Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 44   

1 Pou chèf sanba yo. Se yonn nan chante pitit Kore yo.  Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan.
 Yo di nou se avèk fòs kouraj ou ou te chase moun lòt nasyon yo, pou ou te kapab tabli yo nan peyi a. Yo di nou jan ou te maltrete anpil lòt nasyon pou ou te ka fè plas pou zansèt nou yo.
 Se pa t’ avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pa t’ fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouraj. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.
 Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Fè pitit Jakòb yo jwenn delivrans.
 Avèk pouvwa ou, nou kilbite lènmi nou yo. Avèk ou menm ki la avèk nou an, n’ap kraze moun ki leve dèyè nou yo.
 Mwen p’ap mete konfyans mwen nan banza. Se pa nepe m’ ki pou delivre m’.
 Se ou menm ki te delivre nou anba lènmi nou yo. Ou fè moun ki pa t’ vle wè nou yo wont.
 Se chak jou n’ap fè lwanj ou. Se tout tan n’ap nonmen non ou, n’ap di ou mèsi.
 Men koulye a, Bondye, ou vire do ban nou, ou fè nou pran wont, ou pa soti ansanm avèk lame nou yo ankò.
10  Ou fè nou kouri devan lènmi nou yo. Moun ki pa vle wè nou yo ap piye nou alèz.
11  Ou lage nou tankou mouton y’ap mennen labatwa. Ou gaye nou nan mitan tout lòt peyi yo.
12  Ou vann pèp ou a pou gremesi, ou pa fè okenn benefis sou li.
13  Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y’ap pase nou nan rizib.
14  Ou fè tout lòt nasyon yo ap bay istwa sou nou. Kou yo wè nou, y’ap fè siy sou nou.
15  -(we vèsè pwochen)
16  Lè m’ tande moun k’ap joure m’ yo, moun k’ap vekse m’ yo, mwen pa ka gade yo nan je. Lè m’ devan lènmi ak moun ki pa vle wè m’ yo, lawont fè m’ bouche figi m’.
17  Wi, tout malè sa yo rive nou, men, nou pa janm bliye ou. Nou pa t’ manke anyen nan kontra ou fè avèk nou an.
18  Nou pa janm vire do ba ou, nou pa janm kite chemen ou mete devan nou an.
19  Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la.
20  Si nou te bliye rele Bondye nou an, si nou te lapriyè yon lòt bondye,
21  èske Bondye pa ta konn sa, li menm ki konn sekrè ki nan kè tout moun?
22  Men, se poutèt ou tout tan yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y’ap pare pou labatwa.
23  Louvri je ou, Seyè. Poukisa w’ap dòmi konsa? Leve non. Pa voye nou jete nèt!
24  Poukisa ou vire do ban nou konsa? Poukisa ou bliye anba ki tray nou ye, jan y’ap peze nou?
25  Nou tonbe san fòs nan pousyè a. Nou kouche sou vant atè plat.
26  Leve non. vin pote nou sekou! Jan ou renmen nou sa, vin delivre nou non!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 44

1 Au chef des chantres. Des fils de Koré. Cantique. O Dieu! nous avons entendu de nos oreilles, Nos pères nous ont raconté Les oeuvres que tu as accomplies de leur temps, Aux jours d’autrefois.
 De ta main tu as chassé des nations pour les établir, Tu as frappé des peuples pour les étendre.
 Car ce n’est point par leur épée qu’ils se sont emparés du pays, Ce n’est point leur bras qui les a sauvés; Mais c’est ta droite, c’est ton bras, c’est la lumière de ta face, Parce que tu les aimais.
 O Dieu! tu es mon roi: Ordonne la délivrance de Jacob!
 Avec toi nous renversons nos ennemis, Avec ton nom nous écrasons nos adversaires.
 Car ce n’est pas en mon arc que je me confie, Ce n’est pas mon épée qui me sauvera;
 Mais c’est toi qui nous délivres de nos ennemis, Et qui confonds ceux qui nous haïssent.
 Nous nous glorifions en Dieu chaque jour, Et nous célébrerons à jamais ton nom. -Pause.
 Cependant tu nous repousses, tu nous couvres de honte, Tu ne sors plus avec nos armées;
10  Tu nous fais reculer devant l’ennemi, Et ceux qui nous haïssent enlèvent nos dépouilles.
11  Tu nous livres comme des brebis à dévorer, Tu nous disperses parmi les nations.
12  Tu vends ton peuple pour rien, Tu ne l’estimes pas à une grande valeur.
13  Tu fais de nous un objet d’opprobre pour nos voisins, De moquerie et de risée pour ceux qui nous entourent;
14  Tu fais de nous un objet de sarcasme parmi les nations, Et de hochements de tête parmi les peuples.
15  Ma honte est toujours devant moi, Et la confusion couvre mon visage,
16  A la voix de celui qui m’insulte et m’outrage, A la vue de l’ennemi et du vindicatif.
17  Tout cela nous arrive, sans que nous t’ayons oublié, Sans que nous ayons violé ton alliance:
18  Notre coeur ne s’est point détourné, Nos pas ne se sont point éloignés de ton sentier,
19  Pour que tu nous écrases dans la demeure des chacals, Et que tu nous couvres de l’ombre de la mort.
20  Si nous avions oublié le nom de notre Dieu, Et étendu nos mains vers un dieu étranger,
21  Dieu ne le saurait-il pas, Lui qui connaît les secrets du coeur?
22  Mais c’est à cause de toi qu’on nous égorge tous les jours, Qu’on nous regarde comme des brebis destinées à la boucherie.
23  Réveille-toi! Pourquoi dors-tu, Seigneur? Réveille-toi! ne nous repousse pas à jamais!
24  Pourquoi caches-tu ta face? Pourquoi oublies-tu notre misère et notre oppression?
25  Car notre âme est abattue dans la poussière, Notre corps est attaché à la terre.
26  Lève-toi, pour nous secourir! Délivre-nous à cause de ta bonté!
Louis Segond {LSG}

Psalm 44 

1 We have heard with our ears, O God, our fathers have told us, what work thou didst in their days, in the times of old.
How thou didst drive out the heathen with thy hand, and plantedst them; how thou didst afflict the people, and cast them out.
For they got not the land in possession by their own sword, neither did their own arm save them: but thy right hand, and thine arm, and the light of thy countenance, because thou hadst a favour unto them.
Thou art my King, O God: command deliverances for Jacob.
Through thee will we push down our enemies: through thy name will we tread them under that rise up against us.
For I will not trust in my bow, neither shall my sword save me.
But thou hast saved us from our enemies, and hast put them to shame that hated us.
In God we boast all the day long, and praise thy name for ever. Selah.
But thou hast cast off, and put us to shame; and goest not forth with our armies.
10 Thou makest us to turn back from the enemy: and they which hate us spoil for themselves.
11 Thou hast given us like sheep appointed for meat; and hast scattered us among the heathen.
12 Thou sellest thy people for nought, and dost not increase thy wealth by their price.
13 Thou makest us a reproach to our neighbours, a scorn and a derision to them that are round about us.
14 Thou makest us a byword among the heathen, a shaking of the head among the people.
15 My confusion is continually before me, and the shame of my face hath covered me,
16 For the voice of him that reproacheth and blasphemeth; by reason of the enemy and avenger.
17 All this is come upon us; yet have we not forgotten thee, neither have we dealt falsely in thy covenant.
18 Our heart is not turned back, neither have our steps declined from thy way;
19 Though thou hast sore broken us in the place of dragons, and covered us with the shadow of death.
20 If we have forgotten the name of our God, or stretched out our hands to a strange god;
21 Shall not God search this out? for he knoweth the secrets of the heart.
22 Yea, for thy sake are we killed all the day long; we are counted as sheep for the slaughter.
23 Awake, why sleepest thou, O Lord? arise, cast us not off for ever.
24 Wherefore hidest thou thy face, and forgettest our affliction and our oppression?
25 For our soul is bowed down to the dust: our belly cleaveth unto the earth.
26 Arise for our help, and redeem us for thy mercies’ sake.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}