Liv Jozye / Josué / Joshua

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jozye 2

1 Lè sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete Sitim kote yo te ye a, li voye de nèg an kachèt al wè jan sa ye lavil Jeriko. Li di yo: -Ale vizite peyi a ak lavil Jeriko. Se konsa mesye yo ale, yo antre lakay yon jennès ki te rele Rarab. Se la yo desann.
Men, nouvèl la tonbe nan zòrèy wa Jeriko a. Yo vin di l’ konsa: -Gen kèk moun nan pèp Izrayèl la ki antre isit la lannwit lan pou espyonnen nou.
Lè wa a tande sa, li voye di Rarab konsa: -Mesye ki vin lakay ou yo, se espyonnen yo vin espyonnen tou sa k’ap fèt nan peyi a, tande! Mete yo deyò lakay ou.
Men, fanm lan menm pa fè ni de ni twa, li pran de mesye yo, li kache yo. Apre sa, li voye di wa a: -Wi, te gen kèk mesye ki te vin lakay mwen. Mwen pa t’ konnen ki bò yo soti.
Men, lè yo tapral fèmen pòtay la apre solèy fin kouche, mesye yo soti, y’ ale fè wout yo. Mwen pa konn ki wout yo fè. Si nou fè vit rapouswiv yo, n’a jwenn yo.
Men madanm lan te fè de mesye yo moute sou teras anwo kay li a, li te kache yo anba yon pakèt kòs bwa ki te blayi atè sou teras la pou yo cheche.
Sòlda wa yo menm soti sou wout ki mennen larivyè Jouden an, yo pati dèyè mesye yo pou yo pran yo anvan yo rive nan pas la. Soti sòlda yo soti, yo fèmen pòtay la.
 Anvan mesye yo gen tan dòmi, Rarab moute bò kote yo, sou teras la.
Li di yo: -Mwen konnen Seyè a lage peyi a nan men nou. Mwen rekonèt tout moun pè nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fè devan nou.
10 Paske, nou tande ki jan Seyè a te cheche dlo Lanmè Wouj la devan nou lè nou t’ap soti kite peyi Lejip la. Nou tande sa nou te fè Siyon ak Og, de wa peyi Amori yo, ki rete lòt bò larivyè Jouden an, jan nou te touye yo pou Seyè a.
11 Lè nou tande sa, kè nou fann. Tout moun pèdi kouraj lè yo wè nou, paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm vre ki Bondye anwo nan syèl la ak sou latè a.
12 Koulye a, m’ap mande nou pou nou fè sèman devan Seyè a pou nou pwomèt n’ap aji byen avèk fanmi mwen, menm jan mwen aji byen avèk nou tou. Men sa m’ap mande nou pou nou fè pou mwen.
13 Tanpri, sove lavi manman m’ ak papa m’, sove lavi frè m’ yo ak sè m’ yo ansanm ak tout fanmi m’ yo. Pa kite yo touye nou.
14 Mesye yo reponn li. -Nou pwomèt ou n’a pito mouri nou menm pase pou n’ kite yo touye ou. Si ou pa di pesonn sa nou vin fè isit la, lè Seyè a va ban nou peyi a, n’a aji byen avè ou, n’a kenbe pawòl nou.
15 Rarab te rete nan yon kay ki te bati nan miray ranpa lavil la. Se konsa, li file yon kòd desann nan fennèt lakay li a, li fè mesye yo desann sou deyò.
16 Li di yo: -Ale nan mòn yo pou nou pa kontre ak moun yo voye dèyè nou yo. N’a rete kache la pandan twa jou. Sa va ba yo tan pou yo tounen. Apre sa, nou mèt al fè wout nou.
17 Mesye yo di l’: -N’ap kenbe pwomès ou te fè nou fè ou la.
18 Tande byen. Lè n’a anvayi peyi a, w’a mare kòdon wouj sa a nan fennèt kote ou fè nou desann lan. W’a pran manman ou ak papa ou, frè ou yo ak tout lòt moun ki nan fanmi ou lan, w’a fè yo reyini lakay ou.
19 Lè sa a, nenpòt kilès ladan yo ki va soti lakay ou, sa ki rive l’ se pa l’. Se p’ap fòt nou. Men, si anyen rive yon moun andedan lakay ou, se va fòt pa nou.
20 Konsa tou, si ou di yon moun sa nou te vin fè a, nou p’ap gen ankenn obligasyon kenbe pwomès nou te fè ou la ankò.
21 Fanm lan di yo: -Mwen dakò ak sa nou di a! Epi li voye yo ale, yo pati. Apre sa, li pran ti kòdon wouj la, li mare l’ nan fennèt la.
22  De mesye yo menm ale, yo rive nan mòn yo. Yo rete kache la pandan twa jou. Moun yo te voye dèyè yo menm t’ap chache yo sou tout wout la, men yo pa jwenn yo. Bout pou bout, yo tounen lavil Jeriko.
23 Lè sa a, de mesye yo tounen, yo desann soti nan mòn yo, yo janbe larivyè Jouden an, y’ al jwenn Jozye, pitit Noun lan, yo rakonte l’ tou sa ki te rive yo.
24 Yo di l’ konsa: -Seyè a lage tout peyi a nan men nou. Tout moun nan peyi a ap tranble tèlman yo pè nou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Josué 2

1 Josué, fils de Nun, fit partir secrètement de Sittim deux espions, en leur disant: Allez, examinez le pays, et en particulier Jéricho. Ils partirent, et ils arrivèrent dans la maison d’une prostituée, qui se nommait Rahab, et ils y couchèrent.
On dit au roi de Jéricho: Voici, des hommes d’entre les enfants d’Israël sont arrivés ici, cette nuit, pour explorer le pays.
Le roi de Jéricho envoya dire à Rahab: Fais sortir les hommes qui sont venus chez toi, qui sont entrés dans ta maison; car c’est pour explorer tout le pays qu’ils sont venus.
La femme prit les deux hommes, et les cacha; et elle dit: Il est vrai que ces hommes sont arrivés chez moi, mais je ne savais pas d’où ils étaient;
et, comme la porte a dû se fermer de nuit, ces hommes sont sortis; j’ignore où ils sont allés: hâtez-vous de les poursuivre et vous les atteindrez.
Elle les avait fait monter sur le toit, et les avait cachés sous des tiges de lin, qu’elle avait arrangées sur le toit.
Ces gens les poursuivirent par le chemin qui mène au gué du Jourdain, et l’on ferma la porte après qu’ils furent sortis.
Avant que les espions se couchassent, Rahab monta vers eux sur le toit
et leur dit: L’Éternel, je le sais, vous a donné ce pays, la terreur que vous inspirez nous a saisis, et tous les habitants du pays tremblent devant vous.
10 Car nous avons appris comment, à votre sortie d’Égypte, l’Éternel a mis à sec devant vous les eaux de la mer Rouge, et comment vous avez traité les deux rois des Amoréens au delà du Jourdain, Sihon et Og, que vous avez dévoués par interdit.
11 Nous l’avons appris, et nous avons perdu courage, et tous nos esprits sont abattus à votre aspect; car c’est l’Éternel, votre Dieu, qui est Dieu en haut dans les cieux et en bas sur la terre.
12 Et maintenant, je vous prie, jurez-moi par l’Éternel que vous aurez pour la maison de mon père la même bonté que j’ai eue pour vous.
13 Donnez-moi l’assurance que vous laisserez vivre mon père, ma mère, mes frères, mes soeurs, et tous ceux qui leur appartiennent, et que vous nous sauverez de la mort.
14 Ces hommes lui répondirent: Nous sommes prêts à mourir pour vous, si vous ne divulguez pas ce qui nous concerne; et quand l’Éternel nous donnera le pays, nous agirons envers toi avec bonté et fidélité.
15 Elle les fit descendre avec une corde par la fenêtre, car la maison qu’elle habitait était sur la muraille de la ville.
16 Elle leur dit: Allez du côté de la montagne, de peur que ceux qui vous poursuivent ne vous rencontrent; cachez-vous là pendant trois jours, jusqu’à ce qu’ils soient de retour; après cela, vous suivrez votre chemin.
17 Ces hommes lui dirent: Voici de quelle manière nous serons quittes du serment que tu nous as fait faire.
18 A notre entrée dans le pays, attache ce cordon de fil cramoisi à la fenêtre par laquelle tu nous fais descendre, et recueille auprès de toi dans la maison ton père, ta mère, tes frères, et toute la famille de ton père.
19 Si quelqu’un d’eux sort de la porte de ta maison pour aller dehors, son sang retombera sur sa tête, et nous en serons innocent; mais si on met la main sur l’un quelconque de ceux qui seront avec toi dans la maison, son sang retombera sur notre tête.
20 Et si tu divulgues ce qui nous concerne, nous serons quittes du serment que tu nous as fait faire.
21 Elle répondit: Qu’il en soit selon vos paroles. Elle prit ainsi congé d’eux, et ils s’en allèrent. Et elle attacha le cordon de cramoisi à la fenêtre.
22 Ils partirent, et arrivèrent à la montagne, où ils restèrent trois jours, jusqu’à ce que ceux qui les poursuivaient fussent de retour. Ceux qui les poursuivaient les cherchèrent par tout le chemin, mais ils ne les trouvèrent pas.
23 Les deux hommes s’en retournèrent, descendirent de la montagne, et passèrent le Jourdain. Ils vinrent auprès de Josué, fils de Nun, et lui racontèrent tout ce qui leur était arrivé.
24 Ils dirent à Josué: Certainement, l’Éternel a livré tout le pays entre nos mains, et même tous les habitants du pays tremblent devant nous.
Louis Segond {LSG}

Joshua 2

1 And Joshua the son of Nun sent out of Shittim two men to spy secretly, saying, Go view the land, even Jericho. And they went, and came into an harlot’s house, named Rahab, and lodged there.
And it was told the king of Jericho, saying, Behold, there came men in hither to night of the children of Israel to search out the country.
And the king of Jericho sent unto Rahab, saying, Bring forth the men that are come to thee, which are entered into thine house: for they be come to search out all the country.
And the woman took the two men, and hid them, and said thus, There came men unto me, but I wist not whence they were:
And it came to pass about the time of shutting of the gate, when it was dark, that the men went out: whither the men went I wot not: pursue after them quickly; for ye shall overtake them.
But she had brought them up to the roof of the house, and hid them with the stalks of flax, which she had laid in order upon the roof.
And the men pursued after them the way to Jordan unto the fords: and as soon as they which pursued after them were gone out, they shut the gate.
And before they were laid down, she came up unto them upon the roof;
And she said unto the men, I know that the Lord hath given you the land, and that your terror is fallen upon us, and that all the inhabitants of the land faint because of you.
10 For we have heard how the Lord dried up the water of the Red sea for you, when ye came out of Egypt; and what ye did unto the two kings of the Amorites, that were on the other side Jordan, Sihon and Og, whom ye utterly destroyed.
11 And as soon as we had heard these things, our hearts did melt, neither did there remain any more courage in any man, because of you: for the Lord your God, he is God in heaven above, and in earth beneath.
12 Now therefore, I pray you, swear unto me by the Lord, since I have shewed you kindness, that ye will also shew kindness unto my father’s house, and give me a true token:
13 And that ye will save alive my father, and my mother, and my brethren, and my sisters, and all that they have, and deliver our lives from death.
14 And the men answered her, Our life for yours, if ye utter not this our business. And it shall be, when the Lord hath given us the land, that we will deal kindly and truly with thee.
15 Then she let them down by a cord through the window: for her house was upon the town wall, and she dwelt upon the wall.
16 And she said unto them, Get you to the mountain, lest the pursuers meet you; and hide yourselves there three days, until the pursuers be returned: and afterward may ye go your way.
17 And the men said unto her, We will be blameless of this thine oath which thou hast made us swear.
18 Behold, when we come into the land, thou shalt bind this line of scarlet thread in the window which thou didst let us down by: and thou shalt bring thy father, and thy mother, and thy brethren, and all thy father’s household, home unto thee.
19 And it shall be, that whosoever shall go out of the doors of thy house into the street, his blood shall be upon his head, and we will be guiltless: and whosoever shall be with thee in the house, his blood shall be on our head, if any hand be upon him.
20 And if thou utter this our business, then we will be quit of thine oath which thou hast made us to swear.
21 And she said, According unto your words, so be it. And she sent them away, and they departed: and she bound the scarlet line in the window.
22 And they went, and came unto the mountain, and abode there three days, until the pursuers were returned: and the pursuers sought them throughout all the way, but found them not.
23 So the two men returned, and descended from the mountain, and passed over, and came to Joshua the son of Nun, and told him all things that befell them:
24 And they said unto Joshua, Truly the Lord hath delivered into our hands all the land; for even all the inhabitants of the country do faint because of us.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}