the olive.
34 For the congregation of hypocrites shall be desolate, and fire shall consume the tabernacles of bribery.
35 They conceive mischief, and bring forth vanity, and their belly prepareth deceit.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}