Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 16  

1 Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa:
-Mwen bouke tande pawòl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n’ap ba yo.
Kilè n’a sispann tout pale anpil sa a? Sa k’ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun!
Si m’ te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m’ ta ka pale jan nou pale a tou, m’ ta pase nou nan yon wonn tenten, m’ ta vide bèl diskou sou nou.
M’ ta remoute kouraj nou ak konsèy, m’ ta pale ak nou jouk nou ta soulaje.
 Men, lè mwen pale, doulè a la pi rèd pou mwen. Lè mwen pa pale, se pa sa k’ap fè l’ ban m’ yon ti louga.
Koulye a, Bondye, se fini ou fini avè m’. Ou kite yo touye tout fanmi m’.
Ou mete men sou mwen, ou pa vle wè m’ ankò. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m’.
Nan kòlè li, Bondye ap dechire m’ moso pa moso. L’ap devore m’ anba dan l’. L’ap louvri je l’ sou mwen, li pa vle wè m’!
10 Moun prèt pou manje m’. Yo kouri sou mwen, y’ap joure m’, y’ap touye m’ anba souflèt.
11 Bondye lage m’ nan men mechan yo. Li jete m’ anba grif san manman yo.
12 Mwen t’ap viv tou dousman, li bouskile m’. Li pran m’ dèyè nwa kou, li kraze m’, li fè m’ tounen jwèt li.
13 L’ap voye flèch li sou mwen kote m’ vire. Li pèse tout kò m’, li san pitye pou mwen, li mete san m’ deyò.
14 Kote m’ vire li blese m’, li vare sou mwen tankou yon sòlda nan lagè.
15 Mwen fè rad sak mete sou mwen, mwen woule kò m’ nan pousyè tèlman mwen te nan lapenn.
16 Je m’ vin wouj afòs mwen kriye. Tout anba je m’ gonfle vin tou nwa.
17  Men, mwen konnen mwen pa fè ankenn moun mechanste. Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m’.
18 Ou menm latè, pa kache mizè mwen. Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m’ap rele nan pye Bondye!
19 Paske mwen konnen gen yon moun nan syèl la k’ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k’ap pran defans mwen.
20 Zanmi m’ yo ap pase m’ nan betiz, men, m’ap kriye nan pye Bondye.
21 Mwen bezwen moun pou plede kòz mwen ak Bondye a, menm jan yon moun plede kòz zanmi l’.
22 M’ pa lontan mouri. Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 16

1 Job prit la parole et dit:
J’ai souvent entendu pareilles choses; Vous êtes tous des consolateurs fâcheux.
Quand finiront ces discours en l’air? Pourquoi cette irritation dans tes réponses?
Moi aussi, je pourrais parler comme vous, Si vous étiez à ma place: Je vous accablerais de paroles, Je secouerais sur vous la tête,
Je vous fortifierais de la bouche, Je remuerais les lèvres pour vous soulager.
Si je parle, mes souffrances ne seront point calmées, Si je me tais, en quoi seront-elles moindres?
Maintenant, hélas! il m’a épuisé… Tu as ravagé toute ma maison;
Tu m’as saisi, pour témoigner contre moi; Ma maigreur se lève, et m’accuse en face.
Il me déchire et me poursuit dans sa fureur, Il grince des dents contre moi, Il m’attaque et me perce de son regard.
10 Ils ouvrent la bouche pour me dévorer, Ils m’insultent et me frappent les joues, Ils s’acharnent tous après moi.
11 Dieu me livre à la merci des impies, Il me précipite entre les mains des méchants.
12 J’étais tranquille, et il m’a secoué, Il m’a saisi par la nuque et m’a brisé, Il a tiré sur moi comme à un but.
13 Ses traits m’environnent de toutes parts; Il me perce les reins sans pitié, Il répand ma bile sur la terre.
14 Il me fait brèche sur brèche, Il fond sur moi comme un guerrier.
15 J’ai cousu un sac sur ma peau; J’ai roulé ma tête dans la poussière.
16 Les pleurs ont altéré mon visage; L’ombre de la mort est sur mes paupières.
17 Je n’ai pourtant commis aucune violence, Et ma prière fut toujours pure.
18 O terre, ne couvre point mon sang, Et que mes cris prennent librement leur essor!
19 Déjà maintenant, mon témoin est dans le ciel, Mon témoin est dans les lieux élevés.
20 Mes amis se jouent de moi; C’est Dieu que j’implore avec larmes.
21 Puisse-t-il donner à l’homme raison contre Dieu, Et au fils de l’homme contre ses amis!
22 Car le nombre de mes années touche à son terme, Et je m’en irai par un sentier d’où je ne reviendrai pas.
Louis Segond {LSG}

Job 16    

1 Then Job answered and said,
I have heard many such things: miserable comforters are ye all.
Shall vain words have an end? or what emboldeneth thee that thou answerest?
I also could speak as ye do: if your soul were in my soul’s stead, I could heap up words against you, and shake mine head at you.
But I would strengthen you with my mouth, and the moving of my lips should asswage your grief.
Though I speak, my grief is not asswaged: and though I forbear, what am I eased?
But now he hath made me weary: thou hast made desolate all my company.
And thou hast filled me with wrinkles, which is a witness against me: and my leanness rising up in me beareth witness to my face.
He teareth me in his wrath, who hateth me: he gnasheth upon me with his teeth; mine enemy sharpeneth his eyes upon me.
10 They have gaped upon me with their mouth; they have smitten me upon the cheek reproachfully; they have gathered themselves together against me.
11 God hath delivered me to the ungodly, and turned me over into the hands of the wicked.
12 I was at ease, but he hath broken me asunder: he hath also taken me by my neck, and shaken me to pieces, and set me up for his mark.
13 His archers compass me round about, he cleaveth my reins asunder, and doth not spare; he poureth out my gall upon the ground.
14 He breaketh me with breach upon breach, he runneth upon me like a giant.
15 I have sewed sackcloth upon my skin, and defiled my horn in the dust.
16 My face is foul with weeping, and on my eyelids is the shadow of death;
17 Not for any injustice in mine hands: also my prayer is pure.
18 O earth, cover not thou my blood, and let my cry have no place.
19 Also now, behold, my witness is in heaven, and my record is on high.
20 My friends scorn me: but mine eye poureth out tears unto God.
21 O that one might plead for a man with God, as a man pleadeth for his neighbour!
22 When a few years are come, then I shall go the way whence I shall not return.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}