Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 28

1 Izarak rele Jakòb, li beni l’. Apre sa, li ba li lòd sa a: -Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou.
Leve non, ale Mezopotami lakay Betwèl, papa manman ou. W’a pran yonn nan piti fi Laban yo pou madanm. Laban, se frè manman ou.
Mwen mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l’ beni maryaj ou, pou l’ ba ou anpil pitit, pou ou tounen zansèt anpil nasyon.
Se pou l’ beni ou, ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo, menm jan li te beni Abraram, pou ou ka pran posesyon peyi kote w’ap viv koulye a, peyi li te deja bay Abraram lan.
Se konsa Izarak fè Jakòb pati. Jakòb ale nan Mezopotami lakay Laban, pitit Betwèl, moun peyi Aram lan. Laban se te frè Rebeka, manman Jakòb ak Ezaou.
 Ezaou vin konnen ki jan Izarak te beni Jakòb, ki jan li te voye l’ Mezopotami al chache yon madanm. Li vin konnen tout lè Izarak t’ap beni Jakòb la, li te pase l’ lòd sa a: Piga ou pran fi peyi Kanaran an pou madanm ou.
Ezaou te wè Jakob te obeyi papa l’ ak manman l’, li te pati pou Mezopotami.
Konsa, Ezaou vin wè Izarak papa l’ pa t’ renmen fi peyi Kanaran yo.
Li leve, li ale lakay Izmayèl, lòt pitit gason Abraram lan, li pran yon lòt madanm mete sou sa li te genyen deja yo. Li marye ak Maalat, yonn nan pitit fi Izmayèl yo. Maalat sa a, se te sè Nebajòt.
10  Jakòb kite Bècheba, li pati pou Karan.
11 Li rive yon kote, li rete pase nwit la la, paske sòlèy te fin kouche. Li pran yon wòch sèvi l’ zòrye, epi li kouche atè a konsa pou l’ dòmi.
12 Li fè yon rèv. Li reve li wè yon nechèl ki te kanpe de pye l’ atè ak tèt li pèdi nan syèl la. Zanj Bondye yo t’ap moute desann sou nechèl la.
13 Epi li wè Seyè a kanpe anwo nechèl la. Seyè a t’ap di: -Se mwen menm, Seyè a, Bondye Abraram, zansèt ou, ak Bondye Izarak. Ou wè tè kote ou kouche a, m’ap ba ou l’ pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo.
14 Pitit pitit ou yo pral menm kantite ak grenn pousyè ki sou latè. Yo pral gaye nan tout direksyon, lès, lwès, nò, sid. Ou menm ak tout pitit pitit ou yo, nou pral tounen yon benediksyon pou tout moun ki sou latè.
15 Pa bliye, m’ap toujou la avèk ou, m’ap voye je sou ou kote ou pase. M’ap fè ou tounen nan peyi sa a, paske mwen p’ap lage ou san m’ pa fè tout sa mwen sot di ou la a.
16  Jakòb leve nan dòmi an, li di: -Wè pa wè, Seyè a isit la, mwen pa t’ konn sa.
17 Msye vin pè, li di: -Isit la se yon kote pou moun respekte! Se pa lòt bagay, isit la se kay Bondye ak pòt syèl la.
18 Jakòb leve byen bònè, li pran wòch li te fè sèvi l’ zòrye a, li plante l’ tankou yon bòn tè, li vide lwil sou li pou mete l’ apa pou Bondye.
19 Li rele kote sa a Betèl. (Anvan sa, lavil la te rele Louz.)
20 Jakòb fè yon pwomès bay Seyè a, li di: -Si Bondye toujou kanpe avèk mwen, si li voye je sou mwen nan tout vwayaj sa m’ap fè a, si li ban m’ manje pou m’ manje ak rad pou m’ met sou mwen,
21 si l’ fè m’ tounen ak kè poze lakay papa m’, Seyè a va Bondye m’ vre.
22 Wòch sa a mwen plante nan tè tankou bòn lan va sèvi kay pou Bondye. m’a ba ou yon dizyèm nan tout sa ou va ban mwen.
Kreyol / Français / English

Genèse 28

1 Isaac appela Jacob, le bénit, et lui donna cet ordre: Tu ne prendras pas une femme parmi les filles de Canaan.
Lève-toi, va à Paddan Aram, à la maison de Bethuel, père de ta mère, et prends-y une femme d’entre les filles de Laban, frère de ta mère.
Que le Dieu tout puissant te bénisse, te rende fécond et te multiplie, afin que tu deviennes une multitude de peuples!
Qu’il te donne la bénédiction d’Abraham, à toi et à ta postérité avec toi, afin que tu possèdes le pays où tu habites comme étranger, et qu’il a donné à Abraham!
Et Isaac fit partir Jacob, qui s’en alla à Paddan Aram, auprès de Laban, fils de Bethuel, l’Araméen, frère de Rebecca, mère de Jacob et d’Ésaü.
Ésaü vit qu’Isaac avait béni Jacob, et qu’il l’avait envoyé à Paddan Aram pour y prendre une femme, et qu’en le bénissant il lui avait donné cet ordre: Tu ne prendras pas une femme parmi les filles de Canaan.
Il vit que Jacob avait obéi à son père et à sa mère, et qu’il était parti pour Paddan Aram.
Ésaü comprit ainsi que les filles de Canaan déplaisaient à Isaac, son père.
Et Ésaü s’en alla vers Ismaël. Il prit pour femme, outre les femmes qu’il avait, Mahalath, fille d’Ismaël, fils d’Abraham, et soeur de Nebajoth.
10 Jacob partit de Beer Schéba, et s’en alla à Charan.
11 Il arriva dans un lieu où il passa la nuit; car le soleil était couché. Il y prit une pierre, dont il fit son chevet, et il se coucha dans ce lieu-là.
12 Il eut un songe. Et voici, une échelle était appuyée sur la terre, et son sommet touchait au ciel. Et voici, les anges de Dieu montaient et descendaient par cette échelle.
13 Et voici, l’Éternel se tenait au-dessus d’elle; et il dit: Je suis l’Éternel, le Dieu d’Abraham, ton père, et le Dieu d’Isaac. La terre sur laquelle tu es couché, je la donnerai à toi et à ta postérité.
14 Ta postérité sera comme la poussière de la terre; tu t’étendras à l’occident et à l’orient, au septentrion et au midi; et toutes les familles de la terre seront bénies en toi et en ta postérité.
15 Voici, je suis avec toi, je te garderai partout où tu iras, et je te ramènerai dans ce pays; car je ne t’abandonnerai point, que je n’aie exécuté ce que je te dis.
16 Jacob s’éveilla de son sommeil et il dit: Certainement, l’Éternel est en ce lieu, et moi, je ne le savais pas!
17 Il eut peur, et dit: Que ce lieu est redoutable! C’est ici la maison de Dieu, c’est ici la porte des cieux!
18 Et Jacob se leva de bon matin; il prit la pierre dont il avait fait son chevet, il la dressa pour monument, et il versa de l’huile sur son sommet.
19 Il donna à ce lieu le nom de Béthel; mais la ville s’appelait auparavant Luz.
20 Jacob fit un voeu, en disant: Si Dieu est avec moi et me garde pendant ce voyage que je fais, s’il me donne du pain à manger et des habits pour me vêtir,
21 et si je retourne en paix à la maison de mon père, alors l’Éternel sera mon Dieu;
22 cette pierre, que j’ai dressée pour monument, sera la maison de Dieu; et je te donnerai la dîme de tout ce que tu me donneras.
Kreyol / Français / English

Genesis 28

1 And Isaac called Jacob, and blessed him, and charged him, and said unto him, Thou shalt not take a wife of the daughters of Canaan.
Arise, go to Padanaram, to the house of Bethuel thy mother’s father; and take thee a wife from thence of the daughers of Laban thy mother’s brother.
And God Almighty bless thee, and make thee fruitful, and multiply thee, that thou mayest be a multitude of people;
And give thee the blessing of Abraham, to thee, and to thy seed with thee; that thou mayest inherit the land wherein thou art a stranger, which God gave unto Abraham.
And Isaac sent away Jacob: and he went to Padanaram unto Laban, son of Bethuel the Syrian, the brother of Rebekah, Jacob’s and Esau’s mother.
When Esau saw that Isaac had blessed Jacob, and sent him away to Padanaram, to take him a wife from thence; and that as he blessed him he gave him a charge, saying, Thou shalt not take a wife of the daughers of Canaan;
And that Jacob obeyed his father and his mother, and was gone to Padanaram;
And Esau seeing that the daughters of Canaan pleased not Isaac his father;
Then went Esau unto Ishmael, and took unto the wives which he had Mahalath the daughter of Ishmael Abraham’s son, the sister of Nebajoth, to be his wife.
10 And Jacob went out from Beersheba, and went toward Haran.
11 And he lighted upon a certain place, and tarried there all night, because the sun was set; and he took of the stones of that place, and put them for his pillows, and lay down in that place to sleep.
12 And he dreamed, and behold a ladder set up on the earth, and the top of it reached to heaven: and behold the angels of God ascending and descending on it.
13 And, behold, the Lord stood above it, and said, I am the Lord God of Abraham thy father, and the God of Isaac: the land whereon thou liest, to thee will I give it, and to thy seed;
14 And thy seed shall be as the dust of the earth, and thou shalt spread abroad to the west, and to the east, and to the north, and to the south: and in thee and in thy seed shall all the families of the earth be blessed.
15 And, behold, I am with thee, and will keep thee in all places whither thou goest, and will bring thee again into this land; for I will not leave thee, until I have done that which I have spoken to thee of.
16 And Jacob awaked out of his sleep, and he said, Surely the Lord is in this place; and I knew it not.
17 And he was afraid, and said, How dreadful is this place! this is none other but the house of God, and this is the gate of heaven.
18 And Jacob rose up early in the morning, and took the stone that he had put for his pillows, and set it up for a pillar, and poured oil upon the top of it.
19 And he called the name of that place Bethel: but the name of that city was called Luz at the first.
20 And Jacob vowed a vow, saying, If God will be with me, and will keep me in this way that I go, and will give me bread to eat, and raiment to put on,
21 So that I come again to my father’s house in peace; then shall the Lord be my God:
22 And this stone, which I have set for a pillar, shall be God’s house: and of all that thou shalt give me I will surely give the tenth unto thee.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}