Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 8

Men, Bondye vin chonje Noe ansanm ak tout bèt bwa ak zannimo domestik ki te avè l’ nan batiman an. Bondye fè yon van soufle sou latè, epi dlo yo konmanse bese.
Sous dlo ki nan fon lanmè a te sispann bay dlo. Syèl la sispann bay dlo tou. Lapli sispann tonbe.
Dlo yo menm t’ap bese, yo t’ap bese piti piti. Se sou sansenkant (150) jou dlo yo te konmanse bese.
 Sou sis mwa disèt jou, batiman an fè tè sou tèt mòn Arara yo.
Dlo yo t’ap bese toujou jouk sou dizyèm mwa a. Sou premye jou dizyèm mwa a, tèt mòn yo parèt.
 Karant jou apre sa, Noe louvri fennèt li te fè nan batiman an.
Li lage yon kònèy. Kònèy la soti. li ale vini, li ale vini jouk dlo a te fin cheche nèt sou latè.
Apre sa, li lage yon pijon, pou l’ wè si dlo a te fin bese sou tè a.
Men, pijon an pa t’ jwenn kote pou l’ poze. Li tounen vin jwenn Noe nan batiman an, paske te gen dlo sou tout latè toujou. Noe lonje men l’, li pran pijon an, li fè l’ antre nan batiman an ankò.
10 Li tann sèt jou pase. Apre sa, li lage pijon an yon dezyèm fwa, li fè l’ soti nan batiman an.
11 Vè aswè konsa, pijon an tounen vin jwenn li. Men, fwa sa a, li te gen yon fèy oliv tout vèt nan bèk li. Konsa, Noe vin konnen dlo a te bese sou tout latè.
12 Li tann sèt jou pase anvan li lage pijon an ankò. Fwa sa a menm pijon an pa t’ tounen vin jwenn li ankò.
13  Se konsa, lè Noe te gen sisan ennan (601 an), nan premye jou premye mwa lanne jwif yo, dlo a te fin bese nèt sou latè. Noe dekouvri batiman an, li voye je l’ gade, li wè tout tè a te chèch.
14 Sou vennsetyèm jou dezyèm mwa a, tè a te fin chèch nèt.
15  Lè sa a, Bondye di Noe:
16 -Soti nan batiman an, ou menm, madanm ou, pitit ou yo ansanm ak madanm pitit ou yo.
17 Fè tout bèt yo soti tout ansanm avèk ou, zwazo yo, zannimo domestik yo, tout bèt k’ap trennen sou vant yo. Se pou yo fè pitit, fè anpil pitit pou mete sou tè a ankò.
18 Se konsa Noe soti nan batiman an ansanm ak madanm li, pitit li yo ak madanm pitit li yo.
19 tout bèt bwa yo, tout zannimo domestik yo, tout bèt k’ap trennen sou vant yo, tout zwazo yo, yo tout yo soti nan batiman an tou.
20  Noe bati yon lotèl. Li pran yonn nan chak kalite bèt ak zwazo ki bon pou moun manje, li touye yo, li boule yo nèt sou lotèl la.
21 Lè Bondye pran bon sant lan, sa te fè l’ plezi. Li di nan kè l’ -Mwen p’ap janm bay tè a madichon ankò poutèt sa lèzòm fè, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kè yo. Mwen p’ap janm detwi tout bèt vivan yo ankò, jan mwen sot fè l’ la.
22 Toutotan latè a la, va gen yon lè pou plante, yon lè pou rekòlte, va gen sezon fredi ak sezon chalè, va gen sezon sèk, ak sezon lapli, va gen lajounen, va gen lannwit. Wi, toutotan latè a la, bagay sa yo p’ap janm sispann. 
Kreyol / Français / English

Genèse 8

1 Dieu se souvint de Noé, de tous les animaux et de tout le bétail qui étaient avec lui dans l’arche; et Dieu fit passer un vent sur la terre, et les eaux s’apaisèrent.
Les sources de l’abîme et les écluses des cieux furent fermées, et la pluie ne tomba plus du ciel.
Les eaux se retirèrent de dessus la terre, s’en allant et s’éloignant, et les eaux diminuèrent au bout de cent cinquante jours.
Le septième mois, le dix-septième jour du mois, l’arche s’arrêta sur les montagnes d’Ararat.
Les eaux allèrent en diminuant jusqu’au dixième mois. Le dixième mois, le premier jour du mois, apparurent les sommets des montagnes.
Au bout de quarante jours, Noé ouvrit la fenêtre qu’il avait faite à l’arche.
Il lâcha le corbeau, qui sortit, partant et revenant, jusqu’à ce que les eaux eussent séché sur la terre.
Il lâcha aussi la colombe, pour voir si les eaux avaient diminué à la surface de la terre.
Mais la colombe ne trouva aucun lieu pour poser la plante de son pied, et elle revint à lui dans l’arche, car il y avait des eaux à la surface de toute la terre. Il avança la main, la prit, et la fit rentrer auprès de lui dans l’arche.
10 Il attendit encore sept autres jours, et il lâcha de nouveau la colombe hors de l’arche.
11 La colombe revint à lui sur le soir; et voici, une feuille d’olivier arrachée était dans son bec. Noé connut ainsi que les eaux avaient diminué sur la terre.
12 Il attendit encore sept autres jours; et il lâcha la colombe. Mais elle ne revint plus à lui.
13 L’an six cent un, le premier mois, le premier jour du mois, les eaux avaient séché sur la terre. Noé ôta la couverture de l’arche: il regarda, et voici, la surface de la terre avait séché.
14 Le second mois, le vingt-septième jour du mois, la terre fut sèche.
15 Alors Dieu parla à Noé, en disant:
16 Sors de l’arche, toi et ta femme, tes fils et les femmes de tes fils avec toi.
17 Fais sortir avec toi tous les animaux de toute chair qui sont avec toi, tant les oiseaux que le bétail et tous les reptiles qui rampent sur la terre: qu’ils se répandent sur la terre, qu’ils soient féconds et multiplient sur la terre.
18 Et Noé sortit, avec ses fils, sa femme, et les femmes de ses fils.
19 Tous les animaux, tous les reptiles, tous les oiseaux, tout ce qui se meut sur la terre, selon leurs espèces, sortirent de l’arche.
20 Noé bâtit un autel à l’Éternel; il prit de toutes les bêtes pures et de tous les oiseaux purs, et il offrit des holocaustes sur l’autel.
21 L’Éternel sentit une odeur agréable, et l’Éternel dit en son coeur: Je ne maudirai plus la terre, à cause de l’homme, parce que les pensées du coeur de l’homme sont mauvaises dès sa jeunesse; et je ne frapperai plus tout ce qui est vivant, comme je l’ai fait.
22 Tant que la terre subsistera, les semailles et la moisson, le froid et la chaleur, l’été et l’hiver, le jour et la nuit ne cesseront point.
Kreyol / Français / English

Genesis 8

And God remembered Noah, and every living thing, and all the cattle that was with him in the ark: and God made a wind to pass over the earth, and the waters assuaged;
The fountains also of the deep and the windows of heaven were stopped, and the rain from heaven was restrained;
And the waters returned from off the earth continually: and after the end of the hundred and fifty days the waters were abated.
And the ark rested in the seventh month, on the seventeenth day of the month, upon the mountains of Ararat.
And the waters decreased continually until the tenth month: in the tenth month, on the first day of the month, were the tops of the mountains seen.
And it came to pass at the end of forty days, that Noah opened the window of the ark which he had made:
And he sent forth a raven, which went forth to and fro, until the waters were dried up from off the earth.
Also he sent forth a dove from him, to see if the waters were abated from off the face of the ground;
But the dove found no rest for the sole of her foot, and she returned unto him into the ark, for the waters were on the face of the whole earth: then he put forth his hand, and took her, and pulled her in unto him into the ark.
10 And he stayed yet other seven days; and again he sent forth the dove out of the ark;
11 And the dove came in to him in the evening; and, lo, in her mouth was an olive leaf pluckt off: so Noah knew that the waters were abated from off the earth.
12 And he stayed yet other seven days; and sent forth the dove; which returned not again unto him any more.
13 And it came to pass in the six hundredth and first year, in the first month, the first day of the month, the waters were dried up from off the earth: and Noah removed the covering of the ark, and looked, and, behold, the face of the ground was dry.
14 And in the second month, on the seven and twentieth day of the month, was the earth dried.
15 And God spake unto Noah, saying,
16 Go forth of the ark, thou, and thy wife, and thy sons, and thy sons’ wives with thee.
17 Bring forth with thee every living thing that is with thee, of all flesh, both of fowl, and of cattle, and of every creeping thing that creepeth upon the earth; that they may breed abundantly in the earth, and be fruitful, and multiply upon the earth.
18 And Noah went forth, and his sons, and his wife, and his sons’ wives with him:
19 Every beast, every creeping thing, and every fowl, and whatsoever creepeth upon the earth, after their kinds, went forth out of the ark.
20 And Noah builded an altar unto the Lord; and took of every clean beast, and of every clean fowl, and offered burnt offerings on the altar.
21 And the Lord smelled a sweet savour; and the Lord said in his heart, I will not again curse the ground any more for man’s sake; for the imagination of man’s heart is evil from his youth; neither will I again smite any more every thing living, as I have done.
22 While the earth remaineth, seedtime and harvest, and cold and heat, and summer and winter, and day and night shall not cease.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}