Liv Nawoum / Nahum / Nahum

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Nawoum 2     

1 Nou menm moun lavil Niniv, men yon gwo lame ap moute vin atake nou. Mete gad nan fò nou. Mete moun veye gran chemen an! Mare ren nou! Mete tout kouraj nou sou nou!
Paske, Seyè a pral bay pèp Izrayèl la pouvwa li te gen anvan an, pouvwa fanmi Jakòb la te gen anvan piyajè yo te ravaje l’ la, anvan yo te koupe tout branch rezen li yo.
Vanyan sòlda l’ yo gen plak pwotèj pentire tou wouj sou bra yo. Yo abiye ak rad wouj violèt. Cha lagè yo klere kou dife! Y’ap vin pou atake nou! Y’ap souke zam yo nan men yo.
Cha lagè yo ap vini ak gwo vitès nan plenn yo. Yo kouri ale sou plas piblik yo. Yo klere tankou bwa chandèl tou limen. Y’ap pase kouri tankou zèklè.
Yo chonje rele chèf lame yo. Nan prese vini yo, yonn ap frape ak lòt. Yo kouri ale bò miray ranpa yo. Yo pare plak pwotèj pou y’ al defonse pòtay yo.
Pòtay ki bay sou larivyè a louvri granbatan. Tout moun nan palè a gen kè kase.
Yo fè larenn lan prizonye. Yo pati avè l’. Sèvant li yo ap plenn, y’ap kriye. Y’ap bat lestonmak yo sitèlman yo nan lapenn.
Tankou yon gwo basen plen dlo ki pete, moun yo ap kouri soti lavil Niniv. Y’ap di yo: Rete non! Rete non! Men, yonn pa vire tounen.
Piye tout lajan an. Piye tout lò yo. Yo gen yon richès ki poko prèt pou fini, yon pakèt bèl bagay ki koute chè.
10 Yo piye lavil la. Yo touye tout moun ladan l’. Yo devaste l’ nèt. Moun pèdi kouraj yo. Jenou yo ap tranble. Yo pa gen fòs pou rete kanpe. Figi yo dekonpoze.
11  Koulye a, kote twou kachèt lyon yo ye a, twou nich kote ti lyon yo manje a, twou kote lyon yo ansanm ak ti lyon yo te konn ale pou pesonn pa ka fè yo anyen an?
12 Lyon an te konn dechire vyann bèt yo pou pitit li yo, li te konn trangle bèt pou fenmèl lyon yo. Lè konsa yo plen twou yo ak bèt yo pran, yo plen nich yo ak moso vyann dechikete.
13 Koulye a, se mwen menm k’ap regle ak nou! Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. Moun pral boule tout cha lagè nou yo nan dife. Nan lagè a, m’ap fè yo touye tout jenn ti lyon nou yo. M’ap rache nan men nou tou sa nou te pran lakay lòt yo. Yo p’ap janm tande vwa delege nou yo ankò nan okenn peyi sou latè.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Nahum 2     

(2:2) Le destructeur marche contre toi. Garde la forteresse! Veille sur la route! affermis tes reins! Recueille toute ta force!…
(2:3) Car l’Éternel rétablit la gloire de Jacob Et la gloire d’Israël, Parce que les pillards les ont pillés Et ont détruit leurs ceps….
(2:4) Les boucliers de ses héros sont rouges, Les guerriers sont vêtus de pourpre; Avec le fer qui étincelle apparaissent les chars, Au jour qu’il a fixé pour la bataille, Et les lances sont agitées.
(2:5) Les chars s’élancent dans la campagne, Se précipitent sur les places; A les voir, on dirait des flambeaux, Ils courent comme des éclairs…
(2:6) Ils se souvient de ses vaillants hommes, Mais ils chancellent dans leur marche; On se hâte vers les murs, Et l’on se prépare à la défense….
(2:7) Les portes des fleuves sont ouvertes, Et le palais s’écroule!…
(2:8) C’en est fait: elle est mise à nu, elle est emmenée; Ses servantes gémissent comme des colombes, Et se frappent la poitrine.
(2:9) Ninive était jadis comme un réservoir plein d’eau…. Les voilà qui fuient…. Arrêtez! arrêtez!… Mais nul ne se retourne….
(2:10) Pillez l’argent! pillez l’or! Il y a des trésors sans fin, Des richesses en objets précieux de toutes espèce.
10 (2:11) On pille, on dévaste, on ravage! Et les coeurs sont abattus, Les genoux chancellent, Tous les reins souffrent, Tous les visages pâlissent.
11 (2:12) Qu’est devenu ce repaire de lions, Ce pâturage des lionceaux, Où se retiraient le lion, la lionne, le petit du lion, Sans qu’il y eût personne pour les troubler?
12 (2:13) Le lion déchirait pour ses petits, Étranglait pour ses lionnes; Il remplissait de proie ses antres, De dépouilles ses repaires.
13 (2:14) Voici, j’en veux à toi, dit l’Éternel des armées; Je réduirai tes chars en fumée, L’épée dévorera tes lionceaux, J’arracherai du pays ta proie, Et l’on n’entendra plus la voix de tes messagers.

Louis Segond {LSG}

Nahum 2     

1 He that dasheth in pieces is come up before thy face: keep the munition, watch the way, make thy loins strong, fortify thy power mightily.
For the Lord hath turned away the excellency of Jacob, as the excellency of Israel: for the emptiers have emptied them out, and marred their vine branches.
The shield of his mighty men is made red, the valiant men are in scarlet: the chariots shall be with flaming torches in the day of his preparation, and the fir trees shall be terribly shaken.
The chariots shall rage in the streets, they shall justle one against another in the broad ways: they shall seem like torches, they shall run like the lightnings.
He shall recount his worthies: they shall stumble in their walk; they shall make haste to the wall thereof, and the defence shall be prepared.
The gates of the rivers shall be opened, and the palace shall be dissolved.
And Huzzab shall be led away captive, she shall be brought up, and her maids shall lead her as with the voice of doves, tabering upon their breasts.
But Nineveh is of old like a pool of water: yet they shall flee away. Stand, stand, shall they cry; but none shall look back.
Take ye the spoil of silver, take the spoil of gold: for there is none end of the store and glory out of all the pleasant furniture.
10 She is empty, and void, and waste: and the heart melteth, and the knees smite together, and much pain is in all loins, and the faces of them all gather blackness.
11 Where is the dwelling of the lions, and the feedingplace of the young lions, where the lion, even the old lion, walked, and the lion’s whelp, and none made them afraid?
12 The lion did tear in pieces enough for his whelps, and strangled for his lionesses, and filled his holes with prey, and his dens with ravin.
13 Behold, I am against thee, saith the Lord of hosts, and I will burn her chariots in the smoke, and the sword shall devour thy young lions: and I will cut off thy prey from the earth, and the voice of thy messengers shall no more be heard.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}