Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 114  

1 Lè pèp Izrayèl la te soti nan peyi Lejip, lè pitit pitit Jakòb yo te kite peyi etranje yo,
Bondye chwazi branch fanmi Jida a pou pèp li, moun Izrayèl yo pou byen pa l’.
Lè Lanmè Wouj la wè l’, li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann.
Mòn yo sote ponpe tankou bouk kabrit, ti mòn yo sote ponpe tankou ti mouton.
Kisak pase ou, lanmè, kifè ou pran kouri konsa? Ou menm larivyè Jouden, kisak rive ou kifè ou sispann koule?
Nou menm mòn yo, sa nou genyen pou n’ap sote ponpe konsa tankou bouk kabrit? Nou menm ti mòn yo, poukisa n’ap sote ponpe tankou ti mouton?
Ou menm latè, tranble devan Seyè a, devan Bondye Jakòb la.
Se li menm ki fè gwo wòch la tounen yon basen dlo, li fè wòch la tounen yon sous dlo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 114

1 Quand Israël sortit d’Égypte, Quand la maison de Jacob s’éloigna d’un peuple barbare,
Juda devint son sanctuaire, Israël fut son domaine.
La mer le vit et s’enfuit, Le Jourdain retourna en arrière;
Les montagnes sautèrent comme des béliers, Les collines comme des agneaux.
Qu’as-tu, mer, pour t’enfuir, Jourdain, pour retourner en arrière?
Qu’avez-vous, montagnes, pour sauter comme des béliers, Et vous, collines, comme des agneaux?
Tremble devant le Seigneur, ô terre! Devant le Dieu de Jacob,
Qui change le rocher en étang, Le roc en source d’eaux.
Louis Segond {LSG}

Psalm 114 

1 When Israel went out of Egypt, the house of Jacob from a people of strange language;
Judah was his sanctuary, and Israel his dominion.
The sea saw it, and fled: Jordan was driven back.
The mountains skipped like rams, and the little hills like lambs.
What ailed thee, O thou sea, that thou fleddest? thou Jordan, that thou wast driven back?
Ye mountains, that ye skipped like rams; and ye little hills, like lambs?
Tremble, thou earth, at the presence of the Lord, at the presence of the God of Jacob;
Which turned the rock into a standing water, the flint into a fountain of waters.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}