Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 107  

1 Lwanj pou Seyè a paske li bon! Li p’ap janm sispann renmen nou!
Wi, moun Seyè a delivre, se sa pou yo di! Li te delivre yo anba men lènmi yo,
li mennen yo tounen soti nan mitan lòt nasyon yo ki sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche, ki sou bò nò ak sou bò sid.
Yo t’ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pa t’ kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete.
Yo t’ap mouri grangou. Swaf dlo t’ap touye yo. Yo santi yo pa t’ kapab ankò.
Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.
Li kondi yo sou yon chemen ki pou mennen yo dirèk dirèk nan yon vil kote moun rete.
Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay li fè pou moun.
Li bay moun ki te swaf dlo kont dlo pou yo bwè. Li bay moun ki t’ap mouri grangou anpil bon bagay pou yo manje.
10  Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t’ap soufri anba chenn,
11 paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pa t’ okipe konsèy Bondye te ba yo.
12 Li te kraze kouraj yo anba travay di. Yo tonbe atè. pa t’ gen pesonn pou ba yo men.
13 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.
14 Li fè yo soti kote ki fè nwa a. Li kase chenn ki te mare yo.
15 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.
16 Li kraze gwo pòt an fè yo. Li kase bawo an fè yo.
17  Gen ladan yo ki te vin fou, akòz peche yo te fè. Yo t’ap soufri paske yo te fè sa ki mal.
18 Yo pa t’ menm anvi manje, yo te prèt pou mouri.
19 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.
20 Li louvri bouch li, li pale epi yo geri. Li wete yo nan bouch twou a.
21 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.
22 Se pou yo ofri bèt pou touye ba li pou di l’ mèsi. Se pou yo rakonte tou sa li fè. Se pou yo chante tèlman yo kontan.
23  Gen ladan yo ki vwayaje nan batiman sou lanmè. Yo t’ap fè trafik lakòt pou yo viv.
24 Yo te wè sa Seyè a te fè. Yo te wè bèl bagay li te fè sou lanmè.
25 Li louvri bouch li, li pale, yon gwo van leve. Sa fè lanm lanmè yo move.
26 Batiman yo moute anlè, yo desann nan fon lanm lanmè yo. Devan tout danje sa yo, lèzòm pèdi kouraj yo.
27 Tèt yo vire, y’ap kilbite tankou moun ki sou. Yo pèdi tout ladrès yo.
28 Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.
29 Li kase gwo van an. Lanm lanmè yo sispann fè bri. Kalmi fèt.
30 Yo te kontan lè yo wè lanmè a vin bèl. Seyè a fè yo antre san danje nan pò kote yo t’aprale a.
31 Se pou yo di Seyè a mèsi pou jan li pa janm sispann renmen yo, pou bèl bagay Bondye fè pou moun.
32 Se pou yo fè konnen jan li gen pouvwa lè pèp li reyini. Se pou yo fè lwanj li devan konsèy chèf fanmi yo.
33  Seyè a fè larivyè yo cheche nèt. Li fè sous yo pa bay dlo ankò.
34 Li te fè tè ki konn bay bèl rekòt yo tounen salin, paske moun ki t’ap viv la a t’ap fè twòp mechanste.
35 Li fè dezè yo tounen ma dlo. Li fè sous dlo pete kote ki te gen tè sèk.
36 Se la li fè moun ki te grangou yo moute kay yo. Yo bati yon lavil pou yo rete.
37 Yo fè anpil jaden, yo plante pye rezen ki bay bèl rekòt.
38 Li beni yo, li ba yo anpil pitit, li pa kite bèt yo depeple.
39 Apre sa, yo vin yon ti ponyen moun, yo pèdi pye, paske moun t’ap peze yo, yo t’ap soufri, yo te nan mizè.
40 Men, Bondye ki moutre jan li ka meprize grannèg yo, li menm ki fè yo moute desann nan dezè a, san yo pa konn kote yo prale a,
41 se li ki wete pòv malere yo nan mizè. Se li ki fè yo fè pitit tankou chini.
42 Moun ki mache dwat yo wè sa, yo kontan. Men, mechan yo rete ak bouch yo fèmen.
43 Se pou moun ki gen konprann chache konprann bagay sa yo! Se pou yo rekonèt jan Seyè a gen bon kè!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 107

1 Louez l’Éternel, car il est bon, Car sa miséricorde dure à toujours!
Qu’ainsi disent les rachetés de l’Éternel, Ceux qu’il a délivrés de la main de l’ennemi,
Et qu’il a rassemblés de tous les pays, De l’orient et de l’occident, du nord et de la mer!
Ils erraient dans le désert, ils marchaient dans la solitude, Sans trouver une ville où ils pussent habiter.
Ils souffraient de la faim et de la soif; Leur âme était languissante.
Dans leur détresse, ils crièrent à l’Éternel, Et il les délivra de leurs angoisses;
Il les conduisit par le droit chemin, Pour qu’ils arrivassent dans une ville habitable.
Qu’ils louent l’Éternel pour sa bonté, Et pour ses merveilles en faveur des fils de l’homme!
Car il a satisfait l’âme altérée, Il a comblé de biens l’âme affamée.
10 Ceux qui avaient pour demeure les ténèbres et l’ombre de la mort Vivaient captifs dans la misère et dans les chaînes,
11 Parce qu’ils s’étaient révoltés contre les paroles de Dieu, Parce qu’ils avaient méprisé le conseil du Très Haut.
12 Il humilia leur coeur par la souffrance; Ils succombèrent, et personne ne les secourut.
13 Dans leur détresse, ils crièrent à l’Éternel, Et il les délivra de leurs angoisses;
14 Il les fit sortir des ténèbres et de l’ombre de la mort, Et il rompit leurs liens.
15 Qu’ils louent l’Éternel pour sa bonté, Et pour ses merveilles en faveur des fils de l’homme!
16 Car il a brisé les portes d’airain, Il a rompu les verrous de fer.
17 Les insensés, par leur conduite coupable Et par leurs iniquités, s’étaient rendus malheureux.
18 Leur âme avait en horreur toute nourriture, Et ils touchaient aux portes de la mort.
19 Dans leur détresse, ils crièrent à l’Éternel, Et il les délivra de leurs angoisses;
20 Il envoya sa parole et les guérit, Il les fit échapper de la fosse.
21 Qu’ils louent l’Éternel pour sa bonté, Et pour ses merveilles en faveur des fils de l’homme!
22 Qu’ils offrent des sacrifices d’actions de grâces, Et qu’ils publient ses oeuvres avec des cris de joie!
23 Ceux qui étaient descendus sur la mer dans des navires, Et qui travaillaient sur les grandes eaux,
24 Ceux-là virent les oeuvres de l’Éternel Et ses merveilles au milieu de l’abîme.
25 Il dit, et il fit souffler la tempête, Qui souleva les flots de la mer.
26 Ils montaient vers les cieux, ils descendaient dans l’abîme; Leur âme était éperdue en face du danger;
27 Saisis de vertige, ils chancelaient comme un homme ivre, Et toute leur habileté était anéantie.
28 Dans leur détresse, ils crièrent à l’Éternel, Et il les délivra de leurs angoisses;
29 Il arrêta la tempête, ramena le calme, Et les ondes se turent.
30 Ils se réjouirent de ce qu’elles s’étaient apaisées, Et l’Éternel les conduisit au port désiré.
31 Qu’ils louent l’Éternel pour sa bonté, Et pour ses merveilles en faveur des fils de l’homme!
32 Qu’ils l’exaltent dans l’assemblée du peuple, Et qu’ils le célèbrent dans la réunion des anciens!
33 Il change les fleuves en désert, Et les sources d’eaux en terre desséchée,
34 Le pays fertile en pays salé, A cause de la méchanceté de ses habitants.
35 Il change le désert en étang, Et la terre aride en sources d’eaux,
36 Et il y établit ceux qui sont affamés. Ils fondent une ville pour l’habiter;
37 Ils ensemencent des champs, plantent des vignes, Et ils en recueillent les produits.
38 Il les bénit, et ils deviennent très nombreux, Et il ne diminue point leur bétail.
39 Sont-ils amoindris et humiliés Par l’oppression, le malheur et la souffrance;
40 Verse-t-il le mépris sur les grands, Les fait-il errer dans des déserts sans chemin,
41 Il relève l’indigent et le délivre de la misère, Il multiplie les familles comme des troupeaux.
42 Les hommes droits le voient et se réjouissent, Mais toute iniquité ferme la bouche.
43 Que celui qui est sage prenne garde à ces choses, Et qu’il soit attentif aux bontés de l’Éternel.
Louis Segond {LSG}

Psalm 107 

1 O give thanks unto the Lord, for he is good: for his mercy endureth for ever.
Let the redeemed of the Lord say so, whom he hath redeemed from the hand of the enemy;
And gathered them out of the lands, from the east, and from the west, from the north, and from the south.
They wandered in the wilderness in a solitary way; they found no city to dwell in.
Hungry and thirsty, their soul fainted in them.
Then they cried unto the Lord in their trouble, and he delivered them out of their distresses.
And he led them forth by the right way, that they might go to a city of habitation.
Oh that men would praise the Lord for his goodness, and for his wonderful works to the children of men!
For he satisfieth the longing soul, and filleth the hungry soul with goodness.
10 Such as sit in darkness and in the shadow of death, being bound in affliction and iron;
11 Because they rebelled against the words of God, and contemned the counsel of the most High:
12 Therefore he brought down their heart with labour; they fell down, and there was none to help.
13 Then they cried unto the Lord in their trouble, and he saved them out of their distresses.
14 He brought them out of darkness and the shadow of death, and brake their bands in sunder.
15 Oh that men would praise the Lord for his goodness, and for his wonderful works to the children of men!
16 For he hath broken the gates of brass, and cut the bars of iron in sunder.
17 Fools because of their transgression, and because of their iniquities, are afflicted.
18 Their soul abhorreth all manner of meat; and they draw near unto the gates of death.
19 Then they cry unto the Lord in their trouble, and he saveth them out of their distresses.
20 He sent his word, and healed them, and delivered them from their destructions.
21 Oh that men would praise the Lord for his goodness, and for his wonderful works to the children of men!
22 And let them sacrifice the sacrifices of thanksgiving, and declare his works with rejoicing.
23 They that go down to the sea in ships, that do business in great waters;
24 These see the works of the Lord, and his wonders in the deep.
25 For he commandeth, and raiseth the stormy wind, which lifteth up the waves thereof.
26 They mount up to the heaven, they go down again to the depths: their soul is melted because of trouble.
27 They reel to and fro, and stagger like a drunken man, and are at their wit’s end.
28 Then they cry unto the Lord in their trouble, and he bringeth them out of their distresses.
29 He maketh the storm a calm, so that the waves thereof are still.
30 Then are they glad because they be quiet; so he bringeth them unto their desired haven.
31 Oh that men would praise the Lord for his goodness, and for his wonderful works to the children of men!
32 Let them exalt him also in the congregation of the people, and praise him in the assembly of the elders.
33 He turneth rivers into a wilderness, and the watersprings into dry ground;
34 A fruitful land into barrenness, for the wickedness of them that dwell therein.
35 He turneth the wilderness into a standing water, and dry ground into watersprings.
36 And there he maketh the hungry to dwell, that they may prepare a city for habitation;
37 And sow the fields, and plant vineyards, which may yield fruits of increase.
38 He blesseth them also, so that they are multiplied greatly; and suffereth not their cattle to decrease.
39 Again, they are minished and brought low through oppression, affliction, and sorrow.
40 He poureth contempt upon princes, and causeth them to wander in the wilderness, where there is no way.
41 Yet setteth he the poor on high from affliction, and maketh him families like a flock.
42 The righteous shall see it, and rejoice: and all iniquity shall stop her mouth.
43 Whoso is wise, and will observe these things, even they shall understand the lovingkindness of the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}