Liv Mak / Marc / Mark

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Mak 4             

Jezi te rekòmanse ap bay mesaj la bò lanmè Galile a ankò. Foul moun ki te sanble bò kote l’ la te sitèlman anpil, li te blije moute chita nan yon kannòt ki te sou lanmè a. Tout foul moun yo menm te rete atè sou rivaj la, toupre dlo a.
Li t’ap rakonte yo kèk parabòl pou l’ te moutre yo anpil bagay. Li di yo konsa:
-Koute! Yon nonm soti pou li al simen grenn nan jaden li.
Pandan li t’ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an. Zwazo vini, yo manje yo.
Yon pati tonbe nan mitan wòch, kote ki pa t’ gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske tè a pa t’ fon.
Men, lè solèy la chofe, li boule ti plant yo. Yo cheche paske rasen yo pa t’ fon.
Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo, kifè yo pa t’ ka donnen.
Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè. Plant yo leve, yo grandi, yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant grenn, lòt bay swasant, lòt ankò bay san (100).
Apre sa, Jezi di yo konsa: -Si nou gen zòrèy poun tande, tande.
10 Apre Jezi te fin kite gwo foul moun yo dèyè, moun ki te toupre l’ yo ansanm ak douz disip li yo di li: -Esplike nou parabòl sa a non.
11 Li di yo: -Nou menm, nou resevwa sekrè Peyi kote Bondye Wa a; men moun ki deyò yo, yo tande tout bagay an parabòl.
12 Konsa Yo mèt gade byen gade, men yo p’ap wè. Yo mèt tande byen tande, men yo p’ap konprann, pou yo pa tounen vin jwenn Bondye, pou Bondye padonnen peche yo.
13 Apre sa, Jezi di yo: -Nou pa konprann parabòl sa a? Ki jan n’a fè pou nou konprann tout lòt parabòl yo? Koute!
14 Nonm k’ap simen an, se pawòl Bondye a l’ap simen.
15 Gen moun, yo sanble ak tè bò chemen kote pawòl la tonbe a. Kou yo tande l’, Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo a.
16 Konsa tou, gen lòt ki resevwa grenn yo tankou tè ki gen anpil wòch la. Lè yo fèk tande pawòl la, yo resevwa l’ ak kè kontan.
17 Men, yo pa kite l’ pouse rasen nan kè yo. Yo pa kenbe l’ pou lontan. Lè yo tonbe anba tèt chaje ak pèsekisyon akòz pawòl Bondye a, lamenm yo jwenn okazyon pou yo tonbe nan peche.
18 Gen lòt moun ankò, yo resevwa grenn yo tankou nan mitan pye pikan: yo tande pawòl la,
19 men, traka lavi, anvi gen lajan ak tout lòt anvi yo antre nan kè yo, toufe pawòl la. Kifè yo pa bay anyen menm.
20 Pou fini, gen moun ki tankou bon tè a; yo tande pawòl la, yo resevwa l’ epi yo donnen. Gen ladan yo ki bay trant pou yonn, lòt bay swasant pou yonn, lòt ankò bay san (100) pou yonn.
21  Apre sa, li di yo ankò: -Yo pa limen yon lanp pou yo mete l’ anba yon mamit osinon anba yon kabann, pa vre? Eske se pa sou yon etajè pou yo mete li?
22 Nanpwen anyen ki kache ki p’ap devwale yon jou. Konsa tou, nanpwen sekrè ki p’ap parèt aklè yon lè.
23 Si nou gen zòrèy poun tande, tande.
24 Li di yo toujou: -Fè atansyon sa n’ap tande la a. Mezi nou sèvi pou mezire lòt moun, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou, ak tout degi l’ sou li.
25 Paske, moun ki genyen deja a, y’a ba li ankò. Men moun ki pa gen anyen an, y’a wete nan men l’ ata ti sa l’ te genyen an.
26 Li di yo ankò: -Men ki jan sa ye nan Peyi kote Bondye Wa a. Se tankou yon nonm ki simen grenn nan jaden li.
27 Apre sa, lannwit li dòmi, lajounen li leve fè zafè li. San l’ pa konnen ki jan pa ki jan, grenn yo pouse, yo grandi.
28 Tou sa, paske se tè a menm ki fè plant yo grandi pou yo donnen. Pou kòmanse yo pouse fèy, answit yo pouse flèch, apre sa grenn plen flèch la.
29 Lè grenn yo mi se lè sa a nonm lan mete manchèt ladan l’, paske sezon rekòt la rive.
30 Li di yo ankò: -Kisa m’ ta di Peyi kote Bondye Wa a sanble ankò? Ki parabòl mwen ta ban nou pou fè nou konprann sa li ye?
31 Enben, li menm jan ak yon ti grenn moutad. Lè ou simen l’, se yon ti grenn tou piti. Se li ki pi piti nan tout grenn ki sou latè.
32 Men, lè ou fin simen l’, li pran grandi: li depase tout plant menm kalite avè l’, li pouse gwo branch. Konsa, zwazo nan syèl la ka fè nich nan lonbraj yo.
33 Se avèk anpil parabòl konsa li t’ap ba yo mesaj li a. Li te fè l’ yon jan pou yo tout te ka konprann li.
34 Li pa t’ louvri bouch li pou l’ pa t’ rakonte yo yon parabòl. Men, lè l’ te pou kont li avèk disip li yo, li te esplike yo tout bagay.
35  Menm jou sa a, lè solèy fin kouche, Jezi di disip li yo: -Ann janbe lòt bò lanmè a non.
36 Se konsa disip yo te kite foul moun yo dèyè, yo pati ansanm ak Jezi nan kannòt kote li te chita a. Te gen lòt kannòt tou ki te ale avèk yo.
37 Yon gwo van vin leve, lanm yo kòmanse antre nan kannòt la. Yon sèl kou a, kannòt la t’ap fin plen dlo.
38 Jezi menm, lè sa a, te nan dèyè kannòt la. Li t’ap dòmi, tèt li apiye sou yon ti zòrye. Disip li yo souke l’, yo di l’ konsa: -Mèt, mèt, se mouri n’ap mouri wi! Sa pa di ou anyen?
39 Jezi leve, li pale byen fò ak van an, li di: -Pe la. Li di dlo a: -Rete trankil. Latou, van an tonbe epi vin gen yon gran kalmi.
40 Apre sa, li di yo: -Men, poukisa nou pè konsa? Nou poko gen konfyans toujou?
41 Men disip yo te pè anpil anpil, yonn t’ap di lòt konsa: -Ki moun li ye menm, pou jouk van ak dlo lanmè a obeyi li?

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Marc 4           

1 Jésus se mit de nouveau à enseigner au bord de la mer. Une grande foule s’étant assemblée auprès de lui, il monta et s’assit dans une barque, sur la mer. Toute la foule était à terre sur le rivage.
Il leur enseigna beaucoup de choses en paraboles, et il leur dit dans son enseignement:
Écoutez. Un semeur sortit pour semer.
Comme il semait, une partie de la semence tomba le long du chemin: les oiseaux vinrent, et la mangèrent.
Une autre partie tomba dans un endroit pierreux, où elle n’avait pas beaucoup de terre; elle leva aussitôt, parce qu’elle ne trouva pas un sol profond;
mais, quand le soleil parut, elle fut brûlée et sécha, faute de racines.
Une autre partie tomba parmi les épines: les épines montèrent, et l’étouffèrent, et elle ne donna point de fruit.
Une autre partie tomba dans la bonne terre: elle donna du fruit qui montait et croissait, et elle rapporta trente, soixante, et cent pour un.
Puis il dit: Que celui qui a des oreilles pour entendre entende.
10 Lorsqu’il fut en particulier, ceux qui l’entouraient avec les douze l’interrogèrent sur les paraboles.
11 Il leur dit: C’est à vous qu’a été donné le mystère du royaume de Dieu; mais pour ceux qui sont dehors tout se passe en paraboles,
12 afin qu’en voyant ils voient et n’aperçoivent point, et qu’en entendant ils entendent et ne comprennent point, de peur qu’ils ne se convertissent, et que les péchés ne leur soient pardonnés.
13 Il leur dit encore: Vous ne comprenez pas cette parabole? Comment donc comprendrez-vous toutes les paraboles?
14 Le semeur sème la parole.
15 Les uns sont le long du chemin, où la parole est semée; quand ils l’ont entendue, aussitôt Satan vient et enlève la parole qui a été semée en eux.
16 Les autres, pareillement, reçoivent la semence dans les endroits pierreux; quand ils entendent la parole, ils la reçoivent d’abord avec joie;
17 mais ils n’ont pas de racine en eux-mêmes, ils manquent de persistance, et, dès que survient une tribulation ou une persécution à cause de la parole, ils y trouvent une occasion de chute.
18 D’autres reçoivent la semence parmi les épines; ce sont ceux qui entendent la parole,
19 mais en qui les soucis du siècle, la séduction des richesses et l’invasion des autres convoitises, étouffent la parole, et la rendent infructueuse.
20 D’autres reçoivent la semence dans la bonne terre; ce sont ceux qui entendent la parole, la reçoivent, et portent du fruit, trente, soixante, et cent pour un.
21 Il leur dit encore: Apporte-t-on la lampe pour la mettre sous le boisseau, ou sous le lit? N’est-ce pas pour la mettre sur le chandelier?
22 Car il n’est rien de caché qui ne doive être découvert, rien de secret qui ne doive être mis au jour.
23 Si quelqu’un a des oreilles pour entendre, qu’il entende.
24 Il leur dit encore: Prenez garde à ce que vous entendez. On vous mesurera avec la mesure dont vous vous serez servis, et on y ajoutera pour vous.
25 Car on donnera à celui qui a; mais à celui qui n’a pas on ôtera même ce qu’il a.
26 Il dit encore: Il en est du royaume de Dieu comme quand un homme jette de la semence en terre;
27 qu’il dorme ou qu’il veille, nuit et jour, la semence germe et croît sans qu’il sache comment.
28 La terre produit d’elle-même, d’abord l’herbe, puis l’épi, puis le grain tout formé dans l’épi;
29 et, dès que le fruit est mûr, on y met la faucille, car la moisson est là.
30 Il dit encore: A quoi comparerons-nous le royaume de Dieu, ou par quelle parabole le représenterons-nous?
31 Il est semblable à un grain de sénevé, qui, lorsqu’on le sème en terre, est la plus petite de toutes les semences qui sont sur la terre;
32 mais, lorsqu’il a été semé, il monte, devient plus grand que tous les légumes, et pousse de grandes branches, en sorte que les oiseaux du ciel peuvent habiter sous son ombre.
33 C’est par beaucoup de paraboles de ce genre qu’il leur annonçait la parole, selon qu’ils étaient capables de l’entendre.
34 Il ne leur parlait point sans parabole; mais, en particulier, il expliquait tout à ses disciples.
35 Ce même jour, sur le soir, Jésus leur dit: Passons à l’autre bord.
36 Après avoir renvoyé la foule, ils l’emmenèrent dans la barque où il se trouvait; il y avait aussi d’autres barques avec lui.
37 Il s’éleva un grand tourbillon, et les flots se jetaient dans la barque, au point qu’elle se remplissait déjà.
38 Et lui, il dormait à la poupe sur le coussin. Ils le réveillèrent, et lui dirent: Maître, ne t’inquiètes-tu pas de ce que nous périssons?
39 S’étant réveillé, il menaça le vent, et dit à la mer: Silence! tais-toi! Et le vent cessa, et il y eut un grand calme.
40 Puis il leur dit: Pourquoi avez-vous ainsi peur? Comment n’avez-vous point de foi?
41 Ils furent saisis d’une grande frayeur, et ils se dirent les uns aux autres: Quel est donc celui-ci, à qui obéissent même le vent et la mer?

Louis Segond {LSG}

Mark 4    

1 And he began again to teach by the sea side: and there was gathered unto him a great multitude, so that he entered into a ship, and sat in the sea; and the whole multitude was by the sea on the land.
And he taught them many things by parables, and said unto them in his doctrine,
Hearken; Behold, there went out a sower to sow:
And it came to pass, as he sowed, some fell by the way side, and the fowls of the air came and devoured it up.
And some fell on stony ground, where it had not much earth; and immediately it sprang up, because it had no depth of earth:
But when the sun was up, it was scorched; and because it had no root, it withered away.
And some fell among thorns, and the thorns grew up, and choked it, and it yielded no fruit.
And other fell on good ground, and did yield fruit that sprang up and increased; and brought forth, some thirty, and some sixty, and some an hundred.
And he said unto them, He that hath ears to hear, let him hear.
10 And when he was alone, they that were about him with the twelve asked of him the parable.
11 And he said unto them, Unto you it is given to know the mystery of the kingdom of God: but unto them that are without, all these things are done in parables:
12 That seeing they may see, and not perceive; and hearing they may hear, and not understand; lest at any time they should be converted, and their sins should be forgiven them.
13 And he said unto them, Know ye not this parable? and how then will ye know all parables?
14 The sower soweth the word.
15 And these are they by the way side, where the word is sown; but when they have heard, Satan cometh immediately, and taketh away the word that was sown in their hearts.
16 And these are they likewise which are sown on stony ground; who, when they have heard the word, immediately receive it with gladness;
17 And have no root in themselves, and so endure but for a time: afterward, when affliction or persecution ariseth for the word’s sake, immediately they are offended.
18 And these are they which are sown among thorns; such as hear the word,
19 And the cares of this world, and the deceitfulness of riches, and the lusts of other things entering in, choke the word, and it becometh unfruitful.
20 And these are they which are sown on good ground; such as hear the word, and receive it, and bring forth fruit, some thirtyfold, some sixty, and some an hundred.
21 And he said unto them, Is a candle brought to be put under a bushel, or under a bed? and not to be set on a candlestick?
22 For there is nothing hid, which shall not be manifested; neither was any thing kept secret, but that it should come abroad.
23 If any man have ears to hear, let him hear.
24 And he said unto them, Take heed what ye hear: with what measure ye mete, it shall be measured to you: and unto you that hear shall more be given.
25 For he that hath, to him shall be given: and he that hath not, from him shall be taken even that which he hath.
26 And he said, So is the kingdom of God, as if a man should cast seed into the ground;
27 And should sleep, and rise night and day, and the seed should spring and grow up, he knoweth not how.
28 For the earth bringeth forth fruit of herself; first the blade, then the ear, after that the full corn in the ear.
29 But when the fruit is brought forth, immediately he putteth in the sickle, because the harvest is come.
30 And he said, Whereunto shall we liken the kingdom of God? or with what comparison shall we compare it?
31 It is like a grain of mustard seed, which, when it is sown in the earth, is less than all the seeds that be in the earth:
32 But when it is sown, it groweth up, and becometh greater than all herbs, and shooteth out great branches; so that the fowls of the air may lodge under the shadow of it.
33 And with many such parables spake he the word unto them, as they were able to hear it.
34 But without a parable spake he not unto them: and when they were alone, he expounded all things to his disciples.
35 And the same day, when the even was come, he saith unto them, Let us pass over unto the other side.
36 And when they had sent away the multitude, they took him even as he was in the ship. And there were also with him other little ships.
37 And there arose a great storm of wind, and the waves beat into the ship, so that it was now full.
38 And he was in the hinder part of the ship, asleep on a pillow: and they awake him, and say unto him, Master, carest thou not that we perish?
39 And he arose, and rebuked the wind, and said unto the sea, Peace, be still. And the wind ceased, and there was a great calm.
40 And he said unto them, Why are ye so fearful? how is it that ye have no faith?
41 And they feared exceedingly, and said one to another, What manner of man is this, that even the wind and the sea obey him?     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}