Liv 2 Wa / 2 Rois / 2Kings

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Wa 9

1 Pwofèt Elize rele yonn nan jenn pwofèt yo, li di l’ konsa: –Pare pou ale lavil Ramòt nan peyi Galarad. Pran ti poban lwil oliv sa a avè ou.
Lè w’a rive, w’a chache kote Jeou, pitit gason Jozafa a, pitit pitit Nimchi a, ye. W’a antre kote l’ ye a, w’a fè l’ leve kite kanmarad li yo, w’a mennen l’ nan yon pyès apa.
W’a pran ti poban lwil la, w’a vide l’ sou tèt li. W’a di l’: Men sa Seyè a di: Mwen chwazi ou pou ou wa nan peyi Izrayèl. Lèfini, pa rete. Louvri pòt la, prese al fè wout ou.
Se konsa jenn pwofèt la ale lavil Ramòt nan peyi Galarad.
Li jwenn tout chèf lame yo te reyini ap pale ansanm. Li di konsa: –Chèf, mwen gen yon mesaj pou ou. Jeou mande l’: –Pou kilès nan nou? Pwofèt la reponn: –Pou ou wi, chèf.
Jeou leve, li antre nan kay la. Lamenm jenn pwofèt la vide lwil oliv la sou tèt Jeou, li di l’ konsa: –Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen chwazi ou pou ou wa sou pèp Izrayèl, pèp mwen an.
Ou pral touye tout fanmi Akab, mèt ou a. Se konsa mwen pral peni Jezabèl pou touye li te touye pwofèt mwen yo ak tout lòt sèvitè m’ yo.
Tout rès fanmi Akab la fèt pou disparèt. M’ap touye dènye gason ki gen nan fanmi an, jenn moun kou granmoun.
Menm sa m’ te fè fanmi Jewoboram, pitit Nebat, wa peyi Izrayèl la, menm sa m’ te fè fanmi Bacha, pitit Akija, wa peyi Izrayèl la tou, se sa m’ap fè fanmi pa l’ la tou.
10 Pou Jezabèl menm, se chen ki pral manje kadav li nan jaden Jizreyèl la. P’ap gen pesonn pou antere l’. Lè li fin di sa, li louvri pòt la, li kouri ale.
11  Jeou tounen al jwenn lòt chèf parèy li yo. Yo mande l’: –Sa ki genyen? Sa nèg fou sa a te bezwen ou fè? Jeou reponn yo: –Anyen. Nou konnen ki moun pwofèt sa yo ye. Nou konnen sa y’ap mache di!
12 Mesye yo reponn: –Manti w’ap ban nou la a! Annou wè non, monchè. Rakonte nou sa l’ di ou. Lè sa a, Jeou di yo: –Li di m’ Seyè a voye di m’ li chwazi m’ pou wa peyi Izrayèl la.
13 Lamenm chèf lame yo wete manto yo, yo louvri yo sou tèt macheskalye a, yo fè Jeou moute chita. Yo kònen klewon, yo di: –Viv Jeou, wa peyi Izrayèl!
14 Jeou, pitit Jozafa, pitit pitit Nimchi, moute yon konplo kont Joram. Joram te moute lavil Ramòt nan peyi Galarad ak tout moun peyi Izrayèl yo al goumen ak Azayèl, wa peyi Siri.
15 Men, li te tounen lavil Jizreyèl fè mete renmèd sou kote sòlda peyi Siri yo te blese l’ lè li t’ap goumen ak Azayèl, wa peyi Siri a. Lè sa a Jeou di moun ki te avè l’ yo: –Si nou avè m’ vre, pa kite pesonn soti lavil Ramòt al bay nouvèl la lavil Jizreyèl.
16  Apre sa, li moute sou cha lagè li, li pati pou lavil Jizreyèl. Joram te kouche malad toujou. Akazya, wa peyi Jida a, te desann vin wè l’.
17 Yon faksyonnè ki te nan fò won Jizreyèl la wè Jeou ansanm ak yon bann moun ki t’ap pwoche. Li rele: –Mwen wè yon bann moun k’ap vini wi! Joram bay lòd sa a: –Voye yon kavalye al kontre yo pou l’ mande yo si y’ap vin an zanmi!
18 Kavalye a pati al kontre Jeou, li di l’: –Wa a bezwen konnen si se an zanmi w’ap vini! Jeou reponn li: –Sa pa gade ou! Pase dèyè do m’. Faksyonnè a bay nouvèl la konsa: –Mesaje a rive bò kote yo, men li pa tounen.
19 Yo voye yon dezyèm kavalye. Lè li rive bò kote yo, li di: –Wa a mande ou si se an zanmi w’ap vini. Jeou reponn li: –Sa pa gade ou! Pase dèyè do m’.
20 Faksyonnè a bay nouvèl la ankò: –Mesaje a rive bò kote yo, men li pa tounen. Lèfini, moun ki sou premye cha a gen lè se Jeou, pitit pitit Nimchi a. L’ap kouri cha lagè a tankou moun fou.
21 Lè sa a Joram di: –Pare cha lagè a pou mwen! Yo mennen chwal yo, yo pare cha lagè wa a. Joram, wa peyi Izrayèl la, ak Okozyas, wa peyi Jida a, pati, chak moun sou cha yo. y’ al kontre Jeou. Yo kontre avè l’ nan jaden ki te pou Nabòt, moun lavil Jizreyèl la.
22 Joram mande l’: –Eske ou vin an zanmi? Jeou reponn: –Ki zanmi w’ap pale la a lè manman ou, Jezabèl, ap donnen pi rèd nan fè maji ak nan sèvi zidòl?
23 Joram kase tèt tounen, li kouri met deyò, li di Okozyas konsa: –Yo trayi nou, Okozyas!
24 Jeou pran banza li, li voye yon flèch ak tout fòs li. Flèch la pran Joram nan mitan de zepòl li yo, li pèse kè l’. Joram tonbe nan cha lagè li a.
25 Jeou rele Bidka, òdonans li an, li ba li lòd sa a: –Pran kadav la, jete l’ nan jaden Nabòt, moun Jizreyèl la. Ou chonje lè ou menm avè m’ nou te sou chwal nou dèyè Akab, papa l’? Seyè a te pale kont Joram, li te di:
26 Menm jan ayè, mwen te wè jan nou te touye Nabòt ak pitit gason l’ yo, se konsa m’a ba ou sa ou merite a nan menm jaden an. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. Koulye a, pran kadav li, jete l’ nan jaden Nabòt la, jan Seyè a te di l’ la.
27 Lè Okozyas, wa peyi Jida a, wè sa ki te rive, li kouri nan cha lagè li a nan direksyon lavil Betagan. Men, Jeou pati dèyè l’. Li di: –Touye l’ tou. Yo blese l’ sou cha a nan ti moute ki mennen lavil Gour, toupre lavil Jibleyam. Men, Okozyas kenbe jouk li rive lavil Megido. Se la li mouri.
28 Apre sa, chèf li yo mete kadav la sou cha a, yo mennen l’ lavil Jerizalèm. Yo antere l’ nan kavo fanmi li nan lavil David la.
29 Joram, pitit Akab la, t’ap mache sou onzan depi li te wa peyi Izrayèl lè Okozyas te moute wa nan peyi Jida.
30  Jeou rive lavil Jizreyèl. Lè Jezabèl vin konn sa, li pase fa bò je li, li ranje tèt li, l’ al kanpe bò yon fennèt ap gade.
31 Lè Jeou antre nan pòtay lavil la, Jezabèl di l’ konsa: –Ban m’ nouvèl ou non, Zimri, ansasen mèt ou!
32 Jeou leve je l’ gade bò fennèt la, li di: –Ki moun ki avè m’? De twa gad palè a parèt tèt yo nan yon fennèt.
33 Jeou di yo: –Voye Jezabèl jete anba! Yo voye Jezabèl jete anba. San li gaye sou tout miray la ak sou chwal yo. Jeou fè chwal li yo ak cha lagè li a pase sou kadav la.
34 Li antre nan palè a, li manje, li bwè. Apre sa li di: –Al okipe fanm madichon an! Antere l’. Tout jan, se pitit fi yon wa li ye.
35 Men, lè mesye yo ale pou antere l’ yo pa jwenn anyen pase zo bwa tèt li, de pye l’ ak de pla men l’ yo.
36 Yo tounen al fè rapò yo bay Jeou. Jeou di konsa: –Se sa menm Seyè a te di ki pou te rive l’ lè li te bay Eli, moun Tichbe a mesaj sa a pou li: Chen va manje Jezabèl nan peyi Jizreyèl.
37 Kadav li pral tounen fimye gaye nan tout jaden zòn Jizreyèl la. Konsa pesonn p’ap ka rekonèt li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Rois 9 

1 Élisée, le prophète, appela l’un des fils des prophètes, et lui dit: Ceins tes reins, prends avec toi cette fiole d’huile, et va à Ramoth en Galaad.
Quand tu y seras arrivé, vois Jéhu, fils de Josaphat, fils de Nimschi. Tu iras le faire lever du milieu de ses frères, et tu le conduiras dans une chambre retirée.
Tu prendras la fiole d’huile, que tu répandras sur sa tête, et tu diras: Ainsi parle l’Éternel: Je t’oins roi d’Israël! Puis tu ouvriras la porte, et tu t’enfuiras sans t’arrêter.
Le jeune homme, serviteur du prophète, partit pour Ramoth en Galaad.
Quand il arriva, voici, les chefs de l’armée étaient assis. Il dit: Chef, j’ai un mot à te dire. Et Jéhu dit: Auquel de nous tous? Il répondit: A toi, chef.
Jéhu se leva et entra dans la maison, et le jeune homme répandit l’huile sur sa tête, en lui disant: Ainsi parle l’Éternel, le Dieu d’Israël: Je t’oins roi d’Israël, du peuple de l’Éternel.
Tu frapperas la maison d’Achab, ton maître, et je vengerai sur Jézabel le sang de mes serviteurs les prophètes et le sang de tous les serviteurs de l’Éternel.
Toute la maison d’Achab périra; j’exterminerai quiconque appartient à Achab, celui qui est esclave et celui qui est libre en Israël,
et je rendrai la maison d’Achab semblable à la maison de Jéroboam, fils de Nebath, et à la maison de Baescha, fils d’Achija.
10 Les chiens mangeront Jézabel dans le champ de Jizreel, et il n’y aura personne pour l’enterrer. Puis le jeune homme ouvrit la porte, et s’enfuit.
11 Lorsque Jéhu sortit pour rejoindre les serviteurs de son maître, on lui dit: Tout va-t-il bien? Pourquoi ce fou est-il venu vers toi? Jéhu leur répondit: Vous connaissez bien l’homme et ce qu’il peut dire.
12 Mais ils répliquèrent: Mensonge! Réponds-nous donc! Et il dit: Il m’a parlé de telle et telle manière, disant: Ainsi parle l’Éternel: Je t’oins roi d’Israël.
13 Aussitôt ils prirent chacun leurs vêtements, qu’ils mirent sous Jéhu au haut des degrés; ils sonnèrent de la trompette, et dirent: Jéhu est roi!
14 Ainsi Jéhu, fils de Josaphat, fils de Nimschi, forma une conspiration contre Joram. -Or Joram et tout Israël défendaient Ramoth en Galaad contre Hazaël, roi de Syrie;
15 mais le roi Joram s’en était retourné pour se faire guérir à Jizreel des blessures que les Syriens lui avaient faites, lorsqu’il se battait contre Hazaël, roi de Syrie. -Jéhu dit: Si c’est votre volonté, personne ne s’échappera de la ville pour aller porter la nouvelle à Jizreel.
16 Et Jéhu monta sur son char et partit pour Jizreel, car Joram y était alité, et Achazia, roi de Juda, était descendu pour le visiter.
17 La sentinelle placée sur la tour de Jizreel vit venir la troupe de Jéhu, et dit: Je vois une troupe. Joram dit: Prends un cavalier, et envoie-le au-devant d’eux pour demander si c’est la paix.
18 Le cavalier alla au-devant de Jéhu, et dit: Ainsi parle le roi: Est-ce la paix? Et Jéhu répondit: Que t’importe la paix? Passe derrière moi. La sentinelle en donna avis, et dit: Le messager est allé jusqu’à eux, et il ne revient pas.
19 Joram envoya un second cavalier, qui arriva vers eux et dit: Ainsi parle le roi: Est-ce la paix? Et Jéhu répondit: Que t’importe la paix? Passe derrière moi.
20 La sentinelle en donna avis, et dit: Il est allé jusqu’à eux, et il ne revient pas. Et le train est comme celui de Jéhu, fils de Nimschi, car il conduit d’une manière insensée.
21 Alors Joram dit: Attelle! Et on attela son char. Joram, roi d’Israël, et Achazia, roi de Juda, sortirent chacun dans son char pour aller au-devant de Jéhu, et ils le rencontrèrent dans le champ de Naboth de Jizreel.
22 Dès que Joram vit Jéhu, il dit: Est-ce la paix, Jéhu? Jéhu répondit: Quoi, la paix! tant que durent les prostitutions de Jézabel, ta mère, et la multitude de ses sortilèges!
23 Joram tourna bride et s’enfuit, et il dit à Achazia: Trahison, Achazia!
24 Mais Jéhu saisit son arc, et il frappa Joram entre les épaules: la flèche sortit par le coeur, et Joram s’affaissa dans son char.
25 Jéhu dit à son officier Bidkar: Prends-le, et jette-le dans le champ de Naboth de Jizreel; car souviens-t’en, lorsque moi et toi, nous étions ensemble à cheval derrière Achab, son père, l’Éternel prononça contre lui cette sentence:
26 J’ai vu hier le sang de Naboth et le sang de ses fils, dit l’Éternel, et je te rendrai la pareille dans ce champ même, dit l’Éternel! Prends-le donc, et jette-le dans le champ, selon la parole de l’Éternel.
27 Achazia, roi de Juda, ayant vu cela, s’enfuit par le chemin de la maison du jardin. Jéhu le poursuivit, et dit: Lui aussi, frappez-le sur le char! Et on le frappa à la montée de Gur, près de Jibleam. Il se réfugia à Meguiddo, et il y mourut.
28 Ses serviteurs le transportèrent sur un char à Jérusalem, et ils l’enterrèrent dans son sépulcre avec ses pères, dans la ville de David.
29 Achazia était devenu roi de Juda la onzième année de Joram, fils d’Achab.
30 Jéhu entra dans Jizreel. Jézabel, l’ayant appris, mit du fard à ses yeux, se para la tête, et regarda par la fenêtre.
31 Comme Jéhu franchissait la porte, elle dit: Est-ce la paix, nouveau Zimri, assassin de son maître?
32 Il leva le visage vers la fenêtre, et dit: Qui est pour moi? qui? Et deux ou trois eunuques le regardèrent en s’approchant de la fenêtre.
33 Il dit: Jetez-la en bas! Ils la jetèrent, et il rejaillit de son sang sur la muraille et sur les chevaux. Jéhu la foula aux pieds;
34 puis il entra, mangea et but, et il dit: Allez voir cette maudite, et enterrez-la, car elle est fille de roi.
35 Ils allèrent pour l’enterrer; mais ils ne trouvèrent d’elle que le crâne, les pieds et les paumes des mains.
36 Ils retournèrent l’annoncer à Jéhu, qui dit: C’est ce qu’avait déclaré l’Éternel par son serviteur Élie, le Thischbite, en disant: Les chiens mangeront la chair de Jézabel dans le camp de Jizreel;
37 et le cadavre de Jézabel sera comme du fumier sur la face des champs, dans le champ de Jizreel, de sorte qu’on ne pourra dire: C’est Jézabel.
Louis Segond {LSG}

2 Kings 9

1 And Elisha the prophet called one of the children of the prophets, and said unto him, Gird up thy loins, and take this box of oil in thine hand, and go to Ramothgilead:
And when thou comest thither, look out there Jehu the son of Jehoshaphat the son of Nimshi, and go in, and make him arise up from among his brethren, and carry him to an inner chamber;
Then take the box of oil, and pour it on his head, and say, Thus saith the Lord, I have anointed thee king over Israel. Then open the door, and flee, and tarry not.
So the young man, even the young man the prophet, went to Ramothgilead.
And when he came, behold, the captains of the host were sitting; and he said, I have an errand to thee, O captain. And Jehu said, Unto which of all us? And he said, To thee, O captain.
And he arose, and went into the house; and he poured the oil on his head, and said unto him, Thus saith the Lord God of Israel, I have anointed thee king over the people of the Lord, even over Israel.
And thou shalt smite the house of Ahab thy master, that I may avenge the blood of my servants the prophets, and the blood of all the servants of the Lord, at the hand of Jezebel.
For the whole house of Ahab shall perish: and I will cut off from Ahab him that pisseth against the wall, and him that is shut up and left in Israel:
And I will make the house of Ahab like the house of Jeroboam the son of Nebat, and like the house of Baasha the son of Ahijah:
10 And the dogs shall eat Jezebel in the portion of Jezreel, and there shall be none to bury her. And he opened the door, and fled.
11 Then Jehu came forth to the servants of his lord: and one said unto him, Is all well? wherefore came this mad fellow to thee? And he said unto them, Ye know the man, and his communication.
12 And they said, It is false; tell us now. And he said, Thus and thus spake he to me, saying, Thus saith the Lord, I have anointed thee king over Israel.
13 Then they hasted, and took every man his garment, and put it under him on the top of the stairs, and blew with trumpets, saying, Jehu is king.
14 So Jehu the son of Jehoshaphat the son of Nimshi conspired against Joram. (Now Joram had kept Ramothgilead, he and all Israel, because of Hazael king of Syria.
15 But king Joram was returned to be healed in Jezreel of the wounds which the Syrians had given him, when he fought with Hazael king of Syria.) And Jehu said, If it be your minds, then let none go forth nor escape out of the city to go to tell it in Jezreel.
16 So Jehu rode in a chariot, and went to Jezreel; for Joram lay there. And Ahaziah king of Judah was come down to see Joram.
17 And there stood a watchman on the tower in Jezreel, and he spied the company of Jehu as he came, and said, I see a company. And Joram said, Take an horseman, and send to meet them, and let him say, Is it peace?
18 So there went one on horseback to meet him, and said, Thus saith the king, Is it peace? And Jehu said, What hast thou to do with peace? turn thee behind me. And the watchman told, saying, The messenger came to them, but he cometh not again.
19 Then he sent out a second on horseback, which came to them, and said, Thus saith the king, Is it peace? And Jehu answered, What hast thou to do with peace? turn thee behind me.
20 And the watchman told, saying, He came even unto them, and cometh not again: and the driving is like the driving of Jehu the son of Nimshi; for he driveth furiously.
21 And Joram said, Make ready. And his chariot was made ready. And Joram king of Israel and Ahaziah king of Judah went out, each in his chariot, and they went out against Jehu, and met him in the portion of Naboth the Jezreelite.
22 And it came to pass, when Joram saw Jehu, that he said, Is it peace, Jehu? And he answered, What peace, so long as the whoredoms of thy mother Jezebel and her witchcrafts are so many?
23 And Joram turned his hands, and fled, and said to Ahaziah, There is treachery, O Ahaziah.
24 And Jehu drew a bow with his full strength, and smote Jehoram between his arms, and the arrow went out at his heart, and he sunk down in his chariot.
25 Then said Jehu to Bidkar his captain, Take up, and cast him in the portion of the field of Naboth the Jezreelite: for remember how that, when I and thou rode together after Ahab his father, the Lord laid this burden upon him;
26 Surely I have seen yesterday the blood of Naboth, and the blood of his sons, saith the Lord; and I will requite thee in this plat, saith the Lord. Now therefore take and cast him into the plat of ground, according to the word of the Lord.
27 But when Ahaziah the king of Judah saw this, he fled by the way of the garden house. And Jehu followed after him, and said, Smite him also in the chariot. And they did so at the going up to Gur, which is by Ibleam. And he fled to Megiddo, and died there.
28 And his servants carried him in a chariot to Jerusalem, and buried him in his sepulchre with his fathers in the city of David.
29 And in the eleventh year of Joram the son of Ahab began Ahaziah to reign over Judah.
30 And when Jehu was come to Jezreel, Jezebel heard of it; and she painted her face, and tired her head, and looked out at a window.
31 And as Jehu entered in at the gate, she said, Had Zimri peace, who slew his master?
32 And he lifted up his face to the window, and said, Who is on my side? who? And there looked out to him two or three eunuchs.
33 And he said, Throw her down. So they threw her down: and some of her blood was sprinkled on the wall, and on the horses: and he trode her under foot.
34 And when he was come in, he did eat and drink, and said, Go, see now this cursed woman, and bury her: for she is a king’s daughter.
35 And they went to bury her: but they found no more of her than the skull, and the feet, and the palms of her hands.
36 Wherefore they came again, and told him. And he said, This is the word of the Lord, which he spake by his servant Elijah the Tishbite, saying, In the portion of Jezreel shall dogs eat the flesh of Jezebel:
37 And the carcase of Jezebel shall be as dung upon the face of the field in the portion of Jezreel; so that they shall not say, This is Jezebel.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}