Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 139  

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Seyè, ou sonde m’, ou konnen ki moun mwen ye.
Ou konnen lè m’ chita, ou konnen lè m’ kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k’ap pase nan tèt mwen.
Mwen te mèt ap mache, mwen te mèt kouche, ou wè m’, ou konnen tou sa m’ap fè.
Mwen poko menm louvri bouch mwen, ou gen tan konnen tou sa mwen pral di.
Kote m’ vire, ou la bò kote m’, w’ap pwoteje m’ ak pouvwa ou.
Konesans ou genyen yo twòp pou mwen. Yo depase m’, mwen pa konprann yo.
 Ki bò mwen ta ale pou m’ pa jwenn ak ou? Ki bò mwen ta ale pou ou pa wè m’ devan je ou?
Si m’ moute nan syèl la, se la ou ye. Si m’ desann kote mò yo ye a, ou la tou.
Si m’ vole ale bò kote solèy leve, osinon si m’ al rete bò lòt bò lanmè,
10 l’a ankò, w’ap toujou la pou mennen m’, w’ap la pou pwoteje m’.
11 Si mwen di: -Bon! M’ pral kache nan fènwa a. M’ pral rete kote tout limyè mouri.
12 Fènwa pa fè nwa pou ou. Lannwit klere kou lajounen pou ou. Kit li fènwa, kit li lajounen, se menm bagay pou ou.
13 Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m’, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m’.
14 M’ap fè lwanj ou, paske ou pa manke fè bèl bagay. Tou sa ou fè se bèl bagay. Mwen konn sa byen.
15 Ou te konnen tout zo nan kò m’, depi lè m’ t’ap fòme kote moun pa t’ ka wè a, depi lè ou t’ap travay mwen ak ladrès nan fon tè a.
16 Depi anvan m’ te fèt, tout lavi m’ te devan je ou. Tou sa mwen tapral fè te deja ekri nan liv ou, anvan menm mwen te fè yo.
17  Bondye, sa ki nan tèt ou twò difisil pou m’ konprann, lèfini yo anpil!
18 Si m’ ta vle konte yo, yo ta pi plis pase grenn sab ki bò lanmè. Si m’ ta janm rive fin konte yo, mwen p’ap pi konnen ou pase sa.
19 Bondye, si ou ta vle touye mechan yo! Si ou ta vle fè ansasen yo manyè kite m’ an repo!
20 Yo anba chal! Y’ap revòlte kont ou. Y’ap pale ou mal.
21 Seyè, kouman ou ta vle pou m’ pa rayi moun ki rayi ou yo! Kouman ou ta vle pou m’ pa gen degoutans pou moun k’ap leve dèyè ou yo?
22 Mwen pa manke rayi yo. Mwen konsidere yo tankou lènmi m’.
23 Sonde m’, Bondye! Wè tou sa ki nan kè m’! Fouye m’! Wè tou sa ki nan lide m’!
24 Gade wè si m’ sou yon move chemen. Mennen m’ sou chemen ki la pou tout tan an.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 139

1 Au chef des chantres. De David. Psaume. Éternel! tu me sondes et tu me connais,
Tu sais quand je m’assieds et quand je me lève, Tu pénètres de loin ma pensée;
Tu sais quand je marche et quand je me couche, Et tu pénètres toutes mes voies.
Car la parole n’est pas sur ma langue, Que déjà, ô Éternel! tu la connais entièrement.
Tu m’entoures par derrière et par devant, Et tu mets ta main sur moi.
Une science aussi merveilleuse est au-dessus de ma portée, Elle est trop élevée pour que je puisse la saisir.
Où irais-je loin de ton esprit, Et où fuirais-je loin de ta face?
Si je monte aux cieux, tu y es; Si je me couche au séjour des morts, t’y voilà.
Si je prends les ailes de l’aurore, Et que j’aille habiter à l’extrémité de la mer,
10 Là aussi ta main me conduira, Et ta droite me saisira.
11 Si je dis: Au moins les ténèbres me couvriront, La nuit devient lumière autour de moi;
12 Même les ténèbres ne sont pas obscures pour toi, La nuit brille comme le jour, Et les ténèbres comme la lumière.
13 C’est toi qui as formé mes reins, Qui m’as tissé dans le sein de ma mère.
14 Je te loue de ce que je suis une créature si merveilleuse. Tes oeuvres sont admirables, Et mon âme le reconnaît bien.
15 Mon corps n’était point caché devant toi, Lorsque j’ai été fait dans un lieu secret, Tissé dans les profondeurs de la terre.
16 Quand je n’étais qu’une masse informe, tes yeux me voyaient; Et sur ton livre étaient tous inscrits Les jours qui m’étaient destinés, Avant qu’aucun d’eux existât.
17 Que tes pensées, ô Dieu, me semblent impénétrables! Que le nombre en est grand!
18 Si je les compte, elles sont plus nombreuses que les grains de sable. Je m’éveille, et je suis encore avec toi.
19 O Dieu, puisses-tu faire mourir le méchant! Hommes de sang, éloignez-vous de moi!
20 Ils parlent de toi d’une manière criminelle, Ils prennent ton nom pour mentir, eux, tes ennemis!
21 Éternel, n’aurais-je pas de la haine pour ceux qui te haïssent, Du dégoût pour ceux qui s’élèvent contre toi?
22 Je les hais d’une parfaite haine; Ils sont pour moi des ennemis.
23 Sonde-moi, ô Dieu, et connais mon coeur! Éprouve-moi, et connais mes pensées!
24 Regarde si je suis sur une mauvaise voie, Et conduis-moi sur la voie de l’éternité!
Louis Segond {LSG}

Psalm 139 

1 O lord, thou hast searched me, and known me.
Thou knowest my downsitting and mine uprising, thou understandest my thought afar off.
Thou compassest my path and my lying down, and art acquainted with all my ways.
For there is not a word in my tongue, but, lo, O Lord, thou knowest it altogether.
Thou hast beset me behind and before, and laid thine hand upon me.
Such knowledge is too wonderful for me; it is high, I cannot attain unto it.
Whither shall I go from thy spirit? or whither shall I flee from thy presence?
If I ascend up into heaven, thou art there: if I make my bed in hell, behold, thou art there.
If I take the wings of the morning, and dwell in the uttermost parts of the sea;
10 Even there shall thy hand lead me, and thy right hand shall hold me.
11 If I say, Surely the darkness shall cover me; even the night shall be light about me.
12 Yea, the darkness hideth not from thee; but the night shineth as the day: the darkness and the light are both alike to thee.
13 For thou hast possessed my reins: thou hast covered me in my mother’s womb.
14 I will praise thee; for I am fearfully and wonderfully made: marvellous are thy works; and that my soul knoweth right well.
15 My substance was not hid from thee, when I was made in secret, and curiously wrought in the lowest parts of the earth.
16 Thine eyes did see my substance, yet being unperfect; and in thy book all my members were written, which in continuance were fashioned, when as yet there was none of them.
17 How precious also are thy thoughts unto me, O God! how great is the sum of them!
18 If I should count them, they are more in number than the sand: when I awake, I am still with thee.
19 Surely thou wilt slay the wicked, O God: depart from me therefore, ye bloody men.
20 For they speak against thee wickedly, and thine enemies take thy name in vain.
21 Do not I hate them, O Lord, that hate thee? and am not I grieved with those that rise up against thee?
22 I hate them with perfect hatred: I count them mine enemies.
23 Search me, O God, and know my heart: try me, and know my thoughts:
24 And see if there be any wicked way in me, and lead me in the way everlasting.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}