Liv Resansman / Nombres / Numbers

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Resansman 8 

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
-Pale ak Arawon. W’a di l’ konsa: Lè l’ap fè moute sèt ti lanp yo sou pye gwo lanp sèt branch lan, ranje yo yon jan pou yo klere sou devan gwo lanp sèt branch lan.
Arawon swiv lòd Seyè a te bay Moyiz la: li fè moute ti lanp yo pou yo ka klere sou devan gwo lanp sèt branch lan.
Men ki jan gwo lanp lan te fèt: tout kò a nèt te fèt ak pi bon lò ki genyen. Yo te fè depi pye gwo lanp lan jouk flè yo nan yon sèl gwo moso lò, dapre modèl Seyè a te fè Moyiz wè nan vizyon an.
 Seyè a pale ak Mwiz, li di l’ konsa:
-Wete moun Levi yo nan mitan rès pèp Izrayèl la. Mete yo nan kondisyon pou yo ka fè sèvis pou mwen.
Men ki jan w’a fè l’: W’a pran nan dlo pou wete peche a, w’a voye l’ sou yo. Apre sa, y’a koupe cheve ak pwal sou tout kò yo nèt, epi y’a lave rad ki sou yo. Se konsa y’a nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen.
Apre sa, moun Levi yo va pran yon jenn ti towo ansanm ak ofrann grenn jaden ki pou mache avè l’ la, ki vle di ti gout farin frans melanje ak lwil. Ou menm, w’a pran yon dezyèm ti towo tou jenn pou ou touye pou repare sa yo fè ki mal.
Apre sa, w’a fè moun Levi yo pwoche dèvan pòt Tant Randevou a, epi w’a fè tout moun pèp Izrayèl yo sanble.
10 Y’a poze men yo sou tèt moun Levi yo.
11 Lèfini, Arawon va pran moun Levi yo, l’a vire yo adwat, l’a vire yo agoch devan mwen menm, Seyè a, tankou yon ofrann espesyal moun pèp Izrayèl yo ap fè m’ pou moun Levi yo ka fè sèvis mwen.
12 Apre sa, moun Levi yo va poze men yo sou tèt ti towo bèf yo, w’a ofri yonn pou mande padon pou peche yo, w’a ofri lòt la pou yo boule nèt pou mwen. Se konsa y’a fè sèvis pou mande m’ gras pou moun Levi yo.
13 Mete moun Levi yo apa tankou yon kado espesyal moun yo fè m’. Mete yo sou zòd Arawon ak pitit gason l’ yo.
14 W’a wete moun Levi yo nan mitan rès pèp Izrayèl la, konsa moun Levi yo va pou mwen nèt ale.
15 Lè w’a fin mete moun Levi yo nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen, lè w’a fin vire yo adwat agoch devan m’, tankou yon kado espesyal moun yo fè m’, y’a gen dwa pwoche vin fè travay yo nan Tant Randevou a.
16 N’a wete yo nan mitan rès pèp Izrayèl la, n’a fè m’ kado yo nèt. Mwen va pran yo pou mwen nan plas tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo.
17 Paske, tout premye pitit gason moun pèp Izrayèl yo ak tout premye ti mal bèt yo fè se pou mwen yo ye. Depi jou mwen te touye tout premye pitit moun peyi Lejip yo, wi depi jou sa a mwen mete premye pitit nou yo apa pou mwen.
18 Koulye a, mwen pran moun Levi yo nan plas premye pitit moun pèp Izrayèl yo.
19 Mwen pran moun Levi yo tankou yon kado moun yo fè m’, mwen renmèt yo nan men Arawon ak pitit gason l’ yo pou yo fè travay moun Izrayèl yo gen pou yo fè nan Tant Randevou a, pou mande Bondye gras pou pèp la. Konsa, okenn malè p’ap rive tonbe sou pèp la paske yo p’ap janm bezwen pwoche twò pre kote ki apa nèt pou mwen nan tanp lan.
20 Se konsa, Moyiz, Arawon ak tout pèp Izrayèl la mete moun Levi yo apa nèt pou Seyè a, jan li te bay Moyiz lòd la. Wi, yo te fè tou sa pou yo te fè pou moun Levi yo.
21 Moun Levi yo fè sèvis pou peye pou tou sa yo te fè ki mal, yo lave rad ki sou yo. Arawon mete yo apa devan Seyè a, li vire yo adwat agoch devan Seyè a tankou yon kado espesyal pou Bondye, epi li fè sèvis pou mande gras pou yo te ka nan kondisyon sèvi Bondye.
22 Apre sa, moun Levi yo antre al fè travay yo nan Tant Randevou a sou lòd Arawon ak pitit gason l’ yo. Se konsa pèp la te fè pou moun Levi yo tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a.
23 Seyè a pale ak Moyiz ankò, li di l’ konsa:
24 -Sa mwen pral di ou la a, se pou moun Levi yo: Depi yo rive laj vennsenkan y’a fè pati gwoup moun k’ap travay nan Tant Randevou a.
25 Lè y’a gen senkantan, y’a pran retrèt yo, yo p’ap reskonsab okenn travay ankò nan tant lan.
26 Men, y’a gen dwa ede moun Levi parèy yo nan nenpòt travay y’ap fè nan Tant Randevou a. Men yo menm poutèt pa yo, yo p’ap reskonsab okenn travay ankò. Se konsa w’a bay moun Levi yo travay pou yo fè.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

Nombres 8

1 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
Parle à Aaron, et tu lui diras: Lorsque tu placeras les lampes sur le chandelier, les sept lampes devront éclairer en face.
Aaron fit ainsi; il plaça les lampes sur le devant du chandelier, comme l’Éternel l’avait ordonné à Moïse.
Le chandelier était d’or battu; jusqu’à son pied, jusqu’à ses fleurs, il était d’or battu; Moïse avait fait le chandelier d’après le modèle que l’Éternel lui avait montré.
L’Éternel parla à Moïse, et dit:
Prends les Lévites du milieu des enfants d’Israël, et purifie-les.
Voici comment tu les purifieras. Fais sur eux une aspersion d’eau expiatoire; qu’ils fassent passer le rasoir sur tout leur corps, qu’ils lavent leurs vêtements, et qu’ils se purifient.
Ils prendront ensuite un jeune taureau, avec l’offrande ordinaire de fleur de farine pétrie à l’huile; et tu prendras un autre jeune taureau pour le sacrifice d’expiation.
Tu feras approcher les Lévites devant la tente d’assignation, et tu convoqueras toute l’assemblée des enfants d’Israël.
10 Tu feras approcher les Lévites devant l’Éternel; et les enfants d’Israël poseront leurs mains sur les Lévites.
11 Aaron fera tourner de côté et d’autre les Lévites devant l’Éternel, comme une offrande de la part des enfants d’Israël; et ils seront consacrés au service de l’Éternel.
12 Les Lévites poseront leurs mains sur la tête des taureaux; et tu offriras l’un en sacrifice d’expiation, et l’autre en holocauste, afin de faire l’expiation pour les Lévites.
13 Tu feras tenir les Lévites debout devant Aaron et devant ses fils, et tu les feras tourner de côté et d’autre comme une offrande à l’Éternel.
14 Tu sépareras les Lévites du milieu des enfants d’Israël; et les Lévites m’appartiendront.
15 Après cela, les Lévites viendront faire le service dans la tente d’assignation. C’est ainsi que tu les purifieras, et que tu les feras tourner de côté et d’autre comme une offrande.
16 Car ils me sont entièrement donnés du milieu des enfants d’Israël: je les ai pris pour moi à la place des premiers-nés, de tous les premiers-nés des enfants d’Israël.
17 Car tout premier-né des enfants d’Israël m’appartient, tant des hommes que des animaux; le jour où j’ai frappé tous les premiers-nés dans le pays d’Égypte, je me les suis consacrés.
18 Et j’ai pris les Lévites à la place de tous les premiers-nés des enfants d’Israël.
19 J’ai donné les Lévites entièrement à Aaron et à ses fils, du milieu des enfants d’Israël, pour qu’ils fassent le service des enfants d’Israël dans la tente d’assignation, pour qu’ils fassent l’expiation pour les enfants d’Israël, et pour que les enfants d’Israël ne soient frappés d’aucune plaie, en s’approchant du sanctuaire.
20 Moïse, Aaron et toute l’assemblée des enfants d’Israël, firent à l’égard des Lévites tout ce que l’Éternel avait ordonné à Moïse touchant les Lévites; ainsi firent à leur égard les enfants d’Israël.
21 Les Lévites se purifièrent, et lavèrent leurs vêtements; Aaron les fit tourner de côté et d’autre comme une offrande devant l’Éternel, et il fit l’expiation pour eux, afin de les purifier.
22 Après cela, les Lévites vinrent faire leur service dans la tente d’assignation, en présence d’Aaron et de ses fils, selon ce que l’Éternel avait ordonné à Moïse touchant les Lévites; ainsi fut-il fait à leur égard.
23 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
24 Voici ce qui concerne les Lévites. Depuis l’âge de vingt-cinq ans et au-dessus, tout Lévite entrera au service de la tente d’assignation pour y exercer une fonction.
25 Depuis l’âge de cinquante ans, il sortira de fonction, et ne servira plus.
26 Il aidera ses frères dans la tente d’assignation, pour garder ce qui est remis à leurs soins; mais il ne fera plus de service. Tu agiras ainsi à l’égard des Lévites pour ce qui concerne leurs fonctions.
Louis Segond {LSG}

Numbers 8

1 And the Lord spake unto Moses, saying,
Speak unto Aaron and say unto him, When thou lightest the lamps, the seven lamps shall give light over against the candlestick.
And Aaron did so; he lighted the lamps thereof over against the candlestick, as the Lord commanded Moses.
And this work of the candlestick was of beaten gold, unto the shaft thereof, unto the flowers thereof, was beaten work: according unto the pattern which the Lord had shewed Moses, so he made the candlestick.
And the Lord spake unto Moses, saying,
Take the Levites from among the children of Israel, and cleanse them.
And thus shalt thou do unto them, to cleanse them: Sprinkle water of purifying upon them, and let them shave all their flesh, and let them wash their clothes, and so make themselves clean.
Then let them take a young bullock with his meat offering, even fine flour mingled with oil, and another young bullock shalt thou take for a sin offering.
And thou shalt bring the Levites before the tabernacle of the congregation: and thou shalt gather the whole assembly of the children of Israel together:
10 And thou shalt bring the Levites before the Lord: and the children of Israel shall put their hands upon the Levites:
11 And Aaron shall offer the Levites before the Lord for an offering of the children of Israel, that they may execute the service of the Lord.
12 And the Levites shall lay their hands upon the heads of the bullocks: and thou shalt offer the one for a sin offering, and the other for a burnt offering, unto the Lord, to make an atonement for the Levites.
13 And thou shalt set the Levites before Aaron, and before his sons, and offer them for an offering unto the Lord.
14 Thus shalt thou separate the Levites from among the children of Israel: and the Levites shall be mine.
15 And after that shall the Levites go in to do the service of the tabernacle of the congregation: and thou shalt cleanse them, and offer them for an offering.
16 For they are wholly given unto me from among the children of Israel; instead of such as open every womb, even instead of the firstborn of all the children of Israel, have I taken them unto me.
17 For all the firstborn of the children of Israel are mine, both man and beast: on the day that I smote every firstborn in the land of Egypt I sanctified them for myself.
18 And I have taken the Levites for all the firstborn of the children of Israel.
19 And I have given the Levites as a gift to Aaron and to his sons from among the children of Israel, to do the service of the children of Israel in the tabernacle of the congregation, and to make an atonement for the children of Israel: that there be no plague among the children of Israel, when the children of Israel come nigh unto the sanctuary.
20 And Moses, and Aaron, and all the congregation of the children of Israel, did to the Levites according unto all that the Lord commanded Moses concerning the Levites, so did the children of Israel unto them.
21 And the Levites were purified, and they washed their clothes; and Aaron offered them as an offering before the Lord; and Aaron made an atonement for them to cleanse them.
22 And after that went the Levites in to do their service in the tabernacle of the congregation before Aaron, and before his sons: as the Lord had commanded Moses concerning the Levites, so did they unto them.
23 And the Lord spake unto Moses, saying,
24 This is it that belongeth unto the Levites: from twenty and five years old and upward they shall go in to wait upon the service of the tabernacle of the congregation:
25 And from the age of fifty years they shall cease waiting upon the service thereof, and shall serve no more:
26 But shall minister with their brethren in the tabernacle of the congregation, to keep the charge, and shall do no service. Thus shalt thou do unto the Levites touching their charge.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}