Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 68  

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se yon chante.  Lè Bondye kanpe, lènmi l’ yo gaye, moun ki rayi l’ yo kouri lè l’ parèt.
 Menm jan lafimen disparèt nan lè a, se konsa w’ap disparèt yo. Menm jan lasi fonn nan dife, se konsa mechan yo gen pou yo mouri devan Bondye.
 Men moun ki mache dwat yo ap kontan, y’ap fè fèt devan Bondye. Y’ap kontan anpil anpil.
 Chante pou Bondye, fè fèt pou li. Louvri chemen nan laplenn lan bay moun k’ap vini an. Se Seyè ki non li. Fè kè nou kontan lè li parèt devan nou.
 Bondye rete nan kay ki apa pou li a, li sèvi papa pou timoun ki san papa yo, li pwoteje vèv yo.
 Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo soti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k’ap kenbe tèt avè l’ yo, y’ap rete nan prizon.
 O Bondye, lè ou t’ap mache alatèt pèp ou a, lè ou t’ap travèse dezè a,
 tè a te pran tranble, lapli te pran tonbe soti nan syèl la devan Bondye. devan Bondye mòn Sinayi a, wi, devan Bondye pèp Izrayèl la.
 Bondye, ou fè lapli tonbe an kantite sou latè. Ou ba li fòs ankò, paske li te fin pèdi tout grès li.
10  Pèp ou a moute kay li nan peyi ou pare pou pòv malere yo, paske ou gen bon kè.
11  Seyè a bay lòd, epi yon bann fanm pran gaye nouvèl la:
12   Wa yo kouri, yo kouri ansanm ak tout lame yo. Moun yo te kite pou veye kay separe tout sa lènmi yo kite dèyè.
13  Lè nou rete kouche nan pak mouton yo zèl pijon an klere tankou ajan. Plimaj li jòn tankou lò.
14  Lè Bondye ki gen tout pouvwa a te gaye wa yo nan peyi a, li te fè lanèj kouvri mòn Salmon.
15  Ala yon gwo mòn ki wo se mòn Bazan! Se yon mòn ki gen anpil tèt, mòn Bazan an!
16  Poukisa, ou menm mòn ki gen anpil tèt la, w’ap fè jalouzi pou mòn Bondye chwazi pou fè kay pou l’ rete a? Se la Seyè a ap rete pou tout tan.
17  Seyè a gen anpil cha! Li moute sou yo. Li soti mòn Sinayi pou li al kote ki apa pou li a.
18  Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo.
19  Ann fè lwanj Seyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou.
20  Bondye sa a se Bondye delivrans nou! Seyè a, Bondye nou an, ap wete nou nan bouch twou a.
21  Bondye gen pou l’ kraze tèt lènmi li yo. Wi, li gen pou l’ kraze zo bwa tèt moun k’ap viv nan peche.
22   Seyè di: -M’ap fè lènmi yo tounen soti nan peyi Bazan. M’ap fè yo tounen soti nan fon lanmè a.
23  pou ou ka mache nan san yo, pou chen ou yo ka jwenn pa yo nan lènmi ou yo.
24  Bondye, tout moun wè jan y’ap fè fèt pou ou. Yo wè ki jan Bondye mwen an, wa mwen an, ap mache antre kote ki apa pou li a.
25  Moun k’ap chante ap mache devan, mizisyen yo dèyè. Jenn fi yo nan mitan, y’ap bat tanbouren.
26  Fè lwanj Bondye nan mitan pèp la lè l’ reyini. Fè lwanj li, nou tout pitit pitit Izrayèl yo!
27  Benjamen, ki pi piti a, vin alatèt yo. Apre li, vini chèf peyi Jida yo ak lame yo. Apre yo, vini chèf peyi Zabilon ak chèf peyi Neftali yo.
28  Bondye, fè wè pouvwa ou non! Wi, fè wè pouvwa ou te sèvi pou nou an!
29  Rete nan tanp ou a lavil Jerizalèm, kote wa yo ap pote kado ba ou.
30  Fè bèt ki rete anba wozo yo pè, fè bann towo bèf ak jenn ti towo yo pè tou, jouk y’a vin soumèt devan ou, jouk y’a vin ofri ajan ba ou. Wi, moun sa yo ki renmen batay, gaye yo! Fè yo kouri!31 (68:32) Grannèg ap soti nan peyi Lejip, moun peyi Letiopi ap louvri bra yo pou lapriyè Bondye.
32   Nou menm chèf peyi latè yo, chante pou Bondye! Chante pou fè lwanj Seyè a,33 (68:34) pou Bondye k’ap kouri chwal li nan syèl la, nan syèl ki la depi lontan lontan an. Tande jan l’ap rele, jan l’ap rele byen fò.
34  L’ap di: -Rekonèt jan Bondye gen pouvwa! L’ap dominen sou pèp Izrayèl la. Syèl la fè nou konnen jan li gen pouvwa.
35  Bondye chita kote ki apa pou li a, li fè tout moun respekte l’. Bondye pèp Izrayèl la bay pèp li a fòs ak kouraj. Di Bondye mèsi!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 68

1 Au chef des chantres. De David. Psaume. Cantique.  Dieu se lève, ses ennemis se dispersent, Et ses adversaires fuient devant sa face.
2 Comme la fumée se dissipe, tu les dissipes; Comme la cire se fond au feu, Les méchants disparaissent devant Dieu.
 Mais les justes se réjouissent, ils triomphent devant Dieu, Ils ont des transports d’allégresse.
 Chantez à Dieu, célébrez son nom! Frayez le chemin à celui qui s’avance à travers les plaines! L’Éternel est son nom: réjouissez-vous devant lui!
 Le père des orphelins, le défenseur des veuves, C’est Dieu dans sa demeure sainte.
 Dieu donne une famille à ceux qui étaient abandonnés, Il délivre les captifs et les rend heureux; Les rebelles seuls habitent des lieux arides.
 O Dieu! quand tu sortis à la tête de ton peuple, Quand tu marchais dans le désert, -Pause.
 La terre trembla, les cieux se fondirent devant Dieu, Le Sinaï s’ébranla devant Dieu, le Dieu d’Israël.
 Tu fis tomber une pluie bienfaisante, ô Dieu! Tu fortifias ton héritage épuisé.
10  Ton peuple établit sa demeure dans le pays Que ta bonté, ô Dieu! tu avais préparé pour les malheureux.
11  Le Seigneur dit une parole, Et les messagères de bonnes nouvelles sont une grande armée: –
12  Les rois des armées fuient, fuient, Et celle qui reste à la maison partage le butin.
13  Tandis que vous reposez au milieu des étables, Les ailes de la colombe sont couvertes d’argent, Et son plumage est d’un jaune d’or. –
14  Lorsque le Tout Puissant dispersa les rois dans le pays, La terre devint blanche comme la neige du Tsalmon.
15  Montagnes de Dieu, montagnes de Basan, Montagnes aux cimes nombreuses, montagnes de Basan,
16  Pourquoi, montagnes aux cimes nombreuses, avez-vous de l’envie Contre la montagne que Dieu a voulue pour résidence? L’Éternel n’en fera pas moins sa demeure à perpétuité.
17  Les chars de l’Éternel se comptent par vingt mille, Par milliers et par milliers; Le Seigneur est au milieu d’eux, le Sinaï est dans le sanctuaire.
18  Tu es monté dans les hauteurs, tu as emmené des captifs, Tu as pris en don des hommes; Les rebelles habiteront aussi près de l’Éternel Dieu.
19  Béni soit le Seigneur chaque jour! Quand on nous accable, Dieu nous délivre. -Pause.
20  Dieu est pour nous le Dieu des délivrances, Et l’Éternel, le Seigneur, peut nous garantir de la mort.
21  Oui, Dieu brisera la tête de ses ennemis, Le sommet de la tête de ceux qui vivent dans le péché.
22  Le Seigneur dit: Je les ramènerai de Basan, Je les ramènerai du fond de la mer,
23  Afin que tu plonges ton pied dans le sang, Et que la langue de tes chiens ait sa part des ennemis.
24  Ils voient ta marche, ô Dieu! La marche de mon Dieu, de mon roi, dans le sanctuaire.
25  En tête vont les chanteurs, puis ceux qui jouent des instruments, Au milieu de jeunes filles battant du tambourin.
26  Bénissez Dieu dans les assemblées, Bénissez le Seigneur, descendants d’Israël!
27  Là sont Benjamin, le plus jeune, qui domine sur eux, Les chefs de Juda et leur troupe, Les chefs de Zabulon, les chefs de Nephthali.
28  Ton Dieu ordonne que tu sois puissant; Affermis, ô Dieu, ce que tu as fait pour nous!
29  De ton temple tu règnes sur Jérusalem; Les rois t’apporteront des présents.
30  Épouvante l’animal des roseaux, La troupe des taureaux avec les veaux des peuples, Qui se prosternent avec des pièces d’argent! Disperse les peuples qui prennent plaisir à combattre!
31  Des grands viennent de l’Égypte; L’Éthiopie accourt, les mains tendues vers Dieu.
32  Royaumes de la terre, chantez à Dieu, Célébrez le Seigneur! -Pause.
33  Chantez à celui qui s’avance dans les cieux, les cieux éternels! Voici, il fait entendre sa voix, sa voix puissante.
34  Rendez gloire à Dieu! Sa majesté est sur Israël, et sa force dans les cieux.
35  De ton sanctuaire, ô Dieu! tu es redoutable. Le Dieu d’Israël donne à son peuple la force et la puissance. Béni soit Dieu!
Louis Segond {LSG}

Psalm 68 

1 Let God arise, let his enemies be scattered: let them also that hate him flee before him.
As smoke is driven away, so drive them away: as wax melteth before the fire, so let the wicked perish at the presence of God.
But let the righteous be glad; let them rejoice before God: yea, let them exceedingly rejoice.
Sing unto God, sing praises to his name: extol him that rideth upon the heavens by his name Jah, and rejoice before him.
A father of the fatherless, and a judge of the widows, is God in his holy habitation.
God setteth the solitary in families: he bringeth out those which are bound with chains: but the rebellious dwell in a dry land.
O God, when thou wentest forth before thy people, when thou didst march through the wilderness; Selah:
The earth shook, the heavens also dropped at the presence of God: even Sinai itself was moved at the presence of God, the God of Israel.
Thou, O God, didst send a plentiful rain, whereby thou didst confirm thine inheritance, when it was weary.
10 Thy congregation hath dwelt therein: thou, O God, hast prepared of thy goodness for the poor.
11 The Lord gave the word: great was the company of those that published it.
12 Kings of armies did flee apace: and she that tarried at home divided the spoil.
13 Though ye have lien among the pots, yet shall ye be as the wings of a dove covered with silver, and her feathers with yellow gold.
14 When the Almighty scattered kings in it, it was white as snow in Salmon.
15 The hill of God is as the hill of Bashan; an high hill as the hill of Bashan.
16 Why leap ye, ye high hills? this is the hill which God desireth to dwell in; yea, the Lord will dwell in it for ever.
17 The chariots of God are twenty thousand, even thousands of angels: the Lord is among them, as in Sinai, in the holy place.
18 Thou hast ascended on high, thou hast led captivity captive: thou hast received gifts for men; yea, for the rebellious also, that the Lord God might dwell among them.
19 Blessed be the Lord, who daily loadeth us with benefits, even the God of our salvation. Selah.
20 He that is our God is the God of salvation; and unto God the Lord belong the issues from death.
21 But God shall wound the head of his enemies, and the hairy scalp of such an one as goeth on still in his trespasses.
22 The Lord said, I will bring again from Bashan, I will bring my people again from the depths of the sea:
23 That thy foot may be dipped in the blood of thine enemies, and the tongue of thy dogs in the same.
24 They have seen thy goings, O God; even the goings of my God, my King, in the sanctuary.
25 The singers went before, the players on instruments followed after; among them were the damsels playing with timbrels.
26 Bless ye God in the congregations, even the Lord, from the fountain of Israel.
27 There is little Benjamin with their ruler, the princes of Judah and their council, the princes of Zebulun, and the princes of Naphtali.
28 Thy God hath commanded thy strength: strengthen, O God, that which thou hast wrought for us.
29 Because of thy temple at Jerusalem shall kings bring presents unto thee.
30 Rebuke the company of spearmen, the multitude of the bulls, with the calves of the people, till every one submit himself with pieces of silver: scatter thou the people that delight in war.
31 Princes shall come out of Egypt; Ethiopia shall soon stretch out her hands unto God.
32 Sing unto God, ye kingdoms of the earth; O sing praises unto the Lord; Selah:
33 To him that rideth upon the heavens of heavens, which were of old; lo, he doth send out his voice, and that a mighty voice.
34 Ascribe ye strength unto God: his excellency is over Israel, and his strength is in the clouds.
35 O God, thou art terrible out of thy holy places: the God of Israel is he that giveth strength and power unto his people. Blessed be God.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}