Liv Chanté Salomon / Cantique des Cantiques / Song of Salomon

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Chanté Salomon 1 

1 Men pi bèl chante nan tout chante Salomon yo.
 Bo m’ non, kouvri m’ ak bo! Karès ou pi dous pase siwo myèl.
Ou gen yon bon sant k’ap soti nan tout kò ou. Depi yo tande non ou, sant ou vin nan nen yo. Se sa ki fè jenn fi yo renmen ou konsa!
Pran m’ avè ou non! Ann kouri ale! Se ou menm ki wa mwen. Mennen m’ nan chanm ou. Depi ou la, se pa ti kontan n’ap kontan. N’ap chante karès ou ki pi dous pase siwo myèl. Jenn fi yo gen rezon renmen ou konsa!
Medam lavil Jerizalèm, Po m’ boule, men m’ bèl! Po m’ menm koulè ak tant nan dezè a. Men, li bèl tankou rido nan palè Salomon an.
Pa gade sou koulè po m’! Se solèy la ki boule m’ konsa. Frè m’ yo te move sou mwen. Yo fè m’ travay nan jaden rezen lòt moun. M’ pa t’ gen tan pou m’ okipe jaden rezen pa m’.
 Manyè di m’ non, ou menm mwen renmen anpil la, kibò ou pral mennen mouton yo manje? Kibò yo pral pare solèy midi? Konsa m’ p’ap bezwen mache chache ou tankou moun fou nan mitan mouton lòt gadò parèy ou yo.
Bèl fanm pase ou, nanpwen! Ki jan ou fè pa konn kote sa a? Ale non. Swiv mouton yo. W’a jwenn manje bò la pou kabrit ou yo, toupre tant gadò yo.
Ou menm mwen renmen anpil la, w’ap boulvèse mesye yo, menm jan yon jiman ap boulvèse poulen chwal cha lagè farawon yo.
10 Ala bèl figi ou bèl nan mitan très cheve ou yo! Ala bèl kou ou bèl ak kolye ou yo!
11 Men, n’ap fè yon chenn lò pou ou ak ti moso ajan kole ladan l’.
12  Mèt mwen te kouche sou kabann li. Sant odè mwen an te gaye toupatou.
13 Mennaj mwen tankou yon pake bazilik, ki poze sou tete m’.
14 Mennaj mwen tankou yon bouke flè k’ap fleri nan jaden rezen Angedi.
15 Ala bèl ou bèl, anmòrèz mwen! Ala bèl ou bèl! Je ou yo ou ta di de ti pijon.
16 Ala bèl ou bèl, mennaj mwen! Se pa ti kontan ou fè m’ kontan. Zèb yo sèvi nou kabann!
17 Branch bwa sèd yo sèvi nou travès kay, branch pye chenn yo sèvi nou twati.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Cantique des Cantiques 1    

1 Cantique des cantiques, de Salomon.
Qu’il me baise des baisers de sa bouche! Car ton amour vaut mieux que le vin,
Tes parfums ont une odeur suave; Ton nom est un parfum qui se répand; C’est pourquoi les jeunes filles t’aiment.
Entraîne-moi après toi! Nous courrons! Le roi m’introduit dans ses appartements… Nous nous égaierons, nous nous réjouirons à cause de toi; Nous célébrerons ton amour plus que le vin. C’est avec raison que l’on t’aime.
Je suis noire, mais je suis belle, filles de Jérusalem, Comme les tentes de Kédar, comme les pavillons de Salomon.
Ne prenez pas garde à mon teint noir: C’est le soleil qui m’a brûlée. Les fils de ma mère se sont irrités contre moi, Ils m’ont faite gardienne des vignes. Ma vigne, à moi, je ne l’ai pas gardée.
Dis-moi, ô toi que mon coeur aime, Où tu fais paître tes brebis, Où tu les fais reposer à midi; Car pourquoi serais-je comme une égarée Près des troupeaux de tes compagnons? –
Si tu ne le sais pas, ô la plus belle des femmes, Sors sur les traces des brebis, Et fais paître tes chevreaux Près des demeures des bergers. –
A ma jument qu’on attelle aux chars de Pharaon Je te compare, ô mon amie.
10 Tes joues sont belles au milieu des colliers, Ton cou est beau au milieu des rangées de perles.
11 Nous te ferons des colliers d’or, Avec des points d’argent. –
12 Tandis que le roi est dans son entourage, Mon nard exhale son parfum.
13 Mon bien-aimé est pour moi un bouquet de myrrhe, Qui repose entre mes seins.
14 Mon bien-aimé est pour moi une grappe de troëne Des vignes d’En Guédi. –
15 Que tu es belle, mon amie, que tu es belle! Tes yeux sont des colombes. –
16 Que tu es beau, mon bien-aimé, que tu es aimable! Notre lit, c’est la verdure. –
17 Les solives de nos maisons sont des cèdres, Nos lambris sont des cyprès. –
Louis Segond {LSG}

Song of Salomon 1

1 The song of songs, which is Solomon’s.
Let him kiss me with the kisses of his mouth: for thy love is better than wine.
Because of the savour of thy good ointments thy name is as ointment poured forth, therefore do the virgins love thee.
Draw me, we will run after thee: the king hath brought me into his chambers: we will be glad and rejoice in thee, we will remember thy love more than wine: the upright love thee.
I am black, but comely, O ye daughters of Jerusalem, as the tents of Kedar, as the curtains of Solomon.
Look not upon me, because I am black, because the sun hath looked upon me: my mother’s children were angry with me; they made me the keeper of the vineyards; but mine own vineyard have I not kept.
Tell me, O thou whom my soul loveth, where thou feedest, where thou makest thy flock to rest at noon: for why should I be as one that turneth aside by the flocks of thy companions?
If thou know not, O thou fairest among women, go thy way forth by the footsteps of the flock, and feed thy kids beside the shepherds’ tents.
I have compared thee, O my love, to a company of horses in Pharaoh’s chariots.
10 Thy cheeks are comely with rows of jewels, thy neck with chains of gold.
11 We will make thee borders of gold with studs of silver.
12 While the king sitteth at his table, my spikenard sendeth forth the smell thereof.
13 A bundle of myrrh is my well-beloved unto me; he shall lie all night betwixt my breasts.
14 My beloved is unto me as a cluster of camphire in the vineyards of Engedi.
15 Behold, thou art fair, my love; behold, thou art fair; thou hast doves’ eyes.
16 Behold, thou art fair, my beloved, yea, pleasant: also our bed is green.
17 The beams of our house are cedar, and our rafters of fir.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}