Liv Zakari / Zacharie / Zechariah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Zakari 7         

1 Katriyèm jou nan nevyèm mwa yo rele mwa Kislev, nan katriyèm lanne rèy wa Dariyis, Seyè a pale ak Zakari.
Moun lavil Betèl yo te voye Charezè ak Regèm Melèk ansanm ak moun pa yo vin lapriyè nan pye Seyè a.
Yo te voye yo vin mande prèt yo ansanm ak pwofèt k’ap sèvi nan tanp Seyè a keksyon sa a: -Pandan senkyèm mwa a, èske se pou nou toujou pran lapenn pou tanp yo te detwi a? Eske se pou nou toujou fè jèn jan nou te konn fè pandan tout lanne anvan yo?
Lè sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a pale avè m’, li di m’ konsa:
-Pale ak tout moun ki nan peyi a ansanm ak prèt yo tou. Mande yo pou mwen: Sa fè swasanndizan depi n’ap fè jèn, depi n’ap pran lapenn sou chak senkyèm ak setyèm mwa. Eske se pou mwen nou te fè tou sa?
Konsa tou, lè nou t’ap manje, lè nou t’ap bwè, èske se pa t’ pou pwòp plezi pa nou?
Se menm mesaj sa a Seyè a te voye pwofèt tan lontan yo vin di nou. Lè sa a, lavil Jerizalèm te plen moun, zafè yo t’ap mache byen. Te plen moun ap viv nan ti bouk ki toutotou lavil la, nan zòn Negèv la ak nan plenn sou bò solèy kouche a.
 Seyè a pale ak Zakari, li di l’ konsa:
-Mwen te pale ak pèp mwen an, mwen te di yo se pou yo rann jistis san patipri. Se pou yo aji ak bon kè yonn ak lòt, se pou yo gen pitye yonn pou lòt.
10 Pa peze vèv yo, ni timoun san papa yo, ni moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan nou, ni moun ki nan nesesite. Pa rete ap kalkile nan tèt nou jan pou nou fè lòt moun mal.
11 Men, yo te derefize koute m’. Yo t’ap fè wondonmon. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande.
12 Yo fè kè yo di kou wòch pou yo pa tande lòd ak mesaj mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen te voye ba yo. Se Lespri Seyè a menm ki te mete nan bouch pwofèt tan lontan yo mesaj sa yo. Se konsa Seyè ki gen tout pouvwa a te move anpil sou yo.
13 Sa ki rive lè sa a? Menm jan yo pa t’ koute l’ lè li t’ap pale ak yo a, li menm tou, li pa t’ reponn yo lè yo te lapriyè nan pye l’.
14 Li gaye yo nan mitan yon bann nasyon yo pa t’ konnen. Lènmi fin devalize tout peyi a, yo pa kite pesonn ladan l’. Yon bon peyi konsa, yo fè l’ tounen yon dezè.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Zacharie 7       

1 La quatrième année du roi Darius, la parole de l’Éternel fut adressée à Zacharie, le quatrième jour du neuvième mois, qui est le mois de Kisleu.
On avait envoyé de Béthel Scharetser et Réguem Mélec avec ses gens pour implorer l’Éternel,
et pour dire aux sacrificateurs de la maison de l’Éternel des armées et aux prophètes: Faut-il que je pleure au cinquième mois et que je fasse abstinence, comme je l’ai fait tant d’années?
La parole de l’Éternel des armées me fut adressée, en ces mots:
Dis à tout le peuple du pays et aux sacrificateurs: Quand vous avez jeûné et pleuré au cinquième et au septième mois, et cela depuis soixante-dix ans, est-ce pour moi que vous avez jeûné?
Et quand vous mangez et buvez, n’est-ce pas vous qui mangez et vous qui buvez?
Ne connaissez-vous pas les paroles qu’a proclamées l’Éternel par les premiers prophètes, lorsque Jérusalem était habitée et tranquille avec ses villes à l’entour, et que le midi et la plaine étaient habités?
La parole de l’Éternel fut adressée à Zacharie, en ces mots:
Ainsi parlait l’Éternel des armées: Rendez véritablement la justice, Et ayez l’un pour l’autre de la bonté et de la miséricorde.
10 N’opprimez pas la veuve et l’orphelin, l’étranger et le pauvre, Et ne méditez pas l’un contre l’autre le mal dans vos coeurs.
11 Mais ils refusèrent d’être attentifs, ils eurent l’épaule rebelle, et ils endurcirent leurs oreilles pour ne pas entendre.
12 Ils rendirent leur coeur dur comme le diamant, pour ne pas écouter la loi et les paroles que l’Éternel des armées leur adressait par son esprit, par les premiers prophètes. Ainsi l’Éternel des armées s’enflamma d’une grande colère.
13 Quand il appelait, ils n’ont pas écouté: aussi n’ai-je pas écouté, quand ils ont appelé, dit l’Éternel des armées.
14 Je les ai dispersés parmi toutes les nations qu’ils ne connaissaient pas; le pays a été dévasté derrière eux, il n’y a plus eu ni allants ni venants; et d’un pays de délices ils ont fait un désert.

Louis Segond {LSG}

Zechariah 7 

1 And it came to pass in the fourth year of king Darius, that the word of the Lord came unto Zechariah in the fourth day of the ninth month, even in Chisleu;
When they had sent unto the house of God Sherezer and Regemmelech, and their men, to pray before the Lord,
And to speak unto the priests which were in the house of the Lord of hosts, and to the prophets, saying, Should I weep in the fifth month, separating myself, as I have done these so many years?
Then came the word of the Lord of hosts unto me, saying,
Speak unto all the people of the land, and to the priests, saying, When ye fasted and mourned in the fifth and seventh month, even those seventy years, did ye at all fast unto me, even to me?
And when ye did eat, and when ye did drink, did not ye eat for yourselves, and drink for yourselves?
Should ye not hear the words which the Lord hath cried by the former prophets, when Jerusalem was inhabited and in prosperity, and the cities thereof round about her, when men inhabited the south and the plain?
And the word of the Lord came unto Zechariah, saying,
Thus speaketh the Lord of hosts, saying, Execute true judgment, and shew mercy and compassions every man to his brother:
10 And oppress not the widow, nor the fatherless, the stranger, nor the poor; and let none of you imagine evil against his brother in your heart.
11 But they refused to hearken, and pulled away the shoulder, and stopped their ears, that they should not hear.
12 Yea, they made their hearts as an adamant stone, lest they should hear the law, and the words which the Lord of hosts hath sent in his spirit by the former prophets: therefore came a great wrath from the Lord of hosts.
13 Therefore it is come to pass, that as he cried, and they would not hear; so they cried, and I would not hear, saith the Lord of hosts:
14 But I scattered them with a whirlwind among all the nations whom they knew not. Thus the land was desolate after them, that no man passed through nor returned: for they laid the pleasant land desolate.   
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}