Liv Jeremi / Jérémie / Jeremiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jeremi 20   

1 Pachou, pitit gason Imè a, te tande Jeremi t’ap di tout bagay sa yo. Pachou te yon prèt ki te chèf reskonsab Tanp Seyè a.
Li fè yo bat Jeremi, lèfini li mete l’ nan sèp ki te bò gwo Pòtay Benjamen an nan Tanp Seyè a.
Nan denmen maten, Pachou fè yo wete Jeremi nan sèp la. Lè sa a, Jeremi di l’ konsa: -Seyè a chanje non ou. Li pa rele ou Pachou ankò. Li menm li rele ou: Malè toupatou.
Se Seyè a menm ki di sa: Mwen pral fè ou tounen yon malè pou ou menm ak pou tout zanmi ou yo. Ou pral wè yo mouri anba nepe lènmi yo. Mwen pral lage tout moun peyi Jida yo nan men wa lavil Babilòn lan. L’ap pran yon pati ladan yo, l’ap fè yo prizonye, l’ap depòte yo lavil Babilòn, l’ap touye lòt yo.
M’ap fè lènmi yo piye tout richès ki nan lavil la, tou sa moun yo travay fè, tout bèl bagay koute chè yo sere, ata trezò wa Jida yo. M’ap lage tou sa nan men lènmi yo. Yo pral piye yo, y’ap pran tou sa yo genyen pote ale lavil Babilòn.
Ou menm menm, Pachou, y’ap fè ou prizonye ansanm ak tout moun lakay ou yo, y’ap depòte nou lavil Babilòn. Se la w’a mouri, se la y’a antere ou ansanm ak tout zanmi ou yo ki t’ap koute mesaj manti ou t’ap bay yo.
 Seyè, ou pran tèt mwen, wi, mwen kite ou pran tèt mwen. Ou pi fò pase m’. Se ou ki genyen. Tout lajounen moun ap ri m’. Yo tout ap pase m’ nan rizib.
Chak fwa pou m’ pale se rele pou m’ rele. M’ap di byen fò: Men y’ap kraze brize! Men y’ap piye! Paske lè m’ap fè konnen mesaj ou, y’ap fè m’ wont, y’ap pase m’ nan betiz.
Men, lè m’ di: Mwen p’ap nonmen non Seyè a, mwen p’ap pale nan non l’ ankò, mesaj ou yo te tankou yon dife nan zo m’ k’ap boule tout anndan m’. Mwen fè sa m’ kapab pou enpoze l’ soti. Malgre sa, li soti soti l’.
10 Mwen tande tout moun ap di: -Any! Kote moun pase yo pè! Annou denonse l’ bay otorite yo. Ata pi bon zanmi m’ yo ap tann konsa mwen fè yon fo pa. Y’ap di: Nou ka pran pawòl nan bouch li pou antrave l’. Lè sa a, n’a met men sou li, n’a tire revanj nou.
11 Men, Seyè a kanpe la avè mwen. Se yon vanyan gason li ye, li gen pouvwa. Se poutèt sa se moun k’ap pèsekite m’ yo ki pral bite. Se yo ki pral anba. Yo pral wont anpil paske sa p’ap mache pou yo. Se va yon wont pesonn p’ap janm bliye.
12 Seyè ki gen tout pouvwa a sonde tout moun san patipri. Li konnen sa ki nan kè yo ak sa ki nan tèt yo. Se pou m’ wè ou tire revanj ou sou yo, paske se nan men ou menm mwen renmèt kòz mwen.
13 Chante pou Seyè a. Fè lwanj li! Li rache pòv malere yo anba men mechan yo.
14  Madichon pou jou mwen te fèt la! Ankenn benediksyon pou jou manman m’ te fè m’ lan!
15 Madichon pou moun ki t’ al fè papa m’ konnen li gen yon pitit gason epi ki te fè kè l’ kontan lè sa a!
16 Se pou nonm sa a tankou moun lavil Seyè a detwi pou tout tan an yo. Nan maten, se pou l’ tande rèl moun ki nan lapenn. Vè midi, l’a tande siyal lagè,
17 Paske li pa t’ touye m’ anvan m’ te fèt la, pou vant manman m’ te tou sèvi m’ kavo: li ta rete ansent mwen pou tout tan.
18 Poukisa m’ te fèt atò? Pou m’ te ka nan lapenn, nan lafliksyon, pou m’ te ka mouri nan lawont?

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jérémie 20

1 Paschhur, fils d’Immer, sacrificateur et inspecteur en chef dans la maison de l’Éternel, entendit Jérémie qui prophétisait ces choses.
Et Paschhur frappa Jérémie, le prophète, et le mit dans la prison qui était à la porte supérieure de Benjamin, dans la maison de l’Éternel.
Mais le lendemain, Paschhur fit sortir Jérémie de prison. Et Jérémie lui dit: Ce n’est pas le nom de Paschhur que l’Éternel te donne, c’est celui de Magor Missabib.
Car ainsi parle l’Éternel: Voici, je te livrerai à la terreur, toi et tous tes amis; ils tomberont par l’épée de leurs ennemis, et tes yeux le verront. Je livrerai aussi tout Juda entre les mains du roi de Babylone, qui les emmènera captifs à Babylone et les frappera de l’épée.
Je livrerai toutes les richesses de cette ville, tout le produit de son travail, tout ce qu’elle a de précieux, je livrerai tous les trésors des rois de Juda entre les mains de leurs ennemis, qui les pilleront, les enlèveront et les transporteront à Babylone.
Et toi, Paschhur, et tous ceux qui demeurent dans ta maison, vous irez en captivité; tu iras à Babylone, et là tu mourras, et là tu seras enterré, toi et tous tes amis auxquels tu as prophétisé le mensonge.
Tu m’as persuadé, Éternel, et je me suis laissé persuader; Tu m’as saisi, tu m’as vaincu. Et je suis chaque jour un objet de raillerie, Tout le monde se moque de moi.
Car toutes les fois que je parle, il faut que je crie, Que je crie à la violence et à l’oppression! Et la parole de l’Éternel est pour moi Un sujet d’opprobre et de risée chaque jour.
Si je dis: Je ne ferai plus mention de lui, Je ne parlerai plus en son nom, Il y a dans mon coeur comme un feu dévorant Qui est renfermé dans mes os. Je m’efforce de le contenir, et je ne le puis.
10 Car j’apprends les mauvais propos de plusieurs, L’épouvante qui règne à l’entour: Accusez-le, et nous l’accuserons! Tous ceux qui étaient en paix avec moi Observent si je chancelle: Peut-être se laissera-t-il surprendre, Et nous serons maîtres de lui, Nous tirerons vengeance de lui!
11 Mais l’Éternel est avec moi comme un héros puissant; C’est pourquoi mes persécuteurs chancellent et n’auront pas le dessus; Ils seront remplis de confusion pour n’avoir pas réussi: Ce sera une honte éternelle qui ne s’oubliera pas.
12 L’Éternel des armées éprouve le juste, Il pénètre les reins et les coeurs. Je verrai ta vengeance s’exercer contre eux, Car c’est à toi que je confie ma cause.
13 Chantez à l’Éternel, louez l’Éternel! Car il délivre l’âme du malheureux de la main des méchants.
14 Maudit sois le jour où je suis né! Que le jour où ma mère m’a enfanté Ne soit pas béni!
15 Maudit soit l’homme qui porta cette nouvelle à mon père: Il t’est né un enfant mâle, Et qui le combla de joie!
16 Que cet homme soit comme les villes Que l’Éternel a détruites sans miséricorde! Qu’il entende des gémissements le matin, Et des cris de guerre à midi!
17 Que ne m’a-t-on fait mourir dans le sein de ma mère! Que ne m’a-t-elle servi de tombeau! Que n’est-elle restée éternellement enceinte!
18 Pourquoi suis-je sorti du sein maternel Pour voir la souffrance et la douleur, Et pour consumer mes jours dans la honte?

Louis Segond {LSG}

Jeremiah 20 

1 Now Pashur the son of Immer the priest, who was also chief governor in the house of the Lord, heard that Jeremiah prophesied these things.
Then Pashur smote Jeremiah the prophet, and put him in the stocks that were in the high gate of Benjamin, which was by the house of the Lord.
And it came to pass on the morrow, that Pashur brought forth Jeremiah out of the stocks. Then said Jeremiah unto him, The Lord hath not called thy name Pashur, but Magormissabib.
For thus saith the Lord, Behold, I will make thee a terror to thyself, and to all thy friends: and they shall fall by the sword of their enemies, and thine eyes shall behold it: and I will give all Judah into the hand of the king of Babylon, and he shall carry them captive into Babylon, and shall slay them with the sword.
Moreover I will deliver all the strength of this city, and all the labours thereof, and all the precious things thereof, and all the treasures of the kings of Judah will I give into the hand of their enemies, which shall spoil them, and take them, and carry them to Babylon.
And thou, Pashur, and all that dwell in thine house shall go into captivity: and thou shalt come to Babylon, and there thou shalt die, and shalt be buried there, thou, and all thy friends, to whom thou hast prophesied lies.
Lord, thou hast deceived me, and I was deceived; thou art stronger than I, and hast prevailed: I am in derision daily, every one mocketh me.
For since I spake, I cried out, I cried violence and spoil; because the word of the Lord was made a reproach unto me, and a derision, daily.
Then I said, I will not make mention of him, nor speak any more in his name. But his word was in mine heart as a burning fire shut up in my bones, and I was weary with forbearing, and I could not stay.
10 For I heard the defaming of many, fear on every side. Report, say they, and we will report it. All my familiars watched for my halting, saying, Peradventure he will be enticed, and we shall prevail against him, and we shall take our revenge on him.
11 But the Lord is with me as a mighty terrible one: therefore my persecutors shall stumble, and they shall not prevail: they shall be greatly ashamed; for they shall not prosper: their everlasting confusion shall never be forgotten.
12 But, O Lord of hosts, that triest the righteous, and seest the reins and the heart, let me see thy vengeance on them: for unto thee have I opened my cause.
13 Sing unto the Lord, praise ye the Lord: for he hath delivered the soul of the poor from the hand of evildoers.
14 Cursed be the day wherein I was born: let not the day wherein my mother bare me be blessed.
15 Cursed be the man who brought tidings to my father, saying, A man child is born unto thee; making him very glad.
16 And let that man be as the cities which the Lord overthrew, and repented not: and let him hear the cry in the morning, and the shouting at noontide;
17 Because he slew me not from the womb; or that my mother might have been my grave, and her womb to be always great with me.
18 Wherefore came I forth out of the womb to see labour and sorrow, that my days should be consumed with shame?     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}