Liv Jan / Jean / John

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jan 18              

Lè Jezi fin pale konsa, li pati avèk disip li yo, li al lòt bò ti ravin Sedwon an. Te gen yon jaden la. Jezi antre nan jaden an avèk disip li yo.
Jida, nonm ki te gen pou trayi l’ la, te konnen ti kote sa a tou paske Jezi te konn vin la anpil fwa ak disip li yo.
Se konsa, Jida al nan jaden an. Li te gen yon kolonn sòlda ansanm ak kèk gad avè li. Se chèf prèt yo ak gwoup farizyen yo ki te voye yo avè li. Yo tout te gen zam, yo t’ap pote fannal ak gwo chandèl tou limen.
Jezi menm ki te konnen sa ki te pou rive l’ la, mache sou yo, li mande yo: Ki moun n’ap chache?
Yo reponn li: Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi di yo: Se mwen. Jida, nonm ki t’ap trayi l’ la, te la avèk yo.
Lè Jezi di yo: Se mwen, yo renka kò yo dèyè, yo tonbe atè.
Lè sa a, Jezi mande yo ankò: Ki moun n’ap chache? Yo di l’: Jezi, nonm Nazarèt la.
Jezi reponn yo: Mwen pa deja di nou se mwen menm. Si se mwen n’ap chache, kite lòt mesye sa yo al fè wout yo.
Se konsa pawòl li te di a rive vre: Nan tout moun ou te ban mwen yo, Papa, yonn menm pa pèdi.
10 Simon Pyè te gen yon nepe sou li, li rale l’, li frape domestik granprèt la, li sote zòrèy dwat li. (Yo te rele domestik la Malkis.)
11 Men, Jezi di Pyè konsa: Mete nepe ou la nan djenn li. Eske se pa pou m’ bwè gode soufrans Papa a ban m’ bwè a?
12 Kolonn sòlda yo, kòmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li.
13  Premye kote yo mennen l’, se kay An. An te bòpè Kayif ki te granprèt pou lanne a.
14 Se Kayif sa a ki te bay jwif yo konsèy sa a: Li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou tout pèp la!
15 Simon Pyè te swiv Jezi ansanm ak yon lòt disip. Disip sa a te yon konesans granprèt la. Se konsa li te antre anmenmtan ak Jezi nan lakou granprèt la.
16 Pyè menm te rete deyò, bò pòt la. Lè sa a, lòt disip la, ki te yon konesans granprèt la, soti deyò, li pale ak fanm ki t’ap veye pòt la, li fè Pyè antre.
17 Sèvant ki t’ap veye pòt la di Pyè konsa: Ou menm tou, ou se yonn nan disip nonm sa a. Pyè reponn li: Non. Mwen pa disip nonm sa a.
18 Domestik yo ak gad yo te limen dife, yo tout te kanpe bò dife a, yo t’ap chofe kò yo paske te fè frèt. Pyè te kanpe la avèk yo, li t’ap chofe kò l’ tou.
19 Granprèt la poze Jezi keksyon sou disip li yo ak sou sa l’ t’ap moutre yo.
20 Jezi reponn li: Mwen te pale an piblik pou tout moun tande. Se nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout jwif yo sanble, se la mwen toujou moutre sa pou m’ te moutre a. Mwen pa janm di anyen an kachèt.
21 Poukisa w’ap keksyonnen m’ konsa? Mande moun ki te tande m’ yo sa m’ te di yo. Yo menm yo konnen sa m’ te di.
22 Antan Jezi t’ap di pawòl sa yo, yon gad ki te kanpe la bò kote l’ ba l’ yon souflèt. Li di li: Se konsa w’ap reponn granprèt la?
23 Jezi reponn li: Si m’ pale mal, moutre moun yo sa m’ di ki mal la a. Men, si m’ pale byen, poukisa ou frape mwen?
24 Apre sa, An voye Jezi tou mare ale lakay Kayif, granprèt la.
25 Pandan tout tan sa a, Simon Pyè te kanpe la ap chofe dife. Yo di li: Ou menm tou, ou se yon disip nonm sa a. Men, Pyè demanti sa, li di: Non. Mwen pa disip nonm sa a.
26 Yonn nan domestik granprèt la ki te fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy la, di konsa: Eske mwen pa t’ wè ou nan jaden an avè li?
27 Pyè di ankò se pa vre. Lamenm yon kòk chante.
28  Apre sa, soti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palè Gouvènè a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pa t’ antre nan palè a. Yo pa t’ vle mete tèt yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan.
29 Se poutèt sa, Pilat, gouvènè a, te blije soti vin jwenn yo deyò a. Li mande yo: Kisa nou di nonm sa a fè?
30 Yo reponn li: Si nonm sa a pa t’ yon malfektè, nou pa ta mennen l’ ba ou.
31 Pilat di yo: Poukisa nou pa pran l’ nou menm, pou nou jije l’ dapre lalwa nou? Jwif yo reponn li: Nou pa gen dwa touye pesonn.
32 Se konsa pawòl Jezi te di lè l’ t’ap fè konnen jan l’ tapral mouri a, tapral rive vre.
33 Lè sa a, Pilat antre nan palè a, li rele Jezi, li mande li: Eske se wa jwif yo ou ye?
34 Jezi reponn li: Eske ou di sa paske ou fè lide sa a ou menm, osinon èske se lòt moun ki di ou sa?
35 Pilat reponn li: Eske se jwif mwen ye, mwen menm? Se pwòp moun peyi ou ansanm ak chèf prèt yo ki mennen ou ban mwen? Kisa ou fè?
36 Jezi reponn: Nan peyi kote m’ wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Si gouvènman peyi kote m’ wa a te tankou gouvènman peyi ki sou latè, sèvitè m’ yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m’ tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m’ wa a, se pa tankou peyi ki sou latè.
37 Lè sa a, Pilat di li: Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m’ di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen.
38 Pilat reponn li: Laverite? Kisa l’ ye? Lè l’ fin di sa, Pilat soti ankò, li al jwenn jwif yo. Li di yo: Mwen pa wè rezon pou m’ kondannen nonm sa a.
39 Dapre koutim nou genyen, mwen toujou lage yon prizonye pou fèt Delivrans lan ban nou. Eske nou ta vle m’ lage wa jwif yo ban nou?
40 Lè sa a, yo tout pran rele: Non. Nou pa vle li. Se Barabas nou vle! Barabas sa a te yon bandi.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jean 18             

1 Lorsqu’il eut dit ces choses, Jésus alla avec ses disciples de l’autre côté du torrent du Cédron, où se trouvait un jardin, dans lequel il entra, lui et ses disciples.
Judas, qui le livrait, connaissait ce lieu, parce que Jésus et ses disciples s’y étaient souvent réunis.
Judas donc, ayant pris la cohorte, et des huissiers qu’envoyèrent les principaux sacrificateurs et les pharisiens, vint là avec des lanternes, des flambeaux et des armes.
Jésus, sachant tout ce qui devait lui arriver, s’avança, et leur dit: Qui cherchez-vous?
Ils lui répondirent: Jésus de Nazareth. Jésus leur dit: C’est moi. Et Judas, qui le livrait, était avec eux.
Lorsque Jésus leur eut dit: C’est moi, ils reculèrent et tombèrent par terre.
Il leur demanda de nouveau: Qui cherchez-vous? Et ils dirent: Jésus de Nazareth.
Jésus répondit: Je vous ai dit que c’est moi. Si donc c’est moi que vous cherchez, laissez aller ceux-ci.
Il dit cela, afin que s’accomplît la parole qu’il avait dite: Je n’ai perdu aucun de ceux que tu m’as donnés.
10 Simon Pierre, qui avait une épée, la tira, frappa le serviteur du souverain sacrificateur, et lui coupa l’oreille droite. Ce serviteur s’appelait Malchus.
11 Jésus dit à Pierre: Remets ton épée dans le fourreau. Ne boirai-je pas la coupe que le Père m’a donnée à boire?
12 La cohorte, le tribun, et les huissiers des Juifs, se saisirent alors de Jésus, et le lièrent.
13 Ils l’emmenèrent d’abord chez Anne; car il était le beau-père de Caïphe, qui était souverain sacrificateur cette année-là.
14 Et Caïphe était celui qui avait donné ce conseil aux Juifs: Il est avantageux qu’un seul homme meure pour le peuple.
15 Simon Pierre, avec un autre disciple, suivait Jésus. Ce disciple était connu du souverain sacrificateur, et il entra avec Jésus dans la cour du souverain sacrificateur;
16 mais Pierre resta dehors près de la porte. L’autre disciple, qui était connu du souverain sacrificateur, sortit, parla à la portière, et fit entrer Pierre.
17 Alors la servante, la portière, dit à Pierre: Toi aussi, n’es-tu pas des disciples de cet homme? Il dit: Je n’en suis point.
18 Les serviteurs et les huissiers, qui étaient là, avaient allumé un brasier, car il faisait froid, et ils se chauffaient. Pierre se tenait avec eux, et se chauffait.
19 Le souverain sacrificateur interrogea Jésus sur ses disciples et sur sa doctrine.
20 Jésus lui répondit: J’ai parlé ouvertement au monde; j’ai toujours enseigné dans la synagogue et dans le temple, où tous les Juifs s’assemblent, et je n’ai rien dit en secret.
21 Pourquoi m’interroges-tu? Interroge sur ce que je leur ai dit ceux qui m’ont entendu; voici, ceux-là savent ce que j’ai dit.
22 A ces mots, un des huissiers, qui se trouvait là, donna un soufflet à Jésus, en disant: Est-ce ainsi que tu réponds au souverain sacrificateur?
23 Jésus lui dit: Si j’ai mal parlé, fais voir ce que j’ai dit de mal; et si j’ai bien parlé, pourquoi me frappes-tu?
24 Anne l’envoya lié à Caïphe, le souverain sacrificateur.
25 Simon Pierre était là, et se chauffait. On lui dit: Toi aussi, n’es-tu pas de ses disciples? Il le nia, et dit: Je n’en suis point.
26 Un des serviteurs du souverain sacrificateur, parent de celui à qui Pierre avait coupé l’oreille, dit: Ne t’ai-je pas vu avec lui dans le jardin?
27 Pierre le nia de nouveau. Et aussitôt le coq chanta.
28 Ils conduisirent Jésus de chez Caïphe au prétoire: c’était le matin. Ils n’entrèrent point eux-mêmes dans le prétoire, afin de ne pas se souiller, et de pouvoir manger la Pâque.
29 Pilate sortit donc pour aller à eux, et il dit: Quelle accusation portez-vous contre cet homme?
30 Ils lui répondirent: Si ce n’était pas un malfaiteur, nous ne te l’aurions pas livré.
31 Sur quoi Pilate leur dit: Prenez-le vous-mêmes, et jugez-le selon votre loi. Les Juifs lui dirent: Il ne nous est pas permis de mettre personne à mort.
32 C’était afin que s’accomplît la parole que Jésus avait dite, lorsqu’il indiqua de quelle mort il devait mourir.
33 Pilate rentra dans le prétoire, appela Jésus, et lui dit: Es-tu le roi des Juifs?
34 Jésus répondit: Est-ce de toi-même que tu dis cela, ou d’autres te l’ont-ils dit de moi?
35 Pilate répondit: Moi, suis-je Juif? Ta nation et les principaux sacrificateurs t’ont livré à moi: qu’as-tu fait?
36 Mon royaume n’est pas de ce monde, répondit Jésus. Si mon royaume était de ce monde, mes serviteurs auraient combattu pour moi afin que je ne fusse pas livré aux Juifs; mais maintenant mon royaume n’est point d’ici-bas.
37 Pilate lui dit: Tu es donc roi? Jésus répondit: Tu le dis, je suis roi. Je suis né et je suis venu dans le monde pour rendre témoignage à la vérité. Quiconque est de la vérité écoute ma voix.
38 Pilate lui dit: Qu’est-ce que la vérité? Après avoir dit cela, il sortit de nouveau pour aller vers les Juifs, et il leur dit: Je ne trouve aucun crime en lui.
39 Mais, comme c’est parmi vous une coutume que je vous relâche quelqu’un à la fête de Pâque, voulez-vous que je vous relâche le roi des Juifs?
40 Alors de nouveau tous s’écrièrent: Non pas lui, mais Barabbas. Or, Barabbas était un brigand.

Louis Segond {LSG}

John 18     

1 When Jesus had spoken these words, he went forth with his disciples over the brook Cedron, where was a garden, into the which he entered, and his disciples.
And Judas also, which betrayed him, knew the place: for Jesus ofttimes resorted thither with his disciples.
Judas then, having received a band of men and officers from the chief priests and Pharisees, cometh thither with lanterns and torches and weapons.
Jesus therefore, knowing all things that should come upon him, went forth, and said unto them, Whom seek ye?
They answered him, Jesus of Nazareth. Jesus saith unto them, I am he. And Judas also, which betrayed him, stood with them.
As soon then as he had said unto them, I am he, they went backward, and fell to the ground.
Then asked he them again, Whom seek ye? And they said, Jesus of Nazareth.
Jesus answered, I have told you that I am he: if therefore ye seek me, let these go their way:
That the saying might be fulfilled, which he spake, Of them which thou gavest me have I lost none.
10 Then Simon Peter having a sword drew it, and smote the high priest’s servant, and cut off his right ear. The servant’s name was Malchus.
11 Then said Jesus unto Peter, Put up thy sword into the sheath: the cup which my Father hath given me, shall I not drink it?
12 Then the band and the captain and officers of the Jews took Jesus, and bound him,
13 And led him away to Annas first; for he was father in law to Caiaphas, which was the high priest that same year.
14 Now Caiaphas was he, which gave counsel to the Jews, that it was expedient that one man should die for the people.
15 And Simon Peter followed Jesus, and so did another disciple: that disciple was known unto the high priest, and went in with Jesus into the palace of the high priest.
16 But Peter stood at the door without. Then went out that other disciple, which was known unto the high priest, and spake unto her that kept the door, and brought in Peter.
17 Then saith the damsel that kept the door unto Peter, Art not thou also one of this man’s disciples? He saith, I am not.
18 And the servants and officers stood there, who had made a fire of coals; for it was cold: and they warmed themselves: and Peter stood with them, and warmed himself.
19 The high priest then asked Jesus of his disciples, and of his doctrine.
20 Jesus answered him, I spake openly to the world; I ever taught in the synagogue, and in the temple, whither the Jews always resort; and in secret have I said nothing.
21 Why askest thou me? ask them which heard me, what I have said unto them: behold, they know what I said.
22 And when he had thus spoken, one of the officers which stood by struck Jesus with the palm of his hand, saying, Answerest thou the high priest so?
23 Jesus answered him, If I have spoken evil, bear witness of the evil: but if well, why smitest thou me?
24 Now Annas had sent him bound unto Caiaphas the high priest.
25 And Simon Peter stood and warmed himself. They said therefore unto him, Art not thou also one of his disciples? He denied it, and said, I am not.
26 One of the servants of the high priest, being his kinsman whose ear Peter cut off, saith, Did not I see thee in the garden with him?
27 Peter then denied again: and immediately the cock crew.
28 Then led they Jesus from Caiaphas unto the hall of judgment: and it was early; and they themselves went not into the judgment hall, lest they should be defiled; but that they might eat the passover.
29 Pilate then went out unto them, and said, What accusation bring ye against this man?
30 They answered and said unto him, If he were not a malefactor, we would not have delivered him up unto thee.
31 Then said Pilate unto them, Take ye him, and judge him according to your law. The Jews therefore said unto him, It is not lawful for us to put any man to death:
32 That the saying of Jesus might be fulfilled, which he spake, signifying what death he should die.
33 Then Pilate entered into the judgment hall again, and called Jesus, and said unto him, Art thou the King of the Jews?
34 Jesus answered him, Sayest thou this thing of thyself, or did others tell it thee of me?
35 Pilate answered, Am I a Jew? Thine own nation and the chief priests have delivered thee unto me: what hast thou done?
36 Jesus answered, My kingdom is not of this world: if my kingdom were of this world, then would my servants fight, that I should not be delivered to the Jews: but now is my kingdom not from hence.
37 Pilate therefore said unto him, Art thou a king then? Jesus answered, Thou sayest that I am a king. To this end was I born, and for this cause came I into the world, that I should bear witness unto the truth. Every one that is of the truth heareth my voice.
38 Pilate saith unto him, What is truth? And when he had said this, he went out again unto the Jews, and saith unto them, I find in him no fault at all.
39 But ye have a custom, that I should release unto you one at the passover: will ye therefore that I release unto you the King of the Jews?
40 Then cried they all again, saying, Not this man, but Barabbas. Now Barabbas was a robber.  
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}