Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 121  

1 Se yon chante pou yo chante lè y’ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m’, mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m’a jwenn sekou?
Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
Li p’ap kite pye ou chape, moun k’ap veye sou ou a p’ap janm dòmi.
Moun k’ap veye sou pèp Izrayèl la p’ap kabicha, li p’ap dòmi.
Se Seyè a k’ap veye sou ou, l’ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.
Lajounen, solèy la p’ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p’ap fè ou anyen.
Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p’ap kite anyen rive ou.
L’ap pwoteje ou kit w’ap antre, kit w’ap soti, depi koulye a ak pou tout tan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 121

1 Cantique des degrés. Je lève mes yeux vers les montagnes… D’où me viendra le secours?
Le secours me vient de l’Éternel, Qui a fait les cieux et la terre.
Il ne permettra point que ton pied chancelle; Celui qui te garde ne sommeillera point.
Voici, il ne sommeille ni ne dort, Celui qui garde Israël.
L’Éternel est celui qui te garde, L’Éternel est ton ombre à ta main droite.
Pendant le jour le soleil ne te frappera point, Ni la lune pendant la nuit.
L’Éternel te gardera de tout mal, Il gardera ton âme;
L’Éternel gardera ton départ et ton arrivée, Dès maintenant et à jamais.
Louis Segond {LSG}

Psalm 121  

1 I will lift up mine eyes unto the hills, from whence cometh my help.
My help cometh from the Lord, which made heaven and earth.
He will not suffer thy foot to be moved: he that keepeth thee will not slumber.
Behold, he that keepeth Israel shall neither slumber nor sleep.
The Lord is thy keeper: the Lord is thy shade upon thy right hand.
The sun shall not smite thee by day, nor the moon by night.
The Lord shall preserve thee from all evil: he shall preserve thy soul.
The Lord shall preserve thy going out and thy coming in from this time forth, and even for evermore.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}