Liv Jeremi / Jérémie / Jeremiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jeremi 19   

1 Seyè a di m’ konsa: -Leve al achte yon kannari. Lèfini, pran kèk chèf fanmi ak kèk chèf prèt avè ou.
W’a soti lavil la, w’a pase nan pòtay Kannari Kraze, bò Fon Benn Inon an. Lè w’a rive la, w’a pale byen fò pou di yo mesaj m’a ba ou a.
Men sa w’a di yo: -Nou menm wa peyi Jida yo, ansanm ak tout moun ki rete lavil Jerizalèm yo, koute mesaj Seyè a. Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen pral mennen yon sèl malè isit la. Lè moun va pran nouvèl la, yo p’ap vle kwè zòrèy yo.
M’ap fè sa paske yo vire do ban mwen. Yo pran peyi a pou fè bagay yo pa t’ dwe fè, yo boule lansan pou bondye moun lòt nasyon yo, bondye ni yo menm, ni zansèt yo, ni wa peyi Jida yo pa t’ janm konnen. Epi yo touye yon pakèt ti inonsan.
Yo moute lòt lotèl pou Baal. Yo pran pitit yo, yo touye yo, yo boule yo nèt nan dife pou Baal, bagay mwen pa janm mande yo fè, bagay mwen pa janm louvri bouch mwen di, bagay ki pa janm vin nan lide m’.
Enben! Se konsa yon jou ap vini. Se mwen menm Seyè a k’ap pale. Yo p’ap janm rele isit la Tofèt, ni Fon Benn Inon. Y’a rele l’ Fon Masak la.
Se isit la mwen pral kraze tout plan moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo t’ap fè yo. M’ap fè lènmi yo touye yo nan lagè. M’ap fè yo mouri anba men moun ki soti pou touye yo. Lèfini, m’ap kite kadav yo sèvi manje pou zwazo nan syèl la ak bèt nan bwa.
M’ap fè lavil Jerizalèm tounen dezè. Moun va sezi wè sa. Tout moun k’ap pase bò la pral sezi, y’ap mete men nan tèt lè y’a wè dega ki fèt ladan l’.
Lè lènmi yo, moun ki soti pou touye yo, va sènen lavil la, sa va ba yo yon sèl kè sere, sa va lage yo nan yon sèl mizè, y’a manje pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo. Yonn pral manje lòt.
10  Lè sa a, Seyè a di m’: -W’a kraze kannari a devan je mesye ki t’ al avè ou yo.
11 W’a di yo: Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a: Mwen pral kraze pèp sa a ak tout lavil sa a. Yo pral tankou yon kannari kraze ki pa ka ranje ankò. Yo pral antere moun ata nan Tofèt, paske p’ap gen plas ankò lòt kote pou antere yo.
12 Se sa mwen pwomèt pou m’ fè lavil sa a ansanm ak tout moun ki rete ladan l’ yo. M’ap fè lavil la tounen tankou Tofèt.
13 Wi, kay lavil Jerizalèm yo ansanm ak kay wa peyi Jida yo ap tankou Tofèt. Yo p’ap ka sèvi pou moun k’ap sèvi Bondye. Wi, tout kay sa yo se kote yo te moute anwo sou teras pou boule lansan pou zetwal, pou ofri diven bay lòt bondye.
14 Lèfini, Jeremi kite Tofèt kote Seyè a te voye l’ al bay mesaj li a, li al kanpe nan gwo lakou Tanp lan. Li di pèp la konsa:
15 -Men pawòl Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la: Mwen pral voye sou lavil sa a ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, tout chatiman mwen te di m’ap voye yo, paske yo fè tèt di, yo pa vle koute sa m’ di yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jérémie 19

1 Ainsi a parlé l’Éternel: Va, achète d’un potier un vase de terre, et prends avec toi des anciens du peuple et des anciens des sacrificateurs.
Rends-toi dans la vallée de Ben Hinnom, qui est à l’entrée de la porte de la poterie; et là, tu publieras les paroles que je te dirai.
Tu diras: Écoutez la parole de l’Éternel, rois de Juda, et vous, habitants de Jérusalem! Ainsi parle l’Éternel des armées, le Dieu d’Israël: Voici, je vais faire venir sur ce lieu un malheur Qui étourdira les oreilles de quiconque en entendra parler.
Ils m’ont abandonné, ils ont profané ce lieu, Ils y ont offert de l’encens à d’autres dieux, Que ne connaissaient ni eux, ni leurs pères, ni les rois de Juda, Et ils ont rempli ce lieu de sang innocent;
Ils ont bâti des hauts lieux à Baal, Pour brûler leurs enfants au feu en holocaustes à Baal: Ce que je n’avais ni ordonné ni prescrit, Ce qui ne m’était point venu à la pensée.
C’est pourquoi voici, les jours viennent, dit l’Éternel, Où ce lieu ne sera plus appelé Topheth et vallée de Ben Hinnom, Mais où on l’appellera vallée du carnage.
J’anéantirai dans ce lieu le conseil de Juda et de Jérusalem; Je les ferai tomber par l’épée devant leurs ennemis Et par la main de ceux qui en veulent à leur vie; Je donnerai leurs cadavres en pâture Aux oiseaux du ciel et aux bêtes de la terre.
Je ferai de cette ville un objet de désolation et de moquerie; Tous ceux qui passeront près d’elle Seront dans l’étonnement et siffleront sur toutes ses plaies.
Je leur ferai manger la chair de leurs fils et la chair de leurs filles, Et les uns mangeront la chair des autres, Au milieu de l’angoisse et de la détresse Où les réduiront leurs ennemis Et ceux qui en veulent à leur vie.
10 Tu briseras ensuite le vase, sous les yeux des hommes qui seront allés avec toi.
11 Et tu leur diras: Ainsi parle l’Éternel des armées: C’est ainsi que je briserai ce peuple et cette ville, Comme on brise un vase de potier, Sans qu’il puisse être rétabli. Et l’on enterrera les morts à Topheth par défaut de place pour enterrer.
12 C’est ainsi que je ferai à ce lieu, dit l’Éternel, et à ses habitants, Et je rendrai cette ville semblable à Topheth.
13 Les maisons de Jérusalem et les maisons des rois de Juda Seront impures comme le lieu de Topheth, Toutes les maisons sur les toits desquelles on offrait de l’encens A toute l’armée des cieux, Et on faisait des libations à d’autres dieux.
14 Jérémie revint de Topheth, où l’Éternel l’avait envoyé prophétiser. Puis il se tint dans le parvis de la maison de l’Éternel, et il dit à tout le peuple:
15 Ainsi parle l’Éternel des armées, le Dieu d’Israël: Voici, je vais faire venir sur cette ville et sur toutes les villes qui dépendent d’elle tous les malheurs que je lui ai prédits, parce qu’ils ont raidi leur cou, pour ne point écouter mes paroles

Louis Segond {LSG}

Jeremiah 19 

1 Thus saith the Lord, Go and get a potter’s earthen bottle, and take of the ancients of the people, and of the ancients of the priests;
And go forth unto the valley of the son of Hinnom, which is by the entry of the east gate, and proclaim there the words that I shall tell thee,
And say, Hear ye the word of the Lord, O kings of Judah, and inhabitants of Jerusalem; Thus saith the Lord of hosts, the God of Israel; Behold, I will bring evil upon this place, the which whosoever heareth, his ears shall tingle.
Because they have forsaken me, and have estranged this place, and have burned incense in it unto other gods, whom neither they nor their fathers have known, nor the kings of Judah, and have filled this place with the blood of innocents;
They have built also the high places of Baal, to burn their sons with fire for burnt offerings unto Baal, which I commanded not, nor spake it, neither came it into my mind:
Therefore, behold, the days come, saith the Lord, that this place shall no more be called Tophet, nor The valley of the son of Hinnom, but The valley of slaughter.
And I will make void the counsel of Judah and Jerusalem in this place; and I will cause them to fall by the sword before their enemies, and by the hands of them that seek their lives: and their carcases will I give to be meat for the fowls of the heaven, and for the beasts of the earth.
And I will make this city desolate, and an hissing; every one that passeth thereby shall be astonished and hiss because of all the plagues thereof.
And I will cause them to eat the flesh of their sons and the flesh of their daughters, and they shall eat every one the flesh of his friend in the siege and straitness, wherewith their enemies, and they that seek their lives, shall straiten them.
10 Then shalt thou break the bottle in the sight of the men that go with thee,
11 And shalt say unto them, Thus saith the Lord of hosts; Even so will I break this people and this city, as one breaketh a potter’s vessel, that cannot be made whole again: and they shall bury them in Tophet, till there be no place to bury.
12 Thus will I do unto this place, saith the Lord, and to the inhabitants thereof, and even make this city as Tophet:
13 And the houses of Jerusalem, and the houses of the kings of Judah, shall be defiled as the place of Tophet, because of all the houses upon whose roofs they have burned incense unto all the host of heaven, and have poured out drink offerings unto other gods.
14 Then came Jeremiah from Tophet, whither the Lord had sent him to prophesy; and he stood in the court of the Lord‘s house; and said to all the people,
15 Thus saith the Lord of hosts, the God of Israel; Behold, I will bring upon this city and upon all her towns all the evil that I have pronounced against it, because they have hardened their necks, that they might not hear my words.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}