Liv Oze / Osée / Hosea

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Oze 3     

1 Seyè a pale ak mwen ankò, li di m’ konsa: -Ale non, Oze! Al renmen yon fanm k’ap fè adiltè sou mari l’ ak yon lòt gason. Se pou ou renmen l’ menm jan mwen menm, Seyè a, mwen renmen pèp Izrayèl la, atout l’ap vire do ban mwen al jwenn lòt bondye, atout li renmen ofri gato rezen ba yo.
Se konsa, m’ al achte yon fanm k’ap fè adiltè, mwen peye kenz pyès ajan ak sèt barik lòj pou li.
Mwen di l’. -Ou pral rete avè m’ atò, machè! Ou pral sispann lage kò ou nan dezòd. Ou pa pral kouche ak ankenn gason. Mwen menm tou, mwen p’ap nan kouche avè ou.
Konsa tou, moun Izrayèl yo pral rete pase kèk tan san wa, san chèf, san fè ofrann bèt, san wòch lotèl, san plastwon pou prèt yo.
Apre sa, moun Izrayèl yo va tounen sou sa yo te fè a. Seyè a, Bondye yo a, va fè yo chache l’, y’a tounen vin jwenn David, wa yo a. Y’a gen krentif pou Seyè a. Apre sa, y’a toujou resevwa favè l’.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Osée 3 

1 L’Éternel me dit: Va encore, et aime une femme aimée d’un amant, et adultère; aime-la comme l’Éternel aime les enfants d’Israël, qui se tournent vers d’autres dieux et qui aiment les gâteaux de raisins.
Je l’achetai pour quinze sicles d’argent, un homer d’orge et un léthec d’orge.
Et je lui dis: Reste longtemps pour moi, ne te livre pas à la prostitution, ne sois à aucun homme, et je serai de même envers toi.
Car les enfants d’Israël resteront longtemps sans roi, sans chef, sans sacrifice, sans statue, sans éphod, et sans théraphim.
Après cela, les enfants d’Israël reviendront; ils chercheront l’Éternel, leur Dieu, et David, leur roi; et ils tressailliront à la vue de l’Éternel et de sa bonté, dans la suite des temps.

Louis Segond {LSG}

Hosea 3

1 Then said the Lord unto me, Go yet, love a woman beloved of her friend, yet an adulteress, according to the love of the Lord toward the children of Israel, who look to other gods, and love flagons of wine.
So I bought her to me for fifteen pieces of silver, and for an homer of barley, and an half homer of barley:
And I said unto her, Thou shalt abide for me many days; thou shalt not play the harlot, and thou shalt not be for another man: so will I also be for thee.
For the children of Israel shall abide many days without a king, and without a prince, and without a sacrifice, and without an image, and without an ephod, and without teraphim:
Afterward shall the children of Israel return, and seek the Lord their God, and David their king; and shall fear the Lord and his goodness in the latter days.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}