Liv Matye / Mathieu / Matthew

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Matye 17           

Sis jou apre sa, Jezi pran Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, li mennen yo pou kont yo sou tèt yon mòn byen wo.
Antan Jezi te la, li pran chanje devan yo. Figi l’ vin klere tankou solèy la. Rad li vin blan tankou yon limyè.
Twa disip yo wè Moyiz ak Eli parèt, yo t’ap pale ak Jezi.
Lè sa a, Pyè pran lapawòl, li di Jezi konsa: Met, sa bon nèt pou nou isit la. Si ou vle, m’ap moute twa ti kay, yonn pou ou, yonn pou Moyiz ak yonn pou Eli.
Antan Pyè t’ap pale toujou, yon nwaj byen klere vin kouvri yo. Yo tande yon vwa soti nan nwaj la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m’ kontan anpil. Koute li.
Lè disip yo tande vwa a yo tonbe fas atè tèlman yo te pè.
Men, Jezi pwoche bò kote yo, li manyen yo, li di: Leve non, nou pa bezwen pè.
Yo leve je yo, yo wè Jezi te pou kont li.
Antan yo t’ap desann mòn lan, Jezi ba yo lòd sa a: Pa pale ak pesonn sou sa nou sot wè a, jouk mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m’a leve soti vivan nan lanmò.
10 Twa disip yo poze l’ keksyon sa a: Poukisa dirèktè lalwa yo di se pou Eli vin anvan?
11 Jezi reponn yo: Se vre. Eli gen pou l’ vin anvan, pou l’ mete tout bagay nan lòd.
12 Men, m’ap di nou sa: Eli vin deja. Men, yo pa t’ rekonèt li, yo fè l’ tou sa yo te vle. Se onsa tou, yo gen pou yo maltrete Moun Bondye voye nan lachè a.
13 Lè sa a, disip yo vin konprann li t’ap pale yo sou Jan Batis.
14  Lè yo rive kote foul moun yo, yon nonm pwoche bò kot Jezi, li lage kò l’ ajenou devan l’, li di:
15 Mèt, gen pitye pou pitit gason m’ lan. Li gen malkadi. Lè ou tande kriz la pran l’ konsa, anpil fwa li tonbe nan dife osinon nan dlo.
16 Mwen mennen l’ bay disip ou yo, men yo pa t’ kapab geri li.
17 Jezi reponn: Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m’ rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m’ sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen.
18 Jezi pale sevè ak move lespri a. Lespri a soti. Menm lè a, ti nonm lan geri.
19 Apre sa, disip yo pwoche bò kot Jezi, yo mande l’ apa: Poukisa nou pa t’ kapab chase move lespri sa a?
20 Jezi di yo: Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m’ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè.
21 Men, kalite lespri sa yo, se fòs lapriyè ak jèn ki pou fè yo soti.
22  Yon jou, antan tout disip yo te la ansanm nan peyi Galile, Jezi di yo: Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pou m’ tonbe anba men lèzòm.
23 Yo pral touye m’, men sou twa jou, m’ap leve soti vivan nan lanmò. Sa te fè disip yo lapenn anpil.
24  Lè Jezi rive Kapènawòm ak disip li yo, moun ki t’ap ranmase lajan taks pou tanp lan pwoche bò kot Pyè, yo mande li: Eske mèt ou a peye lajan taks pou tanp lan?
25 Pyè di: Li peye wi. Antan Pyè ap antre nan kay la, anvan li louvri bouch li, Jezi di l’: Sa ou konprann nan sa, Simon? Ki moun ki gen pou peye dwa ak taks bay leta? Sitwayen peyi a, osinon etranje?
26 Pyè reponn li: Etranje yo. Lè sa a, Jezi di li: Si se konsa, sitwayen yo egzan.
27 Men, nou pa vle bay move egzanp: Ale bò lanmè a, voye yon zen nan dlo a. Rale premye pwason ki va mòde ladan l’ lan. Louvri bouch li, wa jwenn yon pyès lajan, mezi pou peye taks pa m’ ak taks pa ou. Pran l’, al peye pou nou de.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Mathieu 17          

1 Six jours après, Jésus prit avec lui Pierre, Jacques, et Jean, son frère, et il les conduisit à l’écart sur une haute montagne.
Il fut transfiguré devant eux; son visage resplendit comme le soleil, et ses vêtements devinrent blancs comme la lumière.
Et voici, Moïse et Élie leur apparurent, s’entretenant avec lui.
Pierre, prenant la parole, dit à Jésus: Seigneur, il est bon que nous soyons ici; si tu le veux, je dresserai ici trois tentes, une pour toi, une pour Moïse, et une pour Élie.
Comme il parlait encore, une nuée lumineuse les couvrit. Et voici, une voix fit entendre de la nuée ces paroles: Celui-ci est mon Fils bien-aimé, en qui j’ai mis toute mon affection: écoutez-le!
Lorsqu’ils entendirent cette voix, les disciples tombèrent sur leur face, et furent saisis d’une grande frayeur.
Mais Jésus, s’approchant, les toucha, et dit: Levez-vous, n’ayez pas peur!
Ils levèrent les yeux, et ne virent que Jésus seul.
Comme ils descendaient de la montagne, Jésus leur donna cet ordre: Ne parlez à personne de cette vision, jusqu’à ce que le Fils de l’homme soit ressuscité des morts.
10 Les disciples lui firent cette question: Pourquoi donc les scribes disent-ils qu’Élie doit venir premièrement?
11 Il répondit: Il est vrai qu’Élie doit venir, et rétablir toutes choses.
12 Mais je vous dis qu’Élie est déjà venu, qu’ils ne l’ont pas reconnu, et qu’ils l’ont traité comme ils ont voulu. De même le Fils de l’homme souffrira de leur part.
13 Les disciples comprirent alors qu’il leur parlait de Jean Baptiste.
14 Lorsqu’ils furent arrivés près de la foule, un homme vint se jeter à genoux devant Jésus, et dit:
15 Seigneur, aie pitié de mon fils, qui est lunatique, et qui souffre cruellement; il tombe souvent dans le feu, et souvent dans l’eau.
16 Je l’ai amené à tes disciples, et ils n’ont pas pu le guérir.
17 Race incrédule et perverse, répondit Jésus, jusques à quand serai-je avec vous? jusques à quand vous supporterai-je? Amenez-le-moi ici.
18 Jésus parla sévèrement au démon, qui sortit de lui, et l’enfant fut guéri à l’heure même.
19 Alors les disciples s’approchèrent de Jésus, et lui dirent en particulier: Pourquoi n’avons-nous pu chasser ce démon?
20 C’est à cause de votre incrédulité, leur dit Jésus. Je vous le dis en vérité, si vous aviez de la foi comme un grain de sénevé, vous diriez à cette montagne: Transporte-toi d’ici là, et elle se transporterait; rien ne vous serait impossible.
21 Mais cette sorte de démon ne sort que par la prière et par le jeûne.
22 Pendant qu’ils parcouraient la Galilée, Jésus leur dit: Le Fils de l’homme doit être livré entre les mains des hommes;
23 ils le feront mourir, et le troisième jour il ressuscitera. Ils furent profondément attristés.
24 Lorsqu’ils arrivèrent à Capernaüm, ceux qui percevaient les deux drachmes s’adressèrent à Pierre, et lui dirent: Votre maître ne paie-t-il pas les deux drachmes?
25 Oui, dit-il. Et quand il fut entré dans la maison, Jésus le prévint, et dit: Que t’en semble, Simon? Les rois de la terre, de qui perçoivent-ils des tributs ou des impôts? de leurs fils, ou des étrangers?
26 Il lui dit: Des étrangers. Et Jésus lui répondit: Les fils en sont donc exempts.
27 Mais, pour ne pas les scandaliser, va à la mer, jette l’hameçon, et tire le premier poisson qui viendra; ouvre-lui la bouche, et tu trouveras un statère. Prends-le, et donne-le-leur pour moi et pour toi.

Louis Segond {LSG}

Matthew 17   

1 And after six days Jesus taketh Peter, James, and John his brother, and bringeth them up into an high mountain apart,
And was transfigured before them: and his face did shine as the sun, and his raiment was white as the light.
And, behold, there appeared unto them Moses and Elias talking with him.
Then answered Peter, and said unto Jesus, Lord, it is good for us to be here: if thou wilt, let us make here three tabernacles; one for thee, and one for Moses, and one for Elias.
While he yet spake, behold, a bright cloud overshadowed them: and behold a voice out of the cloud, which said, This is my beloved Son, in whom I am well pleased; hear ye him.
And when the disciples heard it, they fell on their face, and were sore afraid.
And Jesus came and touched them, and said, Arise, and be not afraid.
And when they had lifted up their eyes, they saw no man, save Jesus only.
And as they came down from the mountain, Jesus charged them, saying, Tell the vision to no man, until the Son of man be risen again from the dead.
10 And his disciples asked him, saying, Why then say the scribes that Elias must first come?
11 And Jesus answered and said unto them, Elias truly shall first come, and restore all things.
12 But I say unto you, That Elias is come already, and they knew him not, but have done unto him whatsoever they listed. Likewise shall also the Son of man suffer of them.
13 Then the disciples understood that he spake unto them of John the Baptist.
14 And when they were come to the multitude, there came to him a certain man, kneeling down to him, and saying,
15 Lord, have mercy on my son: for he is lunatick, and sore vexed: for ofttimes he falleth into the fire, and oft into the water.
16 And I brought him to thy disciples, and they could not cure him.
17 Then Jesus answered and said, O faithless and perverse generation, how long shall I be with you? how long shall I suffer you? bring him hither to me.
18 And Jesus rebuked the devil; and he departed out of him: and the child was cured from that very hour.
19 Then came the disciples to Jesus apart, and said, Why could not we cast him out?
20 And Jesus said unto them, Because of your unbelief: for verily I say unto you, If ye have faith as a grain of mustard seed, ye shall say unto this mountain, Remove hence to yonder place; and it shall remove; and nothing shall be impossible unto you.
21 Howbeit this kind goeth not out but by prayer and fasting.
22 And while they abode in Galilee, Jesus said unto them, The Son of man shall be betrayed into the hands of men:
23 And they shall kill him, and the third day he shall be raised again. And they were exceeding sorry.
24 And when they were come to Capernaum, they that received tribute money came to Peter, and said, Doth not your master pay tribute?
25 He saith, Yes. And when he was come into the house, Jesus prevented him, saying, What thinkest thou, Simon? of whom do the kings of the earth take custom or tribute? of their own children, or of strangers?
26 Peter saith unto him, Of strangers. Jesus saith unto him, Then are the children free.
27 Notwithstanding, lest we should offend them, go thou to the sea, and cast an hook, and take up the fish that first cometh up; and when thou hast opened his mouth, thou shalt find a piece of money: that take, and give unto them for me and thee.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}