Liv Levitik / Levitique / Levticus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Levitik 22

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di li:
-Men sa w’a di Arawon ak pitit gason l’ yo. Se pou yo konnen ki jan pou yo sèvi ak sa moun pèp Izrayèl yo ofri m’, ofrann yo mete apa pou mwen, pou yo pa derespekte non m’. Se mwen menm ki Seyè a.
W’a di yo pou mwen: Lè yon gason nan fanmi nou pa nan kondisyon pou fè sèvis mwen, si li pwoche bò kote ofrann moun pèp Izrayèl yo mete apa pou mwen, piga yo janm kite l’ parèt devan m’ ankò! Se mwen menm ki Seyè a.
Si yon gason nan branch fanmi Arawon an gen yon move maladi po osinon ekoulman, li p’ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye toutotan li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Konsa tou, si yon prèt manyen yon kadav, osinon yon nonm ki gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou l’ fè sèvis Bondye a.
Ou ankò si yon prèt manyen yonn nan bèt k’ap trennen sou vant yo, bèt ki ka mete l’ nan kondisyon pou l’ pa kapab fè sèvis Bondye, ou ankò si li manyen yon moun ki deja nan kondisyon sa a pou tèt pa l’, prèt la tou pa ka fè sèvis Bondye.
L’a rete nan kondisyon sa a jouk aswè, lèfini tou li p’ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye yo. Se pou li pran yon bon beny nan dlo anvan.
Apre solèy kouche, l’a nan kondisyon pou l’ fè sèvis Bondye. Se lè sa a l’a ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye a, paske se sa ki manje l’.
Li pa gen dwa manje ni vyann bèt ki mouri mò natirèl, ni vyann bèt bèt nan bwa touye. Bagay konsa ap mete l’ nan kondisyon pou li pa kapab fè sèvis Bondye. Se mwen menm ki Seyè a!
Se pou tout prèt yo swiv regleman mwen bay yo. Si yo pa swiv yo, y’a koupab, epi y’ap mouri paske yo pa respekte lòd Bondye menm te bay yo. Se mwen menm ki Seyè a, se mwen menm ki mete yo apa pou yo viv apa pou mwen.
10  Depi yon moun pa fè pati fanmi prèt yo, li te mèt yon moun ki rete lakay yon prèt osinon yon moun k’ap travay pou lajan l’ lakay prèt la, li pa gen dwa manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye yo.
11 Men, esklav yon prèt, kit se achte li te achte l’, kit li te fèt lakay li, gen dwa manje nan manje prèt la resevwa a.
12 Si pitit fi yon prèt marye ak yon nonm ki pa prèt, li p’ap ka manje anyen nan ofrann yo fè pou Bondye yo.
13 Men, si pitit fi a vèv osinon si li divòse, si li pa gen pitit epi li tounen kay papa l’ sou kont papa l’, l’a ka manje nan manje papa l’. Men, moun ki pa fè pati fanmi prèt yo pa gen dwa manje anyen ladan l’.
14 Si yon moun ki pa fè pati fanmi prèt yo manje nan manje yo mete apa pou Bondye a san li pa konnen, li gen pou l’ renmèt sa l’ manje a plis ven pou san valè bagay la.
15 Prèt yo pa gen dwa kite moun ki pa fè pati fanmi yo derespekte manje yo mete apa pou Bondye.
16 Si yo kite sa rive, moun lan va antò, l’ap peye pou sa. Se mwen menm ki Seyè a. Se mwen menm ki mete ofrann yo apa pou mwen.
17  Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
18 -Pale ak Arawon ak pitit gason l’ yo ak tout moun pèp Izrayèl la. Men sa w’a di yo: Lè yon moun nan pèp Izrayèl la, osinon yon moun lòt nasyon k’ap viv nan peyi a fè ofrann pou boule pou Seyè a, kit se paske li te fè yon ve, kit se paske li menm li fè lide fè ofrann lan,
19 se pou l’ chwazi yon towo bèf, yon belye osinon yon bouk kabrit san ankenn enfimite si li vle pou m’ asepte ofrann lan.
20 Si nou ofri yon bèt ki gen nenpòt enfimite, Seyè a p’ap asepte l’ nan men nou.
21 Lè yon moun ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, kit se paske li te fè yon ve, kit se paske li menm li vle fè ofrann lan, se pou bèt l’ap ofri a, li te mèt gwo bèt, li te mèt ti bèt, pa gen ankenn enfimite, si li vle pou m’ asepte l’.
22 Piga nou janm ofri bay Seyè a bèt je pete, bèt k’ap bwete, bèt ki pèdi janm, bèt ki gen malenng, bèt ki gen maladi po. Piga nou janm pran yon bèt konsa pou nou mete sou lotèl la pou nou boule nan dife pou Seyè a.
23 Lè nou menm nou fè lide fè yon ofrann pou Seyè a, nou ka ofri yon towo bèf osinon yon belye ki difòm osinon ki kata. Men, nou pa ka sèvi ak yo pou yon ofrann n’ap fè paske nou te fè yon ve. Mwen p’ap asepte l’.
24 Pa ofri bay Seyè a yon mal bèt ki gen grenn li yo foule, kraze, rache, osinon koupe. Nou pa gen dwa ofri bèt konsa nan peyi nou an.
25 Piga nou pran bèt moun lòt nasyon fè nou kado pou n’ ofri bay Seyè a. Paske bèt konsa pa antye, yo manke kichòy nan kò yo. Seyè a p’ap asepte yo nan men nou.
26 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
27 -Lè yon ti bèf, yon ti mouton osinon yon ti kabrit fenk fèt, se pou nou kite l’ dèyè manman l’ pandan sèt jou. Depi sou wityèm jou a, nou gen dwa ofri l’ pou boule nan dife pou Seyè a.
28 Kit se bèf, kit se mouton, pa janm ofri yon bèt ansanm ak pitit li menm jou a.
29 Lè n’ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, se pou nou swiv tout regleman yo si nou vle Seyè a asepte ofrann lan nan men nou.
30 Se pou nou manje l’ menm jou a. Pa kite anyen pou denmen maten. Se mwen menm ki Seyè a!
31 Se pou nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè. Wi, se pou nou swiv lòd mwen yo. Se mwen menm ki Seyè a!
32 Piga nou derespekte non mwen. Se pou tout moun pèp Izrayèl la respekte m’. Se mwen menm ki Seyè a, se mwen menm ki mete nou apa pou nou viv apa pou mwen.
33 Se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip pou m’ te ka Bondye nou. Se mwen menm ki Seyè a!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Levitique 22

1 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
Parle à Aaron et à ses fils, afin qu’ils s’abstiennent des choses saintes qui me sont consacrées par les enfants d’Israël, et qu’ils ne profanent point mon saint nom. Je suis l’Éternel.
Dis-leur: Tout homme parmi vos descendants et de votre race, qui s’approchera des choses saintes que consacrent à l’Éternel les enfants d’Israël, et qui aura sur lui quelque impureté, cet homme-là sera retranché de devant moi. Je suis l’Éternel.
Tout homme de la race d’Aaron, qui aura la lèpre ou une gonorrhée, ne mangera point des choses saintes jusqu’à ce qu’il soit pur. Il en sera de même pour celui qui touchera une personne souillée par le contact d’un cadavre, pour celui qui aura une pollution,
pour celui qui touchera un reptile et en aura été souillé, ou un homme atteint d’une impureté quelconque et en aura été souillé.
Celui qui touchera ces choses sera impur jusqu’au soir; il ne mangera pas des choses saintes, mais il lavera son corps dans l’eau;
après le coucher du soleil, il sera pur, et il mangera ensuite des choses saintes, car c’est sa nourriture.
Il ne mangera point d’une bête morte ou déchirée, afin de ne pas se souiller par elle. Je suis l’Éternel.
Ils observeront mes commandements, de peur qu’ils ne portent la peine de leur péché et qu’ils ne meurent, pour avoir profané les choses saintes. Je suis l’Éternel, qui les sanctifie.
10 Aucun étranger ne mangera des choses saintes; celui qui demeure chez un sacrificateur et le mercenaire ne mangeront point des choses saintes.
11 Mais un esclave acheté par le sacrificateur à prix d’argent pourra en manger, de même que celui qui est né dans sa maison; ils mangeront de sa nourriture.
12 La fille d’un sacrificateur, mariée à un étranger, ne mangera point des choses saintes offertes par élévation.
13 Mais la fille d’un sacrificateur qui sera veuve ou répudiée, sans avoir d’enfants, et qui retournera dans la maison de son père comme dans sa jeunesse, pourra manger de la nourriture de son père. Aucun étranger n’en mangera.
14 Si un homme mange involontairement d’une chose sainte, il donnera au sacrificateur la valeur de la chose sainte, en y ajoutant un cinquième.
15 Les sacrificateurs ne profaneront point les choses saintes qui sont présentées par les enfants d’Israël, et qu’ils ont offertes par élévation à l’Éternel;
16 ils les chargeraient ainsi du péché dont ils se rendraient coupables en mangeant les choses saintes: car je suis l’Éternel, qui les sanctifie.
17 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
18 Parle à Aaron et à ses fils, et à tous les enfants d’Israël, et tu leur diras: Tout homme de la maison d’Israël ou des étrangers en Israël, qui offrira un holocauste à l’Éternel, soit pour l’accomplissement d’un voeu, soit comme offrande volontaire,
19 prendra un mâle sans défaut parmi les boeufs, les agneaux ou les chèvres, afin que sa victime soit agréée.
20 Vous n’en offrirez aucune qui ait un défaut, car elle ne serait pas agréée.
21 Si un homme offre à l’Éternel du gros ou du menu bétail en sacrifice d’actions de grâces, soit pour l’accomplissement d’un voeu, soit comme offrande volontaire, la victime sera sans défaut, afin qu’elle soit agréée; il n’y aura en elle aucun défaut.
22 Vous n’en offrirez point qui soit aveugle, estropiée, ou mutilée, qui ait des ulcères, la gale ou une dartre; vous n’en ferez point sur l’autel un sacrifice consumé par le feu devant l’Éternel.
23 Tu pourras sacrifier comme offrande volontaire un boeuf ou un agneau ayant un membre trop long ou trop court, mais il ne sera point agréé pour l’accomplissement d’un voeu.
24 Vous n’offrirez point à l’Éternel un animal dont les testicules ont été froissés, écrasés, arrachés ou coupés; vous ne l’offrirez point en sacrifice dans votre pays.
25 Vous n’accepterez de l’étranger aucune de ces victimes, pour l’offrir comme aliment de votre Dieu; car elles sont mutilées, elles ont des défauts: elles ne seraient point agréées.
26 L’Éternel dit à Moïse:
27 Un boeuf, un agneau ou une chèvre, quand il naîtra, restera sept jours avec sa mère; dès le huitième jour et les suivants, il sera agréé pour être offert à l’Éternel en sacrifice consumé par le feu.
28 Boeuf ou agneau, vous n’égorgerez pas un animal et son petit le même jour.
29 Quand vous offrirez à l’Éternel un sacrifice d’actions de grâces, vous ferez en sorte qu’il soit agréé.
30 La victime sera mangée le jour même; vous n’en laisserez rien jusqu’au matin. Je suis l’Éternel.
31 Vous observerez mes commandements, et vous les mettrez en pratique. Je suis l’Éternel.
32 Vous ne profanerez point mon saint nom, afin que je sois sanctifié au milieu des enfants d’Israël. Je suis l’Éternel, qui vous sanctifie,
33 et qui vous ai fait sortir du pays d’Égypte pour être votre Dieu. Je suis l’Éternel.
Louis Segond {LSG}

Leviticus 22

1 And the Lord spake unto Moses, saying,
Speak unto Aaron and to his sons, that they separate themselves from the holy things of the children of Israel, and that they profane not my holy name in those things which they hallow unto me: I am the Lord.
Say unto them, Whosoever he be of all your seed among your generations, that goeth unto the holy things, which the children of Israel hallow unto the Lord, having his uncleanness upon him, that soul shall be cut off from my presence: I am the Lord.
What man soever of the seed of Aaron is a leper, or hath a running issue; he shall not eat of the holy things, until he be clean. And whoso toucheth any thing that is unclean by the dead, or a man whose seed goeth from him;
Or whosoever toucheth any creeping thing, whereby he may be made unclean, or a man of whom he may take uncleanness, whatsoever uncleanness he hath;
The soul which hath touched any such shall be unclean until even, and shall not eat of the holy things, unless he wash his flesh with water.
And when the sun is down, he shall be clean, and shall afterward eat of the holy things; because it is his food.
That which dieth of itself, or is torn with beasts, he shall not eat to defile himself therewith; I am the Lord.
They shall therefore keep mine ordinance, lest they bear sin for it, and die therefore, if they profane it: I the Lord do sanctify them.
10 There shall no stranger eat of the holy thing: a sojourner of the priest, or an hired servant, shall not eat of the holy thing.
11 But if the priest buy any soul with his money, he shall eat of it, and he that is born in his house: they shall eat of his meat.
12 If the priest’s daughter also be married unto a stranger, she may not eat of an offering of the holy things.
13 But if the priest’s daughter be a widow, or divorced, and have no child, and is returned unto her father’s house, as in her youth, she shall eat of her father’s meat: but there shall be no stranger eat thereof.
14 And if a man eat of the holy thing unwittingly, then he shall put the fifth part thereof unto it, and shall give it unto the priest with the holy thing.
15 And they shall not profane the holy things of the children of Israel, which they offer unto the Lord;
16 Or suffer them to bear the iniquity of trespass, when they eat their holy things: for I the Lord do sanctify them.
17 And the Lord spake unto Moses, saying,
18 Speak unto Aaron, and to his sons, and unto all the children of Israel, and say unto them, Whatsoever he be of the house of Israel, or of the strangers in Israel, that will offer his oblation for all his vows, and for all his freewill offerings, which they will offer unto the Lord for a burnt offering;
19 Ye shall offer at your own will a male without blemish, of the beeves, of the sheep, or of the goats.
20 But whatsoever hath a blemish, that shall ye not offer: for it shall not be acceptable for you.
21 And whosoever offereth a sacrifice of peace offerings unto the Lord to accomplish his vow, or a freewill offering in beeves or sheep, it shall be perfect to be accepted; there shall be no blemish therein.
22 Blind, or broken, or maimed, or having a wen, or scurvy, or scabbed, ye shall not offer these unto the Lord, nor make an offering by fire of them upon the altar unto the Lord.
23 Either a bullock or a lamb that hath any thing superfluous or lacking in his parts, that mayest thou offer for a freewill offering; but for a vow it shall not be accepted.
24 Ye shall not offer unto the Lord that which is bruised, or crushed, or broken, or cut; neither shall ye make any offering thereof in your land.
25 Neither from a stranger’s hand shall ye offer the bread of your God of any of these; because their corruption is in them, and blemishes be in them: they shall not be accepted for you.
26 And the Lord spake unto Moses, saying,
27 When a bullock, or a sheep, or a goat, is brought forth, then it shall be seven days under the dam; and from the eighth day and thenceforth it shall be accepted for an offering made by fire unto the Lord.
28 And whether it be cow, or ewe, ye shall not kill it and her young both in one day.
29 And when ye will offer a sacrifice of thanksgiving unto the Lord, offer it at your own will.
30 On the same day it shall be eaten up; ye shall leave none of it until the morrow: I am the Lord.
31 Therefore shall ye keep my commandments, and do them: I am the Lord.
32 Neither shall ye profane my holy name; but I will be hallowed among the children of Israel: I am the Lord which hallow you,
33 That brought you out of the land of Egypt, to be your God: I am the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}