Liv Rit / Ruth / Ruth

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Rit 1

1 Vwala, te gen yon grangou ki te tonbe sou peyi Izrayèl la. Lè sa a, se chèf ki t’ap gouvènen peyi a. Se konsa yon nonm lavil Betleyèm, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Jida a, leve, li pran madanm li ak de pitit gason l’ yo, li al pase kèk tan nan peyi Moab.
Nonm lan te rele Elimelèk, madanm li te rele Naomi. De pitit gason l’ yo te rele Maklon ak Kiljon. Se moun branch fanmi Efrat la yo te ye, moun lavil Betleyèm nan peyi Jida. Antan yo t’ap viv nan peyi Moab la,
Elimelèk mouri, li kite Naomi pou kò l’ ak de pitit gason li yo.
De ti mesye yo te marye ak de fi moun peyi Moab: yonn te rele Opa, lòt la te rele Rit. Yo t’ap mache sou dizan depi yo t’ap viv nan peyi a,
lè Maklon ak Kiljon tonbe, yo mouri tou. Se konsa Naomi twouve vin pou kont li: li te pèdi ni mari l’ ni pitit gason l’ yo.
 Antan Naomi te peyi Moab toujou, li vin pran nouvèl jan Seyè a te voye benediksyon sou pèp li a, jan li te fè yo fè bon rekòt. Menm lè a, li pare zafè l’ pou l’ kite peyi Moab ansanm ak de bèlfi li yo.
Se konsa yo leve, yo kite kote yo te ye a, yo pati ansanm pou y’ al nan peyi Jida.
Men, antan yo sou wout, Naomi di bèlfi li yo konsa: -Pito nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Mwen mande Seyè a pou l’ aji byen ak nou menm jan nou te aji byen avè m’ ansanm ak defen yo.
Mwen mande l’ pou l’ fè nou chak jwenn yon moun remarye ak nou pou nou ka viv ak kè poze lakay nou. Lè li fin di yo sa, li bo yo, li di yo li ale. Men, de medam yo pete rele.
10 Yo di l’ konsa: -Non! Nou prale avè ou nan peyi ou.
11 Men, Naomi reponn yo: -Pitit mwen, pito nou tounen! Poukisa nou vle ale avè m’? Nou kwè mwen ka fè pitit gason ankò pou marye ak nou?
12 Tounen lakay nou! Mwen twò granmoun pou m’ marye ankò. Epitou, menm si mwen ta mete nan tèt mwen mwen gen espwa marye ankò, menm si mwen ta rive marye aswè a epi m’ ta fè pitit gason ankò,
13 èske n’ap rete tann yo fin gran? Eske se sa k’ap anpeche nou marye ak yon lòt moun? Non, pitit fi m’ yo. Nou konnen sa pa ka fèt. Sa fè m’ mal anpil pou nou. Men Seyè a fè m’ twòp lapenn deja.
14 Medam yo pran rele pi rèd. Apre sa, Opa bo bèlmè li a, li di l’ orevwa, epi li al jwenn fanmi li. Men, Rit menm te refize kite l’.
15 Naomi di l’ konsa: -Rit machè! Gade bèlsè ou la! Li tounen li al jwenn moun li yo ansanm ak bondye l’ap sèvi yo. Fè menm jan an tou. Tounen ansanm avè l’ non!
16 Men, Rit reponn: -Pa fòse m’ kite ou! Tanpri, kite m’ ale avè ou. Kote ou prale, mwen prale avè ou. Kote ou rete, m’a rete avè ou. Se moun pa ou yo ki va moun pa m’. Bondye w’ap sèvi a, se li m’a sèvi tou.
17 Kote w’a mouri a, se la m’a mouri tou. Epi se la y’a antere m’ tou. Mwen mande Seyè a pou l’ ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmò ki pou separe nou.
18 Lè Naomi wè Rit te soti vre pou ale avè l’, li pa di l’ anyen ankò.
19  Yo pati, yo vwayaje ansanm jouk yo rive lavil Betleyèm. Lè yo rive, wè moun wè yo, lavil la te tèt anba. Medam yo menm t’ap di: -Ou kwè se Naomi sa?
20 reponn yo: -Tanpri, pa rele m’ Naomi. Pito nou rele m’ Mara, paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè m’ soufri anpil.
21 Lè m’ te pati isit la, mwen te gen tou sa m’ te bezwen. Men jòdi a, Seyè a mennen m’ tounen de men m’ de pye m’. Poukisa pou n’ap rele m’ Naomi toujou lè Seyè a fin vire do ban mwen, lè se malè ase Bondye ki gen tout pouvwa a voye sou mwen?
22 Se konsa Naomi tounen soti nan peyi Moab ansanm ak bèlfi li, Rit, moun peyi Moab. Lè yo rive lavil Betleyèm, rekòt grenn lòj te fèk konmanse.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Ruth 1

1 Du temps des juges, il y eut une famine dans le pays. Un homme de Bethléhem de Juda partit, avec sa femme et ses deux fils, pour faire un séjour dans le pays de Moab.
Le nom de cet homme était Élimélec, celui de sa femme Naomi, et ses deux fils s’appelaient Machlon et Kiljon; ils étaient Éphratiens, de Bethléhem de Juda. Arrivés au pays de Moab, ils y fixèrent leur demeure.
Élimélec, mari de Naomi, mourut, et elle resta avec ses deux fils.
Ils prirent des femmes Moabites, dont l’une se nommait Orpa, et l’autre Ruth, et ils habitèrent là environ dix ans.
Machlon et Kiljon moururent aussi tous les deux, et Naomi resta privée de ses deux fils et de son mari.
Puis elle se leva, elle et ses belles-filles, afin de quitter le pays de Moab, car elle apprit au pays de Moab que l’Éternel avait visité son peuple et lui avait donné du pain.
Elle sortit du lieu qu’elle habitait, accompagnée de ses deux belles-filles, et elle se mit en route pour retourner dans le pays de Juda.
Naomi dit alors à ses deux belles-filles: Allez, retournez chacune à la maison de sa mère! Que l’Éternel use de bonté envers vous, comme vous l’avez fait envers ceux qui sont morts et envers moi!
Que l’Éternel vous fasse trouver à chacune du repos dans la maison d’un mari! Et elle les baisa. Elles élevèrent la voix, et pleurèrent;
10 et elles lui dirent: Non, nous irons avec toi vers ton peuple.
11 Naomi, dit: Retournez, mes filles! Pourquoi viendriez-vous avec moi? Ai-je encore dans mon sein des fils qui puissent devenir vos maris?
12 Retournez, mes filles, allez! Je suis trop vieille pour me remarier. Et quand je dirais: J’ai de l’espérance; quand cette nuit même je serais avec un mari, et que j’enfanterais des fils,
13 attendriez-vous pour cela qu’ils eussent grandi, refuseriez-vous pour cela de vous marier? Non, mes filles! car à cause de vous je suis dans une grande affliction de ce que la main de l’Éternel s’est étendue contre moi.
14 Et elles élevèrent la voix, et pleurèrent encore. Orpa baisa sa belle-mère, mais Ruth s’attacha à elle.
15 Naomi dit à Ruth: Voici, ta belle-soeur est retournée vers son peuple et vers ses dieux; retourne, comme ta belle-soeur.
16 Ruth répondit: Ne me presse pas de te laisser, de retourner loin de toi! Où tu iras j’irai, où tu demeureras je demeurerai; ton peuple sera mon peuple, et ton Dieu sera mon Dieu;
17 où tu mourras je mourrai, et j’y serai enterrée. Que l’Éternel me traite dans toute sa rigueur, si autre chose que la mort vient à me séparer de toi!
18 Naomi, la voyant décidée à aller avec elle, cessa ses instances.
19 Elles firent ensemble le voyage jusqu’à leur arrivée à Bethléhem. Et lorsqu’elles entrèrent dans Bethléhem, toute la ville fut émue à cause d’elles, et les femmes disaient: Est-ce là Naomi?
20 Elle leur dit: Ne m’appelez pas Naomi; appelez-moi Mara, car le Tout Puissant m’a remplie d’amertume.
21 J’étais dans l’abondance à mon départ, et l’Éternel me ramène les mains vides. Pourquoi m’appelleriez-vous Naomi, après que l’Éternel s’est prononcé contre moi, et que le Tout Puissant m’a affligée?
22 Ainsi revinrent du pays de Moab Naomi et sa belle-fille, Ruth la Moabite. Elles arrivèrent à Bethléhem au commencement de la moisson des orges.
Louis Segond {LSG}

Ruth 1

Now it came to pass in the days when the judges ruled, that there was a famine in the land. And a certain man of Bethlehemjudah went to sojourn in the country of Moab, he, and his wife, and his two sons.
And the name of the man was Elimelech, and the name of his wife Naomi, and the name of his two sons Mahlon and Chilion, Ephrathites of Bethlehemjudah. And they came into the country of Moab, and continued there.
And Elimelech Naomi’s husband died; and she was left, and her two sons.
And they took them wives of the women of Moab; the name of the one was Orpah, and the name of the other Ruth: and they dwelled there about ten years.
And Mahlon and Chilion died also both of them; and the woman was left of her two sons and her husband.
Then she arose with her daughters in law, that she might return from the country of Moab: for she had heard in the country of Moab how that the Lord had visited his people in giving them bread.
Wherefore she went forth out of the place where she was, and her two daughters in law with her; and they went on the way to return unto the land of Judah.
And Naomi said unto her two daughters in law, Go, return each to her mother’s house: the Lord deal kindly with you, as ye have dealt with the dead, and with me.
The Lord grant you that ye may find rest, each of you in the house of her husband. Then she kissed them; and they lifted up their voice, and wept.
10 And they said unto her, Surely we will return with thee unto thy people.
11 And Naomi said, Turn again, my daughters: why will ye go with me? are there yet any more sons in my womb, that they may be your husbands?
12 Turn again, my daughters, go your way; for I am too old to have an husband. If I should say, I have hope, if I should have an husband also to night, and should also bear sons;
13 Would ye tarry for them till they were grown? would ye stay for them from having husbands? nay, my daughters; for it grieveth me much for your sakes that the hand of the Lord is gone out against me.
14 And they lifted up their voice, and wept again: and Orpah kissed her mother in law; but Ruth clave unto her.
15 And she said, Behold, thy sister in law is gone back unto her people, and unto her gods: return thou after thy sister in law.
16 And Ruth said, Intreat me not to leave thee, or to return from following after thee: for whither thou goest, I will go; and where thou lodgest, I will lodge: thy people shall be my people, and thy God my God:
17 Where thou diest, will I die, and there will I be buried: the Lord do so to me, and more also, if ought but death part thee and me.
18 When she saw that she was stedfastly minded to go with her, then she left speaking unto her.
19 So they two went until they came to Bethlehem. And it came to pass, when they were come to Bethlehem, that all the city was moved about them, and they said, Is this Naomi?
20 And she said unto them, Call me not Naomi, call me Mara: for the Almighty hath dealt very bitterly with me.
21 I went out full and the Lord hath brought me home again empty: why then call ye me Naomi, seeing the Lord hath testified against me, and the Almighty hath afflicted me?
22 So Naomi returned, and Ruth the Moabitess, her daughter in law, with her, which returned out of the country of Moab: and they came to Bethlehem in the beginning of barley harvest.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}