Liv Abakouk / Habacuc / Habakkuk

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Abakouk 2       

1 Mwen moute sou fò a pou m’ veye. Mwen kanpe sou tèt miray ranpa a, m’ap tann pou m’ wè sa Seyè a pral di m’, ki repons li pral ban mwen apre tout plenyen mwen plenyen ba li a.
Men repons Seyè a ban mwen. Li di m’ konsa: -Ekri sa mwen pral fè ou wè a. Grave l’ byen grave sou wòch plat pou moun ka li l’ fasil.
Ekri l’ paske se poko lè pou sa m’ pral fè ou wè a rive. Men, li p’ap pran lontan ankò pou l’ rive. Li gen pou l’ rive vre. Si li pran reta pou l’ rive, ou mèt tann. Paske, wè pa wè, li gen pou l’ rive lè pou l’ rive a.
Men mesaj la: Moun ki pa mache dwat devan Bondye p’ap chape. Men moun ki mache dwat yo va viv paske yo te kenbe konfyans fèm yo nan Bondye.
 Richès fè moun pèdi tèt yo pi mal pase bweson. Moun ki gen lògèy pa ka rete trankil. Tankou simityè, yo pa janm gen ase. Tankou kote mò yo ye a, yo pa janm gen kont yo. Yo mache pran tout nasyon yo pou yo. Yo mete tout pèp yo anba ponyèt yo.
Men, tout pèp sa yo pral pase yo nan betiz, yo pral rele chalbari dèyè yo, yo pral bay istwa sou yo. Yo pral di: Madichon pou moun k’ap plede pran sa ki pa pou yo! Kilè y’a sispann fè sa? Madichon pou moun k’ap bay ponya epi k’ap fè moun peye gwo enterè mete sou li!
Talè konsa, se nou ki pral nan pran ponya. Moun nou dwe yo pral leve dèyè nou. Yo pral piye tou sa nou genyen.
Nou te piye anpil nasyon. Koulye a rès moun ki te chape yo pral piye tou sa nou genyen paske nou te touye anpil moun, nou te fè peyi yo, lavil yo ansanm ak moun ki te rete ladan yo pase anpil mati anba men nou.
Madichon pou moun k’ap vòlò pou fè fanmi yo rich, k’ap bati kay sou mòn pou malè pa rive yo!
10 Se wont nou fè fanmi nou yo wont. Lè nou detwi anpil nasyon konsa, se pwòp tèt nou nou fè mal.
11 Ata wòch ki nan miray yo ap denonse nou. Poto travès kay yo ap fè menm bagay la tou.
12 Madichon pou moun k’ap touye moun, k’ap fè lenjistis pou bati lavil yo!
13 Travay pèp yo ap fè a pral boule nan dife. Se pou gremesi nasyon yo ap fatige kò yo travay di. Se Seyè a menm k’ap fè sa rive konsa.
14 Menm jan lanmè a plen dlo, se konsa toupatou sou latè moun pral konnen pouvwa Bondye a.
15  Madichon pou moun k’ap fè moun parèy yo bwè pou avili yo. Yo vide bweson ba yo jouk yo sou. Yo mete yo toutouni devan tout moun.
16 Moun p’ap fè lwanj pou yo. Okontrè, yo pral trennen yo nan labou. Se yo menm ki pral bwè pou yo sou jouk y’a mete yo toutouni devan tout moun tou. Seyè a nan kòlè li pral fè yo bwè gode chatiman li pare pou yo a. Yo t’ap chache lwanj? Se wont y’a wont pito.
17 Yo te koupe tout gwo rakbwa peyi Liban an. Koulye a, se yo yo pral koupe voye jete. Yo te touye tout bèt li yo. Koulye a, bèt li yo pral fè yo kouri al kache. Tou sa pral rive yo paske yo te touye anpil moun, yo te fè peyi yo, lavil yo ansanm ak moun ladan yo pase anpil mati anba men yo.
18 Kisa yon estati an bwa ka fè pou nou, pou nou fè moun travay fè li pou nou? Kisa yon estati fèt ak metal yo fonn ka fè pou nou? Se manti ase l’ap ban nou. Sa sa ap rapòte nou lè nou fè zidòl ki pa ka pale pou nou mete konfyans nou nan yo?
19 Madichon pou moun k’ap pale ak yon bout bwa, epi k’ap di l’: Leve non! Madichon pou moun k’ap pale ak yon moso wòch ki pa gen lapawòl, epi k’ap di l’: Kanpe non! Eske bout bwa ak moso ròch ka di ou anyen? Ou kouvri yo avèk plak lò ak plak ajan, se vre. Men yo pa gen lavi.
20 Seyè a kanpe nan kay ki apa pou li a. Se pou tout moun sou latè pe bouch devan li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Habacuc 2     

1 J’étais à mon poste, Et je me tenais sur la tour; Je veillais, pour voir ce que l’Éternel me dirait, Et ce que je répliquerais après ma plainte.
L’Éternel m’adressa la parole, et il dit: Écris la prophétie: Grave-la sur des tables, Afin qu’on la lise couramment.
Car c’est une prophétie dont le temps est déjà fixé, Elle marche vers son terme, et elle ne mentira pas; Si elle tarde, attends-la, Car elle s’accomplira, elle s’accomplira certainement.
Voici, son âme s’est enflée, elle n’est pas droite en lui; Mais le juste vivra par sa foi.
Pareil à celui qui est ivre et arrogant, L’orgueilleux ne demeure pas tranquille; Il élargit sa bouche comme le séjour des morts, Il est insatiable comme la mort; Il attire à lui toutes les nations, Il assemble auprès de lui tous les peuples.
Ne sera-t-il pas pour tous un sujet de sarcasme, De railleries et d’énigmes? On dira: Malheur à celui qui accumule ce qui n’est pas à lui! Jusques à quand?… Malheur à celui qui augmente le fardeau de ses dettes!
Tes créanciers ne se lèveront-ils pas soudain? Tes oppresseurs ne se réveilleront-ils pas? Et tu deviendras leur proie.
Parce que tu as pillé beaucoup de nations, Tout le reste des peuples te pillera; Car tu as répandu le sang des hommes, Tu as commis des violences dans le pays, Contre la ville et tous ses habitants.
Malheur à celui qui amasse pour sa maison des gains iniques, Afin de placer son nid dans un lieu élevé, Pour se garantir de la main du malheur!
10 C’est l’opprobre de ta maison que tu as résolu, En détruisant des peuples nombreux, Et c’est contre toi-même que tu as péché.
11 Car la pierre crie du milieu de la muraille, Et le bois qui lie la charpente lui répond.
12 Malheur à celui qui bâtit une ville avec le sang, Qui fonde une ville avec l’iniquité!
13 Voici, quand l’Éternel des armées l’a résolu, Les peuples travaillent pour le feu, Les nations se fatiguent en vain.
14 Car la terre sera remplie de la connaissance de la gloire de l’Éternel, Comme le fond de la mer par les eaux qui le couvrent.
15 Malheur à celui qui fait boire son prochain, A toi qui verses ton outre et qui l’enivres, Afin de voir sa nudité!
16 Tu seras rassasié de honte plus que de gloire; Bois aussi toi-même, et découvre-toi! La coupe de la droite de l’Éternel se tournera vers toi, Et l’ignominie souillera ta gloire.
17 Car les violences contre le Liban retomberont sur toi, Et les ravages des bêtes t’effraieront, Parce que tu as répandu le sang des hommes, Et commis des violences dans le pays, Contre la ville et tous ses habitants.
18 A quoi sert une image taillée, pour qu’un ouvrier la taille? A quoi sert une image en fonte et qui enseigne le mensonge, Pour que l’ouvrier qui l’a faite place en elle sa confiance, Tandis qu’il fabrique des idoles muettes?
19 Malheur à celui qui dit au bois: Lève-toi! A une pierre muette: Réveille-toi! Donnera-t-elle instruction? Voici, elle est garnie d’or et d’argent, Mais il n’y a point en elle un esprit qui l’anime.
20 L’Éternel est dans son saint temple. Que toute la terre fasse silence devant lui!

Louis Segond {LSG}

Habakkuk 2     

1 I will stand upon my watch, and set me upon the tower, and will watch to see what he will say unto me, and what I shall answer when I am reproved.
And the Lord answered me, and said, Write the vision, and make it plain upon tables, that he may run that readeth it.
For the vision is yet for an appointed time, but at the end it shall speak, and not lie: though it tarry, wait for it; because it will surely come, it will not tarry.
Behold, his soul which is lifted up is not upright in him: but the just shall live by his faith.
Yea also, because he transgresseth by wine, he is a proud man, neither keepeth at home, who enlargeth his desire as hell, and is as death, and cannot be satisfied, but gathereth unto him all nations, and heapeth unto him all people:
Shall not all these take up a parable against him, and a taunting proverb against him, and say, Woe to him that increaseth that which is not his! how long? and to him that ladeth himself with thick clay!
Shall they not rise up suddenly that shall bite thee, and awake that shall vex thee, and thou shalt be for booties unto them?
Because thou hast spoiled many nations, all the remnant of the people shall spoil thee; because of men’s blood, and for the violence of the land, of the city, and of all that dwell therein.
Woe to him that coveteth an evil covetousness to his house, that he may set his nest on high, that he may be delivered from the power of evil!
10 Thou hast consulted shame to thy house by cutting off many people, and hast sinned against thy soul.
11 For the stone shall cry out of the wall, and the beam out of the timber shall answer it.
12 Woe to him that buildeth a town with blood, and stablisheth a city by iniquity!
13 Behold, is it not of the Lord of hosts that the people shall labour in the very fire, and the people shall weary themselves for very vanity?
14 For the earth shall be filled with the knowledge of the glory of the Lord, as the waters cover the sea.
15 Woe unto him that giveth his neighbour drink, that puttest thy bottle to him, and makest him drunken also, that thou mayest look on their nakedness!
16 Thou art filled with shame for glory: drink thou also, and let thy foreskin be uncovered: the cup of the Lord‘s right hand shall be turned unto thee, and shameful spewing shall be on thy glory.
17 For the violence of Lebanon shall cover thee, and the spoil of beasts, which made them afraid, because of men’s blood, and for the violence of the land, of the city, and of all that dwell therein.
18 What profiteth the graven image that the maker thereof hath graven it; the molten image, and a teacher of lies, that the maker of his work trusteth therein, to make dumb idols?
19 Woe unto him that saith to the wood, Awake; to the dumb stone, Arise, it shall teach! Behold, it is laid over with gold and silver, and there is no breath at all in the midst of it.
20 But the Lord is in his holy temple: let all the earth keep silence before him.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}