Liv 1Samyèl / 1Samuel / 1Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Samyèl 2

1 Lè sa a, Ana lapriyè, li di: -Seyè a fè kè m’ kontan anpil! Seyè a remoute kouraj mwen. M’ap kenbe tèt ak lènmi yo. Kè m’ kontan paske Bondye delivre mwen.
Pa gen Bondye tankou Seyè a. Non, pa gen tankou l’. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an.
Sispann pale avèk lògèy. Pa kite pawòl radiyès soti nan bouch nou. Paske Seyè a se yon Bondye ki konnen tout bagay. Li jije tou sa moun ap fè.
L’ap kraze zam ki nan men vanyan sòlda yo. Men l’ap bay moun ki fèb yo fòs kouraj.
Sa ki te konn manje vant deboutonnen yo al vann jounen pou yo ka jwenn manje pou yo manje. Sa ki t’ap mouri grangou yo pa grangou ankò. Fanm ki pa t’ ka fè pitit la fè pitit sèt fwa. Sa ki te gen anpil pitit la rete san anyen.
Seyè a touye, lèfini li bay lavi ankò. Li fè moun desann nan peyi kote mò yo ye a. Li mennen yo tounen ankò.
Li fè moun rich, li fè moun pòv. Li desann moun jouk atè, lèfini li fè yo kanpe ankò.
Li wete pòv yo nan lapenn yo, li bay endijan yo men pou yo soti nan mizè yo. Li fè yo chita menm kote ak grannèg yo. Li ba yo bèl pozisyon nan lasosyete. Fondasyon latè, se nan men Seyè a sa ye. Se sou yo li bati tou sa ki la.
L’ap pwoteje lavi moun k’ap sèvi l’ ak tout kè yo. Men, mechan yo pral mouri nan fènwa. Paske se pa fòs kouraj yon nonm k’ap fè l’ genyen.
10 Seyè a ap kraze tout lènmi l’ yo. L’ap rete nan syèl la, l’ap voye loraj tonbe sou yo. Seyè a gen pou jije dènye moun ki sou latè. L’a bay wa li a pouvwa, l’ap chita pouvwa moun li te chwazi pou wa a.
11  Apre sa, Elkana tounen lakay li lavil Rama, men yo kite ti gason an lavil Silo pou l’ te sèvi Seyè a sou zòd Eli, prèt la.
12 Pitit gason Eli yo te yon bann vòryen. Pou yo, Seyè a pa t’ egziste,
13 ni yo pa t’ aji jan prèt yo fèt pou aji ak pèp la. Chak fwa yon nonm t’ap touye bèt pou ofri bay Bondye, domestik prèt la vini avèk yon gwo fouchèt twa dan nan men l’. Antan vyann lan ap kwit nan dife a,
14 li plonje fouchèt la nan kaswòl la, nan chodyè a, nan mamit la osinon nan bonm lan. Tou sa fouchèt la te pran, se te pou prèt la. Se konsa yo te fè sa lavil Silo ak tout moun pèp Izrayèl la ki te vin fè ofrann yo la.
15 Sa ki pi rèd ankò, anvan menm yo te wete grès pou boule yo, domestik prèt la vini, epi li di nonm ki t’ap ofri bèt yo te touye a konsa: -Ban m’ moso vyann pou prèt la fè woti. Li p’ap asepte ou ba li vyann bouyi. Li bezwen vyann fre.
16 Men, si nonm lan ta reponn li: Tann yo boule grès la anvan, apre sa w’a pran sa ou vle, domestik prèt la ap di l’: -Non! Ban mwen l’ koulye a. Si ou pa ban mwen li, m’ap pran l’ ak fòs pa m’.
17 Peche pitit gason Eli yo te grav anpil anpil devan Seyè a, paske yo pa t’ respekte ofrann yo te fè pou Seyè a.
18 Ti Samyèl menm t’ap sèvi Seyè a. Li te gen yon ti jile tankou prèt yo konn mete a.
19 Chak lanne manman l’ te fè yon ti rad pou li, epi li te pote l’ ba li lè li moute ak mari l’ pou touye bèt pou yo ofri chak lanne a.
20 Se konsa, Eli te beni Elkana ansanm ak madanm li. Li di Elkana: -M’ap lapriyè Seyè a pou l’ ba ou lòt pitit avèk madanm sa a pou ranplase pitit ou mete apa pou Seyè a. Apre sa yo tounen lakay yo.
21 Seyè a beni Ana ankò. Ana fè senk lòt pitit, de fi twa gason. Ti Samyèl menm t’ap grandi nan kay Seyè a.
22 Eli te fin granmoun. Li te tande moun ap di tou sa pitit gason l’ yo t’ap fè moun Izrayèl yo pase, jan yo te menm rive kouche ak medam ki t’ap travay nan pòtay devan Kay Randevou a.
23 Lè sa a, li di yo konsa: -Poukisa n’ap fè bagay konsa? Mwen tande tout vye koze y’ap di sou nou nan pèp la.
24 Sispann non, pitit mwen yo! Paske, sa m’ tande y’ap di sou nou yo se pa bèl bagay menm.
25 Si yon moun fè yon lòt yon bagay mal, Seyè a ka pran defans li. Men lè se Bondye menm yon moun fè mal, ki moun ki va pran defans li? Men, mesye yo pa t’ vle koute sa papa a t’ap di yo, paske Seyè a te fin pran desizyon l’ pou l’ te touye yo.
26 Ti Samyèl menm t’ap grandi toujou. Li t’ap aji yon jan ki te fè ni Bondye ni lèzòm plezi.
27  Yon pwofèt Bondye vin jwenn Eli, li di l’ konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Lè zansèt ou yo, Arawon ak moun fanmi l’ yo, te esklav nan peyi Lejip ap sèvi farawon an, mwen te fè yo konnen ki moun mwen ye.
28 Nan tout branch fanmi pèp Izrayèl yo se fanmi pa li a mwen te chwazi pou sèvi m’ prèt devan lotèl mwen, pou yo boule lansan, pou pote ti jile prèt yo devan m’. Epi mwen ba yo dwa pou yo pran yon pòsyon nan tout bèt yo ofri pou boule pou mwen sou lotèl la.
29 Pouki nou pa respekte bèt yo touye pou mwen ak ofrann mwen te bay lòd pou pèp la fè nan Tanp mwen an? Poukisa, ou menm Eli, ou gen pitit ou yo plis krentif pase m’, kifè ou kite yo ap gra ak pi bon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo ap fè pou mwen?
30 Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa m’ap di: Nan tan lontan, mwen te pwomèt mwen t’ap kite fanmi ou ak moun branch fanmi ou yo sèvi m’ prèt pou tout tan. Men koulye a, mwen di: Mwen p’ap fè sa ankò paske m’ap fè bèl bagay pou moun ki gen krentif pou mwen. Men moun k’ap derespekte m’ yo, m’ap fè yo wont. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
31 Gade! Koulye a lè a pral rive, mwen pral touye tout jenn gason ki nan fanmi ou ak nan tout branch fanmi zansèt ou a. Konsa p’ap gen gason nan fanmi ou ki va rive granmoun.
32 Lespri ou pral boulvèse lè w’a wè tout bagay ap mache byen pou pèp la, men pesonn nan fanmi ou p’ap janm viv lontan jouk pou yo rive granmoun.
33 M’ap kite yonn nan fanmi ou yo vivan pou li ka sèvi m’ prèt. Men, l’ap pèdi de grenn je l’ yo, epi lapenn ap fini avè l’. Tout lòt fanmi ou yo pral mouri tou jenn nan move kondisyon.
34 Lè w’a wè de pitit gason ou yo, Ofni ak Fineas, tonbe mouri menm jou a, w’a konnen sa m’ te di a se vre.
35 Mwen pral chwazi yon lòt prèt ki p’ap janm twonpe m’. L’a fè tou sa m’a vle l’ fè, tou sa mwen ta renmen wè l’ fè. M’a ba li yon fanmi ki p’ap janm disparèt, se yo ki va toujou sèvi wa mwen va chwazi a.
36 Men, moun ki va rete vivan nan fanmi ou lan va ale bò kote prèt sa a pou mande l’ yon ti lajan ak yon ti manje, l’a lapriyè nan pye prèt la pou prèt la kite l’ ede lòt prèt yo pou li ka jwenn kichòy pou l’ manje.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

1 Samuel 2

1 Anne pria, et dit: Mon coeur se réjouit en l’Éternel, Ma force a été relevée par l’Éternel; Ma bouche s’est ouverte contre mes ennemis, Car je me réjouis de ton secours.
Nul n’est saint comme l’Éternel; Il n’y a point d’autre Dieu que toi; Il n’y a point de rocher comme notre Dieu.
Ne parlez plus avec tant de hauteur; Que l’arrogance ne sorte plus de votre bouche; Car l’Éternel est un Dieu qui sait tout, Et par lui sont pesées toutes les actions.
L’arc des puissants est brisé, Et les faibles ont la force pour ceinture.
Ceux qui étaient rassasiés se louent pour du pain, Et ceux qui étaient affamés se reposent; Même la stérile enfante sept fois, Et celle qui avait beaucoup d’enfants est flétrie.
L’Éternel fait mourir et il fait vivre. Il fait descendre au séjour des morts et il en fait remonter.
L’Éternel appauvrit et il enrichit, Il abaisse et il élève.
De la poussière il retire le pauvre, Du fumier il relève l’indigent, Pour les faire asseoir avec les grands. Et il leur donne en partage un trône de gloire; Car à l’Éternel sont les colonnes de la terre, Et c’est sur elles qu’il a posé le monde.
Il gardera les pas de ses bien-aimés. Mais les méchants seront anéantis dans les ténèbres; Car l’homme ne triomphera point par la force.
10 Les ennemis de l’Éternel trembleront; Du haut des cieux il lancera sur eux son tonnerre; L’Éternel jugera les extrémités de la terre. Il donnera la puissance à son roi, Et il relèvera la force de son oint.
11 Elkana s’en alla dans sa maison à Rama, et l’enfant fut au service de l’Éternel devant le sacrificateur Éli.
12 Les fils d’Éli étaient des hommes pervers, ils ne connaissaient point l’Éternel.
13 Et voici quelle était la manière d’agir de ces sacrificateurs à l’égard du peuple. Lorsque quelqu’un offrait un sacrifice, le serviteur du sacrificateur arrivait au moment où l’on faisait cuire la chair. Tenant à la main une fourchette à trois dents,
14 il piquait dans la chaudière, dans le chaudron, dans la marmite, ou dans le pot; et tout ce que la fourchette amenait, le sacrificateur le prenait pour lui. C’est ainsi qu’ils agissaient à l’égard de tous ceux d’Israël qui venaient là à Silo.
15 Même avant qu’on fît brûler la graisse, le serviteur du sacrificateur arrivait et disait à celui qui offrait le sacrifice: Donne pour le sacrificateur de la chair à rôtir; il ne recevra de toi point de chair cuite, c’est de la chair crue qu’il veut.
16 Et si l’homme lui disait: Quand on aura brûlé la graisse, tu prendras ce qui te plaira, le serviteur répondait: Non! tu donneras maintenant, sinon je prends de force.
17 Ces jeunes gens se rendaient coupables devant l’Éternel d’un très grand péché, parce qu’ils méprisaient les offrandes de l’Éternel.
18 Samuel faisait le service devant l’Éternel, et cet enfant était revêtu d’un éphod de lin.
19 Sa mère lui faisait chaque année une petite robe, et la lui apportait en montant avec son mari pour offrir le sacrifice annuel.
20 Éli bénit Elkana et sa femme, en disant: Que l’Éternel te fasse avoir des enfants de cette femme, pour remplacer celui qu’elle a prêté à l’Éternel! Et ils s’en retournèrent chez eux.
21 Lorsque l’Éternel eut visité Anne, elle devint enceinte, et elle enfanta trois fils et deux filles. Et le jeune Samuel grandissait auprès de l’Éternel.
22 Éli était fort âgé et il apprit comment ses fils agissaient à l’égard de tout Israël; il apprit aussi qu’ils couchaient avec les femmes qui s’assemblaient à l’entrée de la tente d’assignation.
23 Il leur dit: Pourquoi faites-vous de telles choses? car j’apprends de tout le peuple vos mauvaises actions.
24 Non, mes enfants, ce que j’entends dire n’est pas bon; vous faites pécher le peuple de l’Éternel.
25 Si un homme pèche contre un autre homme, Dieu le jugera; mais s’il pèche contre l’Éternel, qui intercédera pour lui? Et ils n’écoutèrent point la voix de leur père, car l’Éternel voulait les faire mourir.
26 Le jeune Samuel continuait à grandir, et il était agréable à l’Éternel et aux hommes.
27 Un homme de Dieu vint auprès d’Éli, et lui dit: Ainsi parle l’Éternel: Ne me suis-je pas révélé à la maison de ton père, lorsqu’ils étaient en Égypte dans la maison de Pharaon?
28 Je l’ai choisie parmi toutes les tribus d’Israël pour être à mon service dans le sacerdoce, pour monter à mon autel, pour brûler le parfum, pour porter l’éphod devant moi, et j’ai donné à la maison de ton père tous les sacrifices consumés par le feu et offerts par les enfants d’Israël.
29 Pourquoi foulez-vous aux pieds mes sacrifices et mes offrandes, que j’ai ordonné de faire dans ma demeure? Et d’où vient que tu honores tes fils plus que moi, afin de vous engraisser des prémices de toutes les offrandes d’Israël, mon peuple?
30 C’est pourquoi voici ce que dit l’Éternel, le Dieu d’Israël: J’avais déclaré que ta maison et la maison de ton père marcheraient devant moi à perpétuité. Et maintenant, dit l’Éternel, loin de moi! Car j’honorerai celui qui m’honore, mais ceux qui me méprisent seront méprisés.
31 Voici, le temps arrive où je retrancherai ton bras et le bras de la maison de ton père, en sorte qu’il n’y aura plus de vieillard dans ta maison.
32 Tu verras un adversaire dans ma demeure, tandis qu’Israël sera comblé de biens par l’Éternel; et il n’y aura plus jamais de vieillard dans ta maison.
33 Je laisserai subsister auprès de mon autel l’un des tiens, afin de consumer tes yeux et d’attrister ton âme; mais tous ceux de ta maison mourront dans la force de l’âge.
34 Et tu auras pour signe ce qui arrivera à tes deux fils, Hophni et Phinées; ils mourront tous les deux le même jour.
35 Je m’établirai un sacrificateur fidèle, qui agira selon mon coeur et selon mon âme; je lui bâtirai une maison stable, et il marchera toujours devant mon oint.
36 Et quiconque restera de ta maison viendra se prosterner devant lui pour avoir une pièce d’argent et un morceau de pain, et dira: Attache-moi, je te pri
Louis Segond {LSG}

1 Samuel 2

1 And Hannah prayed, and said, My heart rejoiceth in the Lord, mine horn is exalted in the Lord: my mouth is enlarged over mine enemies; because I rejoice in thy salvation.
There is none holy as the Lord: for there is none beside thee: neither is there any rock like our God.
Talk no more so exceeding proudly; let not arrogancy come out of your mouth: for the Lord is a God of knowledge, and by him actions are weighed.
The bows of the mighty men are broken, and they that stumbled are girded with strength.
They that were full have hired out themselves for bread; and they that were hungry ceased: so that the barren hath born seven; and she that hath many children is waxed feeble.
The Lord killeth, and maketh alive: he bringeth down to the grave, and bringeth up.
The Lord maketh poor, and maketh rich: he bringeth low, and lifteth up.
He raiseth up the poor out of the dust, and lifteth up the beggar from the dunghill, to set them among princes, and to make them inherit the throne of glory: for the pillars of the earth are the Lord‘s, and he hath set the world upon them.
He will keep the feet of his saints, and the wicked shall be silent in darkness; for by strength shall no man prevail.
10 The adversaries of the Lord shall be broken to pieces; out of heaven shall he thunder upon them: the Lord shall judge the ends of the earth; and he shall give strength unto his king, and exalt the horn of his anointed.
11 And Elkanah went to Ramah to his house. And the child did minister unto the Lord before Eli the priest.
12 Now the sons of Eli were sons of Belial; they knew not the Lord.
13 And the priest’s custom with the people was, that, when any man offered sacrifice, the priest’s servant came, while the flesh was in seething, with a fleshhook of three teeth in his hand;
14 And he struck it into the pan, or kettle, or caldron, or pot; all that the fleshhook brought up the priest took for himself. So they did in Shiloh unto all the Israelites that came thither.
15 Also before they burnt the fat, the priest’s servant came, and said to the man that sacrificed, Give flesh to roast for the priest; for he will not have sodden flesh of thee, but raw.
16 And if any man said unto him, Let them not fail to burn the fat presently, and then take as much as thy soul desireth; then he would answer him, Nay; but thou shalt give it me now: and if not, I will take it by force.
17 Wherefore the sin of the young men was very great before the Lord: for men abhorred the offering of the Lord.
18 But Samuel ministered before the Lord, being a child, girded with a linen ephod.
19 Moreover his mother made him a little coat, and brought it to him from year to year, when she came up with her husband to offer the yearly sacrifice.
20 And Eli blessed Elkanah and his wife, and said, The Lord give thee seed of this woman for the loan which is lent to the Lord. And they went unto their own home.
21 And the Lord visited Hannah, so that she conceived, and bare three sons and two daughters. And the child Samuel grew before the Lord.
22 Now Eli was very old, and heard all that his sons did unto all Israel; and how they lay with the women that assembled at the door of the tabernacle of the congregation.
23 And he said unto them, Why do ye such things? for I hear of your evil dealings by all this people.
24 Nay, my sons; for it is no good report that I hear: ye make the Lord‘s people to transgress.
25 If one man sin against another, the judge shall judge him: but if a man sin against the Lord, who shall intreat for him? Notwithstanding they hearkened not unto the voice of their father, because the Lord would slay them.
26 And the child Samuel grew on, and was in favour both with the Lord, and also with men.
27 And there came a man of God unto Eli, and said unto him, Thus saith the Lord, Did I plainly appear unto the house of thy father, when they were in Egypt in Pharaoh’s house?
28 And did I choose him out of all the tribes of Israel to be my priest, to offer upon mine altar, to burn incense, to wear an ephod before me? and did I give unto the house of thy father all the offerings made by fire of the children of Israel?
29 Wherefore kick ye at my sacrifice and at mine offering, which I have commanded in my habitation; and honourest thy sons above me, to make yourselves fat with the chiefest of all the offerings of Israel my people?
30 Wherefore the Lord God of Israel saith, I said indeed that thy house, and the house of thy father, should walk before me for ever: but now the Lord saith, Be it far from me; for them that honour me I will honour, and they that despise me shall be lightly esteemed.
31 Behold, the days come, that I will cut off thine arm, and the arm of thy father’s house, that there shall not be an old man in thine house.
32 And thou shalt see an enemy in my habitation, in all the wealth which God shall give Israel: and there shall not be an old man in thine house for ever.
33 And the man of thine, whom I shall not cut off from mine altar, shall be to consume thine eyes, and to grieve thine heart: and all the increase of thine house shall die in the flower of their age.
34 And this shall be a sign unto thee, that shall come upon thy two sons, on Hophni and Phinehas; in one day they shall die both of them.
35 And I will raise me up a faithful priest, that shall do according to that which is in mine heart and in my mind: and I will build him a sure house; and he shall walk before mine anointed for ever.
36 And it shall come to pass, that every one that is left in thine house shall come and crouch to him for a piece of silver and a morsel of bread, and shall say, Put me, I pray thee, into one of the priests’ offices, that I may eat a piece of bread.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}