Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 15

 Apre bagay sa yo, Abram fè yon vizyon. Li wè Seyè a ki t’ap pale avè l’. Seyè a di l’ konsa. Abram, ou pa bezwen pè anyen. Se mwen menm k’ap pwoteje ou. M’ sere yon gwo gwo rekonpans pou ou.

 Abram di. Seyè, Bondye, kisa ou vle ban mwen? Mwen tout fin mouri, mwen pa gen pitit. Sèl moun lakay mwen ki pral eritye m’, se Elyezè, moun peyi Damas la.
Abram di ankò. Gade! Ou pa ban m’ pitit. Se yonn nan domestik mwen yo ki pral eritye m’.
Lè sa a, li tande Seyè a ki di l’ konsa. Non, se pa li menm ki pral eritye ou. Se pwòp pitit zantray ou ki pral eritye ou.
Seyè a fè Abram soti deyò, li di l’ konsa Leve je ou, gade syèl la byen. Konte zetwal yo si ou kapab. Apre sa, li di. Pitit pitit ou yo va anpil tankou zetwal nan syèl la.
Abram mete konfyans li nan Seyè a, se konsa Seyè a fè l’ gras.
 Seyè a di. Se mwen menm, Seyè a, ki te fè ou soti lavil Our nan peyi Kalde a, pou m’ te ka ba ou peyi sa a pou ou.
Abram di. Seyè, Bondye, kijan pou m’ fè konnen peyi sa a pou mwen vre?
Seyè a di l’. Pran yon ti gazèl bèf twazan, yon fenmèl kabrit twazan, yon belye twazan, yon toutrèl ak yon jenn pijon.
10 Abram al pran tout bèt sa yo, li koupe yo mitan pou mitan, li mete moso yo yonn anfas lòt. Men, li pa koupe zwazo yo an de.
11 Chak fwa malfini karanklou vin pou desann sou vyann bèt yo, Abram pouse yo ale.
12  Solèy tapral kouche lè dòmi vòlè Abram. Li dòmi nèt ale. Epi yon sèl lapèz pran l’ nan dòmi an. Kote l’ te ye a vin fè tout nwa.
13 Seyè a di l’. Konnen sa byen: Pitit pitit ou yo pral viv tankou etranje nan yon peyi ki pa pou yo. Y’ap fè yo tounen esklav, y’ap peze yo pandan katsanzan (400 an).
14 Men, apre sa, m’ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Konsa, lè lè a va rive pou yo kite peyi sa a, y’a soti avèk anpil anpil richès.
15 Kanta ou menm, ou pral mouri ak kè poze, ou pral jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Wi, anvan ou antre anba tè, wa viv lontan san ankenn pwoblèm.
16 Apre kat jenerasyon, pitit pitit ou yo va tounen isit la, paske se pou nou tann moun Amori yo rive nan dènye bout mechanste yo.
17  Apre solèy fin kouche, te fè nwa anpil. Epi men li, yon recho ki t’ap fè lafimen ansanm ak yon gwo bwa dife tout limen parèt. Yo pase nan mitan moso vyann bèt yo.
18 Se jou sa a Seyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l’ konsa M’ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la.
19 Sa vle di tout peyi kote moun Keni yo, moun Kenizi yo, moun Kadmon yo,
20 moun Et yo, moun Ferezi yo, moun refayim yo,
21 moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Gigach yo ak moun Jebis yo rete.
Kreyol / Français / English

Genèse 15

1 Après ces événements, la parole de l’Éternel fut adressée à Abram dans une vision, et il dit: Abram, ne crains point; je suis ton bouclier, et ta récompense sera très grande.
Abram répondit: Seigneur Éternel, que me donneras-tu? Je m’en vais sans enfants; et l’héritier de ma maison, c’est Éliézer de Damas.
Et Abram dit: Voici, tu ne m’as pas donné de postérité, et celui qui est né dans ma maison sera mon héritier.
Alors la parole de l’Éternel lui fut adressée ainsi: Ce n’est pas lui qui sera ton héritier, mais c’est celui qui sortira de tes entrailles qui sera ton héritier.
Et après l’avoir conduit dehors, il dit: Regarde vers le ciel, et compte les étoiles, si tu peux les compter. Et il lui dit: Telle sera ta postérité.
Abram eut confiance en l’Éternel, qui le lui imputa à justice.
L’Éternel lui dit encore: Je suis l’Éternel, qui t’ai fait sortir d’Ur en Chaldée, pour te donner en possession ce pays.
Abram répondit: Seigneur Éternel, à quoi connaîtrai-je que je le posséderai?
Et l’Éternel lui dit: Prends une génisse de trois ans, une chèvre de trois ans, un bélier de trois ans, une tourterelle et une jeune colombe.
10 Abram prit tous ces animaux, les coupa par le milieu, et mit chaque morceau l’un vis-à-vis de l’autre; mais il ne partagea point les oiseaux.
11 Les oiseaux de proie s’abattirent sur les cadavres; et Abram les chassa.
12 Au coucher du soleil, un profond sommeil tomba sur Abram; et voici, une frayeur et une grande obscurité vinrent l’assaillir.
13 Et l’Éternel dit à Abram: Sache que tes descendants seront étrangers dans un pays qui ne sera point à eux; ils y seront asservis, et on les opprimera pendant quatre cents ans.
14 Mais je jugerai la nation à laquelle ils seront asservis, et ils sortiront ensuite avec de grandes richesses.
15 Toi, tu iras en paix vers tes pères, tu seras enterré après une heureuse vieillesse.
16 A la quatrième génération, ils reviendront ici; car l’iniquité des Amoréens n’est pas encore à son comble.
17 Quand le soleil fut couché, il y eut une obscurité profonde; et voici, ce fut une fournaise fumante, et des flammes passèrent entre les animaux partagés.
18 En ce jour-là, l’Éternel fit alliance avec Abram, et dit: Je donne ce pays à ta postérité, depuis le fleuve d’Égypte jusqu’au grand fleuve, au fleuve d’Euphrate,
19 le pays des Kéniens, des Keniziens, des Kadmoniens,
20 des Héthiens, des Phéréziens, des Rephaïm,
21 des Amoréens, des Cananéens, des Guirgasiens et des Jébusiens.
Kreyol / Français / English

Genesis 15

1 After these things the word of the Lord came unto Abram in a vision, saying, Fear not, Abram: I am thy shield, and thy exceeding great reward.
And Abram said, Lord God, what wilt thou give me, seeing I go childless, and the steward of my house is this Eliezer of Damascus?
And Abram said, Behold, to me thou hast given no seed: and, lo, one born in my house is mine heir.
And, behold, the word of the Lord came unto him, saying, This shall not be thine heir; but he that shall come forth out of thine own bowels shall be thine heir.
And he brought him forth abroad, and said, Look now toward heaven, and tell the stars, if thou be able to number them: and he said unto him, So shall thy seed be.
And he believed in the Lord; and he counted it to him for righteousness.
And he said unto him, I am the Lord that brought thee out of Ur of the Chaldees, to give thee this land to inherit it.
And he said, Lord God, whereby shall I know that I shall inherit it?
And he said unto him, Take me an heifer of three years old, and a she goat of three years old, and a ram of three years old, and a turtledove, and a young pigeon.
10 And he took unto him all these, and divided them in the midst, and laid each piece one against another: but the birds divided he not.
11 And when the fowls came down upon the carcases, Abram drove them away.
12 And when the sun was going down, a deep sleep fell upon Abram; and, lo, an horror of great darkness fell upon him.
13 And he said unto Abram, Know of a surety that thy seed shall be a stranger in a land that is not theirs, and shall serve them; and they shall afflict them four hundred years;
14 And also that nation, whom they shall serve, will I judge: and afterward shall they come out with great substance.
15 And thou shalt go to thy fathers in peace; thou shalt be buried in a good old age.
16 But in the fourth generation they shall come hither again: for the iniquity of the Amorites is not yet full.
17 And it came to pass, that, when the sun went down, and it was dark, behold a smoking furnace, and a burning lamp that passed between those pieces.
18 In the same day the Lord made a covenant with Abram, saying, Unto thy seed have I given this land, from the river of Egypt unto the great river, the river Euphrates:
19 The Kenites, and the Kenizzites, and the Kadmonites,
20 And the Hittites, and the Perizzites, and the Rephaims,
21 And the Amorites, and the Canaanites, and the Girgashites, and the Jebusites.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}