Liv 1 Jan / 1 Jean / 1 John

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Jan 1        

M’ap ekri nou sou pawòl ki bay lavi a, pawòl ki te la depi nan konmansman tout bagay. Nou te tande l’, nou te wè l’ ak pwòp je nou, nou te gade l’ byen gade, nou te manyen l’ ak men nou.
Lè lavi a te parèt, nou te wè li. Se poutèt sa mwen ka pale nou sou sa: m’ap fè nou konnen lavi ki p’ap janm fini an, lavi ki te la avèk Papa a, lavi ki te parèt aklè devan nou an.
Sa nou menm nou te wè a, sa nou te tande a, m’ap fè nou konnen l’ tou pou nou ka viv ansanm yonn ak lòt nan lavi nou tout n’ap mennen ansanm ak Papa a ansanm ak Pitit li a, Jezikri.
M’ap ekri nou sa pou kè nou ka kontan nèt ale.
 Men nouvèl nou te tande nan bouch Jezikri a, nouvèl m’ap fè nou konnen an: Bondye se limyè. Pa gen fènwa nan Bondye.
Si nou di n’ap viv ansanm ak li, pou anmenmtan n’ap viv nan fènwa, n’ap bay manti ni nan sa n’ap di, ni nan sa n’ap fè.
Men, si n’ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n’ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo.
 Si nou di nou pa gen peche, se tèt nou n’ap twonpe. Verite a pa nan nou.
Men, si nou rekonèt devan Bondye nou fè peche, nou mèt gen konfyans nan li. Paske l’ap fè sak gen pou fèt la: la padonnen tout peche nou yo, la netwaye nou anba tou sa ki mal.
10 Men, si nou di nou pa t’ fè peche, nou fè Bondye pase pou mantò: Pawòl li pa nan kè nou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Jean 1                        

1 Ce qui était dès le commencement, ce que nous avons entendu, ce que nous avons vu de nos yeux, ce que nous avons contemplé et que nos mains ont touché, concernant la parole de vie, –
car la vie a été manifestée, et nous l’avons vue et nous lui rendons témoignage, et nous vous annonçons la vie éternelle, qui était auprès du Père et qui nous a été manifestée, –
ce que nous avons vu et entendu, nous vous l’annonçons, à vous aussi, afin que vous aussi vous soyez en communion avec nous. Or, notre communion est avec le Père et avec son Fils Jésus Christ.
Et nous écrivons ces choses, afin que notre joie soit parfaite.
La nouvelle que nous avons apprise de lui, et que nous vous annonçons, c’est que Dieu est lumière, et qu’il n’y a point en lui de ténèbres.
Si nous disons que nous sommes en communion avec lui, et que nous marchions dans les ténèbres, nous mentons, et nous ne pratiquons pas la vérité.
Mais si nous marchons dans la lumière, comme il est lui-même dans la lumière, nous sommes mutuellement en communion, et le sang de Jésus son Fils nous purifie de tout péché.
Si nous disons que nous n’avons pas de péché, nous nous séduisons nous-mêmes, et la vérité n’est point en nous.
Si nous confessons nos péchés, il est fidèle et juste pour nous les pardonner, et pour nous purifier de toute iniquité.
10 Si nous disons que nous n’avons pas péché, nous le faisons menteur, et sa parole n’est point en nous.

Louis Segond {LSG}

1 John 1             

1 That which was from the beginning, which we have heard, which we have seen with our eyes, which we have looked upon, and our hands have handled, of the Word of life;
(For the life was manifested, and we have seen it, and bear witness, and shew unto you that eternal life, which was with the Father, and was manifested unto us;)
That which we have seen and heard declare we unto you, that ye also may have fellowship with us: and truly our fellowship is with the Father, and with his Son Jesus Christ.
And these things write we unto you, that your joy may be full.
This then is the message which we have heard of him, and declare unto you, that God is light, and in him is no darkness at all.
If we say that we have fellowship with him, and walk in darkness, we lie, and do not the truth:
But if we walk in the light, as he is in the light, we have fellowship one with another, and the blood of Jesus Christ his Son cleanseth us from all sin.
If we say that we have no sin, we deceive ourselves, and the truth is not in us.
If we confess our sins, he is faithful and just to forgive us our sins, and to cleanse us from all unrighteousness.
10 If we say that we have not sinned, we make him a liar, and his word is not in us.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}