Liv Oze / Osée / Hosea

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Oze 13     

1 Nan tan lontan, lè moun Efrayim yo te pale, tout moun te pran tranble. Yo te rive chèf sou tout lòt branch fanmi Izrayèl la. Men, y’ al fè sa ki mal. Y’ al adore Baal. Se poutèt sa yo pèdi pye.
Jouk koulye a, y’ap fè peche toujou. Y’ap pran kwiv, y’ap fonn li pou fè estati zidòl. Y’ap fè bèl zidòl an ajan jan yo konnen. Tou sa se travay atizan fè ak men yo. Apre sa yo di: Ann ofri bèt pou touye ba yo! Koulye a nou wè se moun k’ap bo estati bèf!
Konsa, moun sa yo ap disparèt tankou yon vapè ki leve granmaten, tankou lawouze lè solèy fin leve. Y’ap tankou pay van an ap leve soti sou glasi. Y’ap tankou lafimen k’ap soti nan yon fetay kizin.
Seyè a di ankò: Se mwen menm ki Seyè a, Bondye ou la. Se mwen menm ki te fè soti kite peyi Lejip. Ou pa konn lòt bondye pase mwen menm. Se mwen menm ase ki ka sove ou.
 Mwen te okipe ou lè ou te nan dezè a, nan peyi ki pa gen dlo menm lan.
Men, lè yo rive nan peyi ki gen bon tè a, yo manje plen vant yo, lògèy vire tèt yo, se konsa yo bliye m’.
Se poutèt sa, m’ap tonbe sou yo tankou yon lyon. Tankou yon leyopa, mwen pral anbiske kò m’ sou wout yo ap tann yo.
M’ap tonbe sou yo tankou yon manman lous yo pran pitit li. M’ap dechire yo. M’ap devore yo lamenm tankou yon fenmèl lyon. M’ap dechire yo tankou yon bèt nan bwa.
 M’ap detwi nou, nou menm pèp Izrayèl la, paske nou vire sou do mwen, mwen menm ki tout sekou nou.
10 Nou te mande pou yo ban nou yon wa ansanm ak lòt chèf. Men, kote wa ki pou te sove nou an? Kote tout chèf ki pou te defann nou yo?
11 Mwen te fè kòlè, mwen te ban nou wa a. Men, apre sa, nou fè m’ fache pi rèd, mwen wete l’ nan mitan nou.
12 Mwen make tou sa Efrayim fè ki mal sou papye. Mwen sere l’ byen lwen.
13 Nan tout malè sa a, Efrayim te gen yon chans ankò pou l’ ta sove. Men, li twò sòt, l’ap pèdi chans lan. Se tankou yon ti bebe ki rive sou dat pou l’ fèt men ki pa vle soti nan vant manman l’.
14 Mwen p’ap sove pèp la anba lanmò. Mwen p’ap anpeche yo desann nan peyi kote mò yo ye a. Annavan, lanmò! Vini ak tout malè ou yo! Nou menm ki chèf nan peyi kote mò yo ye a, vin detwi pèp la. Mwen p’ap janm gen pitye pou pèp sa a ankò.
15 Menm si Izrayèl ta fleri tankou wozo bò dlo, m’ap fè yon van leve nan dezè kote solèy leve a, m’ap fè l’ vante sou li, l’ap cheche tout sous dlo ak tout fontenn li yo. L’ap pran tout bagay ki gen valè nan byen l’ yo, l’ap pote yo ale.
16 Peyi Samari a pral peye pou sa l’ fè a, paske li te leve sou do Bondye li a. Yo pral mouri nan lagè. Y’ap pran pitit yo, y’ap kraze yo atè, y’ap fann vant fanm ansent yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Osée 13 

1 Lorsqu’Éphraïm parlait, c’était une terreur: Il s’élevait en Israël. Mais il s’est rendu coupable par Baal, et il est mort.
Maintenant ils continuent à pécher, Ils se font avec leur argent des images en fonte, Des idoles de leur invention; Toutes sont l’oeuvre des artisans. On dit à leur sujet: Que ceux qui sacrifient baisent les veaux!
C’est pourquoi ils seront comme la nuée du matin, Comme la rosée qui bientôt se dissipe, Comme la balle emportée par le vent hors de l’aire, Comme la fumée qui sort d’une fenêtre.
Et moi, je suis l’Éternel, ton Dieu, dès le pays d’Égypte. Tu ne connais d’autre Dieu que moi, Et il n’y a de sauveur que moi.
Je t’ai connu dans le désert, Dans une terre aride.
Ils se sont rassasiés dans leurs pâturages; Ils se sont rassasiés, et leur coeur s’est enflé; C’est pourquoi ils m’ont oublié.
Je serai pour eux comme un lion; Comme une panthère, je les épierai sur la route.
Je les attaquerai, comme une ourse à qui l’on a enlevé ses petits, Et je déchirerai l’enveloppe de leur coeur; Je les dévorerai, comme une lionne; Les bêtes des champs les mettront en pièces.
Ce qui cause ta ruine, Israël, C’est que tu as été contre moi, contre celui qui pouvait te secourir.
10 Où donc est ton roi? Qu’il te délivre dans toutes tes villes! Où sont tes juges, au sujet desquels tu disais: Donne-moi un roi et des princes?
11 Je t’ai donné un roi dans ma colère, Je te l’ôterai dans ma fureur.
12 L’iniquité d’Éphraïm est gardée, Son péché est mis en réserve.
13 Les douleurs de celle qui enfante viendront pour lui; C’est un enfant peu sage, Qui, au terme voulu, ne sort pas du sein maternel.
14 Je les rachèterai de la puissance du séjour des morts, Je les délivrerai de la mort. O mort, où est ta peste? Séjour des morts, où est ta destruction? Mais le repentir se dérobe à mes regards!
15 Éphraïm a beau être fertile au milieu de ses frères, Le vent d’orient viendra, le vent de l’Éternel s’élèvera du désert, Desséchera ses sources, tarira ses fontaines. On pillera le trésor de tous les objets précieux.
16 Samarie sera punie, parce qu’elle s’est révoltée contre son Dieu. Ils tomberont par l’épée; Leurs petits enfants seront écrasés, Et l’on fendra le ventre de leurs femmes enceintes.

Louis Segond {LSG}

Hosea 13

1 When Ephraim spake trembling, he exalted himself in Israel; but when he offended in Baal, he died.
And now they sin more and more, and have made them molten images of their silver, and idols according to their own understanding, all of it the work of the craftsmen: they say of them, Let the men that sacrifice kiss the calves.
Therefore they shall be as the morning cloud and as the early dew that passeth away, as the chaff that is driven with the whirlwind out of the floor, and as the smoke out of the chimney.
Yet I am the Lord thy God from the land of Egypt, and thou shalt know no god but me: for there is no saviour beside me.
I did know thee in the wilderness, in the land of great drought.
According to their pasture, so were they filled; they were filled, and their heart was exalted; therefore have they forgotten me.
Therefore I will be unto them as a lion: as a leopard by the way will I observe them:
I will meet them as a bear that is bereaved of her whelps, and will rend the caul of their heart, and there will I devour them like a lion: the wild beast shall tear them.
O Israel, thou hast destroyed thyself; but in me is thine help.
10 I will be thy king: where is any other that may save thee in all thy cities? and thy judges of whom thou saidst, Give me a king and princes?
11 I gave thee a king in mine anger, and took him away in my wrath.
12 The iniquity of Ephraim is bound up; his sin is hid.
13 The sorrows of a travailing woman shall come upon him: he is an unwise son; for he should not stay long in the place of the breaking forth of children.
14 I will ransom them from the power of the grave; I will redeem them from death: O death, I will be thy plagues; O grave, I will be thy destruction: repentance shall be hid from mine eyes.
15 Though he be fruitful among his brethren, an east wind shall come, the wind of the Lord shall come up from the wilderness, and his spring shall become dry, and his fountain shall be dried up: he shall spoil the treasure of all pleasant vessels.
16 Samaria shall become desolate; for she hath rebelled against her God: they shall fall by the sword: their infants shall be dashed in pieces, and their women with child shall be ripped up.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}