Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 11   

1 Lè sa a, Sofa, moun Naama a, pran lapawòl, li di konsa:
-Atò pesonn p’ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon.
Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w’ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont?
Ou pretann sa ou di a se verite. Pou ou, ou san repwòch devan Bondye!
Pa pito Bondye ta pale pou l’ reponn ou!
Li ta fè ou wè gen anpil lòt bagay ou poko konnen, bagay moun pa ka konprann. Lè sa a, ou ta wè Bondye pa fè ou peye pou tou sa ou fè.
 Ou konprann ou ka konnen sa ki nan kè Bondye, ou ka konnen tout bagay nèt sou Bondye ki gen tout pouvwa a?
Li pi wo pase syèl la. Sa ou ka fè pou sa? Li pi fon pase peyi kote mò yo ye a. Sa ou ka konnen la?
Li pi long pase longè tout tè a. Li pi laj pase lanmè a.
10 Si Bondye arete ou, li mete ou nan prizon, li trennen ou nan tribinal, ki moun ki ka di l’ non?
11 Bondye konnen tout moun k’ap bay manti. Je l’ byen louvri, li wè tout mechanste moun ap fè.
12 Konsa, moun fou va konmanse gen konprann. Bourik sovaj yo va donte.
13  Annou wè, monchè! Pran tèt ou! Louvri bra ou devan Bondye.
14 Sispann fè vye bagay k’ap sal men ou yo. Pa kite mechanste chita lakay ou.
15 Lè sa a, w’a leve tèt ou pou gade moun nan je. W’a byen fèm, ou p’ap pè anyen.
16 W’a bliye lapenn ou yo. Tankou yon inondasyon ki fin pase, ou p’ap chonje yo ankò.
17 Lavi ou pral klere pi bèl pase gwo solèy midi. Move pa yo pral tankou yon douvan jou.
18 Ou pral viv san kè sote. Ou p’ap dekouraje. Bondye va pwoteje ou, l’a ba ou kè poze.
19 Lè w’ap dòmi, pesonn p’ap deranje ou. Anpil moun va vin achte figi ou.
20 Men, mechan yo ap voye je yo bouske toupatou, yo p’ap jwenn kote pou yo chape kò yo. Sèl espwa yo, se lanmò y’ap tann.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 11

1 Tsophar de Naama prit la parole et dit:
Cette multitude de paroles ne trouvera-t-elle point de réponse, Et suffira-t-il d’être un discoureur pour avoir raison?
Tes vains propos feront-ils taire les gens? Te moqueras-tu, sans que personne te confonde?
Tu dis: Ma manière de voir est juste, Et je suis pur à tes yeux.
Oh! si Dieu voulait parler, S’il ouvrait les lèvres pour te répondre,
Et s’il te révélait les secrets de sa sagesse, De son immense sagesse, Tu verrais alors qu’il ne te traite pas selon ton iniquité.
Prétends-tu sonder les pensées de Dieu, Parvenir à la connaissance parfaite du Tout Puissant?
Elle est aussi haute que les cieux: que feras-tu? Plus profonde que le séjour des morts: que sauras-tu?
La mesure en est plus longue que la terre, Elle est plus large que la mer.
10 S’il passe, s’il saisit, S’il traîne à son tribunal, qui s’y opposera?
11 Car il connaît les vicieux, Il voit facilement les coupables.
12 L’homme, au contraire, a l’intelligence d’un fou, Il est né comme le petit d’un âne sauvage.
13 Pour toi, dirige ton coeur vers Dieu, Étends vers lui tes mains,
14 Éloigne-toi de l’iniquité, Et ne laisse pas habiter l’injustice sous ta tente.
15 Alors tu lèveras ton front sans tache, Tu seras ferme et sans crainte;
16 Tu oublieras tes souffrances, Tu t’en souviendras comme des eaux écoulées.
17 Tes jours auront plus d’éclat que le soleil à son midi, Tes ténèbres seront comme la lumière du matin,
18 Tu seras plein de confiance, et ton attente ne sera plus vaine; Tu regarderas autour de toi, et tu reposeras en sûreté.
19 Tu te coucheras sans que personne ne trouble, Et plusieurs caresseront ton visage.
20 Mais les yeux des méchants seront consumés; Pour eux point de refuge; La mort, voilà leur espérance!
Louis Segond {LSG}

Job 11   

1 Then answered Zophar the Naamathite, and said,
Should not the multitude of words be answered? and should a man full of talk be justified?
Should thy lies make men hold their peace? and when thou mockest, shall no man make thee ashamed?
For thou hast said, My doctrine is pure, and I am clean in thine eyes.
But oh that God would speak, and open his lips against thee;
And that he would shew thee the secrets of wisdom, that they are double to that which is! Know therefore that God exacteth of thee less than thine iniquity deserveth.
Canst thou by searching find out God? canst thou find out the Almighty unto perfection?
It is as high as heaven; what canst thou do? deeper than hell; what canst thou know?
The measure thereof is longer than the earth, and broader than the sea.
10 If he cut off, and shut up, or gather together, then who can hinder him?
11 For he knoweth vain men: he seeth wickedness also; will he not then consider it?
12 For vain men would be wise, though man be born like a wild ass’s colt.
13 If thou prepare thine heart, and stretch out thine hands toward him;
14 If iniquity be in thine hand, put it far away, and let not wickedness dwell in thy tabernacles.
15 For then shalt thou lift up thy face without spot; yea, thou shalt be stedfast, and shalt not fear:
16 Because thou shalt forget thy misery, and remember it as waters that pass away:
17 And thine age shall be clearer than the noonday: thou shalt shine forth, thou shalt be as the morning.
18 And thou shalt be secure, because there is hope; yea, thou shalt dig about thee, and thou shalt take thy rest in safety.
19 Also thou shalt lie down, and none shall make thee afraid; yea, many shall make suit unto thee.
20 But the eyes of the wicked shall fail, and they shall not escape, and their hope shall be as the giving up of the ghost.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}