Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 74  

1 Se yon chante Asaf. Bondye, poukisa ou lage nou nèt konsa? Poukisa ou an kolè konsa sou moun pa ou yo, sou mouton ki nan savann ou yo?
Pa bliye pèp ou te chwazi depi nan tan lontan an, pèp ou te achte pou ou te fè yo tounen moun pa ou! Pa bliye mòn Siyon kote ou te chwazi pou rete a!
vin wè sa ki rete apre ravaj la! Lènmi nou yo fin kraze dènye bagay nan kay ki apa pou ou a.
Moun ki pa vle wè ou yo, yo kanpe nan mitan kote pèp ou konn reyini an, y’ap rele byen fò. Yo wete tou sa ki nan tanp lan, yo mete drapo pa yo.
Yo tankou moun k’ap voye kout rach pou koupe pyebwa nan yon gwo rak.
Yo kraze bout bèl panno bwa byen travay ki te nan tanp lan, anba kout rach ak kout mato.
Yo mete dife nan kay ki apa pou ou a, yo derespekte kote yo fè sèvis pou ou a, yo kraze l’ vide atè.
Nan kè yo yo te di: Ann kraze yo tout yon sèl kou! Yo boule tout kote ki te apa pou Bondye nan peyi a!
Tout bèl bagay ki te nan tanp lan disparèt. Pa gen pwofèt ankò. Pesonn pa konnen kilè sa va chanje.
10 Bondye, kilè moun k’ap pile nou anba pye yo va sispann joure? Gen lè lènmi yo p’ap janm gen respè pou non ou?
11 Poukisa ou derefize ede nou? Poukisa ou rete kanpe ap gade, de bra ou kwaze?
12  Men, Bondye, se ou ki wa nou depi nan tan lontan. Ou fè nou genyen anpil batay sou latè.
13 Se avèk pouvwa ou ou te fann lanmè a. Se avè l’ ou te kraze tèt gwo bèt lanmè yo.
14 Se ou ki kraze tèt levyatan an, lèfini, ou fè bèt k’ap viv nan dezè a manje l’.
15 Ou te fè sous dlo pete, ou fè larivyè koule. Ou fe gwo larivyè rete konsa yo chèch.
16 Ou fè lajounen, ou fè lannwit. Se ou ki mete lalin lan ak solèy la nan plas yo.
17 Se ou ki fikse limit tè a. Se ou ki fè sezon chalè ak sezon fredi.
18  Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap pase ou nan rizib. Se yon bann moun san konprann ki pa gen respè pou non ou!
19 Pa lage pèp ou nan men lènmi l’ yo tankou toutrèl devan malfini. Pa bliye moun pa ou yo ki nan mizè nèt.
20 Chonje kontra ou te siyen avèk yo a! Paske, nan tout ti kwen peyi a, nan tout mòn yo se ansasen.
21 Pa kite moun y’ap peze yo wont! Fè pou pòv malere yo ka fè lwanj ou.
22 Leve non, Bondye! Defann kòz ou! Pa bliye jan moun fou sa yo ap joure ou tout lajounen!
23 Pa bliye jan lènmi ou yo ap rele byen fò! Pa bliye jan moun ki pa vle wè ou yo ap fè eskandal san rete.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 74

1 Cantique d’Asaph. Pourquoi, ô Dieu! rejettes-tu pour toujours? Pourquoi t’irrites-tu contre le troupeau de ton pâturage?
Souviens-toi de ton peuple que tu as acquis autrefois, Que tu as racheté comme la tribu de ton héritage! Souviens-toi de la montagne de Sion, où tu faisais ta résidence;
Porte tes pas vers ces lieux constamment dévastés! L’ennemi a tout ravagé dans le sanctuaire.
Tes adversaires ont rugi au milieu de ton temple; Ils ont établi pour signes leurs signes.
On les a vus, pareils à celui qui lève La cognée dans une épaisse forêt;
Et bientôt ils ont brisé toutes les sculptures, A coups de haches et de marteaux.
Ils ont mis le feu à ton sanctuaire; Ils ont abattu, profané la demeure de ton nom.
Ils disaient en leur coeur: Traitons-les tous avec violence! Ils ont brûlé dans le pays tous les lieux saints.
Nous ne voyons plus nos signes; Il n’y a plus de prophète, Et personne parmi nous qui sache jusqu’à quand…
10 Jusqu’à quand, ô Dieu! l’oppresseur outragera-t-il, L’ennemi méprisera-t-il sans cesse ton nom?
11 Pourquoi retires-tu ta main et ta droite? Sors-la de ton sein! détruis!
12 Dieu est mon roi dès les temps anciens, Lui qui opère des délivrances au milieu de la terre.
13 Tu as fendu la mer par ta puissance, Tu as brisé les têtes des monstres sur les eaux;
14 Tu as écrasé la tête du crocodile, Tu l’as donné pour nourriture au peuple du désert.
15 Tu as fait jaillir des sources et des torrents. Tu as mis à sec des fleuves qui ne tarissent point.
16 A toi est le jour, à toi est la nuit; Tu as créé la lumière et le soleil.
17 Tu as fixé toutes les limites de la terre, Tu as établi l’été et l’hiver.
18 Souviens-toi que l’ennemi outrage l’Éternel, Et qu’un peuple insensé méprise ton nom!
19 Ne livre pas aux bêtes l’âme de ta tourterelle, N’oublie pas à toujours la vie de tes malheureux!
20 Aie égard à l’alliance! Car les lieux sombres du pays sont pleins de repaires de brigands.
21 Que l’opprimé ne retourne pas confus! Que le malheureux et le pauvre célèbrent ton nom!
22 Lève-toi, ô Dieu! défends ta cause! Souviens-toi des outrages que te fait chaque jour l’insensé!
23 N’oublie pas les clameurs de tes adversaires, Le tumulte sans cesse croissant de ceux qui s’élèvent contre toi!
Louis Segond {LSG}

Psalm 74 

1 O God, why hast thou cast us off for ever? why doth thine anger smoke against the sheep of thy pasture?
Remember thy congregation, which thou hast purchased of old; the rod of thine inheritance, which thou hast redeemed; this mount Zion, wherein thou hast dwelt.
Lift up thy feet unto the perpetual desolations; even all that the enemy hath done wickedly in the sanctuary.
Thine enemies roar in the midst of thy congregations; they set up their ensigns for signs.
A man was famous according as he had lifted up axes upon the thick trees.
But now they break down the carved work thereof at once with axes and hammers.
They have cast fire into thy sanctuary, they have defiled by casting down the dwelling place of thy name to the ground.
They said in their hearts, Let us destroy them together: they have burned up all the synagogues of God in the land.
We see not our signs: there is no more any prophet: neither is there among us any that knoweth how long.
10 O God, how long shall the adversary reproach? shall the enemy blaspheme thy name for ever?
11 Why withdrawest thou thy hand, even thy right hand? pluck it out of thy bosom.
12 For God is my King of old, working salvation in the midst of the earth.
13 Thou didst divide the sea by thy strength: thou brakest the heads of the dragons in the waters.
14 Thou brakest the heads of leviathan in pieces, and gavest him to be meat to the people inhabiting the wilderness.
15 Thou didst cleave the fountain and the flood: thou driedst up mighty rivers.
16 The day is thine, the night also is thine: thou hast prepared the light and the sun.
17 Thou hast set all the borders of the earth: thou hast made summer and winter.
18 Remember this, that the enemy hath reproached, O Lord, and that the foolish people have blasphemed thy name.
19 O deliver not the soul of thy turtledove unto the multitude of the wicked: forget not the congregation of thy poor for ever.
20 Have respect unto the covenant: for the dark places of the earth are full of the habitations of cruelty.
21 O let not the oppressed return ashamed: let the poor and needy praise thy name.
22 Arise, O God, plead thine own cause: remember how the foolish man reproacheth thee daily.
23 Forget not the voice of thine enemies: the tumult of those that rise up against thee increaseth continually.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}