Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 101  

1 Se yon sòm David. M’ap chante pou yon moun ki gen bon kè. M’ap chante pou yon moun ki pa nan patipri. Se pou ou m’ap chante, Seyè!
M’ap mennen yon lavi san repwòch. Kilè w’a vin jwenn mwen?
M’ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. Mwen p’ap mete okenn move lide nan tèt mwen. Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè. Bagay konsa pa ka pran tèt mwen.
Mwen pa tolere moun ki gen move kè bò kote m’. Mwen pa gen anyen pou m’ wè ak moun ki mechan.
M’ap disparèt tout moun k’ap pale zanmi yo mal an kachèt. Mwen p’ap tolere moun k’ap fè grandizè, moun k’ap pran pòz gwokolèt yo sou moun.
M’ap pran swen moun nan peyi a ki kenbe Bondye fèm. M’ap kite yo rete bò kote m’. Moun k’ap mache dwat yo, se yo m’ap pran pou sèvi lakay mwen.
Mwen p’ap kite moun k’ap twonpe moun rete lakay mwen. Moun k’ap bay manti p’ap rete kanpe devan mwen.
Chak maten m’ap fini avèk tout mechan ki nan peyi a. Konsa, m’ap mete tout moun k’ap fè sa ki mal yo deyò nan lavil Seyè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 101

1 De David. Psaume. Je chanterai la bonté et la justice; C’est à toi, Éternel! que je chanterai.
Je prendrai garde à la voie droite. Quand viendras-tu à moi? Je marcherai dans l’intégrité de mon coeur, Au milieu de ma maison.
Je ne mettrai rien de mauvais devant mes yeux; Je hais la conduite des pécheurs; Elle ne s’attachera point à moi.
Le coeur pervers s’éloignera de moi; Je ne veux pas connaître le méchant.
Celui qui calomnie en secret son prochain, je l’anéantirai; Celui qui a des regards hautains et un coeur enflé, je ne le supporterai pas.
J’aurai les yeux sur les fidèles du pays, Pour qu’ils demeurent auprès de moi; Celui qui marche dans une voie intègre sera mon serviteur.
Celui qui se livre à la fraude n’habitera pas dans ma maison; Celui qui dit des mensonges ne subsistera pas en ma présence.
Chaque matin j’anéantirai tous les méchants du pays, Afin d’exterminer de la ville de l’Éternel Tous ceux qui commettent l’iniquité.
Louis Segond {LSG}

Psalm 101 

1 I will sing of mercy and judgment: unto thee, O Lord, will I sing.
I will behave myself wisely in a perfect way. O when wilt thou come unto me? I will walk within my house with a perfect heart.
I will set no wicked thing before mine eyes: I hate the work of them that turn aside; it shall not cleave to me.
A froward heart shall depart from me: I will not know a wicked person.
Whoso privily slandereth his neighbour, him will I cut off: him that hath an high look and a proud heart will not I suffer.
Mine eyes shall be upon the faithful of the land, that they may dwell with me: he that walketh in a perfect way, he shall serve me.
He that worketh deceit shall not dwell within my house: he that telleth lies shall not tarry in my sight.
I will early destroy all the wicked of the land; that I may cut off all wicked doers from the city of the Lord.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}