Liv Levitik / Lévitique / Leviticus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Levitik 7

1 Men regleman pou yo swiv lè moun ap fè ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal. Ofrann sa yo se ofrann y’a mete apa nèt pou Seyè a.
Y’a touye bèt pou ofrann sa a sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule yo. Y’a voye san an sou kat bò lotèl la.
Y’a wete tout pati sa yo: ke a, grès ki vlope tripay yo,
de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm avèk mas grès ki sou fwa a, l’a ofri yo sou lotèl la pou Seyè a.
Prèt la va boule tout pati sa yo sou lotèl la, tankou ofrann yo boule pou Seyè a. Se sa yo rele yon ofrann pou repare sa yo te fè ki mal.
Tout gason nan fanmi prèt yo kapab manje ladan l’. Se pou yo manje l’ kote yo mete apa pou Bondye a, paske se yon ofrann ki apa nèt pou Bondye.
Ofrann pou peye pou sa yo te fè ki mal la, se menm bagay ak ofrann pou peche yon moun fè san l’ pa konnen. Se menm regleman an pou tou de: vyann lan va rete pou prèt ki fè ofrann lan.
Po bèt y’a ofri pou boule pou Bondye a va rete pou prèt ki fè ofrann lan.
Tout ofrann fèt ak grenn ki soti nan jaden, kit yo te kwit nan fou, kit yo te kwit sou platin osinon sou griy, y’a rete pou prèt ki te ofri yo bay Bondye a.
10 Men, lè se yon ofrann grenn ki soti nan jaden ki fèt tou kri, kit li melanje avèk lwil, kit li chèch, se pou tout pitit Arawon yo li ye, se pou yo separe l’ bay yo tout.
11  Men regleman pou yo swiv lè yon moun ap fè ofrann bay Bondye pou di l’ mèsi:
12 Si yon moun ap fè ofrann pou di Bondye mèsi, l’a ofri yon bèt pou yo touye epi ansanm avè l’ l’a pote gwo pen fèt ak farin san ledven melanje ak lwil oliv, pen plat san ledven avèk lwil oliv pase sou li, epitou gato fèt ak flè farin melanje ak lwil oliv.
13 Konsa tou, l’a ofri avèk bèt pou yo touye a pen kwit ak ledven.
14 L’a pran yonn nan chak kalite pen yo, l’a ofri yo espesyalman bay Seyè a. Pen sa yo va rete pou prèt ki va pran san bèt la pou voye sou lotèl la.
15 Kanta vyann bèt la, se pou yo manje tout menm jou yo te touye l’ la. Yo pa fèt pou yo kite anyen pou denmen maten.
16 Si yon moun pote yon ofrann pou di Bondye mèsi, paske li te vle kenbe yon ve li te fè, ou ankò paske li vle fè yon ofrann konsa, yo pa bezwen manje tout vyann ofrann lan menm jou a. Men yo gen dwa kite rès pou denmen.
17 Men vyann ki rete pou twazyèm jou a, se pou yo boule yo.
18 Si yo manje anyen nan ofrann lan sou twazyèm jou a, Bondye p’ap asepte ofrann moun lan. Ofrann lan p’ap sèvi l’ anyen. Se yon vyann fezande, moun ki manje l’ va peye pou sa l’ fè a.
19 Si yon bagay ki pa bon pou fè sèvis Bondye tonbe sou vyann lan, yo pa ka manje l’ non plis. Se pou yo boule l’ nan dife. Tout moun ki nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a ka manje nan vyann lan.
20 Si yon moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a manje nan vyann yo ofri bay Seyè a, se pou yo mete l’ deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.
21 Si yon moun manje nan vyann yo ofri bay Seyè a apre li fin manyen yon bagay ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, kit se yon moun, kit se yon bèt, kit se nenpòt lòt bagay, se pou yo mete l’ deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.
22 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ ankò:
23 -Men sa pou di moun pèp Izrayèl yo: Piga nou janm manje grès bèf, grès kabrit osinon grès mouton.
24 Nou pa fèt pou nou manje grès bèt ki rete konsa li mouri mò natirèl li, ni grès bèt yon bèt nan bwa touye, men nou gen dwa sèvi ak grès la pou nou fè nenpòt lòt bagay nou vle.
25 Lè yon moun manje grès yon zannimo yo te ofri pou boule pou Seyè a, se pou yo mete l’ deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.
26 Nenpòt ki kote nou ye, piga nou janm manje san zwazo, ni san ankenn lòt bèt.
27 Si yon moun rive manje san nenpòt ki bèt, se pou yo mete l’ deyò nèt nan mitan pèp Bondye a.
28 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
29 -Men sa w’a di moun pèp Izrayèl yo. Lè yon moun ap fè yon ofrann pou di Bondye mèsi, se pou l’ pran yon pòsyon ladan l’ ki va sèvi tankou yon ofrann espesyal pou Seyè a.
30 L’a pote l’ ak men l’ pou yo boule l’ pou Seyè a. L’a pote grès bèt la ansanm ak tout pwatrin lan pou yo ka balanse yo tankou yon ofrann devan Seyè a.
31 Prèt la va boule grès la sou lotèl la. Men pwatrin lan va rete pou Arawon ak pitit li yo.
32 N’a pran jigo dwat bèt li te ofri pou di Bondye mèsi a, n’a bay prèt la li pou li prezante l’ tankou yon ofrann devan Seyè a.
33 Konsa, prèt ki ofri san an ak grès bèt yo te touye pou di Bondye mèsi a va resevwa jigo dwat la pou tèt pa l’.
34 Pwatrin bèt la, se yon ofrann espesyal y’a annik balanse devan Seyè a. Jigo dwat la, se yon ofrann y’a annik prezante devan Seyè a. Se Seyè a menm ki wete moso sa yo nan ofrann pèp la va fè a pou li bay prèt yo. Sa se bagay moun Izrayèl yo dwe toujou bay prèt yo. Se va yon regleman pou tout tan tout tan.
35  Se pòsyon sa yo pou yo pran nan ofrann yo fè pou boule pou Seyè a pou yo te bay Arawon ak pitit li yo, depi jou yo te mete yo apa pou sèvi prèt pou Seyè a.
36 Jou sa a, se Seyè a menm ki te bay pèp Izrayèl la lòd pou yo bay prèt yo pòsyon sa yo nan ofrann lan. Sa se yon regleman pou pèp Izrayèl la toujou swiv de pitit an pitit.
37 Men regleman pou yo swiv lè y’ap fè ofrann pou yo boule pou Seyè a, lè y’ap fè ofrann grenn ki soti nan jaden yo, lè y’ap fè ofrann pou peche moun fè san yo pa konnen, ofrann pou peye pou sa yo fè ki mal, ofrann pou lè y’ap mete prèt yo apa pou Bondye, ofrann pou di Bondye mèsi.
38 Se Seyè a menm ki te bay Moyiz regleman sa yo, sou mòn Sinayi nan mitan dezè a, jou li te mande moun pèp Izrayèl yo pou yo fè ofrann ba li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Lévitique 7

1 Voici la loi du sacrifice de culpabilité: c’est une chose très sainte.
C’est dans le lieu où l’on égorge l’holocauste que sera égorgée la victime pour le sacrifice de culpabilité. On en répandra le sang sur l’autel tout autour.
On en offrira toute la graisse, la queue, la graisse qui couvre les entrailles,
les deux rognons, et la graisse qui les entoure, qui couvre les flancs, et le grand lobe du foie, qu’on détachera près des rognons.
Le sacrificateur brûlera cela sur l’autel en sacrifice consumé devant l’Éternel. C’est un sacrifice de culpabilité.
Tout mâle parmi les sacrificateurs en mangera; il le mangera dans un lieu saint: c’est une chose très sainte.
Il en est du sacrifice de culpabilité comme du sacrifice d’expiation; la loi est la même pour ces deux sacrifices: la victime sera pour le sacrificateur qui fera l’expiation.
Le sacrificateur qui offrira l’holocauste de quelqu’un aura pour lui la peau de l’holocauste qu’il a offert.
Toute offrande cuite au four, préparée sur le gril ou à la poêle, sera pour le sacrificateur qui l’a offerte.
10 Toute offrande pétrie à l’huile et sèche sera pour tous les fils d’Aaron, pour l’un comme pour l’autre.
11 Voici la loi du sacrifice d’actions de grâces, qu’on offrira à l’Éternel.
12 Si quelqu’un l’offre par reconnaissance, il offrira, avec le sacrifice d’actions de grâces, des gâteaux sans levain pétris à l’huile, des galettes sans levain arrosées d’huile, et des gâteaux de fleur de farine frite et pétris à l’huile.
13 A ces gâteaux il ajoutera du pain levé pour son offrande, avec son sacrifice de reconnaissance et d’actions de grâces.
14 On présentera par élévation à l’Éternel une portion de chaque offrande; elle sera pour le sacrificateur qui a répandu le sang de la victime d’actions de grâces.
15 La chair du sacrifice de reconnaissance et d’actions de grâces sera mangée le jour où il est offert; on n’en laissera rien jusqu’au matin.
16 Si quelqu’un offre un sacrifice pour l’accomplissement d’un voeu ou comme offrande volontaire, la victime sera mangée le jour où il l’offrira, et ce qui en restera sera mangé le lendemain.
17 Ce qui restera de la chair de la victime sera brûlé au feu le troisième jour.
18 Dans le cas où l’on mangerait de la chair de son sacrifice d’actions de grâces le troisième jour, le sacrifice ne sera point agréé; il n’en sera pas tenu compte à celui qui l’a offert; ce sera une chose infecte, et quiconque en mangera restera chargé de sa faute.
19 La chair qui a touché quelque chose d’impur ne sera point mangée: elle sera brûlée au feu.
20 Tout homme pur peut manger de la chair; mais celui qui, se trouvant en état d’impureté, mangera de la chair du sacrifice d’actions de grâces qui appartient à l’Éternel, celui-là sera retranché de son peuple.
21 Et celui qui touchera quelque chose d’impur, une souillure humaine, un animal impur, ou quoi que ce soit d’impur, et qui mangera de la chair du sacrifice d’actions de grâces qui appartient à l’Éternel, celui-là sera retranché de son peuple.
22 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
23 Parle aux enfants d’Israël, et dis: Vous ne mangerez point de graisse de boeuf, d’agneau ni de chèvre.
24 La graisse d’une bête morte ou déchirée pourra servir à un usage quelconque; mais vous ne la mangerez point.
25 Car celui qui mangera de la graisse des animaux dont on offre à l’Éternel des sacrifices consumés par le feu, celui-là sera retranché de son peuple.
26 Vous ne mangerez point de sang, ni d’oiseau, ni de bétail, dans tous les lieux où vous habiterez.
27 Celui qui mangera du sang d’une espèce quelconque, celui-là sera retranché de son peuple.
28 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
29 Parle aux enfants d’Israël, et dis: Celui qui offrira à l’Éternel son sacrifice d’actions de grâces apportera son offrande à l’Éternel, prise sur son sacrifice d’actions de grâces.
30 Il apportera de ses propres mains ce qui doit être consumé par le feu devant l’Éternel; il apportera la graisse avec la poitrine, la poitrine pour l’agiter de côté et d’autre devant l’Éternel.
31 Le sacrificateur brûlera la graisse sur l’autel, et la poitrine sera pour Aaron et pour ses fils.
32 Dans vos sacrifices d’actions de grâces, vous donnerez au sacrificateur l’épaule droite, en la présentant par élévation.
33 Celui des fils d’Aaron qui offrira le sang et la graisse du sacrifice d’actions de grâces aura l’épaule droite pour sa part.
34 Car je prends sur les sacrifices d’actions de grâces offerts par les enfants d’Israël la poitrine qu’on agitera de côté et d’autre et l’épaule qu’on présentera par élévation, et je les donne au sacrificateur Aaron et à ses fils, par une loi perpétuelle qu’observeront les enfants d’Israël.
35 C’est là le droit que l’onction d’Aaron et de ses fils leur donnera sur les sacrifices consumés par le feu devant l’Éternel, depuis le jour où ils seront présentés pour être à mon service dans le sacerdoce.
36 C’est ce que l’Éternel ordonne aux enfants d’Israël de leur donner depuis le jour de leur onction; ce sera une loi perpétuelle parmi leurs descendants.
37 Telle est la loi de l’holocauste, de l’offrande, du sacrifice d’expiation, du sacrifice de culpabilité, de la consécration, et du sacrifice d’actions de grâces.
38 L’Éternel la prescrivit à Moïse sur la montagne de Sinaï, le jour où il ordonna aux enfants d’Israël de présenter leurs offrandes à l’Éternel dans le désert du Sinaï.

Louis Segond {LSG}

Leviticus 7

1 Likewise this is the law of the trespass offering: it is most holy.
In the place where they kill the burnt offering shall they kill the trespass offering: and the blood thereof shall he sprinkle round about upon the altar.
And he shall offer of it all the fat thereof; the rump, and the fat that covereth the inwards,
And the two kidneys, and the fat that is on them, which is by the flanks, and the caul that is above the liver, with the kidneys, it shall he take away:
And the priest shall burn them upon the altar for an offering made by fire unto the Lord: it is a trespass offering.
Every male among the priests shall eat thereof: it shall be eaten in the holy place: it is most holy.
As the sin offering is, so is the trespass offering: there is one law for them: the priest that maketh atonement therewith shall have it.
And the priest that offereth any man’s burnt offering, even the priest shall have to himself the skin of the burnt offering which he hath offered.
And all the meat offering that is baken in the oven, and all that is dressed in the fryingpan, and in the pan, shall be the priest’s that offereth it.
10 And every meat offering, mingled with oil, and dry, shall all the sons of Aaron have, one as much as another.
11 And this is the law of the sacrifice of peace offerings, which he shall offer unto the Lord.
12 If he offer it for a thanksgiving, then he shall offer with the sacrifice of thanksgiving unleavened cakes mingled with oil, and unleavened wafers anointed with oil, and cakes mingled with oil, of fine flour, fried.
13 Besides the cakes, he shall offer for his offering leavened bread with the sacrifice of thanksgiving of his peace offerings.
14 And of it he shall offer one out of the whole oblation for an heave offering unto the Lord, and it shall be the priest’s that sprinkleth the blood of the peace offerings.
15 And the flesh of the sacrifice of his peace offerings for thanksgiving shall be eaten the same day that it is offered; he shall not leave any of it until the morning.
16 But if the sacrifice of his offering be a vow, or a voluntary offering, it shall be eaten the same day that he offereth his sacrifice: and on the morrow also the remainder of it shall be eaten:
17 But the remainder of the flesh of the sacrifice on the third day shall be burnt with fire.
18 And if any of the flesh of the sacrifice of his peace offerings be eaten at all on the third day, it shall not be accepted, neither shall it be imputed unto him that offereth it: it shall be an abomination, and the soul that eateth of it shall bear his iniquity.
19 And the flesh that toucheth any unclean thing shall not be eaten; it shall be burnt with fire: and as for the flesh, all that be clean shall eat thereof.
20 But the soul that eateth of the flesh of the sacrifice of peace offerings, that pertain unto the Lord, having his uncleanness upon him, even that soul shall be cut off from his people.
21 Moreover the soul that shall touch any unclean thing, as the uncleanness of man, or any unclean beast, or any abominable unclean thing, and eat of the flesh of the sacrifice of peace offerings, which pertain unto the Lord, even that soul shall be cut off from his people.
22 And the Lord spake unto Moses, saying,
23 Speak unto the children of Israel, saying, Ye shall eat no manner of fat, of ox, or of sheep, or of goat.
24 And the fat of the beast that dieth of itself, and the fat of that which is torn with beasts, may be used in any other use: but ye shall in no wise eat of it.
25 For whosoever eateth the fat of the beast, of which men offer an offering made by fire unto the Lord, even the soul that eateth it shall be cut off from his people.
26 Moreover ye shall eat no manner of blood, whether it be of fowl or of beast, in any of your dwellings.
27 Whatsoever soul it be that eateth any manner of blood, even that soul shall be cut off from his people.
28 And the Lord spake unto Moses, saying,
29 Speak unto the children of Israel, saying, He that offereth the sacrifice of his peace offerings unto the Lord shall bring his oblation unto the Lord of the sacrifice of his peace offerings.
30 His own hands shall bring the offerings of the Lord made by fire, the fat with the breast, it shall he bring, that the breast may be waved for a wave offering before the Lord.
31 And the priest shall burn the fat upon the altar: but the breast shall be Aaron’s and his sons’.
32 And the right shoulder shall ye give unto the priest for an heave offering of the sacrifices of your peace offerings.
33 He among the sons of Aaron, that offereth the blood of the peace offerings, and the fat, shall have the right shoulder for his part.
34 For the wave breast and the heave shoulder have I taken of the children of Israel from off the sacrifices of their peace offerings, and have given them unto Aaron the priest and unto his sons by a statute for ever from among the children of Israel.
35 This is the portion of the anointing of Aaron, and of the anointing of his sons, out of the offerings of the Lord made by fire, in the day when he presented them to minister unto the Lord in the priest’s office;
36 Which the Lord commanded to be given them of the children of Israel, in the day that he anointed them, by a statute for ever throughout their generations.
37 This is the law of the burnt offering, of the meat offering, and of the sin offering, and of the trespass offering, and of the consecrations, and of the sacrifice of the peace offerings;
38 Which the Lord commanded Moses in mount Sinai, in the day that he commanded the children of Israel to offer their oblations unto the Lord, in the wilderness of Sinai.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}