Liv Levitik / Levitique / Levticus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Levitik 16

1 Seyè a pale ak Moyiz apre lanmò de pitit gason Arawon yo ki te mouri lè yo te ofri yon dife ki pa t’ bon bay Seyè a.
Seyè a di Moyiz konsa: -Pale ak Arawon, frè ou la, pou l’ pa antre nenpòt kilè, nenpòt ki jan dèyè rido a nan kote ki apa pou mwen an, devan kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a. Paske se la, sou kouvèti ki sou bwat kontra a, mwen parèt nan yon nwaj. Si li pa swiv lòd sa a, li ka mouri.
Lè l’ap antre nan kote ki apa nèt pou Bondye a, li gen pou l’ pote yon jenn ti towo ak yon belye. Ti towo a va sèvi pou mande Bondye padon, epi y’a boule belye a nèt pou Seyè a.
Men ki jan pou Arawon abiye lè l’ap antre nan kay Bondye a. L’a mete rad seremoni pou prèt yo mete lè y’ap fè sèvis pou Bondye. L’a mete chemiz twal fen blan an ak kalson twal fen blan an, l’a mare sentiwon twal fen blan an nan ren l’ ak mouchwa tèt twal fen blan an nan tèt li. L’a lave kò l’ nan gwo dlo anvan la mete yo sou li.
 Moun pèp Izrayèl yo va bay Arawon de bouk kabrit ak yon belye. Bouk kabrit yo va sèvi ofrann pou mande Bondye fè gras. Belye a menm, y’a boule l’ nèt pou Seyè a.
Arawon va ofri ti towo bèf la pou yo touye l’ pou wete peche l’ yo ak peche fanmi l’ yo. Se konsa l’a fè sèvis pou mande Bondye padon an pou li ak pou fanmi l’.
Apre sa, l’a pran de bouk kabrit yo, l’a mennen yo devan pòt Tant Randevou a. L’a prezante yo devan lotèl Bondye a.
Apre sa, l’a tire osò ak de ti wòch, yonn make: Pou Seyè a, lòt la: Pou Azazèl.
Arawon va touye bouk kabrit ki soti pou Seyè a, l’a ofri l’ pou wete peche.
10 Men, l’a pran bouk kabrit ki soti pou Azazèl la, y’a prezante l’ tou vivan devan Seyè a. Apre sa, lè y’a fin fè sèvis sou li pou wete peche pou pèp la, y’a lage l’ nan dezè a pou l al jwenn Azazèl.
11 Lèfini, Arawon va touye ti towo bèf li te ofri pou wete peche pa l’ yo. L’a fè sèvis pou mande Bondye padon pou peche pa l’ yo ansanm ak peche fanmi l’ yo.
12 Apre sa, l’a pran yon recho, l’a plen l’ chabon dife tou limen la jwenn sou lotèl la, l’a pran de ponyen lansan santi bon an poud. L’a pote recho a ak lansan an antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a.
13 Rive la, devan lotèl Seyè a, l’a mete lansan an sou dife a, lafimen lansan an va kouvri kouvèti Bwat Kontra a nèt. Konsa, li p’ap ka wè l’, li p’ap mouri.
14 L’a tranpe dwèt li nan san ti towo bèf la, l’a voye san an sou bò devan kouvèti Bwat Kontra a, sou bò solèy leve. Apre sa, l’a voye san an sèt fwa devan kouvèti a avèk dwèt li.
15  Se lè sa a l’a touye kabrit pou wete peche pèp la. L’a pran san an, l’a pote l’ anndan kote ki apa nèt pou Seyè a, l’a voye l’ sou kouvèti a ak devan kouvèti a, menm jan li te fè pou san ti towo bèf la.
16 Se konsa, poutèt tout peche ak tout mechanste pèp la fè yo, epi poutèt moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, Arawon va fè sèvis pou mande Bondye fè gras pou kote ki apa nèt pou li a. L’a fè sa tou pou Tant Randevou a, paske tant lan kanpe nan mitan pèp la ak tout moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.
17 Depi Arawon antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a pou l’ fè sèvis pou mande padon an jouk lè li soti, lòt moun pa gen dwa anndan tant Randevou a. L’a fè sèvis la pou li menm, pou fanmi l’ ak pou tout moun pèp Izrayèl yo.
18 Lèfini, l’a soti, l’a ale bò kote lotèl pou boule ofrann lan, l’a fè sèvis pou wete peche pou li tou. Epi, l’a pran nan san ti towo bèf la ak nan san bouk kabrit la, l’a mete sou kat kòn ki sou kat kwen lotèl la.
19 Lèfini, avèk dwèt li, l’a voye san an sèt fwa sou lotèl la. Se konsa, poutèt moun nan pèp Izrayèl la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, l’a fè sèvis pou mete lotèl la nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, l’a mete l’ apa pou Bondye.
20  Lè Arawon va fin fè sèvis pou wete peche pou kote ki apa nèt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotèl la, l’a fè yo pwoche bouk kabrit vivan yo te chwazi pou Azazèl la devan Seyè a.
21 L’a mete tou de men l’ yo sou tèt kabrit la, l’a rekonèt sou li tout peche, tout mechanste ak tout movezak pèp Izrayèl la te fè. Se konsa l’a mete tout peche sa yo sou tèt kabrit la. Lèfini, l’a fè moun ki chwazi pou sa a mennen kabrit la al lage l’ nan dezè a.
22 Bouk la va pote tout peche yo ale sou li yon zòn kote pa gen moun rete la.
23 Apre sa, Arawon va antre ankò nan Tant Randevou a. L’a wete rad fen blan li te mete sou li pou li te ka antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a, l’a kite yo la.
24 L’a pran yon bon beny nan kote yo mete apa pou sa a, l’a mete lòt rad sou li. Apre sa, l’a soti, l’a ofri bèt pou yo boule nèt yo pou peche pa l’ yo ak pou tout peche pèp la. L’a fè sèvis pou mande Bondye padon.
25 L’a pran grès bèt yo te ofri pou peche a, l’a boule yo sou lotèl la.
26 Nonm ki te al lage bouk kabrit la pou Azazèl nan dezè a gen pou l’ lave tout rad ki sou li, epi pou l’ pran yon bon beny nan gwo dlo, anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a.
27 Y’a pran towo bèf ak kabrit yo te touye pou wete peche a, y’a pote yo ale andeyò limit kan kote moun yo rete a, epi y’a boule po vyann yo ansanm ak tout tripay yo nèt. Se san bèt sa yo yo te pote nan kote ki apa nèt pou Seyè a pou fè sèvis pou mande padon pou peche.
28 Moun ki te al boule yo a va gen pou l’ lave rad li tou, pou l’ benyen nèt nan gwo dlo anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a.
29  Men regleman pou nou fè tout tan tout tan jouk sa kaba. Sou dizyèm jou nan setyèm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan nou yo va fè jèn, yo p’ap fè ankenn travay jou sa a.
30 Paske, jou sa a y’a fè sèvis pou wete yo anba tout peche yo, pou yo ka parèt nan bon kondisyon devan Seyè a.
31 Jou sa a va yon jou espesyal pou nou fè jèn, yon jou pou nou pa travay menm. Se lòd mwen ban nou, se pou nou toujou fè sèvis sa a.
32 Se va reskonsablite granprèt yo va mete apa pou fè sèvis Seyè a nan plas papa l’ la pou li fè sèvis pou mande Bondye padon, l’a mete rad fen blan yo, rad pou prèt yo mete lè y’ap fè sèvis.
33 L’a fè sèvis pou wete peche pou kote ki apa nèt pou Bondye a, pou Tant Randevou a ak pou lotèl la, l’a fè ofrann pou prèt yo ak pou tout pèp Izrayèl la.
34 Men regleman pou nou swiv tout tan tout tan. Se yon sèvis pou yo fè yon fwa chak lanne pou mande padon pou peche pèp Izrayèl la. Yo te fè tout bagay jan Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. 

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Levitique 16

1 L’Éternel parla à Moïse, après la mort des deux fils d’Aaron, qui moururent en se présentant devant l’Éternel.
L’Éternel dit à Moïse: Parle à ton frère Aaron, afin qu’il n’entre pas en tout temps dans le sanctuaire, au dedans du voile, devant le propitiatoire qui est sur l’arche, de peur qu’il ne meure; car j’apparaîtrai dans la nuée sur le propitiatoire.
Voici de quelle manière Aaron entrera dans le sanctuaire. Il prendra un jeune taureau pour le sacrifice d’expiation et un bélier pour l’holocauste.
Il se revêtira de la tunique sacrée de lin, et portera sur son corps des caleçons de lin; il se ceindra d’une ceinture de lin, et il se couvrira la tête d’une tiare de lin: ce sont les vêtements sacrés, dont il se revêtira après avoir lavé son corps dans l’eau.
Il recevra de l’assemblée des enfants d’Israël deux boucs pour le sacrifice d’expiation et un bélier pour l’holocauste.
Aaron offrira son taureau expiatoire, et il fera l’expiation pour lui et pour sa maison.
Il prendra les deux boucs, et il les placera devant l’Éternel, à l’entrée de la tente d’assignation.
Aaron jettera le sort sur les deux boucs, un sort pour l’Éternel et un sort pour Azazel.
Aaron fera approcher le bouc sur lequel est tombé le sort pour l’Éternel, et il l’offrira en sacrifice d’expiation.
10 Et le bouc sur lequel est tombé le sort pour Azazel sera placé vivant devant l’Éternel, afin qu’il serve à faire l’expiation et qu’il soit lâché dans le désert pour Azazel.
11 Aaron offrira son taureau expiatoire, et il fera l’expiation pour lui et pour sa maison. Il égorgera son taureau expiatoire.
12 Il prendra un brasier plein de charbons ardents ôtés de dessus l’autel devant l’Éternel, et de deux poignées de parfum odoriférants en poudre; il portera ces choses au delà du voile;
13 il mettra le parfum sur le feu devant l’Éternel, afin que la nuée du parfum couvre le propitiatoire qui est sur le témoignage, et il ne mourra point.
14 Il prendra du sang du taureau, et il fera l’aspersion avec son doigt sur le devant du propitiatoire vers l’orient; il fera avec son doigt sept fois l’aspersion du sang devant le propitiatoire.
15 Il égorgera le bouc expiatoire pour le peuple, et il en portera le sang au delà du voile. Il fera avec ce sang comme il a fait avec le sang du taureau, il en fera l’aspersion sur le propitiatoire et devant le propitiatoire.
16 C’est ainsi qu’il fera l’expiation pour le sanctuaire à cause des impuretés des enfants d’Israël et de toutes les transgressions par lesquelles ils ont péché. Il fera de même pour la tente d’assignation, qui est avec eux au milieu de leurs impuretés.
17 Il n’y aura personne dans la tente d’assignation lorsqu’il entrera pour faire l’expiation dans le sanctuaire, jusqu’à ce qu’il en sorte. Il fera l’expiation pour lui et pour sa maison, et pour toute l’assemblée d’Israël.
18 En sortant, il ira vers l’autel qui est devant l’Éternel, et il fera l’expiation pour l’autel; il prendra du sang du taureau et du bouc, et il en mettra sur les cornes de l’autel tout autour.
19 Il fera avec son doigt sept fois l’aspersion du sang sur l’autel; il le purifiera et le sanctifiera, à cause des impuretés des enfants d’Israël.
20 Lorsqu’il aura achevé de faire l’expiation pour le sanctuaire, pour la tente d’assignation et pour l’autel, il fera approcher le bouc vivant.
21 Aaron posera ses deux mains sur la tête du bouc vivant, et il confessera sur lui toutes les iniquités des enfants d’Israël et toutes les transgressions par lesquelles ils ont péché; il les mettra sur la tête du bouc, puis il le chassera dans le désert, à l’aide d’un homme qui aura cette charge.
22 Le bouc emportera sur lui toutes leurs iniquités dans une terre désolée; il sera chassé dans le désert.
23 Aaron entrera dans la tente d’assignation; il quittera les vêtements de lin qu’il avait mis en entrant dans le sanctuaire, et il les déposera là.
24 Il lavera son corps avec de l’eau dans un lieu saint, et reprendra ses vêtements. Puis il sortira, offrira son holocauste et l’holocauste du peuple, et fera l’expiation pour lui et pour le peuple.
25 Il brûlera sur l’autel la graisse de la victime expiatoire.
26 Celui qui aura chassé le bouc pour Azazel lavera ses vêtements, et lavera son corps dans l’eau; après cela, il rentrera dans le camp.
27 On emportera hors du camp le taureau expiatoire et le bouc expiatoire dont on a porté le sang dans le sanctuaire pour faire l’expiation, et l’on brûlera au feu leurs peaux, leur chair et leurs excréments.
28 Celui qui les brûlera lavera ses vêtements, et lavera son corps dans l’eau; après cela, il rentrera dans le camp.
29 C’est ici pour vous une loi perpétuelle: au septième mois, le dixième jour du mois, vous humilierez vos âmes, vous ne ferez aucun ouvrage, ni l’indigène, ni l’étranger qui séjourne au milieu de vous.
30 Car en ce jour on fera l’expiation pour vous, afin de vous purifier: vous serez purifiés de tous vos péchés devant l’Éternel.
31 Ce sera pour vous un sabbat, un jour de repos, et vous humilierez vos âmes. C’est une loi perpétuelle.
32 L’expiation sera faite par le sacrificateur qui a reçu l’onction et qui a été consacré pour succéder à son père dans le sacerdoce; il se revêtira des vêtements de lin, des vêtements sacrés.
33 Il fera l’expiation pour le sanctuaire de sainteté, il fera l’expiation pour la tente d’assignation et pour l’autel, et il fera l’expiation pour les sacrificateurs et pour tout le peuple de l’assemblée.
34 Ce sera pour vous une loi perpétuelle: il se fera une fois chaque année l’expiation pour les enfants d’Israël, à cause de leurs péchés. On fit ce que l’Éternel avait ordonné à Moïse.
Louis Segond {LSG}

Leviticus 16

1 And the Lord spake unto Moses after the death of the two sons of Aaron, when they offered before the Lord, and died;
And the Lord said unto Moses, Speak unto Aaron thy brother, that he come not at all times into the holy place within the vail before the mercy seat, which is upon the ark; that he die not: for I will appear in the cloud upon the mercy seat.
Thus shall Aaron come into the holy place: with a young bullock for a sin offering, and a ram for a burnt offering.
He shall put on the holy linen coat, and he shall have the linen breeches upon his flesh, and shall be girded with a linen girdle, and with the linen mitre shall he be attired: these are holy garments; therefore shall he wash his flesh in water, and so put them on.
And he shall take of the congregation of the children of Israel two kids of the goats for a sin offering, and one ram for a burnt offering.
And Aaron shall offer his bullock of the sin offering, which is for himself, and make an atonement for himself, and for his house.
And he shall take the two goats, and present them before the Lord at the door of the tabernacle of the congregation.
And Aaron shall cast lots upon the two goats; one lot for the Lord, and the other lot for the scapegoat.
And Aaron shall bring the goat upon which the Lord‘s lot fell, and offer him for a sin offering.
10 But the goat, on which the lot fell to be the scapegoat, shall be presented alive before the Lord, to make an atonement with him, and to let him go for a scapegoat into the wilderness.
11 And Aaron shall bring the bullock of the sin offering, which is for himself, and shall make an atonement for himself, and for his house, and shall kill the bullock of the sin offering which is for himself:
12 And he shall take a censer full of burning coals of fire from off the altar before the Lord, and his hands full of sweet incense beaten small, and bring it within the vail:
13 And he shall put the incense upon the fire before the Lord, that the cloud of the incense may cover the mercy seat that is upon the testimony, that he die not:
14 And he shall take of the blood of the bullock, and sprinkle it with his finger upon the mercy seat eastward; and before the mercy seat shall he sprinkle of the blood with his finger seven times.
15 Then shall he kill the goat of the sin offering, that is for the people, and bring his blood within the vail, and do with that blood as he did with the blood of the bullock, and sprinkle it upon the mercy seat, and before the mercy seat:
16 And he shall make an atonement for the holy place, because of the uncleanness of the children of Israel, and because of their transgressions in all their sins: and so shall he do for the tabernacle of the congregation, that remaineth among them in the midst of their uncleanness.
17 And there shall be no man in the tabernacle of the congregation when he goeth in to make an atonement in the holy place, until he come out, and have made an atonement for himself, and for his household, and for all the congregation of Israel.
18 And he shall go out unto the altar that is before the Lord, and make an atonement for it; and shall take of the blood of the bullock, and of the blood of the goat, and put it upon the horns of the altar round about.
19 And he shall sprinkle of the blood upon it with his finger seven times, and cleanse it, and hallow it from the uncleanness of the children of Israel.
20 And when he hath made an end of reconciling the holy place, and the tabernacle of the congregation, and the altar, he shall bring the live goat:
21 And Aaron shall lay both his hands upon the head of the live goat, and confess over him all the iniquities of the children of Israel, and all their transgressions in all their sins, putting them upon the head of the goat, and shall send him away by the hand of a fit man into the wilderness:
22 And the goat shall bear upon him all their iniquities unto a land not inhabited: and he shall let go the goat in the wilderness.
23 And Aaron shall come into the tabernacle of the congregation, and shall put off the linen garments, which he put on when he went into the holy place, and shall leave them there:
24 And he shall wash his flesh with water in the holy place, and put on his garments, and come forth, and offer his burnt offering, and the burnt offering of the people, and make an atonement for himself, and for the people.
25 And the fat of the sin offering shall he burn upon the altar.
26 And he that let go the goat for the scapegoat shall wash his clothes, and bathe his flesh in water, and afterward come into the camp.
27 And the bullock for the sin offering, and the goat for the sin offering, whose blood was brought in to make atonement in the holy place, shall one carry forth without the camp; and they shall burn in the fire their skins, and their flesh, and their dung.
28 And he that burneth them shall wash his clothes, and bathe his flesh in water, and afterward he shall come into the camp.
29 And this shall be a statute for ever unto you: that in the seventh month, on the tenth day of the month, ye shall afflict your souls, and do no work at all, whether it be one of your own country, or a stranger that sojourneth among you:
30 For on that day shall the priest make an atonement for you, to cleanse you, that ye may be clean from all your sins before the Lord.
31 It shall be a sabbath of rest unto you, and ye shall afflict your souls, by a statute for ever.
32 And the priest, whom he shall anoint, and whom he shall consecrate to minister in the priest’s office in his father’s stead, shall make the atonement, and shall put on the linen clothes, even the holy garments:
33 And he shall make an atonement for the holy sanctuary, and he shall make an atonement for the tabernacle of the congregation, and for the altar, and he shall make an atonement for the priests, and for all the people of the congregation.
34 And this shall be an everlasting statute unto you, to make an atonement for the children of Israel for all their sins once a year. And he did as the Lord commanded Moses.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}