Liv 2 Korent / 2 Corinthiens / 2 Corinthians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Korent 11                 

1 Mwen ta renmen nou pèmèt mwen pran pòz moun fou m’ pou yon ti moman. Enben, wi, pèmèt mwen fè sa.
M’ap fè jalouzi pou nou, yon jalouzi ki soti nan Bondye. Paske, nou tankou yon jenn fi ki pa nan dezòd. Mwen fiyanse nou ak yon sèl gason. Gason sa a se Kris la.
Men, mwen pè pou lespri nou pa pèvèti, pou nou pa manke Kris la pawòl, pou nou pa tonbe nan dezòd tankou Ev ki te kite sèpan an vire lòlòj li ak riz li yo.
Mwen di sa paske mwen wè nou kite nenpòt ki moun vin fè nou konnen yon Jezi ki pa menm ak Jezi mwen te fè nou konnen an, epi nou pa di anyen. Mwen wè nou pare pou n’ asepte yon lespri ak yon mesaj ki pa menm ni ak Lespri Bondye a, ni ak bon nouvèl mwen te ban nou an.
 Pou mwen, mwen pa wè sa apòt ki kwè yo plis pase tout moun yo gen pase mwen.
Mwen ka pa konn pale byen, men pou konesans la, se pa menm bagay. Nan tout okazyon ak nan tout bagay mwen te toujou fè nou wè sa.
Lè m’ te anonse nou bon nouvèl Bondye a, mwen te fè sa gratis pou nou, mwen te desann tèt mwen pou m’ te ka fè nou kanpe. Eske mwen te gen tò lè m’ te fè sa?
Lè sa a, mwen te asepte lajan nan men lòt legliz yo. Se tankou si m’ te pran nan sa ki pou yo pou m’ te kapab ede nou.
Pandan tout tan mwen te pase lakay nou an, mwen pa t’ sou kont pesonn lè m’ te bezwen lajan, paske frè ki soti Masedwan yo te pote tou sa m’ te bezwen pou mwen. Mwen te pran kont prekosyon m’ pou m’ pa t’ sou kont nou yonn pou anyen, epi m’ap toujou pran menm prekosyon sa a.
10 Jan mwen sèten mwen konnen verite Kris la, mwen pa ka bay manti, se konsa m’ap di nou sa: rezon sa a mwen genyen pou m’ vante tèt mwen nan tout peyi Lakayi a, pesonn p’ap kapab wete l’ nan men mwen.
11 Poukisa? Eske se paske mwen pa renmen nou? Se Bondye ki konnen jan mwen renmen nou.
12 Men, m’ap toujou aji jan m’ap aji koulye a, pou m’ pa bay moun k’ap chache okazyon pou yo fè grandizè chans pou yo ka di yo travay menm jan ak mwen.
13 Moun sa yo, se pòz apòt yo y’ap pran. Y’ap bay manti sou travay yo, y’ap fè tèt yo pase pou apòt Kris la.
14 Pa gen anyen la a ki pou fè n’ sezi: ata Satan ka ranje kò l’ pou l’ pran pòz yon zanj limyè.
15 Si moun k’ap sèvi Satan yo pran pòz moun k’ap sèvi sa ki byen, pa gen anyen ki dwòl nan sa. Men, bout pou bout y’a jwenn sa y’ap chache a.
16  M’ap repete sa m’ te di a: Piga pesonn pran m’ pou moun fou. Men, si nou pran m’ pou moun fou, kite m’ pran pòz moun fou m’ vre pou m’ kapab vante tèt mwen yon ti kras tou.
17 Sa m’ap di koulye a, se pa sa menm Seyè a ta renmen m’ di. Men, nan pozisyon yo mete m’ ki fè m’ ka vante tèt mwen an, m’ap pale tankou si m’ te fou.
18 Sitèlman gen moun k’ap vante tèt yo pou bagay y’ap fè sou latè, kite m’ vante tèt mwen tou.
19 Nou menm ki gen bon konprann nou pa manke tolere moun fou!
20 Nou kite yo fè nou tounen esklav, nou kite yo devore nou, nou kite yo pran nou nan pèlen, nou kite yo fè awogans sou nou, nou kite yo ban nou souflèt.
21 Wi, mwen wont di sa: Mwen te twò fèb pou m’ te aji jan m’ te aji ak nou an! Men, si gen moun ki ka pèmèt yo vante tèt yo pou lòt bagay (pa bliye m’ap pale tankou yon moun fou wi!) mwen menm tou m’ap pèmèt mwen fè sa tou.
22  Eske yo se pitit pitit Ebè? Mwen menm tou. Eske yo se moun ras Izrayèl la? Mwen menm tou. Eske yo se pitit pitit Abraram? Mwen menm tou.
23 Eske yo se moun k’ap sèvi Kris la? (M’ap pale koulye a tankou moun ki deraye nèt.) Mwen sèvi Kris la plis pase yo: mwen travay pase yo, yo mete m’ nan prizon pi plis pase yo, yo bat mwen pi plis pase yo, mwen manke mouri pi souvan pase yo.
24 An senk fwa, jwif yo ban m’ trant nèf kout fwèt.
25 An twa fwa, women yo bat mwen. Yon fwa yo kalonnen m’ wòch pou yo te touye mwen. Batiman koule avè m’ twa fwa. Yon fwa menm mwen pase yon jou ak yon nwit nan dlo.
26 Anpil fwa menm, lè m’ap vwayaje konsa dlo larivyè manke pote m’ ale. Bandi manke touye m’, jwif yo manke touye m’ tou, ata moun lòt nasyon yo manke touye m’ tou. Mwen te an danje nan lavil, mwen te an danje andeyò, mwen te an danje sou lanmè. Ata swadizan frè yo manke touye mwen.
27 Mwen redi travay di, mwen fatige kò m’ anpil, mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m’ mete sou mwen.
28 San konte anpil lòt bagay ankò, chak jou se tèt chaje pou mwen ak bagay mwen gen pou m’ regle pou tout legliz yo.
29 Si yon moun fèb, lamenm mwen fèb tou. Si yon moun tonbe nan peche, sa rann mwen malad.
30 Si se pou m’ vante tèt mwen, m’a vante tèt mwen pou tout bagay ki pou moutre jan m’ fèb.
31 Bondye ki Papa Seyè Jezi a (li menm k’ap resevwa lwanj tout tan an), li konnen mwen p’ap bay manti.
32 Lè m’ te lavil Damas, moun wa Aretas te mete pou gouvènen lavil la pran gad, li mete yo nan tout pòtay lavil la pou yo te arete m’.
33 Men frè yo fè m’ pase nan yon fennèt nan gwo miray lavil la. Yo file m’ desann nan yon panyen. Se konsa mwen te chape kò m’ anba men li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

2 Corinthiens 11          

1 Oh! si vous pouviez supporter de ma part un peu de folie! Mais vous, me supportez!
Car je suis jaloux de vous d’une jalousie de Dieu, parce que je vous ai fiancés à un seul époux, pour vous présenter à Christ comme une vierge pure.
Toutefois, de même que le serpent séduisit Eve par sa ruse, je crains que vos pensées ne se corrompent et ne se détournent de la simplicité à l’égard de Christ.
Car, si quelqu’un vient vous prêcher un autre Jésus que celui que nous avons prêché, ou si vous recevez un autre Esprit que celui que vous avez reçu, ou un autre Évangile que celui que vous avez embrassé, vous le supportez fort bien.
Or, j’estime que je n’ai été inférieur en rien à ces apôtres par excellence.
Si je suis un ignorant sous le rapport du langage, je ne le suis point sous celui de la connaissance, et nous l’avons montré parmi vous à tous égards et en toutes choses.
Ou bien, ai-je commis un péché parce que, m’abaissant moi-même afin que vous fussiez élevés, je vous ai annoncé gratuitement l’Évangile de Dieu?
J’ai dépouillé d’autres Églises, en recevant d’elles un salaire, pour vous servir. Et lorsque j’étais chez vous et que je me suis trouvé dans le besoin, je n’ai été à charge à personne;
car les frères venus de Macédoine ont pourvu à ce qui me manquait. En toutes choses je me suis gardé de vous être à charge, et je m’en garderai.
10 Par la vérité de Christ qui est en moi, je déclare que ce sujet de gloire ne me sera pas enlevé dans les contrées de l’Achaïe.
11 Pourquoi?… Parce que je ne vous aime pas?… Dieu le sait!
12 Mais j’agis et j’agirai de la sorte, pour ôter ce prétexte à ceux qui cherchent un prétexte, afin qu’ils soient trouvés tels que nous dans les choses dont ils se glorifient.
13 Ces hommes-là sont de faux apôtres, des ouvriers trompeurs, déguisés en apôtres de Christ.
14 Et cela n’est pas étonnant, puisque Satan lui-même se déguise en ange de lumière.
15 Il n’est donc pas étrange que ses ministres aussi se déguisent en ministres de justice. Leur fin sera selon leurs oeuvres.
16 Je le répète, que personne ne me regarde comme un insensé; sinon, recevez-moi comme un insensé, afin que moi aussi, je me glorifie un peu.
17 Ce que je dis, avec l’assurance d’avoir sujet de me glorifier, je ne le dis pas selon le Seigneur, mais comme par folie.
18 Puisqu’il en est plusieurs qui se glorifient selon la chair, je me glorifierai aussi.
19 Car vous supportez volontiers les insensés, vous qui êtes sages.
20 Si quelqu’un vous asservit, si quelqu’un vous dévore, si quelqu’un s’empare de vous, si quelqu’un est arrogant, si quelqu’un vous frappe au visage, vous le supportez.
21 J’ai honte de le dire, nous avons montré de la faiblesse. Cependant, tout ce que peut oser quelqu’un, -je parle en insensé, -moi aussi, je l’ose!
22 Sont-ils Hébreux? Moi aussi. Sont-ils Israélites? Moi aussi. Sont-ils de la postérité d’Abraham? Moi aussi.
23 Sont-ils ministres de Christ? -Je parle en homme qui extravague. -Je le suis plus encore: par les travaux, bien plus; par les coups, bien plus; par les emprisonnements, bien plus. Souvent en danger de mort,
24 cinq fois j’ai reçu des Juifs quarante coups moins un,
25 trois fois j’ai été battu de verges, une fois j’ai été lapidé, trois fois j’ai fait naufrage, j’ai passé un jour et une nuit dans l’abîme.
26 Fréquemment en voyage, j’ai été en péril sur les fleuves, en péril de la part des brigands, en péril de la part de ceux de ma nation, en péril de la part des païens, en péril dans les villes, en péril dans les déserts, en péril sur la mer, en péril parmi les faux frères.
27 J’ai été dans le travail et dans la peine, exposé à de nombreuses veilles, à la faim et à la soif, à des jeûnes multipliés, au froid et à la nudité.
28 Et, sans parler d’autres choses, je suis assiégé chaque jour par les soucis que me donnent toutes les Églises.
29 Qui est faible, que je ne sois faible? Qui vient à tomber, que je ne brûle?
30 S’il faut se glorifier, c’est de ma faiblesse que je me glorifierai!
31 Dieu, qui est le Père du Seigneur Jésus, et qui est béni éternellement, sait que je ne mens point!…
32 A Damas, le gouverneur du roi Arétas faisait garder la ville des Damascéniens, pour se saisir de moi;
33 mais on me descendit par une fenêtre, dans une corbeille, le long de la muraille, et j’échappai de leurs mains.

Louis Segond {LSG}

2 Corinthians 11        

1 Would to God ye could bear with me a little in my folly: and indeed bear with me.
For I am jealous over you with godly jealousy: for I have espoused you to one husband, that I may present you as a chaste virgin to Christ.
But I fear, lest by any means, as the serpent beguiled Eve through his subtilty, so your minds should be corrupted from the simplicity that is in Christ.
For if he that cometh preacheth another Jesus, whom we have not preached, or if ye receive another spirit, which ye have not received, or another gospel, which ye have not accepted, ye might well bear with him.
For I suppose I was not a whit behind the very chiefest apostles.
But though I be rude in speech, yet not in knowledge; but we have been throughly made manifest among you in all things.
Have I committed an offence in abasing myself that ye might be exalted, because I have preached to you the gospel of God freely?
I robbed other churches, taking wages of them, to do you service.
And when I was present with you, and wanted, I was chargeable to no man: for that which was lacking to me the brethren which came from Macedonia supplied: and in all things I have kept myself from being burdensome unto you, and so will I keep myself.
10 As the truth of Christ is in me, no man shall stop me of this boasting in the regions of Achaia.
11 Wherefore? because I love you not? God knoweth.
12 But what I do, that I will do, that I may cut off occasion from them which desire occasion; that wherein they glory, they may be found even as we.
13 For such are false apostles, deceitful workers, transforming themselves into the apostles of Christ.
14 And no marvel; for Satan himself is transformed into an angel of light.
15 Therefore it is no great thing if his ministers also be transformed as the ministers of righteousness; whose end shall be according to their works.
16 I say again, let no man think me a fool; if otherwise, yet as a fool receive me, that I may boast myself a little.
17 That which I speak, I speak it not after the Lord, but as it were foolishly, in this confidence of boasting.
18 Seeing that many glory after the flesh, I will glory also.
19 For ye suffer fools gladly, seeing ye yourselves are wise.
20 For ye suffer, if a man bring you into bondage, if a man devour you, if a man take of you, if a man exalt himself, if a man smite you on the face.
21 I speak as concerning reproach, as though we had been weak. Howbeit whereinsoever any is bold, (I speak foolishly,) I am bold also.
22 Are they Hebrews? so am I. Are they Israelites? so am I. Are they the seed of Abraham? so am I.
23 Are they ministers of Christ? (I speak as a fool) I am more; in labours more abundant, in stripes above measure, in prisons more frequent, in deaths oft.
24 Of the Jews five times received I forty stripes save one.
25 Thrice was I beaten with rods, once was I stoned, thrice I suffered shipwreck, a night and a day I have been in the deep;
26 In journeyings often, in perils of waters, in perils of robbers, in perils by mine own countrymen, in perils by the heathen, in perils in the city, in perils in the wilderness, in perils in the sea, in perils among false brethren;
27 In weariness and painfulness, in watchings often, in hunger and thirst, in fastings often, in cold and nakedness.
28 Beside those things that are without, that which cometh upon me daily, the care of all the churches.
29 Who is weak, and I am not weak? who is offended, and I burn not?
30 If I must needs glory, I will glory of the things which concern mine infirmities.
31 The God and Father of our Lord Jesus Christ, which is blessed for evermore, knoweth that I lie not.
32 In Damascus the governor under Aretas the king kept the city of the damascenes with a garrison, desirous to apprehend me:
33 And through a window in a basket was I let down by the wall, and escaped his hands.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}