Liv Egzòd / Exode / Exodus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Egzòd 18

1 Jetwo te pran nouvèl tou sa Bondye te fè pou Moyiz ak pèp Izrayèl la, jan li te fè yo soti kite peyi Lejip. Jetwo sa a te prèt nan peyi Madyan. Se bòpè Moyiz li te ye.
Anvan tout bagay sa yo te rive, Moyiz te voye Sefora, madanm li, al jwenn Jetwo, papa li. Koulye a, Jetwo mennen Sefora tounen bay Moyiz
ansanm ak Gèchon ak Elyezè, de pitit gason Moyiz yo. Lè timoun sa yo t’ap fèt Moyiz te di: Se moun vini mwen ye nan yon peyi etranje. Se konsa li te rele yonn Gèchon.
Moyiz te di tou: Se Bondye papa m’ ki te pote m’ sekou, ki te sove m’ anba pèsekisyon farawon an. Se konsa li te rele lòt la Elyezè.
Jetwo, bòpè Moyiz la, pran madanm Moyiz ak de pitit gason l’ yo, li vin wè Moyiz nan dezè kote l’ te moute tant li a, sou mòn Bondye a.
Jetwo voye di Moyiz: -Se mwen menm, Jetwo, bòpè ou, k’ap vin wè ou ansanm ak madanm ou ak de pitit gason ou yo.
 Moyiz soti al kontre bòpè li, li bese tèt li jouk atè devan l’ pou di li bonjou, epi li bo l’. Yonn mande lòt ki jan yo ye, epi yo antre anba tant Moyiz la.
Moyiz rakonte bòpè l’ tou sa Seyè a te fè farawon an ak moun peyi Lejip yo pase poutèt pitit Izrayèl yo. Li di l’ tout tray yo te pase nan vwayaj la ak ki jan Seyè a te delivre yo.
Jetwo te kontan anpil lè l’ tande tout bèl bagay Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la, jan l’ te delivre yo anba men moun peyi Lejip yo.
10 Jetwo di: -Lwanj pou Seyè a ki delivre ou anba men moun peyi Lejip yo ak anba men farawon an! Lwanj pou Seyè a ki wete pèp li a anba esklavaj moun peyi Lejip yo!
11 Koulye a mwen konnen Seyè a gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, paske gade jan Bondye delivre pèp Izrayèl la anba moun peyi Lejip yo ki pa t’ vle wè yo!
12 Apre sa, Jetwo, bòpè Moyiz la, ofri bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Li ofri bèt pou yo boule nèt pou Seyè a. Arawon ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la te vin manje ak bòpè Moyiz la nan manje yo t’ap manje devan Bondye a.
13  Nan denmen, Moyiz te chita pou rann jijman sou tout bagay ki pase nan mitan pèp la. Depi maten jouk aswè, moun t’ap pase devan Moyiz.
14 Lè Jetwo, bòpè Moyiz la, wè kalite travay di sa a Moyiz t’ap fè pou kò l’ pou pèp la, li di l’ konsa: -Kisa w’ap fè konsa ak pèp la? Poukisa pou pèp la kanpe devan ou depi maten jouk aswè, epi se ou menm ki chita la pou kont ou ap rann jijman?
15 Moyiz reponn bòpè l’ konsa: -Se sa pou m’ fè paske pèp la vin kote m’ pou yo ka konnen sa Bondye vle yo fè nan tout sikonstans.
16 Lè yo gen kont, yo vin jwenn mwen, mwen regle sa pou yo, mwen fè yo konnen volonte Bondye ak sa Bondye mande yo pou yo fè.
17 Bòpè Moyiz la di l’ konsa: -Jan w’ap fè l’ la pa bon.
18 W’ap fin kraze kouraj ou ansanm ak kouraj pèp la ki la avè ou. Paske chay la twòp pou ou. Ou pa ka pote l’ pou kont ou.
19 Bon. Koute sa m’ap di ou: se yon konsèy m’ap ba ou pou Bondye ka ede ou. Se ou menm ki va prezante pou pèp la devan Bondye. W’a mete tout pwoblèm yo devan Bondye.
20 W’a moutre yo lòd Bondye, Seyè a, bay ansanm ak sa li mande yo pou yo fè. W’a fè yo konnen jan pou yo viv ak sa yo dwe fè.
21 Men, w’a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p’ap kite lajan pran nanm yo. W’a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.
22 Moun sa yo va toujou la pou sèvi jij pou pèp la. Lè y’a gen gwo zafè, y’a pote yo devan ou. Men lòt ti zafè, y’a regle sa yo menm. Konsa, chay la va pi lejè pou ou, paske y’a ede ou pote l’.
23 Si ou fè sa, Bondye va dirije ou. W’a kapab fè travay ou, epitou, tout pèp la va tounen lakay li ak kè poze.
24 Moyiz koute konsèy bòpè l’ la vre. Li fè tou sa Jetwo te di l’ fè yo.
25 Moyiz chwazi nan mitan pèp Izrayèl la kèk nèg ki kapab dirije pèp la, li mete yo chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.
26 Yo te toujou la pou rann jistis pou pèp la. Yo te pote gwo zafè yo devan Moyiz. Men ti ka piti yo, yo te regle sa yo menm.
27 Apre sa, Moyiz kite bòpè l’ la pati. Epi Jetwo tounen tounen l’ nan peyi l’.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Exode 18

1 Jéthro, sacrificateur de Madian, beau-père de Moïse, apprit tout ce que Dieu avait fait en faveur de Moïse et d’Israël, son peuple; il apprit que l’Éternel avait fait sortir Israël d’Égypte.
Jéthro, beau-père de Moïse, prit Séphora, femme de Moïse, qui avait été renvoyée.
Il prit aussi les deux fils de Séphora; l’un se nommait Guerschom, car Moïse avait dit: J’habite un pays étranger;
l’autre se nommait Éliézer, car il avait dit: Le Dieu de mon père m’a secouru, et il m’a délivré de l’épée de Pharaon.
Jéthro, beau-père de Moïse, avec les fils et la femme de Moïse, vint au désert où il campait, à la montagne de Dieu.
Il fit dire à Moïse: Moi, ton beau-père Jéthro, je viens vers toi, avec ta femme et ses deux fils.
Moïse sortit au-devant de son beau-père, il se prosterna, et il le baisa. Ils s’informèrent réciproquement de leur santé, et ils entrèrent dans la tente de Moïse.
Moïse raconta à son beau-père tout ce que l’Éternel avait fait à Pharaon et à l’Égypte à cause d’Israël, toutes les souffrances qui leur étaient survenues en chemin, et comment l’Éternel les avait délivrés.
Jéthro se réjouit de tout le bien que l’Éternel avait fait à Israël, et de ce qu’il l’avait délivré de la main des Égyptiens.
10 Et Jéthro dit: Béni soit l’Éternel, qui vous a délivrés de la main des Égyptiens et de la main de Pharaon; qui a délivré le peuple de la main des Égyptiens!
11 Je reconnais maintenant que l’Éternel est plus grand que tous les dieux; car la méchanceté des Égyptiens est retombée sur eux.
12 Jéthro, beau-père de Moïse, offrit à Dieu un holocauste et des sacrifices. Aaron et tous les anciens d’Israël vinrent participer au repas avec le beau-père de Moïse, en présence de Dieu.
13 Le lendemain, Moïse s’assit pour juger le peuple, et le peuple se tint devant lui depuis le matin jusqu’au soir.
14 Le beau-père de Moïse vit tout ce qu’il faisait pour le peuple, et il dit: Que fais-tu là avec ce peuple? Pourquoi sièges-tu seul, et tout le peuple se tient-il devant toi, depuis le matin jusqu’au soir?
15 Moïse répondit à son beau-père: C’est que le peuple vient à moi pour consulter Dieu.
16 Quand ils ont quelque affaire, ils viennent à moi; je prononce entre eux, et je fais connaître les ordonnances de Dieu et ses lois.
17 Le beau-père de Moïse lui dit: Ce que tu fais n’est pas bien.
18 Tu t’épuiseras toi-même, et tu épuiseras ce peuple qui est avec toi; car la chose est au-dessus de tes forces, tu ne pourras pas y suffire seul.
19 Maintenant écoute ma voix; je vais te donner un conseil, et que Dieu soit avec toi! Sois l’interprète du peuple auprès de Dieu, et porte les affaires devant Dieu.
20 Enseigne-leur les ordonnances et les lois; et fais-leur connaître le chemin qu’ils doivent suivre, et ce qu’ils doivent faire.
21 Choisis parmi tout le peuple des hommes capables, craignant Dieu, des hommes intègres, ennemis de la cupidité; établis-les sur eux comme chefs de mille, chefs de cent, chefs de cinquante et chefs de dix.
22 Qu’ils jugent le peuple en tout temps; qu’ils portent devant toi toutes les affaires importantes, et qu’ils prononcent eux-mêmes sur les petites causes. Allège ta charge, et qu’ils la portent avec toi.
23 Si tu fais cela, et que Dieu te donne des ordres, tu pourras y suffire, et tout ce peuple parviendra heureusement à sa destination.
24 Moïse écouta la voix de son beau-père, et fit tout ce qu’il avait dit.
25 Moïse choisit des hommes capables parmi tout Israël, et il les établit chefs du peuple, chefs de mille, chefs de cent, chefs de cinquante et chefs de dix.
26 Ils jugeaient le peuple en tout temps; ils portaient devant Moïse les affaires difficiles, et ils prononçaient eux-mêmes sur toutes les petites causes.
27 Moïse laissa partir son beau-père, et Jéthro s’en alla dans son pays.

Louis Segond {LSG} 

Exodus 18

1 When Jethro, the priest of Midian, Moses’ father in law, heard of all that God had done for Moses, and for Israel his people, and that the Lord had brought Israel out of Egypt;
Then Jethro, Moses’ father in law, took Zipporah, Moses’ wife, after he had sent her back,
And her two sons; of which the name of the one was Gershom; for he said, I have been an alien in a strange land:
And the name of the other was Eliezer; for the God of my father, said he, was mine help, and delivered me from the sword of Pharaoh:
And Jethro, Moses’ father in law, came with his sons and his wife unto Moses into the wilderness, where he encamped at the mount of God:
And he said unto Moses, I thy father in law Jethro am come unto thee, and thy wife, and her two sons with her.
And Moses went out to meet his father in law, and did obeisance, and kissed him; and they asked each other of their welfare; and they came into the tent.
And Moses told his father in law all that the Lord had done unto Pharaoh and to the Egyptians for Israel’s sake, and all the travail that had come upon them by the way, and how the Lord delivered them.
And Jethro rejoiced for all the goodness which the Lord had done to Israel, whom he had delivered out of the hand of the Egyptians.
10 And Jethro said, Blessed be the Lord, who hath delivered you out of the hand of the Egyptians, and out of the hand of Pharaoh, who hath delivered the people from under the hand of the Egyptians.
11 Now I know that the Lord is greater than all gods: for in the thing wherein they dealt proudly he was above them.
12 And Jethro, Moses’ father in law, took a burnt offering and sacrifices for God: and Aaron came, and all the elders of Israel, to eat bread with Moses’ father in law before God.
13 And it came to pass on the morrow, that Moses sat to judge the people: and the people stood by Moses from the morning unto the evening.
14 And when Moses’ father in law saw all that he did to the people, he said, What is this thing that thou doest to the people? why sittest thou thyself alone, and all the people stand by thee from morning unto even?
15 And Moses said unto his father in law, Because the people come unto me to enquire of God:
16 When they have a matter, they come unto me; and I judge between one and another, and I do make them know the statutes of God, and his laws.
17 And Moses’ father in law said unto him, The thing that thou doest is not good.
18 Thou wilt surely wear away, both thou, and this people that is with thee: for this thing is too heavy for thee; thou art not able to perform it thyself alone.
19 Hearken now unto my voice, I will give thee counsel, and God shall be with thee: Be thou for the people to God-ward, that thou mayest bring the causes unto God:
20 And thou shalt teach them ordinances and laws, and shalt shew them the way wherein they must walk, and the work that they must do.
21 Moreover thou shalt provide out of all the people able men, such as fear God, men of truth, hating covetousness; and place such over them, to be rulers of thousands, and rulers of hundreds, rulers of fifties, and rulers of tens:
22 And let them judge the people at all seasons: and it shall be, that every great matter they shall bring unto thee, but every small matter they shall judge: so shall it be easier for thyself, and they shall bear the burden with thee.
23 If thou shalt do this thing, and God command thee so, then thou shalt be able to endure, and all this people shall also go to their place in peace.
24 So Moses hearkened to the voice of his father in law, and did all that he had said.
25 And Moses chose able men out of all Israel, and made them heads over the people, rulers of thousands, rulers of hundreds, rulers of fifties, and rulers of tens.
26 And they judged the people at all seasons: the hard causes they brought unto Moses, but every small matter they judged themselves.
27 And Moses let his father in law depart; and he went his way into his own land.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}