Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezayi 40

 1 Ankouraje pèp mwen an, ankouraje l’! Se Bondye nou an ki di sa!
Souke kouraj moun lavil Jerizalèm yo! Fè yo konnen yo soufri kont yo atò. Yo fin peye pou sa yo te fè. Seyè a pini yo kont yo pou tout peche yo te fè yo.
Tande vwa yon moun k’ap rele byen fò: -Pare chemen Seyè a nan dezè a. Louvri yon wout nan savann lan pou Bondye nou an!
Se pou yo konble tout fon yo! Se pou yo kase tèt mòn yo ak tèt bit yo! Se pou ti mòn yo tounen platon, se pou tout mòn yo vin tè pla!
Seyè a pral fè wè pouvwa li a! Tout moun pral wè l’ menm lè a. Se Seyè a menm ki di sa ak bouch li.
Yon vwa rete li di: Pale non! Yon lòt mande: Sa pou m’ di? Di yo moun se tankou zèb yo ye. Tout bèlte yo, se tankou bèlte flè nan savann.
Zèb la cheche, flè a fennen, lè Seyè a voye van li soufle sou yo. Se vre wi! Se tankou zèb pèp la ye!
Wi, zèb la cheche, flè a fennen, Men, pawòl Bondye nou an la pou tout tan!
Nou menm moun lavil Jerizalèm, moute sou yon mòn byen wo, gaye bon nouvèl la! Nou menm moun mòn Siyon yo, pale byen fò, gaye bon nouvèl la! Nou mèt pale fò. Nou pa bezwen pè! Di moun lavil peyi Jida yo men Bondye nou an ap vini!
10 Men Seyè ki gen tout pouvwa a! L’ap vini avèk tout fòs kouraj li. Li pral pran pouvwa a nan men l’. L’ap mennen moun li te delivre yo avè l’. Y’ap mache devan l’! Se rekonpans li. Se rezilta travay li.
11 Tankou yon gadò, l’ap okipe mouton l’ yo. Se li menm k’ap sanble yo. L’ap pote ti mouton yo sou bra l’. Tou dousman l’ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.
12 Kilès ki ka mezire valè dlo ki nan lanmè a ak men l’? Kilès ki ka pran lajè syèl la ak dwèt li? Kilès ki ka mete tout tè a nan yon ti mezi? Kilès ki ka pran pèz mòn yo ak pèz ti bit yo nan balans?
13 Ki moun ki ka di Seyè a sa pou li fè? Ki moun ki te ba li konsèy?
14 Ki moun Seyè a te al jwenn pou l’ te ka gen bon konprann? Ki moun ki te moutre l’ jan pou l’ mache dwat? Ki moun ki te ba li konesans? Ki moun ki te fè l’ konnen jan tout bagay fèt?
15 Gade! Devan Seyè a, nasyon yo tankou yon gout dlo nan yon bokit. Yo pa peze plis pase ti pousyè nan yon balans. Moun zile yo menm, yo tankou pousyè van ap pote ale!
16 Tout rakbwa peyi Liban yo pa kont pou boule sou lotèl li. Tout bèt ki nan rakbwa peyi Liban yo pa kont ase pou yo fè ofrann bèt pou yo boule pou li yo!
17 Tout nasyon yo mete ansanm, yo pa anyen devan Seyè a. Li pa pran yo pou anyen. Yo pa vo anyen nan je l’.
18 Ki moun nou ka di ki tankou Bondye? Ki pòtre nou ta fè ki pou ta sanble avè l’?
19 Bòs atizan an pran yon moul pou fè yon estati. Efèv la kouvri estati a nèt ak lò. Li fonn ajan pou soude l’ nan plas li.
20 Sa ki pa gen gwo mwayen fè yon estati an bwa. Li chwazi yon bon bwa ki p’ap pouri. Li chache yon bon bòs atizan pou travay li pou li, pou fè yon estati ki p’ap tonbe kraze.
21 Se konnen nou pa konnen sa? Ki jan fè yo pa t’ janm di nou sa? Pesonn pa t’ fè nou konn sa depi lontan? Nou pa janm chache konprann ki moun ki fè latè?
22 Moun ki fè l’ la chita anwo nèt, anlè tè a, depase syèl la. Moun ki sou latè, se tankou foumi yo ye devan l’. Li deploye syèl la tankou yon rido. Li louvri syèl la tankou yon tant kote pou moun rete.
23 Li wete tout pouvwa wa yo te genyen. Li fè chèf k’ap dirije lèzòm sou latè yo pase pou anyen.
24 Yo tankou yon jenn ti plan ki fèrenk ap pouse fèy, ki fenk ap fè rasin anba tè. Seyè a fè van li soufle sou yo, yo cheche. Yon toubouyon van an pote yo ale tankou pay.
25 Ki moun nou ka di ki tankou m’? Ki moun ki pou ta sanble avè m’? Se Bondye apa a ki di sa.
26 Leve tèt nou gade syèl la. Ki moun ki kreye tout zetwal sa yo? Tankou nan yon lame, li bay yo chak plas yo. Li bay yo tout non, li konn non yo chak. Yonn pa janm manke nan syèl la! Li gen gwo pouvwa, li gen anpil fòs.
27 Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, poukisa n’ap plenyen konsa? Nou menm, pèp Izrayèl la, poukisa n’ap plede di: Seyè a pa konn sa n’ap pase! Bondye nou an p’ap fè anyen pou defann kòz nou!
28 Se konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa? Seyè a se Bondye ki la pou tout tan an! Se li menm ki kreye tout latè. Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf. Pesonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li.
29 Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l’ kouraj ankò!
30 Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe.
31 Men, Seyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y’ap pran zèl pou yo leve ale. Y’ap kouri san yo p’ap janm bouke. Y’ap mache, yo p’ap janm febli.
Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 40

1 Consolez, consolez mon peuple, Dit votre Dieu.
Parlez au coeur de Jérusalem, et criez lui Que sa servitude est finie, Que son iniquité est expiée, Qu’elle a reçu de la main de l’Éternel Au double de tous ses péchés.
Une voix crie: Préparez au désert le chemin de l’Éternel, Aplanissez dans les lieux arides Une route pour notre Dieu.
Que toute vallée soit exhaussée, Que toute montagne et toute colline soient abaissées! Que les coteaux se changent en plaines, Et les défilés étroits en vallons!
Alors la gloire de l’Éternel sera révélée, Et au même instant toute chair la verra; Car la bouche de l’Éternel a parlé.
Une voix dit: Crie! -Et il répond: Que crierai-je? Toute chair est comme l’herbe, Et tout son éclat comme la fleur des champs.
L’herbe sèche, la fleur tombe, Quand le vent de l’Éternel souffle dessus. -Certainement le peuple est comme l’herbe:
L’herbe sèche, la fleur tombe; Mais la parole de notre Dieu subsiste éternellement.
Monte sur une haute montagne, Sion, pour publier la bonne nouvelle; Élève avec force ta voix, Jérusalem, pour publier la bonne nouvelle; Élève ta voix, ne crains point, Dis aux villes de Juda: Voici votre Dieu!
10 Voici, le Seigneur, l’Éternel vient avec puissance, Et de son bras il commande; Voici, le salaire est avec lui, Et les rétributions le précèdent.
11 Comme un berger, il paîtra son troupeau, Il prendra les agneaux dans ses bras, Et les portera dans son sein; Il conduira les brebis qui allaitent.
12 Qui a mesuré les eaux dans le creux de sa main, Pris les dimensions des cieux avec la paume, Et ramassé la poussière de la terre dans un tiers de mesure? Qui a pesé les montagnes au crochet, Et les collines à la balance?
13 Qui a sondé l’esprit de l’Éternel, Et qui l’a éclairé de ses conseils?
14 Avec qui a-t-il délibéré pour en recevoir de l’instruction? Qui lui a appris le sentier de la justice? Qui lui a enseigné la sagesse, Et fait connaître le chemin de l’intelligence?
15 Voici, les nations sont comme une goutte d’un seau, Elles sont comme de la poussière sur une balance; Voici, les îles sont comme une fine poussière qui s’envole.
16 Le Liban ne suffit pas pour le feu, Et ses animaux ne suffisent pas pour l’holocauste.
17 Toutes les nations sont devant lui comme un rien, Elles ne sont pour lui que néant et vanité.
18 A qui voulez-vous comparer Dieu? Et quelle image ferez-vous son égale?
19 C’est un ouvrier qui fond l’idole, Et c’est un orfèvre qui la couvre d’or, Et y soude des chaînettes d’argent.
20 Celui que la pauvreté oblige à donner peu Choisit un bois qui résiste à la vermoulure; Il se procure un ouvrier capable, Pour faire une idole qui ne branle pas.
21 Ne le savez-vous pas? ne l’avez-vous pas appris? Ne vous l’a-t-on pas fait connaître dès le commencement? N’avez-vous jamais réfléchi à la fondation de la terre?
22 C’est lui qui est assis au-dessus du cercle de la terre, Et ceux qui l’habitent sont comme des sauterelles; Il étend les cieux comme une étoffe légère, Il les déploie comme une tente, pour en faire sa demeure.
23 C’est lui qui réduit les princes au néant, Et qui fait des juges de la terre une vanité;
24 Ils ne sont pas même plantés, pas même semés, Leur tronc n’a pas même de racine en terre: Il souffle sur eux, et ils se dessèchent, Et un tourbillon les emporte comme le chaume.
25 A qui me comparerez-vous, pour que je lui ressemble? Dit le Saint.
26 Levez vos yeux en haut, et regardez! Qui a créé ces choses? Qui fait marcher en ordre leur armée? Il les appelle toutes par leur nom; Par son grand pouvoir et par sa force puissante, Il n’en est pas une qui fasse défaut.
27 Pourquoi dis-tu, Jacob, Pourquoi dis-tu, Israël: Ma destinée est cachée devant l’Éternel, Mon droit passe inaperçu devant mon Dieu?
28 Ne le sais-tu pas? ne l’as-tu pas appris? C’est le Dieu d’éternité, l’Éternel, Qui a créé les extrémités de la terre; Il ne se fatigue point, il ne se lasse point; On ne peut sonder son intelligence.
29 Il donne de la force à celui qui est fatigué, Et il augmente la vigueur de celui qui tombe en défaillance.
30 Les adolescents se fatiguent et se lassent, Et les jeunes hommes chancellent;
31 Mais ceux qui se confient en l’Éternel renouvellent leur force. Ils prennent le vol comme les aigles; Ils courent, et ne se lassent point, Ils marchent, et ne se fatiguent point.

Louis Segond {LSG}

Isaiah 40 

Comfort ye, comfort ye my people, saith your God.

Speak ye comfortably to Jerusalem, and cry unto her, that her warfare is accomplished, that her iniquity is pardoned: for she hath received of the Lord‘s hand double for all her sins.

The voice of him that crieth in the wilderness, Prepare ye the way of the Lord, make straight in the desert a highway for our God.

Every valley shall be exalted, and every mountain and hill shall be made low: and the crooked shall be made straight, and the rough places plain:

And the glory of the Lord shall be revealed, and all flesh shall see it together: for the mouth of the Lord hath spoken it.

The voice said, Cry. And he said, What shall I cry? All flesh is grass, and all the goodliness thereof is as the flower of the field:

The grass withereth, the flower fadeth: because the spirit of the Lord bloweth upon it: surely the people is grass.

The grass withereth, the flower fadeth: but the word of our God shall stand for ever.

O Zion, that bringest good tidings, get thee up into the high mountain; O Jerusalem, that bringest good tidings, lift up thy voice with strength; lift it up, be not afraid; say unto the cities of Judah, Behold your God!

10 Behold, the Lord God will come with strong hand, and his arm shall rule for him: behold, his reward is with him, and his work before him.

11 He shall feed his flock like a shepherd: he shall gather the lambs with his arm, and carry them in his bosom, and shall gently lead those that are with young.

12 Who hath measured the waters in the hollow of his hand, and meted out heaven with the span, and comprehended the dust of the earth in a measure, and weighed the mountains in scales, and the hills in a balance?

13 Who hath directed the Spirit of the Lord, or being his counsellor hath taught him?

14 With whom took he counsel, and who instructed him, and taught him in the path of judgment, and taught him knowledge, and shewed to him the way of understanding?

15 Behold, the nations are as a drop of a bucket, and are counted as the small dust of the balance: behold, he taketh up the isles as a very little thing.

16 And Lebanon is not sufficient to burn, nor the beasts thereof sufficient for a burnt offering.

17 All nations before him are as nothing; and they are counted to him less than nothing, and vanity.

18 To whom then will ye liken God? or what likeness will ye compare unto him?

19 The workman melteth a graven image, and the goldsmith spreadeth it over with gold, and casteth silver chains.

20 He that is so impoverished that he hath no oblation chooseth a tree that will not rot; he seeketh unto him a cunning workman to prepare a graven image, that shall not be moved.

21 Have ye not known? have ye not heard? hath it not been told you from the beginning? have ye not understood from the foundations of the earth?

22 It is he that sitteth upon the circle of the earth, and the inhabitants thereof are as grasshoppers; that stretcheth out the heavens as a curtain, and spreadeth them out as a tent to dwell in:

23 That bringeth the princes to nothing; he maketh the judges of the earth as vanity.

24 Yea, they shall not be planted; yea, they shall not be sown: yea, their stock shall not take root in the earth: and he shall also blow upon them, and they shall wither, and the whirlwind shall take them away as stubble.

25 To whom then will ye liken me, or shall I be equal? saith the Holy One.

26 Lift up your eyes on high, and behold who hath created these things, that bringeth out their host by number: he calleth them all by names by the greatness of his might, for that he is strong in power; not one faileth.

27 Why sayest thou, O Jacob, and speakest, O Israel, My way is hid from the Lord, and my judgment is passed over from my God?

28 Hast thou not known? hast thou not heard, that the everlasting God, the Lord, the Creator of the ends of the earth, fainteth not, neither is weary? there is no searching of his understanding.

29 He giveth power to the faint; and to them that have no might he increaseth strength.

30 Even the youths shall faint and be weary, and the young men shall utterly fall:

31 But they that wait upon the Lord shall renew their strength; they shall mount up with wings as eagles; they shall run, and not be weary; and they shall walk, and not faint.

King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}